02.02.2013 Views

ENtwOdui LEkòL PibLik bOStON 2012 - Boston Public Schools

ENtwOdui LEkòL PibLik bOStON 2012 - Boston Public Schools

ENtwOdui LEkòL PibLik bOStON 2012 - Boston Public Schools

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Chwazi yon Lekòl: ki

kesyon pou ou Poze

Mande direktè lekòl la ak pwofesè yo:

� Ki filozofi lekòl la ak kisa y ap atann nan

men chak elèv

� Rezilta travay elèv ki la yo, nòt yo fè nan

egzamen yo, pwojè yo ak devwa ekri yo

� Plan lekòl la genyen pou ede elèv yo reyisi

ak gwo nòt

� Pwogram curriculum: kisa elèv la pral

aprann nan chak matyè yo?

� Resous ki kore aprantisaj elèv yo, tankou

bibliyotèk ak teknoloji

� Metòd ansèyman ak estil travay pwofesè

yo pou wè si yo mache ak fason pitit ou a

aprann

� Kijan lekòl la kominike ak lakay: Eske gen ti

jounal ki pibliye, mesaj imèl? Kijan lekòl la

kominike ak paran ki pa maton nan Angle?

Eske gen lè ki rezève pou paran kontakte

pwofesè yo?

� Pwogram anvan ak apre lekòl pou sèvi lekòl

la ak timoun sou katye yo

� Opòtinite pou fè desen, aprann mizik ak fè

egzèsis fizik

� Sèvis sipò pou ede paran yo tankou konseye

pedagojik ak sosyal enpi sèvis sou lasante

� Regleman sou inifòm ak fason pou elèv

abiye pou vin lekòl.

ki Moun ki bezwen

Enskri Pou Lekòl?

Elèv ki nan lekòl piblik Boston yo ka rete nan

menm lekòl la jiskaske yo rive nan pi gwo klas

lekòl la genyen. Yo pa bezwen ranpli fòmilè

enskripsyon an.

Yon elèv bezwen ranpli fòmilè enskripsyon an

si…

� Elèv la nan yon lekòl BPS eke li rive nan

dènye klas tankou pa egzanp Premye Ane

nan yon lekòl Matènèl “Early Learning”,

5èm Ane nan lekòl K–5, 8èm Ane nan lekòl

mwayèn oswa lekòl K–8.

� Elèv ki nan nenpòt ki klas Matènèl rive 8èm

Ane depi fanmi an chanje adrès ki voye yo

nan yon lòt zòn nan Boston nan. Sepandan

elèv la ka rete nan lekòl li ye a si paran an

aksepte ba li transpò.

� Elèv ki nan pwogram espesyal enpi ki dwe

ale kontinye nan yon lòt pwogram nan yon

lòt lekòl.

� Elèv ki vle transfere nan yon lòt lekòl.

� Elèv ki poko janm ale nan yon lekòl “Boston

Public Schools”- menm si li te enskri yon

ane anvan eke yo te menm gen tan ba li

yon plas nan lekòl yo.

Dapre lalwa Eta a, chak elèv dwe kòmanse lekòl

an Septanm ane li gen sizan an. Si paran an pa

voye timoun nan lekòl, Leta ka pran sanksyon kont

paran li.

ki kote pou Nou Enskri

Elèv ki nan Lekòl Piblik Boston yo ap resevwa

aplikasyon yo nan lekòl yo. Kidonk, yo pa bezwen

ale an pèsòn nan Sant Resous Lafanmi yo pou yo

aplike.

Paran elèv ki nouvo nan Lekòl Piblik Boston fèt

pou enskri an pèson nan youn nan Sant Resous

Lafanmi nan Lekòl Piblik Boston yo, men yo kapab

ale alavans nan website BPS la pou kòmanse

enskripsyon an (ale nan paj 28).

dokiman Obligatwa

Omoman ou pral enskri timoun nan, pote tout

dokiman sa yo:

1. Orijinal batistè timoun nan (ak so sou li),

paspò oswa “Form I-94”

2. Kanè vaksinasyon timoun nan ajou. Gade

lis vaksen ki egzijib pou plis detay. Kontakte

Sèvis BPS Health Services, 617-635-6788, si

ou gen kesyon.

