Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ... Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

dcf.state.fl.us
from dcf.state.fl.us More from this publisher
23.12.2012 Views

• Pran angajman pou ou rankontre/pale regilyèman. Si ou kominike souvan ak ansyen konjwen ou, sa pral fè pitit yo wè oumenm ak lòt paran an se sou menm ekip nou ye. Sa kapab difisil anpil nan premye etap divòs oubyen separasyon an. • Kenbe konvèsasyon yo konsantre sou timoun yo. Sonje, pitit ou se mwatye manman, mwatye papa, donk tout sa ki blesan youn di lòt kapab afekte sans timoun lan genyen de idantite li. Kenbe konvèsasyon yo oryante sou aktivite, jalon, pwoblèm ak reyisit pitit ou. Lè w pale de bagay sa yo, sa pral ede chak paran jwe yon wòl aktif nan lavi pitit lan epi fè timoun lan konnen li gen enpòtans pou chak paran. Lè nou kominike youn ak lòt sa ede paran yo verifye kisa timoun lan ap di. Gen timoun nan sityasyon sa a ki gen tandans di bagay ki pa vre (p.e. “Papa di pa gen pwoblèm si m di betiz” oubyen “Manman panse afè devwa a se yon tan pèdi”). Nan sityasyon delika sa yo, kominikasyon ap ede ou dekouvri kisa ki la verite. Pou rann lòt paran an vizit Nan kòmansman an, sa nòmal pou timoun yo santi fristrasyon, angwas, oubyen ensètitid sou vizit avèk lòt paran an. Timoun santi yo pi byen nan sityasyon an lè yo wè paran yo ap travay ansanm. Men kèk konsèy pou jan pou fè tranzisyon sa a pase avèk mwens pwoblèm posib: • Ede timoun yo wè vizit lan tankou yon bagay ki pozitif. Se pou timoun yo tande nan bouch toulede paran jan se yon bon bagay pou yo pase yon tan avèk lòt paran an. Se pou timoun yo byen konnen pa gen pwoblèm si you renmen toulede paran yo. • Ede pitit ou prepare tèt li pou chanjman. Veye pou pitit ou konn orè pou lè yo pral pase yon tan avèk chak paran. Pou fè sa mache, yon eleman ki esansyèl se fè fè tout bagay regilyèman. • Toujou depoze—pa janm al chèche. Se yon bon bagay si ou evite al “pran” pitit ou nan men lòt paran an. Si ou toujou depoze pitit ou kay lòt paran an, sa bay mwens strès pou tout moun. Pa voye novo menaj ou oubyen nouvo madanm/mari pou transpòte timoun yo, oubyen pa fè yo gade timoun yo pandan moman ki long. Timoun yo bezwen epi ap tann moman sa a yo pral pase ak paran yo. • Pa sèvi ak timoun yo pou pase mesaj. Lè ou mande pitit ou pote fakti, mesaj ou ekri oubyen nenpòt lòt bagay, sa pral bay timoun yo enpresyon yo nan mitan relasyon ant paran yo. • Eseye fè bagay yo nan yon fason ki regilye. Se yon bagay ki sen si timoun yo wè plizye pèspektiv ki diferan, epi aprann gen souplès, men fòk yo konnen tou yap viv anba menm atant fondamantal nan chak kay. Lè w eseye fè bagay yon nan yon fason ki menm jan e lakay ou e kay ansyen konjwen ou, sa ede timoun yo klè nan tèt yo. Konsèy sa yo kapab pèmèt ou: KREYE YON PLAN POU PARAN YO FÈ EDIKASYON PITIT YO. Sa se yon dokiman ki diskite sou sèten kestyon nan edikasyon paran yo ap bay timoun yo tankou pa egzanp: relijyon epi ale nan legliz, aktivite ki andeyò lekòl epi kijan nou peye pou aktivite sa yo, tretman medikal pou timoun lan, telefòn selilè, aksè nan Entènèt epi restriksyon sou sa, ekonomi pou voye timoun lan nan inivèsite, ets. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou plan pou paran fè edikasyon pitit yo nan sitwèb: www.flcourts.org/gen_public/family/forms_rules/995a.pdf METE NOU DAKÒ SOU RÈG YO. Règ yo pa oblije egzakteman parèy nan toulede kay yo, men si oumenm ak ansyen konjwen ou etabli direktiv ki jeneralman ann akò youn ak lòt, pitit nou yo pap pase ant 2 anviwònman ki gen diferans radikal ant chak kay. Eseye swiv menm kalite konsekans si timoun yo pa respekte règ yo, menm si move konpòtman an pat rive lakay ou. Donk si pitit ou pèdi privilèj pou yo gade televizyon pandan yo kay ansyen konjwen ou, aplike menm restriksyon an. Ou kapab fè menm bagay lan pou rekonpanse bon konpòtman tou. • Pa pataje pwoblèm ou. Toujou evite di bagay negatif sou ansyen konjwen ou devan pitit ou yo, oubyen fè yo santi se pou yo chwazi ant oumenm avèk lòt paran an. Epi tou, pa mande pitit ou ransèyman sou vizit yo kay lòt paran an, oubyen ransèyman sou lòt paran an menm. Sa kapab fè yo jwi mwens de vizit lan, epi sa mete yo nan mitan relasyon ou ki ant granmoun. 72 • Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 MEN KOTE OU KAPAB JWENN MOUN EDE OU Sèvi ak Gid sou Resous pou fanmi yo ki nan paj 79–82 pou kapab jwenn plis enfòmasyon sou divès sèvis sipò pou fanmi ki disponib nan kominote w.

