Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ... Entimidasyon sou Entènèt (Cyber-entimidasyon) - Florida ...

dcf.state.fl.us
from dcf.state.fl.us More from this publisher
23.12.2012 Views

Pou oumenm avèk ti bebe ou dòmi pi byen MENM JAN AK LÒT NOUVO KONESANS LAP APRANN, li kapab oblije eseye plizyè fwa anvan li reyisi dòmi nan bèso li. Ti bebe ou kapab kriye lè ou fèk mete l nan bèso an. Sa se yon bagay ki nòmal, ou kapab atann a sa. Genyen anpil bagay ou kapab fè pou ede ti bebe ou prepare tèt li pou li dòmi epi santi li pi alèz lè l dòmi nan bèso li. Chak bebe diferan de tout lòt yo, donk ou kapab oblije eseye plizyè fwa anvan ou jwenn sa ti bebe ou an pi pito. ENFÒMAYSON ENPÒTAN! 10 konsèy pou ede ti bebe ou dòmi lannwit 1. Veye byen pou ti bebe ou aktif nan lè pou li jwe, pa egzanp tan li pase kouche souvant pou li jwe epi devlope mouvman li, pandan lajounen. 2. Reponn rapid lè ti bebe bezwen yon bagay, konsa wa diminye strès bebe an. 3. Pèmèt kontak po sou po pandan lajounen. 4. Kenbe yon orè regilye pou lè manje, lè syèst epi lè dòmi lannwit. 5. Kreye yon woutin pou lè dòmi li avèk twa oubyen kat aktivite pou kalme l epi ede ti bebe ou pare pou li dòmi (pa egzanp bay bebe ou yon bèy, fè ti masaj dousman sou misk li, epi pase yon ti moman byen trankil avè l). Rechèch syantifik demontre jan ti bebe ki genyen woutin nan lè dòmi yo, pran 30% mwens tan pou yo dòmi, reveye 50% mwens fwa nan lannwit epi yo dòmi pandan pi lontan. 6. Pale oubyen chante dousman bay ti bebe ou anvan li kouche. Senp son vwa ou soulaje bebe ou anpil. 7. Mete bebe ou nan bèso li lè li kòmanse sanble li fatige, men anvan li kòmanse dòmi. Lè ou mete bebe an nan bèso li lè li fatige men li pako dòmi, sa ede l aprann pou li dòmi pou kont li. 8. Si bebe ou sanble li ajite nan lè dòmi li, mete bebe an nan bèso li 30 minit anvan lè nòmal pou li kouche an. Lè ti bebe yo vin twò fatige, pafwa se lè sa a yo gen plis enèji epi yo goumen ak somèy yo. 9. Mete ti mizik dous, limen yon vantilatè oubyen mete yon lòlòj kap fè ti bwi. Lè yo tande yon ti bwi kap repete tout tan, sa kapab ede ti bebe yo dòmi. Si lòt moun nan kay la kontinye aktivite yo nòmalman, sa pral ede ti bebe an aprann dòmi san silans. 10. Mete yon sèvyèt tyèd sou dra bebe an epi retire sèvyèt lan imedyatman avan ou mete bebe an kouche. Si ou eseye tout sa ki di la yo epi malgre sa ti bebe ou pa dòmi byen, pale avèk enfimyè oubyen doktè bebe ou an. Se kapab akòz yon rezon medikal ki fè bebe ou ajite pandan lannwit. 6 • Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 Si ou dòmi avèk bebe ou se yon danje. Mèmsi se alete wap alete bebe w epi menmsi ou pa fimen, bwè alkòl oubyen sèvi ak dwòg oubyen medikaman, lè ou dòmi ak ti bebe ou se yon danje kanmèm pou timoun lan trangle oubyen toufe pandan lap dòmi. Sèl mwayen pou ou pwoteje ti bebe ou de gwo risk sa yo se mete l kouche dòmi nan yon bèso. Pou plis enfòmasyon vizite www.ounce.org/safe-sleep.html

