12.07.2015 Views

AKSELERASYON ATRAVE OPOTINITE POU ENSKRIPSYON ...

AKSELERASYON ATRAVE OPOTINITE POU ENSKRIPSYON ...

AKSELERASYON ATRAVE OPOTINITE POU ENSKRIPSYON ...

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

AKSELERASYON ATRAVÈ OPÒTINITE POU ENSKRIPSYON DOUBTout elèv ki gen kalifikasyon minimòm, tankou elèv 10yèm, 11yèm, oubyen 12yèm aneeskolè apati 1 jiyè, 2005, elijib pou anrejistre pou enskripsyon doub, ki bay toude kredi klassegondè e kredi kolèj.Atravè pwogram akademik akselere sa a, elèv yo ap pran klas nan kolèj oubyen inivèsiteapre lè lekòl oubyen pandan ete a. Yo retire lajan frè lekòl la, e distri a peye pou liv yo. Elèv yoap responsab pou transpòtasyon yo.Elèv yo dwe remèt relve nòt yo bay konseye gidans nan lekòl segondè yo pou yo karesevwa kredi pou kou enskripsyon doub yo.Pou plis enfòmasyon, kontakte Divizyon Pwogram Akademik Avanse nan 305-995-1993.KLAS EDIKASYON ADILTAK KARYÈ TEKNIKALLekòl Leta Miami-Dade County ofri plis pase 100 pwogram etid nan edikasyon adilt eaplikasyon teknolojik. Plis pase 128,582 elèv patisipe nan klas lajounen e le swa nan 21 santedikasyon pou adilt atravè konte a.Pwogram aplikasyon teknolojik yo genyen ladan agribiznis, biznis teknoloji, syans fanmie syans konsomatè, syans sante, pwomosyon e sèvis edikasyon piblik.Pwogram Edikasyon Jeneral pou Adilt la:• ede adilt pou vin konn li e vin gen konesans ak ladrès nesesè pou jwenn travay evin endepandan.• ede paran vin gen ladrès edikasyonèl nesesè pou vin patnè total nan edikasyonpitit yo• ede adilt nan fini kritè pou gradyasyon nan lekòl segondè oubyen ekivalan.Adilt kab avanse daprè nivo pwogrè yo sou lekti, lang, redaksyon e matematik.Anplisdesa, elèv yo kab sèvi ak òdinatè ki gen Entènèt pou resevwa enstriksyon nan sèvi akkourikoulòm inik nan pwogram sou sijè akademik oubyen vokasyonèl.Èd finansye kab disponib pou endividi ekonomi yo ba oubyen travayè ki andikape. Pouplis enfòmasyon kontakte yon sant adilt, ladrès, oubyen sant teknik ki pre, oubyen vizite sant“South Florida Workforce,” milti-sèvis nan zòn nan.Pou enfòmasyon sou kou yo, kontakte liy enfòmasyon an nan 305-995-2500.

SWEN ANVAN, APRE LEKÒL NAN LEKÒL ELEMANTÈAne sa a 208 lekòl elemantè leta nan Miami-Dade County ap ofri pwogram swen aprelekòl nan jou lekòl yo. Yo ap ofri pwogram swen anvan lekòl lè gen yon bezwen.Pwogram swen apre lekòl yo fèt osito lekòl lage jiska 6 zè diswa. Pwogram swen anvanlekòl yo kòmanse apeprè inèdtan anvan klas kòmanse. Paran dwe tcheke ak lekòl pitit yo a poulè espesifik yo kòmanse.Tout pwogram swen apre lekòl yo ofri aktivite ki planifye, ki genyen ladan asistans akdevwa, jwèt yo kab jwe anndan oubyen deyò, ar oubyen ouvwaj, yon tan pou pran yon goute,epi yon varyete aktivite rekreyasyonèl. Plizyè pwogram ofri leson nan lekti ak matematik, mizikseramik, echèks, dram e lòt klas ki fèt pou ofri patisipan yo yon varyete eksperyans edikasyonèlanrichisan. Pwogram swen anvan lekòl yo ofri elèv yo aktivite trankil, ki sou siveyans.Pri pwogram etid siveye apre lekòl la se $30 pa semèn; pri pou pwogram swen anvanlekòl koute $15 pa semèn.Se youn nan kat ajans sa yo ki ofri pwogram yo: Lekòl Leta Miami-Dade County,"YMCA," "YWCA" e "Family Christian Association of America (FCAA)" Asosyasyon FanmiKretyen ann Amerik.Paran ki enterese dwe kontakte biwo direksyon lekòl pitit yo pou yo konnen ki pwogramyo ofri. Ou ka gen plis enfòmasyon nan rele Biwo Adilt/Vokasyonèl, Edikasyon Altènatif akKominotè distri lekòl la nan 305-995-1242, oubyen ale sou Entènèt nan www.dadeschools.netpou dènye enfòmasyon.Pou plis enfòmasyon toujou ou kab kontake "YMCA" nan 305-357-4000, "YWCA" nan305-377-9922 ak "FCAA" nan 305-685-4881.PWOGRAM POU SÈVI PARAN BILENGFanmi imigran ki nouvo nan Miami-Dade kab jwenn enfòmasyon sou edikasyon, sèviskominotè, ak dwa e responsablite paran atravè seminè gratis, ann Espayòl e/oubyen an Kreyòl,Pwogram pou Sèvi Paran Bileng la ofri. Pwogram sa a, Divizyon Edikasyon Bileng ak LangMondyal ofri a, se yon sèvis pou paran imigran, ki gen ladan paran ki limite ann Anglè. Yo ofripatisipan nan seminè yo gadri gratis.