Pou jere strès Li enpòtan pou ou redwi strès, e se e pou byen ou e pou byen pitit ou. Lè ou redwi strès, sa ba w tan ak enèji pou w bay pitit ou pi bon edikasyon ou kapab. Rekonèt siy ki montre ou anba strès � Pi fò nan tan an ou fatige � Ou pale di ak fanmi epi zanmi � Ou pa ka pran desizyon � Fason ou dòmi an chanje—swa ou dòmi anpil oubyen ou pa dòmi ase � Ou pa vle manje, oubyen ou manje twòp � Ou gen mal tèt/mal vant � Tansyon nan misk ou ba w doulè nan kou, nan zepòl oubyen nan do � Ou pa kapab konsantre Menmsi gen sèten bagay w oblije fè kanmenm epi ki bay strès, si ou chanje fason ou fè yo, sa kapab ede ou diminye strès lan. Eseye planifye jounen w lavèy nan aswè avèk yon list bagay ou gen pou fè, epi mete sa ki pi enpòtan oubyen pi dezagreyab yo kòm premye bagay ou gen pou fè. Pou gen mwens strès lè wap fè komisyon Lè wap fè komisyon avèk yon timoun, sa kapab ba w strès, men konsèy senp sa yo kapab pi agreyab e pou oumenm e pou timoun lan: � Ranje pou ou fè komisyon yo touswit apre ou fin bay timoun lan manje le maten lè li pa fatige oubyen grangou � Prepare pou ou bay pitit ou sa l bezwen. Prepare yon sak avèk kèk kouchèt, ti sèvyèt mouye, pomad pou kouchèt, lòt rad pou met sou li, yon sache ki kapab fèmen pou met rad sal li, yon sison, yon ti jwèt piti. � Si w pap alete bebe an, pote yon bibwon ki gen preparasyon an poud pou bebe epi yon boutèy dlo pou ou kapab melanje li lè w bezwen l. � Pou timoun ki pi gran, pote yon goute ki bon pou li. Granola, rezin, sereyal Cheerio’s, ti bikswit Gold Fish oubyen lòt bagay li renmen pral ede l tann jis tan nou kapab manje a midi. � Yon ovan ou kapab retire ap pwoteje po ak zye bebe an nan solèy lan epi fè tan li pase nan machin lan pi agreyab pou li. � Limite kantite komisyon w eseye fè nan yon jounen. Ti bebe kapab vin twò stimile se yo wè epi tande twòp bagay epi sa kap mete yo de movèz imè, alòske timoun ki fèk aprann mache yo annwiye yo si yo oblije ret chita pandan twòp tan. � Kenbe souplès! Okipe sa ki pi ijan yo dabò, donk si timoun yo vin fatige oubyen imè l chanje, ou kapab al lakay ou epi kite rèst komisyon yo pou yon lòt fwa. � Si w gen plizyè timoun avè w, mande yon fanmi w oubyen yon zanmi akonpaye ou ede w ak timoun yo. Konsèy pou paran okipe tèt yo Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 73