Pitit ou nan laj 2 mwa Pitit ou ap grandi rapid anpil epi lap aprann anpil tou. Sèvo ti bebe ou an ap devlope avèk yon seri entèyaksyon ki avanse nan toulede sans. Ti bebe epi timoun piti chèche entèyaksyon de yomenm lè yap eseye pale epi lè yo fè ekspresyon ak figi yo. Si, lè li fè efò sa yo, ou reponn regilyèman avèk afeksyon epi lanmou, wap kreye yon milyè ki byen ankadre timoun lan. A laj sa a, li enpòtan pou ou pase anpil tan ap kenbe e anbrase timoun lan, ap li pou li epi pale avèk ti bebe ou. A mezi lap grandi, tout kontak sa yo ap ede ti bebe yo genyen lyen lanmou ki fò avèk paran yo. Lyen sa yo ki fèt bonè nan lavi yon timoun se yo ki pral kreye fason timoun lan pral atache li avèk lòt moun pi ta nan lavi. Dòmi. Menm si pitit ou ap dòmi pandan pi lontan (ant 4 avèk 6 èdtan), li twò bonè toujou pou li genyen lè regilye nan somèy li. Genyen kèk aktivite ki kapab ede ti bebe ou aprann pou li pi aktif pandan lajounen epi ankouraje li dòmi nan lannwit. Pou plis enfòmasyon, gade nan seksyon ki rele Pou oumenm ak ti bebe ou dòmi pi byen, nan paj 6. Nitrisyon. Nan laj sa a, ti bebe ou bezwen sèlman lèt manman li oubyen preparasyon an poud pou bebe an. Ti bebe ou pako pare pou li manje labouyi oubyen manje solid nan laj li ye la a. An jeneral, ti bebe yo bezwen ant 4 avèk 5 ons lèt manman yo oubyen preparasyon pou bebe, ki fè ant 20 avèk 25 ons pa jou. Devlopman fizik � Li ajite kò li epi li sèvi avèk jèst pou li fè ou konnen kijan li santi l � Li sèvi avèk misk nan bra avèk janm li pou li kenbe ak men l oubyen bay koutpye � Li leve tèt li pou kont li, men li bezwen ou fè byen atansyon lè wap kenbe li Devlopman sosyal epi emosyonèl � Li souri ba ou lè li vle jwe � Li fwonse sousi l oubyen li kriye pou montre li trist � Li reponn avèk plezi lè prensipal moun ki okipe l lan parèt � Li kopye mouvman w avèk ekspresyon figi ou � Li renmen konpayi lòt timoun Devlopman koyitif � Li sèvi avèk sans goute, odora, vizyon avèk tande pou li aprann sa ki nan milye li � Li kriye lè li grangou, li bezwen kouchèt li chanje oubyen li vle yo okipe l � Li fè ti bwi woukoulman pou li kapte atansyon ou, epi li fè plis ti bwi ankò lè ou reponn � Li fè diferan bwi pou fè ou konnen li grangou, li mouye, li fatige oubyen li vle chanje pozisyon � Rekonnèt manman li oubyen prensipal moun ki okipe de li � Swiv objè ki an mouvman avèk zye li Sekirite Doktè Plis konsèy pou sekirite ti bebe ou nan laj 2 mwa Ou dwe fè yon list pou tcheke e garanti sekirite timoun lan nan chak etap devlopman li. Ou kapab jwenn yon egzanp pou list sa a nan paj 57. � Ede anpeche dife pran nan kay lan: kenbe ti lanp veyèz ki ret limen lannwit nan yon distans ki fè omwen twa pye de bèso, dra ak kouvèti epi rido � Pran prekosyon kont anpwazònman: retire tout plant ki gen pwazon anndan kay lan epi ozalantou kay la � Pwoteje bebe an kont boule sou syèj machin ki cho : sèvi avèk plastik oubyen lòt bagay sou vit machin lan pou bloke solèy, oubyen mete yon ti kouvèti fen sou bebe an lè machin lan an stasyònman Edikasyon paran bay timoun epi devlopman timoun Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 7 2 Mwa