Ou kab resevwa orè seminè yo lè ou rele Msye. Oscar Fragas, Divizyon EdikasyonBileng ak Lang Mondyal, nan 305-995-1998 oubyen vizite paj Entènèt la nanhttp://bilingual.dadeschools.net.LEKÒL "CHARTER"Lekòl "charter" se lekòl leta ki fonksyone anba yon akò kontra ak komisyon Konsèy lekòlnan zòn nan. Yo se enstitisyon ki pa la pou pwofi, ki tipikman gouvène pa yon gwoup paranoubyen pwofesè, òganizasyon, lakomin, inivèsite, e/oubyen yon konbinezon ki gen plis pase yongwoup.Genyen 35 lekòl "charter" kounye a k ap fonksyone nan Miami-Dade County avèk yonadisyonèl 18 lekòl "charter" ki nan orè pou ouvè nan Otòn 2005.Pou plis enfòmasyon sou lekòl "charter", ki genyen ladan kote yo lokalize, silvouplè relePwogram Espesyal - Operasyon Lekòl "Charter" nan 305-438-2220 oubyen vizite lekòl "charter"sou Paj Entènèt http://choice.dadeschools.net.SANT ENFÒMASYON POU SITWAYESant Enfòmasyon pou Sitwayen, nan Lekòl Leta Miami-Dade County, la pou reponn toutmoun ki gen kesyon sou sistèm lekòl la.Li tabli kò l nan sal 158 Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl la ki nan 1450 N.E.Dezyèm Avni, epitou sant lan founi piblik la dokiman, enfòmasyon jeneral ak ajanda poureyinyon Konsèy Lekòl la.Sitwayen yo kapab kontakte sant lan nan 305-995-1128 oubyen vizite l lendi jiskavandredi depi 8:00 dimaten jiska 4:30 nan aprèmidi.Paj Entènèt Lekòl Leta Miami-Dade County a, www.dadeschools.net, ofri yon varyeteenfòmasyon sou sistèm lekòl la tou.PWOGRAM ASISTANS POU KOLÈJPwogram Asistans pou Kolèj (CAP), ki nan Divizyon Sèvis Elèv/Karyè a, ofripreparasyon pou kolèj ansanm ak èd finansye e atelye sou bousdetid pou elèv avèk paran yo.Nan chak lekòl segondè, konseye CAP yo ede elèv yo nan ranpli aplikasyon pouegzamen pou yo antre nan kolèj, enskripsyon nan enstitisyon apre lekòl segondè, e èd finansye

ak bousdetid.Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) an kolaborasyon ak Asosyasyon KonsèyNasyonal pou Admisyon nan Kolèj patwone Fwa Nasyonal Kolèj anyèl la ki prezante plis pase150 kolèj e inivèsite atravè peyi a, e yo fè li chak prentan.Pwogram Asistans pou Kolèj, Inc., (CAP, Inc.), se yon òganizasyon 501(c)(3) ki papchèche pwofi, bay yon kantite milye de dola pou ede elèv ki prepare pou yo antre nan kolèj.Pou plis enfòmasyon, elèv yo dwe kontakte konseye CAP lekòl yo nan Depatman SèvisElèv la oubyen rele Divizyon Sèvis Elèv/Karyè nan 305-995-1743.LEKÒL KOMINOTÈ OFRI OPÒTINITE EDIKASYONÈLNAN YON PRI KI ABÒDABLekòl Leta Miami-Dade County genyen 31 lekòl kominotè ak 21 lokal edikasyon adilt kiofri klas nan prèske tout sijè – depi kòmanse sou yoga pou rive sou lang etranje pou rive soufotografi – swa yo gratis oubyen yo nan pri trè ba. Yo ofri pi fò kou yo nan aprèmidi oubyen nanaswè.Plis pase 98,000 moun pran avantaj nan opòtinite edikasyonèl sa yo, e si yon gwoup vleaprann yon nouvo ladrès, Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè aranjman pou yo genyen yonklas nan yon lekòl ki nan katye a.Lekòl kominotè ofri klas pou moun tout laj, nan tout nivo ladrès, e nan kapasite langaj.Ladrès travay kab amelyore kay elèv ki enskri nan klas daktilograpfi oubyen klas òdinatè. kèknan kou yo kab menm sèvi pou kredi kolèj.Pou plis enfòmasyon sou avantaj ki genyen nan lekòl kominotè yo, rele nan 305-995-1242.PWOGRAM KONPREYANSIF POU MATEMATIK AK SYANS (CMSP)Plan Konpreyansif pou Matematik ak Syans (CMSP) ede elèv fini baz nesesè soumatematik ak syans pou yo gen siksè nan edikasyon aprè etid segondè yo e kòm anplwaye nantravay yo.Bi pwogram nan e demand yo genyen ladan eleman sa yo:• chak elèv ki gradye nan lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) dwe fini pran yonminimòm Aljèb I, Jewometri (oubyen matyè ki ekivalan), e yon lòt nivo kou matematik ki pi woe l ap kapab ititlize prensip matematik pou rezoud pwoblèm nan kontèks lavi reyèl; e

