Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ... Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

dcf.state.fl.us
from dcf.state.fl.us More from this publisher
23.12.2012 Views

� Gen kiryozite sou ki kote yo soti � Aprann timoun yo enfòmasyon ki korèkt olye ou kite yo kwè nan bagay ki pa sa. Kantite enfòmasyon epi kantite presizyon ou bay pral depann de moun kap anseye l lan epi bezwen timoun lan pou l konnen. Se yon bagay ki konvnab pou di timoun laj sa a bebe yo vini de manman ak papa yo. Sa kapab ase enfòmasyon pou yo anvan yo pase nan yon lòt sijè. � Aprann sa ki akseptab nan sosyete an sou respè yo dwe genyen pou espas lòt moun epi sou konpòtman yo an prive epi an piblik � Enterese nan ti bebe—plis sitou sou jan ti bebe an fèt pase nan jan bebe an konsevwa � Montre kiryozite sou gwosès epi sou alètman (bay tete) � Kapab jwe manman ak papa oubyen jwe doktè oubyen lòt fason pou eksplore kò yo oubyen “jwèt sèks” ak zanmi yo � Se tout timoun toupatou ki jwe jwèt sa yo epi sa ede yo konprann diferans ant fiy ak gason � Sa kapab yon bon okazyon pou ou di pitit ou “Mwen konnen wap poze tèt ou kestyon youn sou kò lòt. Annou pale de sa ou ta renmen konnen.” � Se yon bon okazyon tou pou di, “Kò ou se paw. Ou kapab di yon moun “non” si ou pa vle yo manyen ou.” � Ou dwe tou konsyan sou kestyon sekirite. Timoun kapab mete kreyon, bout bwa oubyen lòt bagay nan ouvèti kò yo epi sa kapab blese yo. � Menm si li nòmal pou timoun ki gen menm laj jwe ansanm pou eksplore kò yo, sa kapab yon pwoblèm si youn nan timoun yo pi gran. � Kapab aprann mo ki gen rapò ak sèks epi eseye sèvi ak mo sa yo. � Kapab imite wòl seksyèl granmoun, pa egzanp, timoun nan lekòl matènèl kapab di yo gen menaj oubyen di ak ki moun yo pral marye lè yo gran. Konvèsasyon sa yo se fantezi ki nòmal pou timoun ki nan lekòl matènèl. Nan laj 6 a 8 an Se yon bagay ki enpòtan pou ou ouvè epi onèt pandan etap nan devlopman sa a epi fè se lakay li pitit ou jwenn premye enfòmasyon sou sèks. Ou dwe yon sous kredib ki bay pitit ou enfòmasyon pou ou kapab kenbe liy kominikasyon yo ouvè ant oumenm ak pitit ou. Toujou sonje, pa gen pwoblèm pou ou di “M pa konnen men nou kapab jwenn enfòmasyon an ansanm.” Sa se yon apwòchi ki pi bon pase envante yon repons epi apresa pitit ou vin aprann li pat korèkt. Timoun ki nan laj 6 a 8 an ap: � Bezwen aprann etabli limit espas pèsonèl � Dwe pou yo konprann vre mo ki pale de divès pati kò an epi yo dwe kapab pale de tout pati kò an san yo pa santi sa yap fè an pa byen � Dwe pou yo kapab mande granmoun yo fè konfyans kestyon sou afè sèks, epi konnen afè sèks gen eleman ladan l ki prive � Dwe pou yo kapab idantifye diferans ant fiy ak gason epi aprann kijan bebe yo “antre” epi “soti” (san antre nan twòp detay) si yo gen kiryozite sou sa � Kòmanse ensiste se pou yo ba yo espas prive yo pou yo abiye epi al nan twalèt � Kapab sèvi ak pawòl sèks epi di betiz pou yo teste reyaksyon granmoun yo � Vin pi sansib sou diferans ant fiy ak gason—zanmitay ak timoun ki fiy oubyen gason menm jan avè yo vin pi dominan epi devlopman wòl fiy/gason an vin pi fò � Kapab kontinye karese tèt yo epi jwe jwèt sèks Laj 9 a 12 an Devlopman seksyèl lan vin aktif anpil pandan laj sa a, avèk chanjman fizik, emosyonèl epi nan konpòtman ki vin a tout vitès. Timoun yo kòmanse parèt pi granmoun, men li enpòtan pou ou sonje se timoun yo ye toujou. Timoun ki gen laj ant 9 ak 12 an pare pou yo kòmanse pase gwo chanjman nan kò yo ki kapab fè yo santi yo wont tèt yo, oubyen santi yo pa alèz. Se yon bagay enpòtan pou ou pale ak pitit ou de devlopman seksyèl epi di l chanjman sa yo nòmal epi gen anpil lòt chanjman ankò ki pral vini nan kò l pandan kèk ane ki pral vini yo. Timoun ki gen laj sa a gen yon ide pi klè sou afè sèks pase yo aprann nan lekòl sou sa. Rive nan fen etap sa a, timoun yo dwe konn eleman sa yo: sik lavi an epi devlopman seksyèl nan tout laj, mo ki koresponn vreman ak diferan pati kò an, wòl fiy ak gason ki pa tonbe nan kliche ak stereyotip, epi enfòmasyon esansyèl sou ijyèn pèsonèl. Timoun ki nan laj 9 a 12 an pral: � Pase chanjman nan vwa yo epi penis ak testikil yo pran matirite (gason) � Kòmanse gen règ yo epi sen yo pouse (fiy) � Kòmanse gen plis transpirasyon ki fè yo bezwen sèvi ak dezodorizan � Wè chanjman nan po yo, yo kapab gen bouton � Kòmanse wè pwal pouse sou pati yo � Kapab karese sèks yo jis yo rive nan ògasm (jwisans) � Kapab fè jwèt seksyèl kote youn ap eksplore kò lòt, ant ti fiy ak ti fiy oubyen ti gason ak ti gason, men mwens pase sa yo te fè anvan 52 • Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012