3. Pyès idantifikasyon ak foto Paran/

Responsab la

4. Kanè dènye lekòl timoun nan (pou Klas

1-12, si nesesè)

5. De dokiman ki pwouve w ap viv nan vil

Boston an. Dokiman ki akseptab yo nan lis

nan “Rezidans Obligasyon pou elèv fè” ti

bwat la sou paj sa a.

vaksinasyon

Lekòl Piblik Boston egzije pou elèv yo gen

vaksinasyon sa yo ajou nan moman y ap enskri

nan lekòl la. Sa vle di ifo kanè vaksinasyon

an gen prè timoun nan te pran vaksen sa yo

pandan enskripsyon an:

Klas K0

(3 an)

K1/K2

(4–5

ane)

Klas

1–6

CHwAzi YON LEkòL

Klas

7–12

Hepatitis B 3 3 3 3

DtaP/DTP/

DT/Td:

Td booster:

≥4 5

DTaP/

DTP

≥4 DTaP/

DTP or

≥3 Td

≥4 DTaP/

DTP or ≥3

Td 1; plis

1 Tdap for

Gr. 7-8

Polio ≥3 4 ≥3 ≥3

Hib 1-4 0 0 0

MMR

1 2 Gr. 1: 2 MMR Gr. 7-8: 2

(measles,

Gr. 2-6: 2 MMR

mumps,

measles, Gr. 9-12: 2

rubella)

1 mumps, 1 measles,

rubella 1 mumps,

1 rubella

Varicella 1* 2* Gr. 1: 2* Gr. 7-8: 2*

(chickenpox)

Gr. 2-6: 1* Gr. 9-12: 1*

(*oswa dokiman ki di li pase maladi a)

NÒT: Si yon timoun ap gen 4 an jou l ap enskri an, li ta

sipoze gentan vaksine pou K1/K2. Men si timoun nan gen

3 zan sèlman pandan l ap enskri an, li PA oblije te gentan

gen vaksinasyon timoun 4 an.

Kote vaksinasyon se yon bagay ki konplike, pou aprann

plis, ale nan: bostonpublicschools.org/healthservices.

Kontakte Sèvis Sante Lekòl Piblik Boston an (BPS Health

Services) nan 617-635-6643, si ou ta gen kesyon toujou.

An plis tou bagay, nou rekòmande pou ou fè tès TB pou

pitit ou a “Evalyasyon Sou Risk Tibèbiloz” “Tuberculosis Risk

Assessment.

Paran an dwe soumèt omoman l ap enskri

timoun nan, yon dosye medikal kote li konfime

pitit li a te pran tout vaksen li yo. Dosye medikal

la dwe bay dat, jou, mwa ak ane vaksen yon te

pran. Si ou bezwen kopi kanè vaksinasyon an

oswa si ou gen kesyon pou ou poze, kontakte

doktè ou osnon sant medikal kote ou mache a.

Si ou pa ta gen doktè ou osnon yon sant medikal

kote ou mache, ou ka telefone Biwo Majistra a

“Mayor’s Health Line”, 800-847-0710. Bay yon

delè twa semenn anvan doktè ou osnon sant

medikal kote ou mache a kapab bay kopi dosye a.

Kenbe nan tèt ou enfimyè lekòl la revize dosye

yo detanzantan.

Dapre lalwa, yon elèv ki pa gen kanè

vaksinasyon li ajou kapab ranvwaye lakay li.

Sitiyasyon Espesyal. Apa ka dijans oubyen

epidemi, gen delè yon elèv kapab kòmanse

lekòl li si paran l oubyen moun ki responsab li a

prezante yon deklarasyon alekri ki soti nan men

yon doktè ki deklare timoun nan pat vaksinen

pou rezon medikal, oubyen timoun nan pat

vaksinen akòz kwayans relijyèz li.