• chak elèv ki gradye nan M-DCPS dwe fini pran yon minimòm Syans Espas/Latè,Biyoloji ak Chimi (oubyen Syans Fizik) e l ap kab itilize prensip syans nan kontèks lavi reyèl.Sa ki kle pou siksè nouvo inisyatif sa a se yon apwòch striktire pou amelyore kapasitepwofesè pou anseye matematik ak syans pou transfòme pratik ansèyman pou vize sou yonkonsèp enfòmasyon e rezoud pwoblèm.Pwogram nan ranfòse kontni akademik e amelyore enstriksyon Lekòl Leta Miami-Dadeyo. Anplisdesa, li ogmante siksè elèv yo nan egzamen estanda FCAT la nan matematik, liogmante enskripsyon nan nivo wo nan kou matematik ak syans, li ogmante nonb elèv ki pase nankou Aljèb I ak Chimi e li ogmante patisipasyon paran ak patisipasyon kominote a.Patnè kominotè yo, ki genyen ladan inivèsite lokal yo, bibliyotèk yo ak gouvènmanminisipal yo ede konekte enstriksyon matematik ak syans nan sitiyasyon lavi reyèl e karyè.Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele Doktè Constance Thornton, Direktè Administratif,Divizyon pou Edikasyon nan Matematik ak Syans, nan 305-995-2341.PLAN KONPREYANSIF POU LEKTILekòl Leta Miami-Dade County genyen youn nan pwogram ki pi konpreyansif pou lektinan peyi a pou tout elèv nan jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè, ki mete ansanm lwa "NoChild Left Behind (NCLB)" Okenn Timoun Pap Ret Dèyè ak "Just Read, Florida!Requirements" Demand pou Annik Li, Florid! ki enkli nan Fòmil Lekti Florid la.Fòmil sa a genyen ladan enstriksyon nan senk eleman esansyèl pou lekti, twa fòmevalyasyon nan salklas, enstriksyon inisyal ak entèvansyon imedya, entansif lè nesesè.Se anplwaye ak asistans “Ad Hoc Reading Committee” Komite pou Amelyore Lekti, kite devlope fòmil sa a, kote yo idantifye li nan nivo nasyonal e nan nivo eta a kòm yon pwogramlekti egzanplè ki te lakoz elèv yo jwenn pwofi ki siyifyan.Komisyon Konsèy la mande pou pwogram nan genyen ladan estrateji ak kritè ki ap suivanba yo:•Enstriksyon lekti oubyen redaksyon dezèd tan konsekitif pa jou pou elèv nan klasjadendanfan rive nan senkyèm ane eskolè;•Ankadreman enstriksyonèl pou elèv 6yèm rive nan 12yèm ane eskolè;•Teste ladrès konpreyansyon lekti nan sèvi ak depistaj e evalyasyon pwogrè dyagnostik(lè gen yon bezwen);

•Ofri entèvansyon entansif toutsuit, lè gen yon bezwen, nan tout nivo ane eskolè pouakselere siksè nan lekti;•Ranfòse chak jou, enstriksyon sistematik e presiz sou enstriksyon fonetik nanjadendanfan rive nan twazyèm ane eskolè e;•Mande pou tout nivo ane eskolè li endepandan, nan toude anndan e deyò lekòl.Eleman kle pwogram nan se devlopman pwofesyonèl entansif pou pwofesè yo nan toutnivo, e yon apwòch estriktire sou enstriksyon lekti e yon ranfòsman sou lekti atravè toutmateryèl nan kourikoulòm la avèk espektasyon yo defini klèman nan chak nivo ane eskolè.Administratè lekòl la, antrenè ak lidè pou lekti, espesyalis edikasyonèl, ak anplwaye distri a kisenkwonize enplemantasyon efektif plan an ofri sipò sistematik.Se yon gran varyete òganizasyon kominotè, enstitisyon edikasyon wo nivo ak ajans lokalki sipòte Plan Lekti Konpreyansif la. Pou Plis enfòmasyon kontakte Divizyon Ar Langaj akLekti nan 305-995-3122.PWOGRAM KONPREYANSIF SÈVIS ELÈV/KARYÈSATISFÈ BEZWEN ELÈV YOLekòl Leta Miami-Dade County ofri elèv li yo ak fanmi yo plizyè sèvis sipò.Divizyon Sèvis Karyè/Elèv mete sou pye Ankadreman Estanda-Debaz Devlopman Elèvpou adrese bezwen akademik, pèsonèl/sosyal, karyè, e sante/devlopman chak elèv e li mennensèvis li ofri yo avèk yon ekip konseye gidans, konseye Pwogram Asistans pou Kolèj la (CAP),espesyalis karyè, espesyalis “TRUST”, Fasilitatè pou Lekòl Ansekirite, travayè sosyal lekòl yo,sikològ lekòl yo, Ekip Manajman Kriz Distri a, e moun ki fè depistaj sou sante.Bi pwogram ak sèvis yo se pou redui baryè nan akonplisman siksè elèv la e pou ofri yontranzisyon san pwoblèm pou elèv nan lekòl matènèl rive nan lekòl adilt. Estrateji kle yo genladan reyose sèvis sante; kenbe yon nivo prevansyon efektif, preparasyon, respons, e sèvis pouretablisman; e yo etabli ak etann patnè avèk swen sante e lòt òganizasyon kominotè-debaz.Pou plis enfòmasyon, kontakte konseye gidans lekòl la oubyen responsab Sèvis pou Elèvla nan lekòl pitit ou a. Ou kab rele tou Divizyon Sèvis/Karyè Elèv nan 305-995-7338 oubyenvizite http://studentcareerservices.dadeschools.net.PWOSEDI NAN KA IJANSElèv yo dwe gen nan dosye lekòl yo enfòmasyon pou asire yo avèti paran yo rapidman

