Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ... Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

dcf.state.fl.us
from dcf.state.fl.us More from this publisher
23.12.2012 Views

Paran yo ak responsab yo dwe pou yo kite timoun yo pou kont yo pwogresivman—pandan yon ti tan kout nan yon premye tan, epi rete nan yon distans ki pa twò lwen kay lan. Pou byen veye pou pitit ou pwoteje lè li ret pou kont li nan kay lan, swiv konsèy sa yo pou sekirite l: � Mete tout nimewo dijans (doktè, lopital, lapolis, ponpye, sant antipwazon, sèvis medikal dijans) epi nimewo telefòn yon zanmi oubyen yon vwazen nan yon kote ki vizib kote tout telefòn. � Veye pou pitit you konnen kisa ki planifye pou sot nan kay lan an ka dife pran nan kay lan pou li kapab kite kay la touswit si l tande detektè lafimen an pati epi pou l rele ponpye pandan l kay yon vwazen. � Montre pitit ou ki kote twous premye swen an ye epi kijan pou li sèvi ak sak ladan l. � Prepare yon goute oubyen yon repa pou pitit ou alavans, e sa ta pi bon si li pa bezwen chofe l. � Di pitit ou ki kote ou prale, kijan li kapab kontakte w epi kilè wap tounen nan kay lan. � Si sa posib, kite nimewo bipè ou oubyen telefòn mobil ou. Lè ou konnen pitit ou kapab kontakte w touswit sa kapab ede oumenm epi pitit ou santi nou rasire. � Si pitit ou rantre lakay pandan kay la vid, fè l rele w pou li di kòman tout bagay ye. � Etabli règ de baz pou: � Si li vle soti � Envite zanmi li � Fè manje � Reponn telefòn / louvri lè yo frape nan pòt lan � Monte sou Entènèt Si sa pa konvnab pou pitit ou okipe tèt li, ou kapab anvizaje opsyon ou genyen pou fè yon moun gade timoun lan. Li seksyon sou Pou chwazi moun pou gade pitit ou nan livrè sa a pou enfòmasyon sou fason pou ou chwazi moun ki gade pitit ou ki ranpli bezwen fanmi ou pi byen. 66 • Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 MEN KOTE OU KAPAB JWENN MOUN EDE OU Sèvi ak Gid sou Resous pou fanmi yo ki nan paj 79–82 pou kapab jwenn plis enfòmasyon sou divès sèvis sipò pou fanmi ki disponib nan kominote w.

Pou ankouraje pitit ou lè ou nan match kote lap jwe Lè yo patisipe nan yon spò, sa ede timoun devlope sèten kalite ki pral pote benefis pandan tout vi yo. Selon etid ki fèt, lè timoun patisipe nan spò sa ede you aprann konpòtman sosyal ki montre yo sans responsabilite epi sa ede yo vin apresye sante pèsonèl epi yon bon fòm fizik. Yon aktivite fizik regilye ede kò a jere strès tou, epi sa kapab bay kòm rezilta yon randman ki pi bon nan lekòl epi sa kapab amelyore kapasite pitit ou pou gen yon reyaksyon ki apwopriye lè li fè fas ak difikilte kotidyen. Pi ba a, wap jwenn kèk konsèy pou ede paran yo konstwi konfyans epi yon bon karaktè nan pitit yo pandan rankont spòtiv. Bay pitit ou bon egzanp � Aprann li fair play. Bay pitit ou avèk lòt paran yo bon egzanp. Ofri pawòl ankourajman bay pitit ou, timoun yo ki nan menm ekip avè l epi timoun ekip rival lan tou. � Montre tout moun respè. Montre respè pou lòt ekip lan, antrenè yo epi abit yo. Pa kritike ni kapasite spòtif yon timoun, ni desizyon antrenè yo, ni sa abit yo deside. Toujou sonje sa lè w ale nan rankont spòtif epi tou lè wap swiv spò nan televizyon avèk pitit ou. Si w gen pwoblèm avèk fason yon antrenè fè travay li, avèk politès pale de sa avèk antrenè an apre match lan fini. Ou kapab kolabore avèk antrenè an kòm volontè tou pandan pwochen antrènman an. Ranfòse konfyans ak motivasyon pitit ou � Konsantre sou efò, pa sou rezilta. Si mesaj ou pase an se “fè tout sa ou gen pou fè pou ou genyen” sa kapab mete anpil presyon sou timoun lan. Kèlkeswa jan match lan fini, se pou pitit ou santi li fyè deske li jwe pi bon match li te kapab jwe. Fè pitit ou yo konnen lè yo te gen yon bon lide oubyen yo pran yon bon desizyon pandan match lan menm si sa pat pèmèt yo make. Fè pitit ou konnen, pou oumenm, yo toujou gayan. � Akspete erè. Timoun toujou nan etap kote yap aprann kapasite pou jwe spò an, epi se yon eleman ki enpòtan lè yo fè erè. Si ou konsantre sou sa yo te aprann oubyen sou sa yo kapab fè pwochèn fwa, sa pral ede yo pwogrese, e erè se pou sa yo sèvi! Pou ede pitit ou kenbe motivasyon li, pale sou sa ou wè kòm amelyorasyon ou wè nan limenm ou byen nan ekip lan depi dènye antrènman an. Sa va ede timoun lan wè erè li nan yon fason ki pi pozitif. � Antrènman an plis. Si antrenè an pale de yon bagay pitit ou ta kapab amelyore, ede li antrene lakay ou epi ofri anpil ankourajman sou aspè presi nan sa li fè yo. De tanzantan, ranje pou rete 10 ou 15 minit anplis aprè antrènman an fini pou pitit ou kapab pase yon ti tan anplis avèk kamarad li nan ekip lan. Sa ankouraje devlopman sosyal epi ranfòse ekip lan. � Ankouraje ekip lan. Aplodi ekip lan, anplis de jwè endividyèl. Sa kapab ede yo konsantre sou enpòtans pou tout jwè yo kolabore ansanm. � Aprann pitit ou pou li respekte angajman li. Lè timoun lan angaje pou li jwe yon spò, se pou li pran angajman sa a o serye. Sa kapab rive kote yon timoun fè yon move eksperyans pandan yon match oubyen yon antrènman, epi yo santi yo pa vle jwe ankò. Pa gen anpil timoun ki pral meyè jwè nan chak ekip. Avantaj ki prezante lè yo etabli yon objektif epi pa rete jis yo reyalize li tou sa pi enpòtan pase nenpòt stati meyè jwè. Eksplike pitit ou ke antrenè li epi lòt timoun yo nan ekip lan ap konte sou li. Si li pa kapab patisipe aktivman, anjeneral se yon bon bagay pou ou fè mete inifòm ekip lan epi chita sou ban an pou montre sipò pou ekip lan. Zouti avèk konsèy pou paran ak responsab timoun Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 67

