Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ... Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

dcf.state.fl.us
from dcf.state.fl.us More from this publisher
23.12.2012 Views

Lòt konsèy � Chita ansanm regilyèman pou soupe pou rete an kontak avèk pitit ou epi kominike prensip fanmi ou. Pami adolesan ki soupe avèk paran yo, 6 oubyen 7 fwa pa semèn, 93 pousan pa fimen sigarèt nan dènye mwa ki pase an epi yo pa ale nan fèt kote moun ap bwè alkòl nan 6 dènye mwa ki pase yo. � Fè pitit ou konnen ou pa bay apwobasyon ou pou yo eseye dwòg, alkòl oubyen tabak. Di klèman kisa ou atann epi mete konsekans yo nan yon fason ki konsistan. � Aprann non dwòg yo epi efè yo fè sou yon moun pou ou kapab bay pitit ou enfòmasyon sa yo. Lè ou ba yo move enfòmasyon sèl bagay sa fè se fè yo pa wè w kòm yon moun fyab ki pou bay yo ransèyman sou sijè sa yo. � Si pitit ou rantre lakay sot lekòl avèk enfòmasyon sou Keeping Kids Drug Free (kenbe timoun yo andeyò kestyon dwòg), poze yo kestyon sou sa epi ranfòse mesaj lan nan kay lan. Sa ki pi enpòtan an, tande sa pitit ou ap di. � Fè pwomosyon desizyon pozitif. Kite pitit ou pran desizyon ki konvnab pou laj li. Sa pral ede l santi li kontan ak tèt li epi ak chwa li fè yo. Sa pral ede pitit ou vin konfyan nan tèt li, e sa pral ede l rejte presyon kamarad li kapab mete. � Patisipe nan lavi pitit ou. Fè konesans ak zanmi li, ak paran zanmi li, avèk kiyès yo pase tan yo epi de kisa yo pale. Kolabore ak paran zanmi pitit ou pou etabli règ sou lè yo gen pou yo rantre nan aswè, sou fèt kote pa gen sipèvizyon yon granmoun epi sou lòt aktivite sosyal. Pou plis enfòmasyon ak konsèy, vizite sit www.theantidrug.com. Enfòmasyon sa yo soti nan: Parents, The Anti-Drug. Se National Youth Anti-Drug Media Campaign ki sponsorize sa. 38 • Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 MEN KOTE OU KAPAB JWENN MOUN EDE OU Sèvi ak Gid sou Resous pou fanmi yo ki nan paj 79–82 pou kapab jwenn plis enfòmasyon sou divès sèvis sipò pou fanmi ki disponib nan kominote w.