osnon lòt endividi yo te deziye sou kat ijans lan pou lè gen yon ijans konsènan pitit yo.Paran yo dwe founi enfòmasyon sa a sou yon kat dosye elèv depi premye fwa yo apenskri pitit yo nan yon lekòl leta Miami-Dade County; apre sa, yo mete enfòmasyon an ajou chakane. Sepandan, li enpòtan pou paran yo mete enfòmasyon an ajou alekri diran ane lekòl la si tavin gen chanjman tankou non, telefòn oubyen adrès.Lè yon elèv gen yon ijans nan lekòl li osnon pandan yon aktivite lekòl la te otorize,responsab yo nan lekòl la dwe avèti youn nan paran yo imedyatman. Si yo pa ka kontakte okennnan paran yo, yo dwe rele yon fanmi oubyen yon zanmi ki gen non li mansyone sou kat ijans lan.Si yo pa jwenn ni zanmi, ni fanmi epi maladi oubyen blesi elèv la grav, yo dwe rele ekip sèvissekouris la ak/oubyen lapolis.PWOGRAM EKSTANSYON LANG ETRANJEPwogram Ekstansyon Lang Etranje (EFL) se yon varyasyon yon "lekòl anndan yon lekòl"e ki sèvi elèv ki enterese nan devlope ladrès bileng e edike ann Anglè e yon lòt lang. Patisipannan pwogram nan kòmanse nan yon laj byen bonè pou yo kab vrèman vin kouran nan lang.Pwogram EFL la, yo ofri nan chak nivo ane eskolè, vize pou delivre 60 pousan enstriksyon annAnglè e 40 pousan nan dezyèm lang yo vize a, tankou Espayòl, Italyen, Fransè, oubyen Kreyòl.Elèv ki patisipe nan pwogram nan pou yon ane konplè otomatikman enskri nan lòt nivoane eskolè nan ane ki ap suiv la. Pwogram nan ofri yon etid bileng k ap kontinye jisrive nandouzyèm ane eskolè.Nou ap jwenn enfòmasyon adisyonèl, konsa tou nou ap jwenn yon lis tout lekòl ki ofripwogram EFL la ak lòt pwogram bileng, lè nou rele Dr. Joanne H. Urrutia, DirektèAdministratif, Divizyon pou Edikasyon Bileng e Lang Mondyal yo, nan 305-995-1945 oubyenvizite paj Entènèt la nan http://bilingual.dadeschools.net.ENSKRIPSYON POU OTÒN AK ORÈ LEKÒLLekòl Leta Miami-Dade County ap ouvri pòt li lendi 8 out pou kòmanse ane lekòl 2005-2006 la. 39 Lekòl ki nan Zòn pou Amelyore Lekòl la ap kòmanse ane lekòl la 1ye out.Elèv lekòl matènèl, jadendanfan yo ak elèv premye ane eskolè yo ap vin lekòl 8:30dimaten pou 2è nan aprèmidi. Elèv dezyèm ane jiska sizyèm ane eskolè, ap gen klas de 8:30dimaten jiska 3è nan aprèmidi. Elèv nan Sant Jadendanfan jiska uityèm ane eskolè ap fonksyone

8:30 dimaten pou 3è nan aprèmidi. Lè mèkredi tout elèv primè yo ap lage a 2è nan aprèmidi.Orè nan lekòl mwayen yo, klas sizyèm ane jiska nevyèm ane eskolè ap 9è dimaten pou3:40 nan aprèmidi. Orè lekòl segondè yo, nevyèm ane jiska douzyèm ane eskolè ap 7:30 dimatenjiska 2:30 nan aprèmidi. Kèk lekòl elemantè, segondè menmjan ak kèk klas jadendanfan jisrive8yèm ane eskolè espesyal e kèk sant edikasyon altènatif ap fonksyone sou orè endividyèl pa yo.Paran yo dwe telefone lekòl pitit yo pou yo konn orè yo.Lekòl nan Zòn pou Amelyore Lekòl la fonksyone sou lòt orè. Elèv nan lekòl matènèl,jadendanfan ak premye ane eskolè prale lekòl a 8:20 dimaten pou 3è nan aprèmidi. Elèv dezyèmrive nan sizyèm ane eskolè prale lekòl a 8:20 dimaten pou 4è nan aprèmidi. Lè mèkredi, toutelèv nan lekòl elemantè ap lage a 3è nan aprèmidi. Orè lekòl segondè, nevyèm ane rive nan12yèm ane eskolè, ap 7:30 dimaten rive 3:30 nan aprèmidi. Lè mèkredi, tout elèv lekòl segondèap lage a 2:30 nan aprèmidi. Lekòl mwayen ki nan Zòn nan ak kèk lekòl segondè fonksyone souorè endividyèl yo. Paran yo dwe telefone lekòl pitit yo pou orè sa yo.Paran ki pa sèten ki lekòl pitit yo prale dwe ale nan deskripsyon limit zòn lekòl nan PajEntènèt Lekòl Leta Miami-Dade County, http:/www.dadeschools.net/schools/locator.htm,oubyen telefone Divizyon Sèvis Prezans, Kat Jewografi, Depatman Limit Zòn, nan 305-883-5651.Byenke pa gen dat limit pou enskripsyon, yo ankouraje elèv yo enskri bonè pou evite retanan pwosesis la, e pou asire y ap ka rantre lekòl depi jou ouvèti lekòl la.Elèv k ap rantre nan pi fò pwogram matènèl dwe gen (4) katran 1ye septanm osnon anvan1ye septanm 2005.Elèv k ap rantre nan klas jadendanfan "kindergarten" dwe gen (5) senkan anvan osnon1ye septanm 2005.Pou rantre nan premye ane eskolè (1st grade) elèv la dwe gen (6) sizan anvan osnon 1yeseptanm 2005, e fò li pase klas jadendanfan an.Elèv k ap rantre nan sistèm lekòl leta Miami-Dade County a pou premye fwa dweprezante dokiman sa yo: prèv laj; prèv dènye egzamen fizik ki enkli tès tibèkiloz (ak tretmanapwopriye si tretman te nesesè); e yon sètifika vaksinasyon. Anplisdesa, de prèv adrès aktyèlsou fòm deklarasyon ajans koutye osnon avoka, yon nòt paran yo achte kay la oubyen prezanteyon dokiman ofisyèl ki montre paran yo lwe oubyen anfème kay la, depo pou kouran, resioubyen fakti pou kouran e/oubyen yon kat ki montre rediksyon pou peye taks atyèl "Homestead

