ENtwOdui LEkòL PibLik bOStON 2012 - Boston Public Schools

ENtwOdui LEkòL PibLik bOStON 2012 - Boston Public Schools ENtwOdui LEkòL PibLik bOStON 2012 - Boston Public Schools

bostonpublicschools.org
from bostonpublicschools.org More from this publisher
02.02.2013 Views

BOSTON Public Schools Focus on Children Pwogram Lekòl Segondè yo lèv ki chwazi youn lekòl segondè nan Boston E Public Schools gen anpil opsyon. Yo gen chwa ant lekòl ki gen konsantrasyon sou tèm epi ki pa gen anpil moun, mwens pase 500, gen lòt lekòl ki divize lokal yo a an ti kominote pou aprann, nou jwenn lekòl ki bay egzamen pou antre, 1 lekòl teknik ak lekòl ki sèvi timoun ki gen yon andikap. Anplis pwogram sa yo, nou genyen pwogram espesyal pou elèv ki twò gran, elèv ki ap konfwonte risk, elèv ki ap aprann Angle, elèv ki fenk debake Ozetazini, elèv ki te kite lekòl anvan lè ki retounen dèyè diplòm, lekòl diswa, elèv ki gen pitit, elèv ki vle pran kou inivèsite ansanm ak kou lekòl lekòl segondè yo tou grasa “Advanced Placement and Dual Enrollment.” Chak lekòl segondè ofri kou ki obligatwa pou gradyasyon, ki gen ladan yo Angle, matematik, syans, ak syans sosyal, lang etranjè, teknoloji òdinatè ak atizay. Nan anpil nan lekòl segondè nou an, gen kou ak pwogram yo ofri pandan oswa apre lekòl ki vin ajoute nan orijinalite chak lekòl. Preparasyon pou kolèj ak karyè se yon priyorite nan tout lekòl segondè nou yo. Kominote yo ak ajans kolèj ki baze nan lekòl yo bay aksè ak konseye pedagojik pou travay ak elèv pandan tout ane a, yo konsantre sou planifikasyon pou kolèj, sipò aplikasyon, ak aktivite anrichisman. Elèv yo eksplore opsyon nan anviwònman reyèl, tankou vizit “campus”, lopital, bank, oswa estidyo TV, anpil nan yo aksesib grasa patnè nou yo nan biznis ak inivèsite. Pifò elèv yo patisipe nan estaj, sèvis kominotè ak opòtinite pou yo eksplore karyè nan sante, edikasyon, medya, teknoloji, odyovizyèl ak pèfòmans, syans anviwonman, biznis, ak lòt espesyalite. Pou anpil elèv, ki wè koneksyon ant lekòl ak sa ki ap tann yo li pral pi fasil nan preparasyon akademik, fini nan kolèj, epi an jeneral ranpòte siksè nan lavi yo. Tout elèv lekòl piblik nan Massachusetts yo dwe pase 10 MCAS (Massachusetts Comprehensive Assessment System) an 10èm Ane an Anglè, Matematik, ak Syans / Teknoloji diplome. Lekòl segondè nou sèvi ak yon varyete estrateji pou ede elèv yo pase epi prepare pou edikasyon apre lekòl segondè ak siksè nan karyè yo grasa sipò otorite lavil yo ansanm ak inisyativ inivèsite nou yo epi biznis ak patnè kominotè yo. Esta pou karyè ak Metye teknik ) 617-635-8079 Nan pwogram pou Karyè ak Metye Teknik (Career and Technical/Vocational Education – CTVE) elèv yo ka aprann yon metye anmenmtan yo ap prepare tèt yo tou pou kolèj, konsa yo ap soti ak yon metye nan men yo enpitou ak diplòm lekòl segondè. Tout nan 18 pwogram CTVE nou yo jwenn apwobation leta anba lwa Chapter 74 enpi yo ap travay nan Madison Park Technical Vocational High School. Pwogram CTVE yo ofri yon pakèt chwa kote ansèyman klasik marye ak aprantisaj teknik tankou reparasyon otomobil, kwit manje pou restoran, pwodiksyon TV. Nou ede elèv yo jwenn djòb pandan yo lekòl enpi chèche djòb pou yo tou omoman yo ap kite lekòl si se sa yo vle. Elèv ki nan pwogram sa yo resevwa kredi pou pwogram teknik yo konplete nan inivèsite yo ansanm ak sètifika avanse pou metye yo aprann nan tou. Nan Madison Park Freshman Academy, premye ane elèv yo nou ba yo chans pou yo gade tout pwogram metye CTVE yo dekwa pou yo ka chwazi sa yo renmen an, sa ki mache ak enterè yo. PwOGRAM NAN LEkòL | NCLb | MCAS Ak AYP Pwogram “Career and Technical Education” ansanm ak pwogram teknoloji bay sèvis edikasyon espesyal epitou yo bay elèv ki poko fin maton nan Angle (ELL) sipò. Otorite Lekòl Piblik Boston yo fè kèk aranjman ak distri alantou yo dekwa pou yo ka asepte elèv yo nan pwogram Boston poko genyen. Elèv ki ap konsidere opsyon sa a ta dwe kontakte Biwo “Office of Career and Technical Education” pou koutmen nan demach sa a: 617-635-8079 x132. Lekòl ki bay Egzamen dantre ) 617-635-9512 ou gen twa lekòl ki bay egzamen dantre N “examination schools”, sa vle di se sou konkou pou ou ale lekòl sa yo pou klas 7–12, lekòl sa yo se: � Boston Latin Academy in Dorchester � Boston Latin School in the Fenway � John D. O’Bryant School of Mathematics & Science in Roxbury dwa Paran dapre Lwa “No Child Left behind” wa sou Lekòl Elemantè ak Segondè ki rele L “Okenn Timoun Pa Gen Dwa Rete Deyè a (NCLB)” bay lajan pou ede anpil lekòl. Youn nan pwogram ki resevwa plis lajan an se “Title I”, ki la pou amelyore edikasyon debaz timoun paran afè pa bon yo. Tout Lekòl Piblik Boston anwetan Boston Middle School Academy, Boston Latin School ak Kilmer K-8 resevwa lajan èd Tit I pou ane 2010-2011 la. Dapre lalwa, si pitit ou a nan yon lekòl Tit I, ou gen dwa sa yo ak lòt dwa ankò: 1. Direksyon Jeneral lekòl yo fèt pou yo enfòme ou si lekòl pitit ou a sou lis lekòl ki pa fè pwogrè yo “Adequate Yearly Progress (AYP)” (Pwogrè Anyèl Adekwat) dapre sa Depatman Edikasyon nan Masachousèt konstate pandan de dènye ane yo oswa plis pase de ane. Gade sa ki vin apre a pou detay. 2. Si lekòl pitit ou a nan lis sa a, ou gen dwa mande pou yo transfere l voye l nan yon lòt lekòl, si gen plas lòt kote a. 3. Si lekòl pitit ou a nan lis sa a pandan dezan bout-pou-bout, ou ka reklame sèvis edikasyon andiplis. 4. Ou gen dwa reklame tou pou lekòl pitit ou a ba ou enfòmasyon sou degre fòmasyon pwofesè yo ak kalifikasyon yo depi yo ap fè klas pou pitit ou a. 5. Lekòl la gen obligasyon pou li enfòme ou tou si pwofesè k ap fè klas pou pitit ou a pandan kat semenn omwens pa kalifye awo nivo “highly qualified”, mo sa yo gen arevwa ak fòmasyon enpi kalifikasyon pwofesè yo. Pou aprann plis sou Okenn Timoun Pa Gen Dwa Ret Dèyè, mande yon kopi Gid Lekòl Piblik Boston pou Fanmi ak Elèv Yo pou ane 2011–2012 oubyen nan nenpòt Biwo Sant Resous Lafanmi, ou ka li li tou nan paj wèb BPS la. � Yo touletwa aksepte nouvo elèv nan klas 7 ak 9. Lekòl O’Bryant pran kèk nouvo elèv tou nan klas 10. Yo pran elèv nan lekòl sa yo dapre rezilta yon egzamen yo bay ak mwayèn jeneral elèv la te konn fè nan klas li. Chak pati sa yo konte pou 50% nan desizyon lekòl la ap pran an. Mwayèn jeneral la se rezilta nòt elèv la konn fè nan Angle ak matematik pandan li te nan klas nan ansyen lekòl li a (klas 5 oswa 7) ak nòt de premye trimès nan lekòl li ye kounyey a. Materyèl pou yon elèv li dekwa pou li prepare tèt li pou egzamen sa a pou li antre lekòl an 2013–2014 ap nan lari depi kòmansman mwa Septanm 2012 nan tout lekòl mwayèn ak segondè, Biwo Sant Resous Lafanmi yo, bibliyotèk yo, ak “Boys & Girls Clubs” yo. Nou bay tès sa yo nan kòmansman mwa Novanm. Elèv ki pa lekòl nan BPS fèt pou yo ale nan yon Sant Resous Lafanmi epi pwouve yo abite nan Boston premye Vandredi nan mwa novanm pou yo ka konsidere yo pou admisyon nan lekòl ak konkou yo. Enfòmasyon sou kikote ak kilè pou ale pwouve 6 ENtwOdui LEkòL PibLik bOStON 2012 konprann MCAS ak Rezilta AYP Nan paj 8-27, nou prezante enfòmasyon tou kout sou chak lekòl yo. Apre enfòmasyon sou chak lekòl yo nou rele “Kisa Lekòl La Ofri”, ou ap jwenn tou rezilta 2011 lekòl la nan egzamen MCAS la (Mass. Comprehensive Assessment System). Ou ka tou li ki pwogrè lekòl la fè (Adequate Yearly Progress – AYP). MCAS. Yo bay MCAS la nan plizyè ane nan lekti, lang Angle (ELA), matematik ak syans epi teknoloji/jeni. Lang Angle separe tès yo nan lekti, konpreyansyon, ak redaksyon. MCAS se yon zouti ki la pou detèmine nivo fonksyonman elèv yo ak lekòl yo nan matyè sa yo. Genyen kat nivo fonksyonman: Avètisman/Pa Pase (Nivo 1), Bezwen Amelyore (Nivo 2), Konpetan (Nivo 3), ak Avanse (Nivo 4). Nan tablo rezilta a, nou repòte rezilta MCAS yo pou Redaksyon, Angle (ELA), matematik, ak syans. � Nòt pou pase a, se pousantaj % elèv ki fè pwen pou Nivo 2, 3, ak 4. � Nòt AvPf (Avanse ak Depase Konpetan) se pousantaj % pwen nan Nivo 3 ak 4 PWOGRè ANyèL ADEKWAT (ADEQuATE yEARLy PROGRESS – AyP). “Okenn Timoun Pa Gen Dwa Ret Dèyè” reklame direksyon lekòl yo pou yo enfòme paran sou Pwogrè Anyèl Adekwat (AYP) lekòl pitit yo fè pandan de dènye ane yo nan Angle oswa matematik, oubyen nan toulede matyè sa yo. Klakilasyon AYP chita sou twa faktè apre sa yo: 1. Nivo patisipasyon lekòl nan egzamen MCAS. Yo mande pou 95% elèv yo ta patisipe (total ak gwoup separe) nan pran tès la, ENPI 2. Rezilta ak amelyorasyon ki dwe fèt. Mezi Rezilta ak amelyorasyon an se Leta ki fikse li. Sou 100 pwen, yo reklame 95.1 nan ELA pou 2011, Math se te 92.2. Konsa tou, yon lekòl kapab rive pase AYP li sèlman nan fè amelyorasyon nan ELA ak Math oswa pou yo dedui pousantaj elèv non-pwofisyan yo 10% apati rezilta ane 2010–2011. Amelyorasyon sa a kalkile