� Kòmanse enterese sou detay pwòp pati kò yo epi sa pati sa yo fè, epi yo chèche foto nan liv � Santi yo pa alèz lè yo dezabiye devan lòt moun, menm yon paran ki menm sèks avè yo � Li kontinye bay zanmitay vale, lè lòt timoun lan menm jan avè l: ti gason ak ti gason, ti fiy ak ti fiy—li kapab pataje enfòmasyon sou afè sèks ak timoun ki ti gason tankou l oubyen ti fiy tankou l � Renman santi yo menm jan ak kamarad yo, epi yo abiye epi pale menm jan, e sa fè yo santi yo pa tèlman diferan nan moman chanjman rapid sa yo � Kapab eseye eksperyans avèk gade moun san yo pa konnen, blag sou sèks epi takine epi anbete � Pafwa sèvi ak gwo mo epi fè konvèsasyon sou sèks—yo kapab sèvi avèk pawòl ki gen rapò ak sèks pou youn joure lòt � Genyen plis santiman seksyèl epi fantasm tou � Fè ti renmen zanmi yo, adolesan ki pi gran, pwofesè yo, vedèt, ets.—yo kapab gen santiman sa yo pou yon moun ki menm sèks avè yo oubyen diferan � Genyen pou yo fè fas ak desizyon sou sèks avèk dwòg Timoun ki nan laj 13 a 18 an pral: � Fin fè chanjman pibète an � Rive nan laj 16 an preske tout ti fiy ap deja gen règ yo epi yo kòmanse ovile nan 18 a 24 mwa apre menak, ki vle di premye fwa yo wè règ yo � Pral bay valè sou endepandans yo epi depann mwens sou paran yo kòm otorite sou sèks � Kontinye gen plis santiman seksyèl epi vle rapwoche yo fizikman ak yon lòt moun � Kòmanse santi presyon kamarad yo pou yo kòmanse nan sèks menmsi yo pa santi yo pare � Pwobableman karese sèks pa yo epi genyen plis fantasm seksyèl � Prefere relasyon lanmou pase zanmitay ki pwòch � Ap fè fas ak chwa ki kapab mennen yo nan gwosès oubyen maladi seksyèlman transmisib—etabli atant avèk limit nan konpòtman seksyèl avèk pitit ou Lòt konsèy Fè pitit ou konnen li kapab adrese ou nenpòt kestyon. Lè ou kòmanse bonè avèk edikason sou devlopman seksyèl, sa pèmèt ou kominike avèk pitit ou kounyè a epi pandan ane adolesans li. Men sèten direktiv pou ede ou kenbe liy kominikasyon yo ouvè: � Fè pitit ou konnen li kapab vin kote ou sil bezwen enfòmasyon � Toujou onèt ak pitit ou � Aksepte pou ou repete enfòmasyon jis pitit ou konprann � Tcheke sa pitit ou deja konnen: mande l sa l panse � Kenbe repons ou senp epi sonje kisa pitit ou kapab konprann epi sa ki twò avanse � Fòk ou konnen pa gen pwoblèm pou di “M pa konnen, men map cheche repons la!” Lòt moun ki kontribye nan ekri atik sa a: Jessica Dunn avèk Judith A. Myers-Walls epi Dee Love MEN KOTE OU KAPAB JWENN MOUN EDE OU Sèvi ak Gid sou Resous pou fanmi yo ki nan paj 79–82 pou kapab jwenn plis enfòmasyon sou divès sèvis sipò pou fanmi ki disponib nan kominote w. Zouti avèk konsèy pou paran ak responsab timoun Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 53

