12.07.2015 Views

HAITIAN CREOLE - Opt-osfns.org

HAITIAN CREOLE - Opt-osfns.org

HAITIAN CREOLE - Opt-osfns.org

SHOW MORE
SHOW LESS
  • No tags were found...

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

MACHASWIV POU MOUN K AP RANPLI APLIKASYON POU MANJE LEKÒLAVAN OU KÒMANSE TANPRI PRAN TAN W POU LI ENSTRIKSYON YO EPI RANPLI TOUT PATI YO MANDE W RANPLI, POUYO KAPAB PA PRAN ANPIL TAN SOU APLIKASYON W LAN. RELE (718) 707-4400 SI W BEZWEN ÈD.1. RANPLI YON SÈL APLIKASYON POU TOUT TIMOUN KI NAN MENM KAY, EPI KI PRAL NAN MENM LEKÒL2. OU DWE ITILIZE APLIKASYON WOUJ LEKÒL LA VOYE BA W LA, EPI ITILIZE SÈLMAN YON PLIM KI GEN LANK NWA POU EKRINAN KAZYE WOUJ YO.3. SI W TE RESEVWA YON LÈT KI DI PITIT OU A KALIFYE POU L RESEWA MANJE LEKÒL GRATIS OU PA BEZWEN RANPLIAPLIKASYON SA A.4. SI W CHEKE TI KARE NAN SEKSYON I AN “MWEN PA KALIFYE KALIFYE POU MANJE GRATIS OUBYEN POU MANJE POU PI PITILAJAN” ,OU DWE RANPLI PATI 2 A, SEKSYON ENFÒMASYON LEKÒL LA, EPI SIYEN AK DATE NAN SEKSYON 5 APLIKASYONAN.PATI I : SI W GENYEN YON TIMOUN OU RESEVWA LAKAY OU FOSTER CHILD, SWIV ENSTRIKSYON SA YO :1. Ou dwe ranpli yon aplikasyon separe pou chak foster child. Yo konsidere chak foster child kòm yon kantite moun kinan yon kay pou pati “1” an. Tcheke kazye a si w gen yon foster child k ap viv lakay ou.2. Ekri revni leta ba w chak mwa pou bezwen pèsonèl li nan ti kazye yo. Revni pou bezwen pèsonèl timoun lan se (a)lajan Sèvis sosyal bay timoun lan dapre sèten kategori li idantifye, pou l achte rad, pou l peye lekòl epi kòm alokasyon;epi (b) tout lòt lajan timoun lan resevwa; tankou lajan fanmi l ba li ansanm ak lajan li touche nan travay li. Si timoun lanpa resevwa lajan pou bezwen pèsonèl li, ekri “0” .3. Yon foster paran oubyen yon moun ki reprezante timoun lan ofisyèlman dwe ranpli pati 2 a, epi sisyen ak dateaplikasyon an nan pati 5 lan.PATI 2: SI W GENYEN YON FOSTER CHILD, SITE NON TIMOUN SA A SÈLMAN NAN SEKSYON SA A – OU DWE RANPLI YONAPLIKASYON SEPARE POU CHAK FOSTER CHILD.1. Ekri non legal timoun lan annantye - Siyati, Non ak inisyal apre non li, si l gen youn.2. Ekri dat nesans timoun lan, klas l ap fè, si l fi si l gason ak nimewo OSIS li pou akselere pwosedi aplikasyon an. W apjwenn Nimewo OSIS la nan kanè timoun lan.3. Ekri non oswa nimewo lekòl timoun lan, epi tcheke ti kazye akote minisipalite kote lekòl la ye a.4. Ou dwe siyen, epi date aplikasyon an nan PATI 5 – ou pa bezwen ekri nimewo kat sekirite sosyal ou si w mete revni wnan Pati 4.PATI 3 : SI W GENYEN PLIZYÈ TIMOUN NAN MENM KAY LA KI PRAL NAN MENM LEKÒL LA , SWIV ENSTRIKSYON SA YO:1. Ekri non legal 5 Timoun oplis an annantye – Siyati, Non ak inisyal aprè non yo, si yo gen youn. Si w genyen plis ke 5timoun ki pral nan menm lekòl la, mete yo sou yon lòt aplikasyon epi renmèt toulède aplikasyon yo.2. Ekri dat nesans chak timoun, klas li, si l fi si l gason ak nimewo OSIS la pou akselere