apati rezilta chak gwoup fè parapò ak ane pase, rezilta final la se pou tout elèv rive nan nivo anwo nèt nan ane 2014, ENPI 3. yon lòt mezi ankò. Yo konte prezans tou nan lekòl primè yo, ak lekòl mwayèn yo ansanm ak lekòl K–8, prezans la dwe rive nan nivo 92%, oswa li dwe amelyore ak 1% ogmantasyon parapò ak ane pase. Pou lekòl segondè, endikatè anplis la se kantite elèv 9èm Ane ki rive diplome apre katran. AYP pou 2011 la, objektif la se te (1) yon pousantaj diplome an 4-ane ki rive 75% parapò a gwoup 2010 la, oswa (2) yon pousantaj diplome an 5-ane ki rive 80% parapò a gwoup 2009 la, oswa (3) yon ogmantasyon 2% pami elèv ki diplome an 4-ane yo soti 2009 rive 2010. domisil la nan pakè materyèl pou enskripsyon pou tès la. Pou plis enfòmasyon ale sou: www. bostonpublicschools.org/exam Steppingstone Academy se yon òganizasyon prive benevòl ki bay leson patikilyè gratis pou prepare elèv lekòl Boston pou yo ka ale nan kolèj. Steppingstone travay ak timoun klas 4, 5, ak 7 ki enterese anpil yo dekwa pou yo ka antre nan youn nan lekòl ki bay egzamen dantre BPS sa yo ak nenpòt lòt bon lekòl endepandan. Pou plis enfòmasyon telefone 617-423-6300 oswa vizite www.tsf.org Avid ) 617-635-9202 rèz lekòl segondè PBS, uit lekòl mwayen ak K-8 T ak 12 pwogram primè ofri AVID – Advancement Via Individual Determination (Avansman pa Filyè Detèminasyon Endividyèl). AVID vize elèv ki nan nivo akademik mwayen ki ta vle al nan kolèj epi ki dispose pou travay di. AVID ede yo satisfè objektif yo nan leson patikilye, travay ki motive kiryozite entèlektyèl, ak lòt aktivite motivasyonèl. Pou yon lekòl rive fè mwayèn AYP, lekòl la ansanm (lè gen plis pase 20 moun ki pran tès la), ak chak gwoup (lè gen plis pase 40 moun ki pran tès la nan chak gwoup) dwe reyalize sa yo mande a nan chak kategori nou esplike anwo a. Gen uit gwoup dapre NCLB la: “English language learners” ki ap aprann Angle, elèv ki soufri andikap, elèv afè pa bon ki pa ka peye manje yo ak senk kategori ki chita sou koulè po. Nan Pwofil lekòl yo ki nan paj 8-27, AYP 2011 esplike ou si lekòl la te fè pwogrè siyifikatif soti 2010 rive 2011. Lè ou wè “WI” oswa “NON” repons sa a se pou rezilta tout lekòl la ranmase ansanm oubyen pou yon gwoup — Ans/Gwoup — Menmsi se yon sèl gwoup ki pa rive fè pwogrè , tout lekòl la ap resevwa “Non” pou sou-gwoup li yo, sepandan tout lekòl la toujou kapab rekonèt kòm fè pwogrè AYP. Si nou ta wè yon zetwal * nan plas AYP 2011 la, sa vle di pat gen ase elèv ki te patisipe nan tès yo. KONDISyON RESPONSABILITE. Kèk lekòl gen plis enfòmasyon toujou sou AYP 2011 line. Men “kondisyon responsabilite” yo dapre Lwa sou NCLB la”: Needs Improvement Year 1 (Bezwen Fè Pwogrè Ane 1) – lekòl la pa fè AYP pou de ane konsekitif nan menm matyè a (yo) (Tout Ansanm oswa Sougwoup) Needs Improvement Year 2 (Bezwen Fè Pwogrè Ane 2) – Yo te idantifye lekòl pou amelyorasyon Ane 1 epi li pa fè AYP pou yon twazyèm ane nan menm matyè a (yo) (Tout Ansabn oswa Sougwoup) Corrective Action (Aksyon Korektif) – Yo te idantifye lekòl pou amelyorasyon Ane 2 epi li pa fè AYP pou yon katriyèm ane nan menm matyè a (yo) (Tout Ansabn oswa Sougwoup) Restructuring Year 1 (Restriktirasyon Ane 1) – Yo te idantifye lekòl pou Aksyon korektif epi li pa fè AYP pou yon katriyèm ane nan menm matyè a (yo) (Tout Ansabn oswa Sougwoup) Restructuring Year 2 (Restriktirasyon Ane 2) – Lekòl la ten an Restriktirasyon pou Ane 1 epi li pa fè AYP pou yon katriyèm ane nan menm matyè a (yo) (Tout Ansabn oswa Sougwoup) Turnaround School (Lekòl Anba Refòm) – Lekòl ki pa bay bon rezilta yo vize pou entèvansyon entansif ak sipò. Sis nan 11 Lekòl pou redresman yo konsidere tankou ““Nouvo kòmanse” sepoutètsa lekòl sa yo pa gen kondisyon responsabilite dapre Lwa NCLB a. Tout 11 lekòl yo fè pwogrè siyifikatif nan MCAS 2011 la. Pou plis enfòmasyon sou Lekòl refòm redresman yo: bostonpublicschools.org / turnaround Eske lè nou wè “Non” pou AyP sa vle di otomatikman lekòl la se yon “move lekòl?” Non: ka vle di prezans nan lekòl la oubyen kantite gradyasyon pi piti pase sa yo mande a, oubyen pat gen ase elèv ki te pran tès MCAS la oubyen lekòl la pa fè pwogrè li espere pou li monte rezilta li yo nan MCAS dekwa pou tout elèv ka fè bèl nòt byen jan gouvènman an mande li a nan ane 2014. Lè ou ap chwazi lekòl pa gade rezilta tès yo sèlman, gen anpil lòt endikatè pou ou anvizaje tou! �

Edikasyon Altènatif ) 617-635-8035 an Lekòl Piblik Boston genyen yon bann lekòl mwayen ak N segondè ki ofri pwogram altènatif pou elèv ki ap rankontre difikilte nan pwogram lekòl regilye yo. Pwogram sa yo ofri klas ki pa gen anpil elèv men ki gen yon pakèt sèvis sipò entansif ansanm ak lòt apwòch pou moun aprann. Nou pa kapab bay garanti tout elèv ki aplike pou pwogram altènatif ap jwenn yon plas. Patisipasyon Fanmi yo ) 617-635-9660 ireksyon Lekòl Piblik Boston la rekonèt edikasyon elèv yo D se responsabilte pataje ant fanmi an, lekòl la ak kominote a. Rechèch demontre lè lafanmi angaje tèt li enpi enterese nan zafè lekòl yon timoun li reyisi pi byen ak pi bèl nòt enpi li konpòte li pi byen tou nan lekòl la. Gen anpil fason tou pou yon moun ka patisipe nan edikasyon pitit ou. Nan lakay, ou ka li pou timoun nan oswa ankouraje li li. Tabli lè ki rezève pou fè devwa nan yon atmosfè pezib ak alèz. Limite tan li pase devan TV sitou konnen ki pwogram li ap gade. Voye je sou kisa l ap fè nan konpitè a. Tcheke si li fè devwa li. Gade nan valiz li chak jou pou wè si lekòl la pa voye papye pou ou oswa enfòmasyon. Sitou asire ou pitit ou a monte kabann li alè enpi byen dòmi. Nan lekòl la, ou ka patisipe nan tout aktivite ki ap fèt, tankou reyinyon paran, bay koutmen nan klas yo, enskri kòm manm Komite yo (School Parent Council, School Site Council). Gen tou komite onivo lavil la pou paran ki pale menm lang yo ki gen pitit k ap resevwa leson patikilyè nan lekti ak matematik sou lobedyans pwogram “Title I” an, gen komite tou pou paran ki gen pitit andikape yo. Ou ka al lekòl oumenm pou tèt pa ou — nan “BPS Parent University!” Pou plis enfòmasyon: ) 617-635-1683 oswa vizite: www.bpsfamilies.org/parentuniversity. Egzamen Medikal Fizik aprè lalwa nan eta Masachousèt la, elèv ki fèk rantre nan D yon sistèm lekòl la dwe prezante rezilta tès medikal yo ak konsiltasyon li te fè ka doktè. Pandan premye semenn lekòl yo, enfimyè lekòl la ap mande rezilta dènye konsiltasyon kay doktè a ki te fèt pandan ane pase a pou chak elèv. Elèv yo fèt pou gen yon dosye medikal konplè pou yo patisipe nan espò. Enfimyè a gen pou li repase detanzantan dosye medikal chak elèv yo dekwa pou li sèten pa gen pwoblèm. Si elèv la dwe pran medikaman pandan lè lekòl yo, enfimyè ap ba li yon fòmilè pou doktè li ranpli enpi siyen. Medikaman yo fèt pou soti nan famasi ak etikèt ofisyèl kole sou poban an. Nan ka sa a, nou konseye ou souple bay tout enfòmasyon ou kapab sou medikaman an. Anplis, pa janm bliye bay enfimyè a dènye enfòmasyon ki nan kanè vaksinasyon an. inifòm Lekòl nifòm Lekòl pa egzijib nan tout lekòl piblik Boston yo. Komite I “School Site Council” ka deside onivo chak lekòl si yo ap bay inifòm egzijib kote tout elèv yo oblije pote li osnon si pap gen inifòm ditou. Pou plis enfòmasyon, telefone lekòl la dirèkteman oswa ale nan paj wèb BPS la anba tit “Report on Teaching & Learning” – click “Schools.” Règleman sou Prezans nan Lekòl (Attendance Policy) le lekòl chak jou alè se youn nan pi bon mwayen pou asire A (resèt) pou yon reyisit nan lekòl—kidonk voye pitit ou a lekòl chak jou depi pa gen maladi. � Dapre la lwa Eta a tout elèv ki genyen ant 6 ak 16 zan dwe ale lekòl. Timoun 6 an epi pi gran ki absan lekòl pandan plis pase 5 jou san yon eskiz valab pandan ane lekòl ka pouse otorite yo pran aksyon ki apwopriye a ki gen aksyon legal ladan l tou. � Yon elèv ki pa prezante lekòl apre uit jou apre li fin enskri enpi jwenn yon plas lekòl riske pèdi plas la. � Yon elèv ki absan san rezon pou plis pase 12 jou pandan ane a pap monte nan klas siperyè. � Tout elèv dwe vini lekòl alè enpi rete pou tout jounen an. Lè yo rive ta enpi kite bonè yo sanse pèdi pati enpòtan nan sa yo te dwe aprann pou jounen an. Enpitou antre soti sa ka deranje travay klas la. Pa mennen timoun nan lekòl areta, ni pa vin chèche yo anvan lè si se pa yon gwo nesesite. � PwOGRAM NAN LEkòL | NCLb | MCAS Ak AYP Resous pou lafanmi ak telefòn depatman nan Lekòl boston www.bostonpublicschools.org Nimewo Jeneral/Tout Depatman.....................................................617-635-9000 Edikasyon Granmoun .....................................................................617-635-9827 Adult Learning Center – Pwogram Alfabetizasyon ..........................617-635-9300 Pwogram Apre Lekòl (DELTAS) ........................................................617-635-1578 Edikasyon Altènatif .........................................................................617-635-8035 Attendance (prezans) ......................................................................617-635-8035 Konsèy “Boston School Committee” .................................................617-635-9014 Boston Student Advisory Council (BSAC) ............................... 617-635-8079 x 104 Konsèy “Citywide Parents Council (CPC)” .........................................617-635-9210 Biwo “Communications” .................................................................617-635-9265 Konseye “Counseling Services” ........................................................617-635-8030 Matènèl “Countdown to Kindergarten” ............................................617-635-6816 Pwogram jadendanfan (K0-K2) ......................................................617-635-9701 Elèv ki poko pale Angle (English Language Learners) ......................617-635-9435 Enskripsyon, Planifikasyon & Sipò ...................................................617-635-9516 Sèvis Enskripsyon (school assignments) ..........................................617-635-9501 Sèvis Enskripsyon (nouvèl) ..............................................................617-635-9455 Equity (si yo fè ou abi) .....................................................................617-635-9650 Sant “Family Resource Centers”: East Zone ...............................................................................617-635-8015 North Zone .............................................................................617-635-9010 West Zone ..............................................................................617-635-8040 Biwo Family and Student Engagement ...........................................617-635-7750 Biwo Asst. Spieentandant ......................................................617-635-9660 Biwo “Food and Nutrition Services” .................................................617-635-9144 Konseye Pedagojik (Guidance Services) ...........................................617-635-8030 Biwo “Health and Medical Services” ................................................617-635-6643 Biwo “Homeless Education Resource Center” ...................................617-635-8037 