Eske pitit ou a gen bezwen medikal

espesyal? Omoman enskripsyon timoun nan,

ou ap ranpli yon fòmilè ki endike si timoun nan

soufri opresyon (asthma) oswa alèji, si li sèvi ak

chèz woulant, dekwa pou yo ka chwazi yon lekòl

ki ka founi sèvis sante apwopriye bay timoun

nan. Fòmilè a mande tou enfòmasyon sou doktè

ak klinik kote timoun nan mache a oka lekòl la ta

bezwen pale ak yo.

Egzamen medikal fizik la. Gade paj 7 la

pou enfòmasyon.

konplete Aplikasyon

Enskripsyon an

Fòmilè enskripsyon an bay lis tout lekòl ou ka

chwazi yo.

� Chwazi kantite lekòl ou vle.

� Nimewote chwa lekòl yo nan lòd dapre

preferans ou.

� Si ou ap chwazi lekòl segondè, poze kesyon

sou ki lekòl ki gen regleman enskripsyon

espesyal (li paj 25-27).

� Sere yon kopi aplikasyon an oka ta gen ti

pwoblèm.

kilè pou Enskri

Pou ogmante chans pou jwenn plas nan yon

lekòl ou te chwazi, aplikan yo ta dwe anrejistre

nan premye period registrasyon yo klas yo a. Orè

sa a se pou moun ki fenk ap enskri ak moun ki vle

chanje lekòl pou ane lekòl 2012–2013.

PREMYE PERYòd ENSkRiPSYON

3 janvye- 3 fevriye 2012

Kindergarten, Klas 6èm Ane & 9èm Ane

sèlman. Pou evite kanpe nan liy ki long, nou

rekòmande pou swiv kalandriye annapre a, ki

baze sou premye lèt siyati paran an:

A–I Enskri pandan 3-6 janvye

J–Q Enskri pandan 9-13 janvye

R–Z Enskri pandan 17-20 janvye

Tout Moun Enskri pandan peryòd

23 janvye-3 fevriye

Fanmi ki ap enskri elèv pou matènèl,

6èm oswa 9èm Ane ka enskri lòt timoun

nan fanmi an an menm tan pandan l

ap fè enkripsyon nan premye peryòd la.

Enskripsyon pou klas ki pa matènèl, 6èm

oswa 9èm Ane ka fèt pandan dezyèm

peryòd enskripsyon yo.

dEzYÈM PERYòd ENSkRiPSYON

8 fevriye- 23 mas 2012

Kindergarten rive 12èm Ane

vizitE Pàj wEb § www.bostonpublicschools.org

Règleman sou domisil elèv

Pou yon elèv kapab ale nan Lekòl Piblik Boston, li dwe rete nan Vil Boston. Domisil yon elèv ki

poko gen 18 an se domisil legal paran l (yo) oubyen moun ki responsab li a enpi ki gen dwa fizik

sou timoun nan. Yon elèv ki gen 18 an oubyen plis pase 18 an kapab etabli domisil pa li separe ak

kay paran li pou l kapab al lekòl.

“Residence” ki vle di domisil se kote moun nan rete tout bon vre a. Nou pa konsidere domisil

tanporè nan Vil Boston, si se pou rezon ale lekòl Boston sèlman moun nan gen domisil sa a.

Regleman domisil sa a pa aplikab pou elèv ki endijan, ki pa gen kay. Kontakte Biwo Konseye

Legal la nan 617-635-9320 pou tout kesyon ki gen a revwa a elèv ki endijan yo.

Fanmi yo dwe pote de nan dokiman sa yo lè enskri pitit yo pou lekòl la.

Dokiman yo fèt pou gen non ak adrès kounyeya tou enprime sou yo epi ki sou non paran/

responsab timoun nan (oswa timoun nan si li gen 18 an deja). Dokiman yo pa ka soti nan menm

alineya a. Tout dokiman yo dwe pote MENM adrès kounyeya.