pwosedi aplikasyon an. W ap jwennNimewo OSIS la nan kanè timoun yo.3. Ekri non lekòl timoun nan oubyen nimewo a epi cheke bwat minisipalite kote lekòl la ye a.4. ALE nan PATI 3 epi konplete seksyon sa a si w resevwa Food Stamps oubyen Sèvis TANF oubyen ALE NAN PATI 4 si w apdekare jòb ou oubyen lòt revni w apresevwa.5. Ou dwe siyen epi date aplikasyon an nan PATI 5 – ou dwe ekri nimewo kat sekirite sosyal ou.PART 3: SI W RESEVWA FOOD STAMPS OUBYEN SÈVIS TANF, SWIV ENSTRIKSYON SA YO:1. Voye lèt biwo pou fanmi ki nan bezwen pou yon ti bout tan nan leta Nouyòk NYS Office of Temporary and NeedyFamilies (OTADA) oubyen nenpòt biwo Food Stamp vil Nouyòk out e resevwa pou chak timoun yo; Oubyen2. Ekri nimewo dosye Food Stamp oubyen TANF nan kazye ki nan seksyon sa a. Ou ka jwenn nimewo dosye a nan lèt soualokasyon yo te voye ba w la -pa ekri ki revni yo ba w; OUBYEN ranpli yon aplikasyon separe pou chak timoun ki genyon nimewo dosye diferan oubyen ki pa gen yon nimewo dosye.3. SOTE PATI 4. Ou pa bezwen ekri non oswa revni moun k ap viv lakay ou si w ekri yon nimewo Food stamps oubyen yonnimewo TANF.4. Ou dwe siyen epi date aplikasyon an nan PATI 5 – ou pa bezwen ekri nimewo kat sekirite sosyal ou.PATI 4 : SI W PA GENYEN FOSTER CHILD, OU P AP RESEVWA FOOD STAMPS OUBYEN SÈVIS TANF, SWIV ENSTRIKSYON SA YO.1. Ou dwe ekri annantye non tout moun k ap viv nan kay la eksepte foster children ak sa ki nan PATI 2 yo nan liy 1 rive 7.Itilize yon lòt aplikasyon pou mete lòt non, epi voye soumèt toulède aplikasyon yo.2. Ekri ki kantite revni lajan chak moun nan kay la ap resevwa anvan taks nan ti kare ki akote non chak moun, epi endikekijan yo fè lajan an, pa egzanp si yo peye yo lajan an pou travay yo fè, oswa si lajan an se kòb pansyon yo oswa lòtrevni. Endike espesyalman konbyen fwa yo resevwa revni sa a, e pou fè sa ou dwe itilize lèt sila yo : (W) = pa semèn,(E) = chak 2 semèn , (T) = de fwa pa mwa ; (M) = chak mwa, oswa (Y) = chak ane,. Ekzanp: 100,29$/W; 100,29$/E;1.029,50$/T; 1.290,75$/M; 12.900,59$/Y. Moun pa bezwen fè konnen lè revni yo chanje nan mitan ane lekòl la ankò.3. Ou dwe bay nimewo sekirite sosyal ou annantye, epi siyen ak date aplikasyon an nan PATI 5.PATI 5 : POU AJOUTE SIYATI AK NIMEWO SEKIRITE SOSYAL ADILT NAN KAY LA, SWIV ENSTRIKSYON SA YO :1. Yon adilt nan kay la (21 an pou pi piti) DWE siyen aplikasyon an avan yo apwouve l.2. Lè PATI 4 la ranpli, adilt k ap siyen aplikasyon an, DWE ekri nimewo sekirite sosyal li okonplè; Oswa ekri mo “NONE”sèlman si adilt sa a pa gen yon nimewo sekirite sosyal.3. Ekri adrès kote w rete kounye a, nimewo telefòn ou ak ki lè ki pi bon pou ou pou yo rele w si yo gen kesyon pou ou. Ekridat ou ranpli aplikasyon an, epi soumèt li bay lekòl pitit ou a leplivit posib pou yo ka fè fòmalite pou yo wè si yo dweapwouve l.T&I-8508 (Haitian Creole)

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!