Pitit ou nan laj ekolye (ant 6 avèk 12 an) Kwake timoun ki rive nan laj ekolye bay enpresyon yo tèlman granmoun, kapasite sosyal yo pako fin byen devlope. Yo kapab nan diskisyon epi goumen tout tan avèk zanmi yo. Timoun ki nan laj ekolye bezwen anpil èd pou yo aprann kapasite sosyal tankou kijan pou yo fè zanmi, gen konfyans nan lòt moun, travay ann ekip epi rezoud konfli. Timoun bezwen tou pou yo aprann yo kijan pou yo sèvi ak bon manyè, mande moun ede yo epi negosye ak lòt moun. Souvan se pou yo raple timoun sa yo pou yo pran responsabilite devwa yo oubyen sa travay yo gen pou fè lakay. Pwosesis pou yo aprann bay tèt yo disiplin se yon bagay kap kontinye tout tan ki amelyore chak ane. Timoun ki rive nan laj sa a pa gen anpil eksperyans nan etabli epi rive nan objektif oubyen nan mezire pwòp fòs ak feblès pa yo. Yo bezwen granmoun pou bay yo eksperyans ki alafwa difisil epi ki motive yo, e ke yo kapab reyalize. Devlopman fizik � Fòk yo tcheke vizyon l, dan li epi ouwi li a pati de premye ane lekòl primè � Li pa grandi rapid ditou, donk pwa ak wotè timoun sa yo kapab varye anpil � Li bezwen paran li ba l manje ki sen pase obezite konn vin yon pwoblèm pou timoun nan mwatye anfans yo: fòk gen limit nan afè manje “fast food” � Po li kapab vin mwen fen: li kapab kòmanse gen takte oubyen siy sou po li � Li kòmanse pèdi ti dan bebe li � Li kowòdone anpil kapasite motris (ponpe, sote epi kouri) � Kòmanse konsantre sou “konpetisyon” pito pase “kowoperasyon” Devlopman sosyal ak emosyonèl � Li kòmanse konprann tèt li ak wòl li nan fanmi an, nan lekòl epi nan kominote an pi byen � Li kapab kontwole emosyon li pi byen epi li pa pè menm jan an � Li aprann apresye tèt li epi li kòmanse gen yon sans pwòp valè li � Li gen okazyon pou li frekante moun ki pa nan fanmi an � Li kòmanse pè fè erè, oubyen pou yo ri li oubyen pou li pa reyisi lekòl � Nan entèyaksyon kote lap jwe ak kamarad li, se chak moun gen tou pa li � Li pito lòt timoun ki fasil pou fè zanmi epi ki bay sipò � Li entèyaji pi byen lè paran yo te montre l afeksyon ak lanmou epi te aksepte li, epi li mwen efikas lè gen strès nan fanmi an Devlopman koyitif � Li bezwen enstriksyon ki klè epi presi (nan laj sa a gen limit toujou sou jan timoun yo panse, e paran yo dwe sonje sa) � Li sèvi ak sa l wè epi avèk objè pou l rezoud pwoblèm � Li sèvi ak rezon epi li swiv etap ki lojik pou li rezoud pwoblèm � Memwa li pi bon � Li konprann kòz ak efè � Li konprann kisa ki la reyalite epi sa ki pa la reyalite MEN KOTE OU KAPAB JWENN MOUN EDE OU Sèvi ak Gid sou Resous pou fanmi yo ki nan paj 79–82 pou kapab jwenn plis enfòmasyon sou divès sèvis sipò pou fanmi ki disponib nan kominote w. Edikasyon paran bay timoun epi devlopman timoun Pitit ou nan laj pou lal lekòl Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 39

Lòt konsèy

� Chita ansanm regilyèman pou soupe pou rete an kontak avèk pitit ou epi kominike prensip fanmi ou. Pami adolesan

ki soupe avèk paran yo, 6 oubyen 7 fwa pa semèn, 93 pousan pa fimen sigarèt nan dènye mwa ki pase an epi

yo pa ale nan fèt kote moun ap bwè alkòl nan 6 dènye mwa ki pase yo.

� Fè pitit ou konnen ou pa bay apwobasyon ou pou yo eseye dwòg, alkòl oubyen tabak. Di klèman kisa ou atann epi

mete konsekans yo nan yon fason ki konsistan.

� Aprann non dwòg yo epi efè yo fè sou yon moun pou ou kapab bay pitit ou enfòmasyon sa yo. Lè ou ba yo move

enfòmasyon sèl bagay sa fè se fè yo pa wè w kòm yon moun fyab ki pou bay yo ransèyman sou sijè sa yo.

� Si pitit ou rantre lakay sot lekòl avèk enfòmasyon sou Keeping Kids Drug Free (kenbe timoun yo andeyò kestyon

dwòg), poze yo kestyon sou sa epi ranfòse mesaj lan nan kay lan. Sa ki pi enpòtan an, tande sa pitit ou ap di.

� Fè pwomosyon desizyon pozitif. Kite pitit ou pran desizyon ki konvnab pou laj li. Sa pral ede l santi li kontan ak tèt

li epi ak chwa li fè yo. Sa pral ede pitit ou vin konfyan nan tèt li, e sa pral ede l rejte presyon kamarad li kapab mete.

� Patisipe nan lavi pitit ou. Fè konesans ak zanmi li, ak paran zanmi li, avèk kiyès yo pase tan yo epi de kisa yo pale.

Kolabore ak paran zanmi pitit ou pou etabli règ sou lè yo gen pou yo rantre nan aswè, sou fèt kote pa gen sipèvizyon

yon granmoun epi sou lòt aktivite sosyal.

Pou plis enfòmasyon ak konsèy, vizite sit www.theantidrug.com.

Enfòmasyon sa yo soti nan: Parents, The Anti-Drug.

Se National Youth Anti-Drug Media Campaign ki sponsorize sa.

38 • Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012

MEN KOTE OU KAPAB

JWENN MOUN EDE OU

Sèvi ak Gid sou Resous pou fanmi

yo ki nan paj 79–82 pou kapab jwenn

plis enfòmasyon sou divès sèvis sipò pou

fanmi ki disponib nan kominote w.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!