Exemption." Epitou yo mande pou yo ranpli yon fòm ki rele "Disclosure at Time ofRegistration" Devwale Enfòmasyon nan Lè Enskripsyon an," yo ka jwenn fòm sa a nan biwoSèvis PrezansElèv k ap transfere sot nan lòt distri eskolè dwe prezante dènye kanè yo osnon lòt dosyedènye lekòl yo te ye a.Elèv etranje yo ki enkli rezidan pèmanan, ap suiv menm pwosedi ki pou natifnatal yo.Elèv k ap antre nan sistèm nan pou premye fwa, kit se elèv etranje, kit se elèv ki sot nan lòt eta,gen dwa enskri nan lekòl yo. Pou klarifikasyon ki gen pou wè ak timoun ki fèt nan lòt peyi,paran yo dwe kontakte Sèvis Prezans, Depatman Dosye Etranje/Viza Elèv nan 305-884-2044pou pwogram jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè, oubyen 305-883-1445 pou pwogram adiltla.Pwojeksyon yo sou enskripsyon jou ouvèti a pa disponib, kwak enskripsyon pou premyejou ane pase a te 331,292; chif dènye jou a te 354,469.PLAN CHWA-LEKÒL-SENKAN AN AP KÒMANSE FAZ III AN OTÒN SA AElèv Miami-Dade kontinye gen plis chwa nan ki lekòl leta yo vle ale. Sa fè twazyèm aneli, inisyatif “Mwen Chwazi: Lekòl Leta Miami-Dade County” ap elaji anba Depatman EdikasyonEtazini pwogram Chwa Volontè Lekòl Leta ki finanse ak $14.6 milyon bous federal.Pandan twazyèm ane pwojè a ap kòmanse, apwoksimativman 45,000 elèv nan “ZònChwa Lekòl 1” yo e 60,000 elèv nan “Zòn Chwa Lekòl 2,” yo elijib pou travèse fontyètradisyonèl prezans e enskri nan 10 lekòl elemantè, de lekòl mwayen e kat lekòl segondè. Yoofri pwogram Espesyalize oubyen kourikouloum yo refòme nan lekòl sa yo konsa:• Lekòl Elemantè Thena C. Crowder, Yon Vilaj k ap Aprann - Yon Kominote Konsène,ak Karyè• Lekòl Elemantè Earlington Heights - Edikasyon Entènasyonal• Lekòl Elemantè Lillie C. Evans - Alfabetizasyon Atravè Ar• Lekòl Elemantè Holmes - Syans Espas Ayeryèn Lekòl Dekouvèt• Lekòl Elemantè Martin Luther King - Pwogram Lekti Bonè• Lekòl Elemantè Lorah Park - Edikasyon Entènasyonal• Lekòl Elemantè Liberty City - Yon Lekòl Preparatwa• Lekòl Elemantè Melrose-Etid Global/Anbasadè Entènasyonal

