Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ... Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

dcf.state.fl.us
from dcf.state.fl.us More from this publisher
23.12.2012 Views

RASIRE timoun yo ke manm fanmi a ki deplwaye byen fòme pou fè djòb enpòtan yo pral fè lòt bò a e ke yo enpasyan tounen lakay yo apre misyon an. Di yo gen moun ki renmen yo e toujou pral gen yon moun pou okipe yo. KOUTE le timoun yo ap poze kesyon e kite yo di sa yo resanti, sa yo bezwen ak sa yo krenn. Timoun piti wè lemonn trè senpman. Repons ou ba yo sou lagè ta dwe senp tou. ETABLI yon sistèm sipò pou oumenm kote ou kapab eksprime preyokipasyon ak sousi dadilt ou genyen ki gen pou wè ak deplwaman e jwenn sipò ou bezwen an pou okipe fanmi w. Timoun pa kapab founi sipò paran ak moun mi bay swen bezwen. ENFÒME pwofesè, kotch ak lòt moun ki bay swen konsènan deplwaman pou yo kapab detekte chanjman nan konpotman timoun yo ki ta ka endike yo bezwen plis asistans. ============================ Aktivite ki ede timoun yo sipòte: ============================ • PRAN foto manm fanmi a k ap deplwaye k ap fè bagay de toulejou e kreye yon albòm timoun la kapab gade lè li vle. • ANREJISTRE vwa manm fanmi a k ap deplwaye pandan l ap li yon chapit nan yon liv pou timoun yo kapab tande vwa li chak jou. • METE foto manm fanmi a nan chanm chak timoun pou li kapab santi li pre. Pandan deplwaman an KENBE menm woutinn chak jou a ak règ nòmal nan kay la pou asire yon konsistans nan lavi timoun yo. LIMITE ekspozisyon timoun yo ak nouvèl e ak konvesasyon adilt ki gen detay ki efreyan. ATANN OU a yon ralantisman oswa yon enterispyon nan kòve (travo) lakay yo ak nan devwadmezon. W ap ap petèt bezwen gen plis pasyans, konpreyansyon ak yon ti asistans adisyonèl pandan peryòd sa a. KONPRANN ke santiman pèt, kòlè, dèy oswa kilpabilite se reyaksyon ki nòmal fas a yon separasyon. Sèten timoun gendwa mal konpòte yo oswa di de bagay ki pa tolerab yon fason pou sirmonte santiman laperèz, anksyete oswa konfizyon yo pa kapab jere. ANKOURAJE timoun ki piti di sa yo santi oswa eksprime emosyon yo grasa desen oswa penti. Timoun ki pi gran ak jennjan gendwa pito eksprime lide ak santiman yo nan yon jounal prive. FIKSE objektif pèsonèl pou peryòd deplwaman an oswa komanse yon nouvo lwazi oswa aktivite ; se de fason ki sen pou jere estrès ak pou abòde santiman anksyete ak laperèz. ============================ Aktivite ki ede timoun yo sipòte: ============================ • KENBE yon albòm de sa ki rive toulejou pou pataje li avèk manm fanmi a ki deplwaye lè li tounen lakay li. • VOYE manm fanmi a ki deplwaye desen ak penti, kat ak lèt • LI lèt ak imèl manm fanmi ki deplwaye a awotvwa otou tab a manje a leswa. 48 • Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 MEN KOTE OU KAPAB JWENN MOUN EDE OU Sèvi ak Gid sou Resous pou fanmi yo ki nan paj 79–82 pou kapab jwenn plis enfòmasyon sou divès sèvis sipò pou fanmi ki disponib nan kominote w.