Pou jere strès

Li enpòtan pou ou redwi strès, e se e pou byen ou e pou byen

pitit ou. Lè ou redwi strès, sa ba w tan ak enèji pou w bay pitit

ou pi bon edikasyon ou kapab.

Rekonèt siy ki montre ou anba strès

� Pi fò nan tan an ou fatige

� Ou pale di ak fanmi epi zanmi

� Ou pa ka pran desizyon

� Fason ou dòmi an chanje—swa ou dòmi anpil oubyen ou pa

dòmi ase

� Ou pa vle manje, oubyen ou manje twòp

� Ou gen mal tèt/mal vant

� Tansyon nan misk ou ba w doulè nan kou, nan zepòl oubyen nan do

� Ou pa kapab konsantre

Menmsi gen sèten bagay w oblije fè kanmenm epi ki bay strès, si ou chanje fason ou fè yo, sa kapab ede ou diminye

strès lan. Eseye planifye jounen w lavèy nan aswè avèk yon list bagay ou gen pou fè, epi mete sa ki pi enpòtan

oubyen pi dezagreyab yo kòm premye bagay ou gen pou fè.

Pou gen mwens strès lè wap fè komisyon

Lè wap fè komisyon avèk yon timoun, sa kapab ba w strès, men konsèy senp sa yo kapab

pi agreyab e pou oumenm e pou timoun lan:

� Ranje pou ou fè komisyon yo touswit apre ou fin bay timoun lan manje le maten lè li

pa fatige oubyen grangou

� Prepare pou ou bay pitit ou sa l bezwen. Prepare yon sak avèk kèk kouchèt, ti sèvyèt

mouye, pomad pou kouchèt, lòt rad pou met sou li, yon sache ki kapab fèmen pou

met rad sal li, yon sison, yon ti jwèt piti.

� Si w pap alete bebe an, pote yon bibwon ki gen preparasyon an poud pou bebe epi

yon boutèy dlo pou ou kapab melanje li lè w bezwen l.

� Pou timoun ki pi gran, pote yon goute ki bon pou li. Granola, rezin, sereyal Cheerio’s,

ti bikswit Gold Fish oubyen lòt bagay li renmen pral ede l tann jis tan nou kapab

manje a midi.

� Yon ovan ou kapab retire ap pwoteje po ak zye bebe an nan solèy lan epi fè tan li pase nan

machin lan pi agreyab pou li.

� Limite kantite komisyon w eseye fè nan yon jounen. Ti bebe kapab vin twò stimile se yo wè epi tande

twòp bagay epi sa kap mete yo de movèz imè, alòske timoun ki fèk aprann mache yo annwiye yo si yo oblije ret

chita pandan twòp tan.

� Kenbe souplès! Okipe sa ki pi ijan yo dabò, donk si timoun yo vin fatige oubyen imè l chanje, ou kapab al lakay ou

epi kite rèst komisyon yo pou yon lòt fwa.

� Si w gen plizyè timoun avè w, mande yon fanmi w oubyen yon zanmi akonpaye ou ede w ak timoun yo.

Konsèy pou

paran okipe tèt yo

Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 73

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!