� Kòmanse enterese sou detay pwòp pati kò yo epi sa pati sa yo fè, epi yo chèche foto nan liv

� Santi yo pa alèz lè yo dezabiye devan lòt moun, menm yon paran ki menm sèks avè yo

� Li kontinye bay zanmitay vale, lè lòt timoun lan menm jan avè l: ti gason ak ti gason, ti fiy ak ti fiy—li kapab pataje

enfòmasyon sou afè sèks ak timoun ki ti gason tankou l oubyen ti fiy tankou l

� Renman santi yo menm jan ak kamarad yo, epi yo abiye epi pale menm jan, e sa fè yo santi yo pa tèlman diferan

nan moman chanjman rapid sa yo

� Kapab eseye eksperyans avèk gade moun san yo pa konnen, blag sou sèks epi takine epi anbete

� Pafwa sèvi ak gwo mo epi fè konvèsasyon sou sèks—yo kapab sèvi avèk pawòl ki gen rapò ak sèks pou youn joure lòt

� Genyen plis santiman seksyèl epi fantasm tou

� Fè ti renmen zanmi yo, adolesan ki pi gran, pwofesè yo, vedèt, ets.—yo kapab gen santiman sa yo pou yon moun

ki menm sèks avè yo oubyen diferan

� Genyen pou yo fè fas ak desizyon sou sèks avèk dwòg

Timoun ki nan laj 13 a 18 an pral:

� Fin fè chanjman pibète an

� Rive nan laj 16 an preske tout ti fiy ap deja gen règ yo epi yo kòmanse ovile nan 18 a 24 mwa apre menak, ki vle di

premye fwa yo wè règ yo

� Pral bay valè sou endepandans yo epi depann mwens sou paran yo kòm otorite sou sèks

� Kontinye gen plis santiman seksyèl epi vle rapwoche yo fizikman ak yon lòt moun

� Kòmanse santi presyon kamarad yo pou yo kòmanse nan sèks menmsi yo pa santi yo pare

� Pwobableman karese sèks pa yo epi genyen plis fantasm seksyèl

� Prefere relasyon lanmou pase zanmitay ki pwòch

� Ap fè fas ak chwa ki kapab mennen yo nan gwosès oubyen maladi seksyèlman transmisib—etabli atant avèk

limit nan konpòtman seksyèl avèk pitit ou

Lòt konsèy

Fè pitit ou konnen li kapab adrese ou nenpòt kestyon. Lè ou kòmanse bonè avèk edikason sou devlopman seksyèl,

sa pèmèt ou kominike avèk pitit ou kounyè a epi pandan ane adolesans li. Men sèten direktiv pou ede ou kenbe liy

kominikasyon yo ouvè:

� Fè pitit ou konnen li kapab vin kote ou sil bezwen enfòmasyon

� Toujou onèt ak pitit ou

� Aksepte pou ou repete enfòmasyon jis pitit ou konprann

� Tcheke sa pitit ou deja konnen: mande l sa l panse

� Kenbe repons ou senp epi sonje kisa pitit ou kapab konprann epi sa ki twò avanse

� Fòk ou konnen pa gen pwoblèm pou di “M pa konnen, men map cheche repons la!”

Lòt moun ki kontribye nan ekri atik sa a: Jessica Dunn avèk Judith A. Myers-Walls epi Dee Love

MEN KOTE OU KAPAB

JWENN MOUN EDE OU

Sèvi ak Gid sou Resous pou fanmi

yo ki nan paj 79–82 pou kapab jwenn

plis enfòmasyon sou divès sèvis sipò pou

fanmi ki disponib nan kominote w.

Zouti avèk konsèy

pou paran ak

responsab timoun

Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 53

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!