Ameriken ki rekonèt federalman oubyen ki soti nan tribi Natif Natal Alaska kab kalifye pouasirans “Florida KidCare” gratis.Pou yon aplikasyon oubyen plis enfòmasyon, rele “KidCare” nan 1-888-540-5437,oubyen vizite www.floridakidcare.org.MANJE GRATIS E NAN PRI REDUILekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) sèvi manje ki gen bonjan nitrisyon chak jou.Elèv kab achte repa-midi pou $1.25 nan lekòl elemantè e a $1.50 nan lekòl segondè. Elèv kabpeye repa-midi a davans pa semèn oubyen pa mwa nan ekri yon chèk oubyen ak kach. Yo sèvidejene gratis pou elèv nan tout Lekòl Leta Miami-Dade County.Timoun k ap viv nan kay ki satisfè obligasyon finans federal elijib pou repa-midi gratisoubyen nan yon pri redui. Tout manje yo dwe satisfè lòd ki etabli daprè Depatman AgrikiltiEtazini. Pri redui pou repa-midi koute .40 santim pa jou.Chak lekòl ansanm ak Depatman Manje ak Nitrisyon sistèm lekòl la gen kopi règ yodisponib pou piblik la kab wè. M-DCPS suiv règ gouvènman federal la ki pèmèt yo apwouveelèv nan sètifikasyon dirèk. Pwovizyon an di elèv ki sot nan fanmi ki resevwa Koupon Manje(Food Stamps) oubyen Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Bezwen elijib pou sètifikasyon dirèk.Elèv yo apwouve anba sètifikasyon dirèk, pa oblije gen yon aplikasyon lan dosye yo pou yoresevwa manje gratis.Lekòl yo voye fòm aplikasyon nan tout kay ak yon lèt bay paran yo oubyen gadyentimoun yo nan kòmansman chak ane lekòl. Pou aplike pou manje gratis oubyen a bon mache,paran e/oubyen gadyen elèv ki pat jwenn apwobasyon pou sètifikasyon dirèk dwe ranpli yonaplikasyon pa fanmi, menm si timoun yo ale nan diferan Distri lekòl e retounen aplikasyon bayyoun nan lekòl ki konsène yo. Gen kopi adisyonèl nan direksyon tout lekòl yo.Pou plis enfòmasyon, rele Depatman Manje ak Nitrisyon sistèm lekòl la lan nimewo 786-275-0400.SÈVIS TOTAL LEKÒL LETAOFRI SÈVIS SANTE E SÈVIS IMENYo deziye ventuit Lekòl Leta Miami-Dade kòm Lekòl Sèvis Total. Yo entegreedikasyon, medikal e/oubyen sèvis sosyal e imen sou teren lekòl yo oubyen nan lokasyon kiaksesib pou satisfè plizyè bezwen timoun ak fanmi yo.

Inisyatif Lekòl Sèvis Total Komisyon Lekòl Miami-Dade vize pou ofri ankourajman poulekòl, distri lekòl e pou ajans sèvis sante e imen eta a e lokal piblik e prive pou yo devloperelasyon kolaboratif ki amelyore aksè pou jwenn sèvis pou timoun ak fanmi yo. Epitou, inisyatifla vize pou koòdone pwovizyon sèvis yo ofri, elimine diplikasyon sèvis ki pa nesesè atravè ajansyo, e sipòte pèfòmans timoun yo nan lekòl.Pou plis enfòmasyon, kontakte Doktè Kamela Patton, Asistan Sipèentandan, Full ServiceSchools/ABC, nan 305-995-4749.KONDISYON POU GRADYEElèv k ap chèche gradye nan yon lekòl segondè leta Miami-Dade gen twa opsyon:Pwogram estanda katran, 24-kredi; oubyen de lòt pwogram gradyasyon akselere, ki mande pouelèv yo fini 18 kredi nan twazan. Elèv ak paran yo gen pou chwazi youn nan opsyon sa yo pa pita pase fen nevyèm ane eskolè a. Si yon seleksyon pa fèt, yo ap konsidere elèv la te chwazipwogram estanda katran, 24-kredi a.Tout opsyon yo mande pou pase egzamen 10yèm ane eskolè a ki se Egzamen EvalyasyonKonpreyansif nan Florid (FCAT) la e pou akonpli travay kou a mande a. Yo mande yon nòtpwen mwayèn jeneral 2.0 sou yon total 4.0 pou gradyasyon nan pwogram estanda a, pandan yomande yon nòt pwen mwayèn jeneral 3.0 sou yon total 4.0 pou toude pwogram akselere yo.Toude pwogram akselere yo se Pwogram Preparatwa pou Kolèj ak Pwogram Preparatwa pouKaryè.Kou yo mande pou tou lè twa opsyon pou gradyasyon yo se: kat kredi nan ar langaj avèkyon gwo konsantrasyon nan konpozisyon alekri ak literati; twa kredi nan matematik, ki gen ladanAljèb I ak Jewometri; twa kredi nan syans; ak twa kredi nan syans sosyal. Pwogram estanda amande kou adisyonèl, ki gen ladan yon semès chak nan Ladrès pou Manajman Lavi, EdikasyonFizik, Pèfòmans nan Ar Dewot Kalite, ak Ar Pratik, e 8.5 kredi elektif. Yo mande tou pou elèvnan pwogram katran, 24-kredi a fè yon pwojè sèvis kominotè.Anplisde 13 kredi ki nan lis anwo yo, tout elèv dwe fini avèk siksè, yo mande pou elèv sayo ki chwazi Pwogram Preparatwa Kolèj yo dwe fini avèk siksè de kredi nan yon lang etranje,twa kredi elektif; e nan 18 kredi yo mande yo, sis ladan yo dwe nan kou avanse. Elèv ki chwaziPwogram Preparatwa pou Karyè yo ap gen pou yo fini twa a senk kredi yo dwe pran nan yonpwogram vokasyonèl/karyè/edikasyon e de kredi elektif, amwenske yo te gen tan pran senk kredi