Apre deplwaman an BAY tèt ou ak fanmi w tan pou adapte yo e pou reprann kontak youn ak lòt. Sa pran anjeneral kat a sis semenn apre yon manm nan fanmi a tounen apre li te deplwaye. KONPRANN ke bagay yo chanje. Manm nan fanmi grandi fizikman, emosyonèlman ak sosyalman pandan deplwaman an. RESPEKTE nouvo orè ak woutin fannmi w e eseye fè bagay yo nouvo fason an anvan pou w sijere fè chanjman. PALE sou sa w santi, sa w panse ak sa ki preyokipe w, men eseye pa kritike. REZÈVE yon ti tan pou pase ak chak timoun, fas-a-fas, ap fè aktivite yo renmen. Sa fè timoun la santi li espesyal e yo apresye li pou limenm e sa pèmèt manm fanmi a reprann kontak ak chak timoun yon fason timoun sa a remen. PRAN SAN OU avèk timoun ou konsènan disiplin. Pandan yon sèten tan, kontinye aplike règ yo te etabli pandan absans ou. JERE estrès aprè-deplwaman an avèk egzèsis, terapi ak lòt aktivite sen pou w asire ou pa transfere fristrasyon ou yo sou manm fanmi w. CHÈCHE asistans si w gen estrès aprè yon twomatism, yon blesi twomatism nan sèvo, depresyon oubyen nenpòt ki lòt preyokipasyon grav, ikonpri kriz finansyè pèsonèl, pwoblèm konsomasyon dwòg oswa alkòl ak pwoblèm nan maryaj ou. ==================================== Konsèy pou reprann kontak ak timoun yo: ==================================== Menm jan pou deplwaman an, timoun yo reyaji trè diferaman fas lè manm fanmi a reyini avèk yo, selon laj yo, si se fi oswa gason, etap devlopman yo ak tip pesonalite yo. Teknik ki sila yo pral ede w retabli kontak la avèk timoun yo, kèlkeswa etap devlopman yo. Tibebe • RETE toupre pandan manm fanmi w yo bay manje, abiye e jwe ak tibebe yo, pou yo kapab abitye yo ak prezans ou. • PALE ak tibebe dousman e souvan pou yo kapab abitye ak son vwa w. • PATISIPE aktivman nan okipe tibebe yo depi sa posib. Timoun ki poko gen laj pou ale lekòl • CHITA oswa ajenouye w pou rive nan menm wotè avèk yo. • MANDE sa yo renmen koulye a. • KOUTE sa y ap di w. Timoun ki gen laj pou ale lekòl • KITE yo vante yo deske ou se yon ewo. • SIVEYE devwadmezon yo, gade foto yo, albòm yo, elatriye. • FELISITE yo pou akonplisman yo pandan deplwaman ou. Jennjan yo • KONSANTE pou tande yo byen. • RESPEKTE zafè prive ak zanmi yo. • ANKOURAJE yo pou yo rakonte w sa ki te rive yo pandan ou te deplwaye a. Fèy ak konsèy sa a gen ladann enfòmasyon yo pran nan resous sila yo ki sou Entènèt: www.uswestaap.org/Parent_Guide_Deployment.pdf; www.usuhs.mil/psy/pdf/CTChildrenCopeDuringDeployment.pdf; www.MilitaryOneSource.com; www.realwarriors.net/family/children/reconnecting.php Zouti avèk konsèy pou paran ak responsab timoun Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 49

RASIRE timoun yo ke manm fanmi a ki deplwaye byen fòme pou fè djòb enpòtan yo pral fè lòt bò a e ke yo enpasyan

tounen lakay yo apre misyon an. Di yo gen moun ki renmen yo e toujou pral gen yon moun pou okipe yo.

KOUTE le timoun yo ap poze kesyon e kite yo di sa yo resanti, sa yo bezwen ak sa yo krenn. Timoun piti wè lemonn

trè senpman. Repons ou ba yo sou lagè ta dwe senp tou.

ETABLI yon sistèm sipò pou oumenm kote ou kapab eksprime preyokipasyon ak sousi dadilt ou genyen ki gen pou

wè ak deplwaman e jwenn sipò ou bezwen an pou okipe fanmi w. Timoun pa kapab founi sipò paran ak moun mi

bay swen bezwen.

ENFÒME pwofesè, kotch ak lòt moun ki bay swen konsènan deplwaman pou yo kapab detekte chanjman nan konpotman

timoun yo ki ta ka endike yo bezwen plis asistans.

Aktivite ki ede timoun yo sipòte:

• PRAN foto manm fanmi a k ap deplwaye k ap fè bagay de toulejou e kreye yon albòm timoun la kapab gade lè li vle.

• ANREJISTRE vwa manm fanmi a k ap deplwaye pandan l ap li yon chapit nan yon liv pou timoun yo kapab tande

vwa li chak jou.

• METE foto manm fanmi a nan chanm chak timoun pou li kapab santi li pre.

Pandan deplwaman an

KENBE menm woutinn chak jou a ak règ nòmal nan kay la pou asire yon

konsistans nan lavi timoun yo.

LIMITE ekspozisyon timoun yo ak nouvèl e ak konvesasyon adilt ki gen detay

ki efreyan.

ATANN OU a yon ralantisman oswa yon enterispyon nan kòve (travo) lakay yo ak

nan devwadmezon. W ap ap petèt bezwen gen plis pasyans, konpreyansyon ak yon ti

asistans adisyonèl pandan peryòd sa a.

KONPRANN ke santiman pèt, kòlè, dèy oswa kilpabilite se reyaksyon ki nòmal fas a yon separasyon. Sèten timoun

gendwa mal konpòte yo oswa di de bagay ki pa tolerab yon fason pou sirmonte santiman laperèz, anksyete oswa

konfizyon yo pa kapab jere.

ANKOURAJE timoun ki piti di sa yo santi oswa eksprime emosyon yo grasa desen oswa penti. Timoun ki pi gran ak

jennjan gendwa pito eksprime lide ak santiman yo nan yon jounal prive.

FIKSE objektif pèsonèl pou peryòd deplwaman an oswa komanse yon nouvo lwazi oswa aktivite ; se de fason ki sen

pou jere estrès ak pou abòde santiman anksyete ak laperèz.

Aktivite ki ede timoun yo sipòte:

• KENBE yon albòm de sa ki rive toulejou pou pataje li avèk manm

fanmi a ki deplwaye lè li tounen lakay li.

• VOYE manm fanmi a ki deplwaye desen ak penti, kat ak lèt

• LI lèt ak imèl manm fanmi ki deplwaye a awotvwa otou tab a

manje a leswa.

48 • Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012

MEN KOTE OU KAPAB

JWENN MOUN EDE OU

Sèvi ak Gid sou Resous pou fanmi

yo ki nan paj 79–82 pou kapab jwenn

plis enfòmasyon sou divès sèvis sipò pou

fanmi ki disponib nan kominote w.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!