Pitit ou nan laj 2 mwa

Pitit ou ap grandi rapid anpil epi lap aprann anpil tou. Sèvo ti

bebe ou an ap devlope avèk yon seri entèyaksyon ki avanse nan

toulede sans. Ti bebe epi timoun piti chèche entèyaksyon de

yomenm lè yap eseye pale epi lè yo fè ekspresyon ak figi yo. Si, lè li fè efò

sa yo, ou reponn regilyèman avèk afeksyon epi lanmou, wap kreye yon

milyè ki byen ankadre timoun lan. A laj sa a, li enpòtan pou ou pase anpil

tan ap kenbe e anbrase timoun lan, ap li pou li epi pale avèk ti bebe

ou. A mezi lap grandi, tout kontak sa yo ap ede ti bebe yo genyen lyen

lanmou ki fò avèk paran yo. Lyen sa yo ki fèt bonè nan lavi yon timoun

se yo ki pral kreye fason timoun lan pral atache li avèk lòt moun pi ta

nan lavi.

Dòmi. Menm si pitit ou ap dòmi pandan pi lontan (ant 4 avèk 6 èdtan),

li twò bonè toujou pou li genyen lè regilye nan somèy li. Genyen kèk aktivite

ki kapab ede ti bebe ou aprann pou li pi aktif pandan lajounen epi

ankouraje li dòmi nan lannwit. Pou plis enfòmasyon, gade nan seksyon

ki rele Pou oumenm ak ti bebe ou dòmi pi byen, nan paj 6.

Nitrisyon. Nan laj sa a, ti bebe ou bezwen sèlman lèt manman li oubyen preparasyon an poud pou bebe an. Ti

bebe ou pako pare pou li manje labouyi oubyen manje solid nan laj li ye la a. An jeneral, ti bebe yo bezwen ant 4

avèk 5 ons lèt manman yo oubyen preparasyon pou bebe, ki fè ant 20 avèk 25 ons pa jou.

Devlopman fizik

� Li ajite kò li epi li sèvi avèk jèst pou li fè ou konnen kijan li santi l

� Li sèvi avèk misk nan bra avèk janm li pou li kenbe ak men l oubyen bay koutpye

� Li leve tèt li pou kont li, men li bezwen ou fè byen atansyon lè wap kenbe li

Devlopman sosyal epi emosyonèl

� Li souri ba ou lè li vle jwe

� Li fwonse sousi l oubyen li kriye pou montre li trist

� Li reponn avèk plezi lè prensipal moun ki okipe l lan parèt

� Li kopye mouvman w avèk ekspresyon figi ou

� Li renmen konpayi lòt timoun

Devlopman koyitif

� Li sèvi avèk sans goute, odora, vizyon avèk tande pou li aprann sa ki nan milye li

� Li kriye lè li grangou, li bezwen kouchèt li chanje oubyen li vle yo okipe l

� Li fè ti bwi woukoulman pou li kapte atansyon ou, epi li fè plis ti bwi ankò lè ou reponn

� Li fè diferan bwi pou fè ou konnen li grangou, li mouye, li fatige oubyen li vle chanje pozisyon

� Rekonnèt manman li oubyen prensipal moun ki okipe de li

� Swiv objè ki an mouvman avèk zye li

Sekirite

Doktè

Plis konsèy pou sekirite ti bebe ou nan laj 2 mwa

Ou dwe fè yon list pou tcheke e garanti sekirite timoun lan nan chak etap devlopman li. Ou kapab

jwenn yon egzanp pou list sa a nan paj 57.

� Ede anpeche dife pran nan kay lan: kenbe ti lanp veyèz ki ret limen lannwit nan yon distans ki fè

omwen twa pye de bèso, dra ak kouvèti epi rido

� Pran prekosyon kont anpwazònman: retire tout plant ki gen pwazon anndan kay lan epi ozalantou

kay la

� Pwoteje bebe an kont boule sou syèj machin ki cho : sèvi avèk plastik oubyen lòt bagay sou

vit machin lan pou bloke solèy, oubyen mete yon ti kouvèti fen sou bebe an lè machin lan an

stasyònman

Edikasyon paran bay

timoun epi devlopman

timoun

Jiwèt pou prevansyon® Gid Devlopman Familyal 2012 • 7

2 Mwa

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!