Biwo Newcomer Assessment & Counseling Center ..........................617-635-1565 Parent University (lekòl Paran) ........................................................617-635-1683 Biwo “Re-engagement Center” .......................................................617-635-2273 Biwo “Safety Services” (Polis lekòl) ..................................................617-635-8000 Telefòn enfòmasyon (out, septanm, janvye) ...................................617-635-9046 Biwo “Special Education and Student Services” ...............................617-635-8599 Konsèy “Special Education Parent Advisory” ....................................617-635-9210 Biwo dosye “Student Records” .........................................................617-635-9506 Biwo “Superintendent” an ...............................................................617-635-9050 Biwo “Title I”....................................................................................617-635-7750 Biwo “Transportation” .....................................................................617-635-9520 Sèvis Byenvini .................................................................................617-635-9085 Telefòn pou Anons .................................................................617-635-9455 òganizasyon ak Sèvis kominotè yo Action for Boston Community Development (ABCD) .......................617-357-6000 GED, high school diploma, jobs programs, Head Start BOSTnet (Build the Out-of-School Time Network) ...........................617-720-1290 Before- and after-school programs bostnet.org Boston Centers for Youth and Families (Community Centers) ..........617-635-4920 Youth programs, adult education, recreation, GED Boston Navigator ...................................................................BOSTONavigator.org Extensive, searchable database of out-ofschool time programs Boston Parent Organizing Network (BPON) .....................................617-522-2766 Parent organizing and training for school improvement bpon.org Boston Partners in Education ..........................................................617-451-6145 School volunteers, parent training bostonpartners.org Boston Plan for Excellence ..............................................................617-227-8055 Publications and support for school improvement bpe.org Boston Public Library in Copley Square ............................. 617-536-5400 ext. 334 Books, videos, use of computers, activities for www.bpl.org all ages, museum passes Child Care Choices of Boston ........................................... 617-542-5437 ext. 6641 Licensed day care centers and childcarechoicesofboston.org providers, operating Monday-Friday, 9:30 am-3:30 pm EDCO Youth Alternative ...................................................................617-262-9562 High school diploma and school edcoyouthalternative.com to career program for out-of-school youth Federation for Children with Special Needs .....................................617-482-2915 Advocacy, information, and training fcsn.org Mayor’s Health Line ..................................................................... 1-800-847-0710 Information on immunizations and more Mayor’s Youthline ............................................................................617-635-2240 Youth activities and information bostonyouthzone.com Parents’ PLACE ............................................................................. 1-877-471-0980 Workshops, training, resources for families pplace.org interested in getting involved in their children’s education Steppingstone Foundation ..............................................................617-423-6300 Academic preparation for exam and private schools tsf.org TERI College Planning Centers ..................................................... 1-877-332-4348 Free information about higher tericollegeplanning.org education, financial aid, and careers vizitE Pàj wEb § www.bostonpublicschools.org AbCd Head Start Pre-Eskolè ak Gadri www.bostonheadstart.org ) 617-348-6272 Pou fanmi ki pa fè anpil kòb, nou asepte timoun 3–4 an (pafwa pi jenn toujou). Allston/brighton Allston/Brighton Head Start ............................617-783-1235 Charlestown JFK Family Service Center ................................617-241-7017 dorchester Bradshaw Children’s Learning Program ...........617-282-2327 Dorchester Head Start .....................................617-282-1100 Early Head Start @ Geneva Ave. ......................617-288-5580 Franklin Field Children’s Center........................617-282-0946 Gertrude Townsend Learning Program ............617-288-9150 Lena Park Day Care * .......................................617-436-1900 Walnut Grove Head Start ....................... 617-445-8202 x 412 HMSC at the Yawkey Center * ..........................617-506-6600 East boston East Boston Head Start ....................................617-567-8855 Hyde Park/Roslindale South Side Head Start .....................................617-327-1152 jamaica Plain Horizons for Homeless Children * ....................617-445-1480 Jamaica Plain Head Start.................................617-522-5533 Native American Community Head Start .........617-232-8534 Mattapan Mattapan Family Service Center ......................617-298-1785 North End North End Head Start ......................................617-367-0532 Roxbury Paige Academy * .............................................617-442-5419 Parker Hill/Fenway Head Start ........................617-427-0464 Roxbury & Lenox Streets Head Start ...............617-541-6935 South boston South Boston Head Start .................................617-269-5160 South End Chinese Church Head Start .................... 617-426-2855 x 725 Infants and Other People * ..............................617-482-9464 South End Head Start and Early Head Start ..............................................617-426-2855 * Partnership Program Massachusetts department of Elementary and Secondary Education (dESE) www.doe.mass.edu ) 1-781-338-3300 Lekòl “Charter Schools” ................................ 1-781-338-3227 www.doe.mass.edu/charter/ Enfòmasyon sou lekòl piblik ouvè a moun ki abite Boston pa fè pati de Lekòl Piblik Boston yo. MCAS Parent Information Hotline ................ 1-866-MCAS220 (866-622-7220) Pou Plis Enfòmasyon… … sou règleman lekòl yo, pwogram yo, dwa paran yo ak dwa elèv yo, ak anpil lòt enfòmasyon, souple pran yon kopi Gid Pou Fanmi ak Elèv Lekòl Piblik Boston, ki disponib nan tout Sant Resous Lafanmi yo ak sou sit entènèt nou an: www.bostonpublicschools.org 7