Pou ankouraje

pitit ou lè ou

nan match kote

lap jwe

Lè yo patisipe nan yon spò, sa ede timoun devlope sèten

kalite ki pral pote benefis pandan tout vi yo. Selon etid ki fèt,

lè timoun patisipe nan spò sa ede you aprann konpòtman

sosyal ki montre yo sans responsabilite epi sa ede yo vin apresye

sante pèsonèl epi yon bon fòm fizik. Yon aktivite fizik regilye ede

kò a jere strès tou, epi sa kapab bay kòm rezilta yon randman ki pi

bon nan lekòl epi sa kapab amelyore kapasite pitit ou pou gen yon

reyaksyon ki apwopriye lè li fè fas ak difikilte kotidyen. Pi ba a, wap

jwenn kèk konsèy pou ede paran yo konstwi konfyans epi yon bon karaktè nan pitit yo pandan rankont spòtiv.

Bay pitit ou bon egzanp

� Aprann li fair play. Bay pitit ou avèk lòt paran yo bon egzanp. Ofri pawòl ankourajman bay pitit ou, timoun yo ki

nan menm ekip avè l epi timoun ekip rival lan tou.

� Montre tout moun respè. Montre respè pou lòt ekip lan, antrenè yo epi abit yo. Pa kritike ni kapasite spòtif yon

timoun, ni desizyon antrenè yo, ni sa abit yo deside. Toujou sonje sa lè w ale nan rankont spòtif epi tou lè wap

swiv spò nan televizyon avèk pitit ou. Si w gen pwoblèm avèk fason yon antrenè fè travay li, avèk politès pale de

sa avèk antrenè an apre match lan fini. Ou kapab kolabore avèk antrenè an kòm volontè tou pandan pwochen

antrènman an.

Ranfòse konfyans ak motivasyon pitit ou

� Konsantre sou efò, pa sou rezilta. Si mesaj ou pase an se “fè tout sa ou gen pou fè pou ou genyen” sa kapab mete

anpil presyon sou timoun lan. Kèlkeswa jan match lan fini, se pou pitit ou santi li fyè deske li jwe pi bon match li

te kapab jwe. Fè pitit ou yo konnen lè yo te gen yon bon lide oubyen yo pran yon bon desizyon pandan match lan

menm si sa pat pèmèt yo make. Fè pitit ou konnen, pou oumenm, yo toujou gayan.

� Akspete erè. Timoun toujou nan etap kote yap aprann kapasite pou jwe spò an, epi se yon eleman ki enpòtan lè yo

fè erè. Si ou konsantre sou sa yo te aprann oubyen sou sa yo kapab fè pwochèn fwa, sa pral ede yo pwogrese, e erè

se pou sa yo sèvi! Pou ede pitit ou kenbe motivasyon li, pale sou sa ou wè kòm amelyorasyon ou wè nan limenm

ou byen nan ekip lan depi dènye antrènman an. Sa va ede timoun lan wè erè li nan yon fason ki pi pozitif.

� Antrènman an plis. Si antrenè an pale de yon bagay pitit ou ta kapab amelyore, ede li antrene lakay ou epi ofri

anpil ankourajman sou aspè presi nan sa li fè yo. De tanzantan, ranje pou rete 10 ou 15 minit anplis aprè antrènman

an fini pou pitit ou kapab pase yon ti tan anplis avèk kamarad li nan ekip lan. Sa ankouraje devlopman sosyal

epi ranfòse ekip lan.

� Ankouraje ekip lan. Aplodi ekip lan, anplis de jwè endividyèl. Sa kapab ede yo konsantre sou enpòtans pou tout

jwè yo kolabore ansanm.

� Aprann pitit ou pou li respekte angajman li. Lè timoun lan angaje pou li jwe yon spò, se pou li pran angajman sa a

o serye. Sa kapab rive kote yon timoun fè yon move eksperyans pandan yon match oubyen yon antrènman, epi yo

santi yo pa vle jwe ankò. Pa gen anpil timoun ki pral meyè jwè nan chak ekip. Avantaj ki prezante lè yo etabli yon

objektif epi pa rete jis yo reyalize li tou sa pi enpòtan pase nenpòt stati meyè jwè. Eksplike pitit ou ke antrenè li epi

lòt timoun yo nan ekip lan ap konte sou li. Si li pa kapab patisipe aktivman, anjeneral se yon bon bagay pou ou fè

mete inifòm ekip lan epi chita sou ban an pou montre sipò pou ekip lan.

Zouti avèk konsèy

pou paran ak

responsab timoun

Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 67

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!