nan yon pwogram vokasyonèl/karyè/edikasyon.Elèv ak paran yo kab jwenn enfòmasyon sou opsyon pou gradyasyon sa yo lè yo relelekòl mwayen oubyen segondè kote elèv yo te enskri a.SWEN SANTE; VAKSEN ETA A MANDETimoun ki pwograme pou antre nan lekòl matènèl jisrive nan 12yèm ane eskolè pou anelekòl 2005-2006 bezwen pou yo pran vaksen apwopriye oubyen yo pap kab antre lekòl.Pwogram vaksen lekòl eta a mande pou tout elèv ki nan jadendanfan jisrive nan 12yèmane eskolè resevwa yon dezyèm dòz vaksen pou sawonpyon.Tout timoun ki ap antre nan klas matènèl jisrive nan 12yèm ane eskolè dwe pran yon serivaksen epatit B anplisde vaksen sa yo te deja mande pou yo pran pou dipterya, koklich, tetanòs,polyo, sawonpyon, malmouton e lawoujòl.Tout timoun k ap antre, ki nan oubyen k ap transfere nan klas matènèl, jadendanfan,premye ane, dezyèm ane, twazyèm ane e katriyèm ane eskolè nan Florid yo mande pou yo pranvaksen varisèl (chicken pox) oubyen yo dwe dokimante yon istwa maladi varisèl sou fòm DH680 an. Demand sa a aplikab tou pou elèv ki pap pase klas matènèl jisrive nan katriyèm aneeskolè.Elèv kab ale lekòl si yo nan pwosesis pou yo pran seri vaksen yo e yo genyen yon fòmmedikal tanporè ki eskize yo ki klase nan dosye lekòl la. Se sèl Sètifika Depatman Sante pouVaksen an, fòm DH 680, yo kab aksepte kòm verifikasyon elèv yo anrèg pou vaksen.Nou ankouraje paran/gadyen pou kontakte doktè yo pou mete yon randevou pou timounki afekte daprè demand pou vaksen lekòl. Pifò asirans kouvri vaksen yo mande yo.Timoun paran yo pa ka peye pou vaksen yo kab resevwa vaksen anba pwogram Vaksenpou Timoun, ki ofri vaksen gratis nan tout sant depatman sante nan konte a.Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Pwogram Vaksen Espesyal nan Depatman Sante a,nan 786-845-0550.Lekòl Leta Miami-Dade County ofri diferan kalite tès pou evalye sante elèv yo, anbasipèvizyon anplwaye lekòl la oubyen anplwaye ki bay swen sante.Yo fè tès pou vizyon chak ane pou elèv nan klas jadendanfan; premye ane, katriyèm aneeskolè; nouvo elèv nan Florid ki nan rès nivo ane nan lekòl elemantè; setyèm ane e dizyèm aneeskolè.

Yo fè tès pou tande chak ane pou elèv nan klas jadendanfan; premye ane, dezyèm ane,katriyèm ane eskolè; nouvo elèv nan Florid ki nan rès nivo ane nan lekòl elemantè; nan setyèmane; e dizyèm ane eskolè.Yo ap konseye paran elèv ki pa pase nenpòt nan tès yo oubyen ki sanble li ka gen yonpwoblèm vizyon osnon yon pwoblèm tande, pou yo al chèche swen medikal kay doktè yo.Chak ane yo fè tès eskolyoz pou elèv ki nan 7yèm ane eskolè. Yo fè tès pou elèv 10yèmane lekòl pou wè si yo pa fè tansyon.Lè elèv yo gen maladi alontèm oubyen maladi kwonik oubyen andikap ki mande pou yopran medikaman, anplwaye lekòl la kab ede elèv yo, pou yo pran medikaman an alè, sitou lèmoman pou elèv nan pran medikaman an pa kab ajiste pou l koresponn ak lè li lakay li.Yon paran oubyen gadyen dwe siyen yon fòm konsantman, epi yon doktè lisansye dwesiyen yon plan tretman ekri ki esplike nesesite medikaman an. Fò yo ranpli fòm otorizasyon sayo sèlman yon fwa pandan ane eskolè a. Lè yo mande chanjman medikaman an, paran an osnongadyen an ak doktè a dwe bay nouvo fòm otorizasyon.Direktè a ap sere medikaman an yon kote anba kle. Pou plis enfòmasyon, kontakteWilma Steiner, R.N., ki se sipèvizè sèvis sante konpreyansif nan sistèm lekòl la, nan 305-995-1235.DAT ENPÒTAN NAN ANELEKÒL 2005-2006 LADat sa yo se dat enpòtan nan ane lekòl 2005-2006 la:Lendi 5 septanm - Fèt TravayKONJELendi 10 oktòbJedi 11 novanmJedi 24 novanmLendi 16 janvye- Fèt Columbus- Fèt Veteran- Jou Remèsiman (Thanksgiving Day)- Obsèvasyon Fèt Dtè. Martin Luther KingLendi 20 fevriye - Fèt Tout Prezidan

JOU POU PWOFESÈ FÈ PLANIFIKASYONJedi 28 jiyè (Lekòl ki nan Zòn yo sèlman)Vandredi 29 jiyè (Lekòl ki nan Zòn yo sèlman)Jedi 4 out (Lekòl ki pa nan Zòn yo)Vandredi 5 out (Lekòl ki pa nan Zòn yo)Madi 4 oktòbVandredi 7 oktòbJedi 13 oktòbVandredi 16 desanmVandredi 17 fevriyeVandredi 17 masJedi 25 me (Lekòl ki pa nan Zòn yo)Vandredi 26 me (Lekòl ki pa nan Zòn yo)Madi 30 me (Lekòl ki nan Zòn yo sèlman)Mèkredi 31 me (Lekòl ki nan Zòn yo sèlman)JOU VAKANSVandredi 25 novanm - Vakans pou Jou Remèsiman (Thanksgiving)Lendi 19 desanm jiska vandredi 30 desanm - Vakans IvèLendi 10 avril jiska vandredi 14 avril - Vakans PrentanDAT Y AP BAY KANÈ*Madi 18 oktòb 2005Madi 10 janvye 2006