BOSTON<br />

<strong>Public</strong> <strong>Schools</strong><br />

Focus on Children<br />

Pwogram Lekòl Segondè<br />

yo<br />

lèv ki chwazi youn lekòl segondè nan <strong>Boston</strong><br />

E <strong>Public</strong> <strong>Schools</strong> gen anpil opsyon. Yo gen chwa<br />

ant lekòl ki gen konsantrasyon sou tèm epi ki pa<br />

gen anpil moun, mwens pase 500, gen lòt lekòl ki<br />

divize lokal yo a an ti kominote pou aprann, nou<br />

jwenn lekòl ki bay egzamen pou antre, 1 lekòl<br />

teknik ak lekòl ki sèvi timoun ki gen yon andikap.<br />

Anplis pwogram sa yo, nou genyen pwogram<br />

espesyal pou elèv ki twò gran, elèv ki ap<br />

konfwonte risk, elèv ki ap aprann Angle, elèv<br />

ki fenk debake Ozetazini, elèv ki te kite lekòl<br />

anvan lè ki retounen dèyè diplòm, lekòl diswa,<br />

elèv ki gen pitit, elèv ki vle pran kou inivèsite<br />

ansanm ak kou lekòl lekòl segondè yo tou grasa<br />

“Advanced Placement and Dual Enrollment.”<br />

Chak lekòl segondè ofri kou ki obligatwa pou<br />

gradyasyon, ki gen ladan yo Angle, matematik,<br />

syans, ak syans sosyal, lang etranjè, teknoloji<br />

òdinatè ak atizay. Nan anpil nan lekòl segondè nou<br />

an, gen kou ak pwogram yo ofri pandan oswa apre<br />

lekòl ki vin ajoute nan orijinalite chak lekòl.<br />

Preparasyon pou kolèj ak karyè se yon priyorite<br />

nan tout lekòl segondè nou yo. Kominote yo<br />

ak ajans kolèj ki baze nan lekòl yo bay aksè ak<br />

konseye pedagojik pou travay ak elèv pandan tout<br />

ane a, yo konsantre sou planifikasyon pou kolèj,<br />

sipò aplikasyon, ak aktivite anrichisman. Elèv yo<br />

eksplore opsyon nan anviwònman reyèl, tankou<br />

vizit “campus”, lopital, bank, oswa estidyo TV, anpil<br />

nan yo aksesib grasa patnè nou yo nan biznis ak<br />

inivèsite. Pifò elèv yo patisipe nan estaj, sèvis<br />

kominotè ak opòtinite pou yo eksplore karyè nan<br />

sante, edikasyon, medya, teknoloji, odyovizyèl ak<br />

pèfòmans, syans anviwonman, biznis, ak lòt espesyalite.<br />

Pou anpil elèv, ki wè koneksyon ant lekòl<br />

ak sa ki ap tann yo li pral pi fasil nan preparasyon<br />

akademik, fini nan kolèj, epi an jeneral ranpòte<br />

siksè nan lavi yo.<br />

Tout elèv lekòl piblik nan Massachusetts yo dwe<br />

pase 10 MCAS (Massachusetts Comprehensive<br />

Assessment System) an 10èm Ane an Anglè,<br />

Matematik, ak Syans / Teknoloji diplome. Lekòl<br />

segondè nou sèvi ak yon varyete estrateji pou ede<br />

elèv yo pase epi prepare pou edikasyon apre lekòl<br />

segondè ak siksè nan karyè yo grasa sipò otorite<br />

lavil yo ansanm ak inisyativ inivèsite nou yo epi<br />

biznis ak patnè kominotè yo.<br />

Esta pou karyè ak Metye teknik<br />

) 617-635-8079<br />

Nan pwogram pou Karyè ak Metye Teknik<br />

(Career and Technical/Vocational Education –<br />

CTVE) elèv yo ka aprann yon metye anmenmtan<br />

yo ap prepare tèt yo tou pou kolèj, konsa yo ap<br />

soti ak yon metye nan men yo enpitou ak diplòm<br />

lekòl segondè. Tout nan 18 pwogram CTVE nou<br />

yo jwenn apwobation leta anba lwa Chapter 74<br />

enpi yo ap travay nan Madison Park Technical<br />

Vocational High School.<br />

Pwogram CTVE yo ofri yon pakèt chwa kote<br />

ansèyman klasik marye ak aprantisaj teknik<br />

tankou reparasyon otomobil, kwit manje pou<br />

restoran, pwodiksyon TV. Nou ede elèv yo jwenn<br />

djòb pandan yo lekòl enpi chèche djòb pou yo tou<br />

omoman yo ap kite lekòl si se sa yo vle. Elèv ki<br />

nan pwogram sa yo resevwa kredi pou pwogram<br />

teknik yo konplete nan inivèsite yo ansanm ak<br />

sètifika avanse pou metye yo aprann nan tou.<br />

Nan Madison Park Freshman Academy, premye<br />

ane elèv yo nou ba yo chans pou yo gade tout<br />

pwogram metye CTVE yo dekwa pou yo ka chwazi<br />

sa yo renmen an, sa ki mache ak enterè yo.<br />

PwOGRAM NAN <strong>LEkòL</strong> | NCLb | MCAS Ak AYP<br />

Pwogram “Career and Technical Education”<br />

ansanm ak pwogram teknoloji bay sèvis edikasyon<br />

espesyal epitou yo bay elèv ki poko fin maton nan<br />