� Yon bòdwo pou sèvis (pa dlo oswa selilè) date pandan 60 jou

� Kontra afèmaj (Lease), Akò “Section 8”, oswa afidavit BPS Landlord Affidavit

� Papye kay, bòdwo ipotèk dated pandan 60 dènye jou yo, oswa resi enpo lokatif date ane

pase

� Yon “W2 form” date ane pase oswa yon souch chèk ki pa depase 60 dènye jou yo

� Rapò Bank oswa Kat Kredi date 60 dènye jou yo

� Yon lèt nan men yon ajans gouvènman apwouve* date 60 dènye jou yo

* Ajans gouvènman apwouve: Departments of Revenue (DOR), Children and Family

Services (DCF), Transitional Assistance (DTA), Youth Services (DYS), Social Security, nenpòt

kominikasyon sou papye ak antèt “Commonwealth of Massachusetts”

NOTE:

� Lekòl ki bay egzamen antre yo gen regleman enskripsyon pa yo ak delè pa yo. Ale gade paj 6

pou detay yo.

� Sonje yon moun ki se Responsab Legal dwe pote lòt dokiman ki pwouve sa tankou papye

tribinal oswa ajans leta.

� Yo reklame menm dokiman sa yo pou yo chanje adrès timoun nan.

Nenpòt lekòl ki gen regleman espesyal pou enskripsyon kapab chwazi asepte aplikasyon

nan men elèv ki abite lòt kote, sepandan se sèl elèv ki prezante de prèv solid domisil

yo nan Boston dapre lis pi wo a k ap resevwa plas admisyon nan yon Lekòl Piblik

Boston.

Y ap ranvwaye imedyatman nenpòt elèv yo bare ap vyole règleman domisil la nan Lekòl

Piblik Boston. Paran/Moun ki responsab elèv ki ranvwaye a kapab fè apèl desizyon an. Elèv la

ka rete nan lekòl la pandan la ap tann jijman apèl la.

Anplis ranvwaye elèv la nan lekòl la, Direksyon jeneral Lekòl Piblik Boston kapab mete plis

pinisyon sou do paran yo tankou rele yo nan tribinal, egzije yo peye lajan BPS depanse pou

elèv la pandan li te nan lekòl la; ak anilasyon bous etid oswa prim elèv la te resevwa.

� N ap jwenn plis enfòmasyon toujou sou regleman domisil la sou paj entènèt BPS la:

bostonpublicschools.org/residency.

twAzYÈM PERYòd ENSkRiPSYON

26 mas- 11 me 2012

Kindergarten rive 12èm Ane

kAtRiYÈM PERYòd ENSkRiPSYON

14 me- 8 jen 2012

Kindergarten rive 12èm Ane

Ou ap resevwa yon nòt sou rezilta enskripsyon

pitit ou a pa lapòs. Rezilta sa a ka rive apeprè sis

semenn apre dat enskripsyon an fèmen.

Tout elèv ki ta resevwa lèt ki enfòme yo prale

nan yon nouvo lekòl ap resevwa tou yon fòmilè

RSVP. Si ou konnen timoun nan pap vin nan lekòl

Boston Public Schools ankò an septanm, souple

siyen nòt RSVP la enpi voye li pou nou, konsa nou

kapab bay yon lòt timoun sou lis datant la plas la.

Ou ka sèvi ak menm fòm RSVP sa a pou endike nou

si ou ta renmen rete sou lis datant yon lòt lekòl.

kijan Lekòl Piblik boston

distribiye Plas Lekòl yo?

Elèv yo ale lekòl dapre rezilta yon konpitè ki

pwograme pou aplike yon fòmil matematik san

paspouki. Konpitè a eseye bay elèv la lekòl li te

chwazi anvan an dapre priyorite li.

kisa ki priyorite yo?

Pafwa yon lekòl ka pa gen plas pou tout elèv ki

chwazi vini ladann. Lò sa rive, konpitè a distribiye

plas yo dapre chwa ak priyorite. Men gwo priyorite

yo, ak premye chwa yo:

1. Frè ak sè ki nan lekòl la + distans yo ka

mache

2. Frè ak sè ki nan lekòl la

3. Distans yo ka mache (Walk zone) ki se yon

priyorite pou 50% plas disponib yo

4. Tiraj osò

Pandan chak peryòd enskripsyon, elèv ki gen pi

gwo priyorite yo enskri anpremye.

Priyorite Frè Ak Sè ki Nan Lekòl La

Nou eseye gade frè ak sè nan menm lekòl la

si paran yo mande sa. Si ou vle gade pitit ou yo

3

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!