Angle (ELL) sipò.<br />

Otorite Lekòl Piblik <strong>Boston</strong> yo fè kèk aranjman<br />

ak distri alantou yo dekwa pou yo ka asepte elèv<br />

yo nan pwogram <strong>Boston</strong> poko genyen. Elèv ki<br />

ap konsidere opsyon sa a ta dwe kontakte Biwo<br />

“Office of Career and Technical Education” pou<br />

koutmen nan demach sa a: 617-635-8079 x132.<br />

Lekòl ki bay Egzamen<br />

dantre<br />

) 617-635-9512<br />

ou gen twa lekòl ki bay egzamen dantre<br />

N “examination schools”, sa vle di se sou<br />

konkou pou ou ale lekòl sa yo pou klas 7–12, lekòl<br />

sa yo se:<br />

� <strong>Boston</strong> Latin Academy in Dorchester<br />

� <strong>Boston</strong> Latin School in the Fenway<br />

� John D. O’Bryant School of Mathematics &<br />

Science in Roxbury<br />

dwa Paran dapre Lwa<br />

“No Child Left behind”<br />

wa sou Lekòl Elemantè ak Segondè ki rele<br />

L “Okenn Timoun Pa Gen Dwa Rete Deyè a<br />

(NCLB)” bay lajan pou ede anpil lekòl. Youn<br />

nan pwogram ki resevwa plis lajan an se “Title<br />

I”, ki la pou amelyore edikasyon debaz timoun<br />

paran afè pa bon yo. Tout Lekòl Piblik <strong>Boston</strong><br />

anwetan <strong>Boston</strong> Middle School Academy,<br />

<strong>Boston</strong> Latin School ak Kilmer K-8 resevwa<br />

lajan èd Tit I pou ane 2010-2011 la.<br />

Dapre lalwa, si pitit ou a nan yon lekòl Tit I,<br />

ou gen dwa sa yo ak lòt dwa ankò:<br />

1. Direksyon Jeneral lekòl yo fèt pou yo<br />

enfòme ou si lekòl pitit ou a sou lis lekòl ki<br />

pa fè pwogrè yo “Adequate Yearly Progress<br />

(AYP)” (Pwogrè Anyèl Adekwat) dapre sa<br />

Depatman Edikasyon nan Masachousèt<br />

konstate pandan de dènye ane yo oswa<br />

plis pase de ane. Gade sa ki vin apre a pou<br />

detay.<br />

2. Si lekòl pitit ou a nan lis sa a, ou gen dwa<br />

mande pou yo transfere l voye l nan yon lòt<br />

lekòl, si gen plas lòt kote a.<br />

3. Si lekòl pitit ou a nan lis sa a pandan<br />

dezan bout-pou-bout, ou ka reklame sèvis<br />

edikasyon andiplis.<br />

4. Ou gen dwa reklame tou pou lekòl pitit ou<br />

a ba ou enfòmasyon sou degre fòmasyon<br />

pwofesè yo ak kalifikasyon yo depi yo ap fè<br />

klas pou pitit ou a.<br />

5. Lekòl la gen obligasyon pou li enfòme ou<br />

tou si pwofesè k ap fè klas pou pitit ou a<br />

pandan kat semenn omwens pa kalifye<br />

awo nivo “highly qualified”, mo sa yo gen<br />

arevwa ak fòmasyon enpi kalifikasyon<br />

pwofesè yo.<br />

Pou aprann plis sou Okenn Timoun Pa Gen<br />

Dwa Ret Dèyè, mande yon kopi Gid Lekòl<br />

Piblik <strong>Boston</strong> pou Fanmi ak Elèv Yo pou ane<br />

2011–<strong>2012</strong> oubyen nan nenpòt Biwo Sant<br />

Resous Lafanmi, ou ka li li tou nan paj wèb BPS<br />

la. �<br />

Yo touletwa aksepte nouvo elèv nan klas 7 ak<br />

9. Lekòl O’Bryant pran kèk nouvo elèv tou nan<br />

klas 10.<br />

Yo pran elèv nan lekòl sa yo dapre rezilta yon<br />

egzamen yo bay ak mwayèn jeneral elèv la te konn<br />

fè nan klas li. Chak pati sa yo konte pou 50% nan<br />

desizyon lekòl la ap pran an. Mwayèn jeneral la se<br />

rezilta nòt elèv la konn fè nan Angle ak matematik<br />

pandan li te nan klas nan ansyen lekòl li a (klas 5<br />

oswa 7) ak nòt de premye trimès nan lekòl li ye<br />

kounyey a.<br />

Materyèl pou yon elèv li dekwa pou li prepare<br />

tèt li pou egzamen sa a pou li antre lekòl an<br />

2013–2014 ap nan lari depi kòmansman mwa<br />

Septanm <strong>2012</strong> nan tout lekòl mwayèn ak segondè,<br />

Biwo Sant Resous Lafanmi yo, bibliyotèk yo, ak<br />

“Boys & Girls Clubs” yo. Nou bay tès sa yo nan<br />

kòmansman mwa Novanm.<br />

Elèv ki pa lekòl nan BPS fèt pou yo ale nan yon<br />

Sant Resous Lafanmi epi pwouve yo abite nan<br />

<strong>Boston</strong> premye Vandredi nan mwa novanm pou yo<br />

ka konsidere yo pou admisyon nan lekòl ak konkou<br />

yo. Enfòmasyon sou kikote ak kilè pou ale pwouve<br />

6 <strong>ENtwOdui</strong> <strong>LEkòL</strong> <strong>PibLik</strong> <strong>bOStON</strong> <strong>2012</strong><br />

konprann MCAS ak Rezilta AYP<br />

Nan paj 8-27, nou prezante enfòmasyon tou<br />

kout sou chak lekòl yo. Apre enfòmasyon sou<br />

chak lekòl yo nou rele “Kisa Lekòl La Ofri”, ou ap<br />

jwenn tou rezilta 2011 lekòl la nan egzamen MCAS<br />

la (Mass. Comprehensive Assessment System).<br />

Ou ka tou li ki pwogrè lekòl la fè (Adequate Yearly<br />

Progress – AYP).<br />

MCAS. Yo bay MCAS la nan plizyè ane nan<br />

lekti, lang Angle (ELA), matematik ak syans epi<br />

teknoloji/jeni. Lang Angle separe tès yo nan<br />

lekti, konpreyansyon, ak redaksyon. MCAS se<br />

yon zouti ki la pou detèmine nivo fonksyonman<br />

elèv yo ak lekòl yo nan matyè sa yo. Genyen kat<br />

nivo fonksyonman: Avètisman/Pa Pase (Nivo 1),<br />

Bezwen Amelyore (Nivo 2), Konpetan (Nivo 3), ak<br />

Avanse (Nivo 4). Nan tablo rezilta a, nou repòte<br />

rezilta MCAS yo pou Redaksyon, Angle (ELA),<br />

matematik, ak syans.<br />

� Nòt pou pase a, se pousantaj % elèv ki fè<br />

pwen pou Nivo 2, 3, ak 4.<br />

� Nòt AvPf (Avanse ak Depase Konpetan) se<br />

pousantaj % pwen nan Nivo 3 ak 4<br />

PWOGRè ANyèL ADEKWAT (ADEQuATE<br />

yEARLy PROGRESS – AyP). “Okenn Timoun Pa<br />

Gen Dwa Ret Dèyè” reklame direksyon lekòl yo<br />

pou yo enfòme paran sou Pwogrè Anyèl Adekwat<br />

(AYP) lekòl pitit yo fè pandan de dènye ane yo<br />

nan Angle oswa matematik, oubyen nan toulede<br />

matyè sa yo.<br />

Klakilasyon AYP chita sou twa faktè apre sa<br />

yo:<br />

1. Nivo patisipasyon lekòl nan egzamen<br />

MCAS. Yo mande pou 95% elèv yo ta patisipe<br />

(total ak gwoup separe) nan pran tès la, ENPI<br />

2. Rezilta ak amelyorasyon ki dwe fèt. Mezi<br />

Rezilta ak amelyorasyon an se Leta ki fikse<br />

li. Sou 100 pwen, yo reklame 95.1 nan ELA<br />

pou 2011, Math se te 92.2. Konsa tou, yon<br />

lekòl kapab rive pase AYP li sèlman nan fè<br />

amelyorasyon nan ELA ak Math oswa pou yo<br />

dedui pousantaj elèv non-pwofisyan yo 10%<br />

apati rezilta ane 2010–2011. Amelyorasyon sa<br />

a kalkile apati rezilta chak gwoup fè parapò ak<br />

ane pase, rezilta final la se pou tout elèv rive<br />

nan nivo anwo nèt nan ane 2014, ENPI<br />

3. yon lòt mezi ankò. Yo konte prezans tou<br />

nan lekòl primè yo, ak lekòl mwayèn yo<br />

ansanm ak lekòl K–8, prezans la dwe rive<br />

nan nivo 92%, oswa li dwe amelyore ak 1%<br />

ogmantasyon parapò ak ane pase. Pou lekòl<br />

segondè, endikatè anplis la se kantite elèv<br />

9èm Ane ki rive diplome apre katran. AYP pou<br />

2011 la, objektif la se te (1) yon pousantaj<br />

diplome an 4-ane ki rive 75% parapò a gwoup<br />

2010 la, oswa (2) yon pousantaj diplome an<br />

5-ane ki rive 80% parapò a gwoup 2009 la,<br />

oswa (3) yon ogmantasyon 2% pami elèv ki<br />

diplome an 4-ane yo soti 2009 rive 2010.<br />

domisil la nan pakè materyèl pou enskripsyon<br />

pou tès la. Pou plis enfòmasyon ale sou: www.<br />

bostonpublicschools.org/exam<br />

Steppingstone Academy se yon òganizasyon<br />

prive benevòl ki bay leson patikilyè gratis pou<br />

prepare elèv lekòl <strong>Boston</strong> pou yo ka ale nan kolèj.<br />

Steppingstone travay ak timoun klas 4, 5, ak 7<br />

ki enterese anpil yo dekwa pou yo ka antre nan<br />

youn nan lekòl ki bay egzamen dantre BPS sa yo<br />

ak nenpòt lòt bon lekòl endepandan. Pou plis<br />

enfòmasyon telefone 617-423-6300 oswa vizite<br />

www.tsf.org<br />

Avid<br />

) 617-635-9202<br />

rèz lekòl segondè PBS, uit lekòl mwayen ak K-8<br />

T ak 12 pwogram primè ofri AVID – Advancement<br />

Via Individual Determination (Avansman pa<br />

Filyè Detèminasyon Endividyèl). AVID vize elèv ki<br />

nan nivo akademik mwayen ki ta vle al nan kolèj<br />

epi ki dispose pou travay di. AVID ede yo satisfè<br />

objektif yo nan leson patikilye, travay ki motive<br />

kiryozite entèlektyèl, ak lòt aktivite motivasyonèl.<br />

Pou yon lekòl rive fè mwayèn AYP, lekòl la<br />

ansanm (lè gen plis pase 20 moun ki pran tès la),<br />

ak chak gwoup (lè gen plis pase 40 moun ki pran<br />

tès la nan chak gwoup) dwe reyalize sa yo mande<br />

a nan chak kategori nou esplike anwo a. Gen uit<br />

gwoup dapre NCLB la: “English language learners”<br />

ki ap aprann Angle, elèv ki soufri andikap, elèv afè<br />

pa bon ki pa ka peye manje yo ak senk kategori ki<br />

chita sou koulè po.<br />

Nan Pwofil lekòl yo ki nan paj 8-27, AYP 2011<br />

esplike ou si lekòl la te fè pwogrè siyifikatif<br />

soti 2010 rive 2011. Lè ou wè “WI” oswa “NON”<br />

repons sa a se pou rezilta tout lekòl la ranmase<br />

ansanm oubyen pou yon gwoup — Ans/Gwoup<br />

— Menmsi se yon sèl gwoup ki pa rive fè pwogrè<br />

, tout lekòl la ap resevwa “Non” pou sou-gwoup li<br />

yo, sepandan tout lekòl la toujou kapab rekonèt<br />

kòm fè pwogrè AYP.<br />

Si nou ta wè yon zetwal * nan plas AYP 2011<br />

la, sa vle di pat gen ase elèv ki te patisipe nan<br />

tès yo.<br />

KONDISyON RESPONSABILITE. Kèk lekòl gen<br />

plis enfòmasyon toujou sou AYP 2011 line. Men<br />

“kondisyon responsabilite” yo dapre Lwa sou NCLB<br />

la”:<br />

Needs Improvement Year 1 (Bezwen Fè Pwogrè Ane 1) –<br />

lekòl la pa fè AYP pou de ane konsekitif nan menm matyè a<br />

(yo) (Tout Ansanm oswa Sougwoup)<br />

Needs Improvement Year 2 (Bezwen Fè Pwogrè Ane 2) – Yo<br />

te idantifye lekòl pou amelyorasyon Ane 1 epi li pa fè<br />

AYP pou yon twazyèm ane nan menm matyè a (yo) (Tout<br />

Ansabn oswa Sougwoup)<br />

Corrective Action (Aksyon Korektif) – Yo te idantifye<br />

lekòl pou amelyorasyon Ane 2 epi li pa fè AYP pou yon<br />

katriyèm ane nan menm matyè a (yo) (Tout Ansabn oswa<br />

Sougwoup)<br />

Restructuring Year 1 (Restriktirasyon Ane 1) – Yo te idantifye<br />

lekòl pou Aksyon korektif epi li pa fè AYP pou yon<br />

katriyèm ane nan menm matyè a (yo) (Tout Ansabn oswa<br />

Sougwoup)<br />

Restructuring Year 2 (Restriktirasyon Ane 2) – Lekòl la<br />

ten an Restriktirasyon pou Ane 1 epi li pa fè AYP pou yon<br />

katriyèm ane nan menm matyè a (yo) (Tout Ansabn oswa<br />

Sougwoup)<br />

Turnaround School (Lekòl Anba Refòm) – Lekòl ki pa bay<br />

bon rezilta yo vize pou entèvansyon entansif ak sipò. Sis<br />

nan 11 Lekòl pou redresman yo konsidere tankou ““Nouvo<br />

kòmanse” sepoutètsa lekòl sa yo pa gen kondisyon<br />

responsabilite dapre Lwa NCLB a. Tout 11 lekòl yo fè<br />

pwogrè siyifikatif nan MCAS 2011 la. Pou plis enfòmasyon<br />

sou Lekòl refòm redresman yo: bostonpublicschools.org /<br />

turnaround<br />

Eske lè nou wè “Non” pou AyP sa vle di<br />

otomatikman lekòl la se yon “move lekòl?”<br />

Non: ka vle di prezans nan lekòl la oubyen kantite<br />

gradyasyon pi piti pase sa yo mande a, oubyen pat<br />

gen ase elèv ki te pran tès MCAS la oubyen lekòl la<br />

pa fè pwogrè li espere pou li monte rezilta li yo nan<br />

MCAS dekwa pou tout elèv ka fè bèl nòt byen jan<br />

gouvènman an mande li a nan ane 2014. Lè ou ap<br />

chwazi lekòl pa gade rezilta tès yo sèlman, gen anpil<br />

lòt endikatè pou ou anvizaje tou! �

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!