Madi 28 mas 2006Madi 6 jen 2006bonè.)*Y ap bay kanè nan dat sa yo oubyen aprè dat sa yo. (Gen kèk lekòl ki ka bay kanè piAKADEMI KI VIZE ENDISTRINAN 19 LEKÒL SEGONDÈLekòl Leta Miami-Dade County, atravè inisyatif "One Community One Goal ® " YonKominote Yon Bi ® , opere 30 "akademi ki vize endistri" nan 19 lekòl segondè. Modèlkourikoulòm inovatif sa a, nan senk endistri prensipal yo, vize matyè film ak amizman, sèvisbyomedikal, vizitè, finansye ak enfòmasyon teknoloji/telekominikasyon.Yon Kominote Yon Bi ® , se yon inisyativ devlopman ekonomik "Greater MiamiChamber of Commerce" Chanm Komès Gran Vil Miami te etabli pou idantifye endistri kidevlope anpil yo e posiblite travay nan lavni nan Miami-Dade County, e li travay byen pwòch aksistèm lekòl la sou strateji pou devlopman mendèv.Pou plis enfòmasyon, kontakte Dr. Sherri Futch-James nan 305-995-1922.PWOGRAM "MAGNET": PWOGRAM ESPESYALIZEAvèk 76 pwogram ki nan 61 andwa, Lekòl Leta Miami-Dade County gen youn nanpwogram "magnet" (leman) ki pi gwo e ki pi enteresan nan peyi a.Yo rele pwogram yo "magnet" paske yo atire elèv ki sot toupatou nan konte a pou yo vinfè etid yo nan domèn espesyalize, pwogram "magnet" Miami-Dade yo gen edikasyon ki gen defiak motivasyon nan tèm tankou Karyè ak Pwofesyon, Kominikasyon, Edikasyon Entènasyonal,Matematik, Syans ak Teknoloji, "Montessori", Ar Vizyèl ak Ar Teyat.Ou kab jwenn plis enfòmasyon, ki gen ladan lis tout lekòl "magnet"/pwogram yo ak adrèse telefòn yo, lè ou rele Pwogram Espesyalize, nan 305-995-1922 oubyen vizitehttp://choice.dadeschools.net.KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE COUNTYKomisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, egzèse otorite lejislatif li genyen sou

sistèm lekòl la, an konfòmite ak lwa Florid e li detèmine règ yo. Chak ofisyèl eli nan komisyonkonsèy nèf-manm nan reprezante yon distri espesifik nan konte a.Komisyon Konsèy Lekòl la fè reyinyon abityèlman yon fwa pa mwa, le mèkredi a 1:00nan aprèmidi, nan premye etaj la, nan oditoryòm Bilding Administrasyon Komisyon KonsèyLekòl la (SBAB), ki sitiye nan 1450 N.E. Dezyèm Avni. Dat yo apwouve yo afiche nan SantEnfòmasyon Sitwayen an SBAB, Chanm 158, e sou paj Entènèt Lekòl Leta Miami-Dade Countynan: www.dadeschools.net/board/meetings/schedule2003.htm. Piblik la kapab patisipe nanreyinyon yo e yo pase yo nan televizyon sou WLRN Chanèl 17 e nan radyo sou WLRN-FM91.3 epito sou www..wlrn.org.Sitwayen ki enterese kapab adrese komisyon konsèy la sou sijè ki enskri nan ajanda aoubyen sijè ki pa sou ajanda a nan fè yon demand alekri bay Sant Enfòmasyon Sitwayen an vè4:30 nan aprèmidi nan lendi anvan reyinyon an. Sitwayen yo ka adrese komisyon konsèy la sousijè ki pa nan ajanda a, sèlman pandan odyans piblik yo, pa pita pase 6:30 diswa, oubyen nankonklizyon reyinyon regilyè a. Delè ak pwosedi ki diferan, lè ou pa satisfè delè lendi a, rele SantEnfòmasyon Sitwayen an nan 305-995-1128. Nenpòt moun nan piblik la ki gen pou pale e kibezwen sèvis yon entèprèt panyòl osnon kreyòl, lè l ap pale devan Komisyon Konsèy la, dwe fèdemand nan alekri nan menm lèt li mande pou l pale a.Gen fòm yo nan tout Sant Rejyon yo ak nan Sant Enfòmasyon Sitwayen an, Sal 158, nanBilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la. Nimewo faks la se 305-995-1151.Biwo Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo sitiye nan Bilding Administrasyon KomisyonKonsèy Lekòl la. Yo kab kontakte manm Komisyon Konsèy Lekòl yo nan 305-995-1334.Manm Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, Florid yo se:• Chèmann Frank J. Bolaños (Distri 5)• Vis Chèmann Dtè. Robert B. Ingram (Distri 1)• Agustin J. Barrera (Distri 6)• Evelyn Langlieb Greer (Distri 9)• Perla Tabares Hantman (Distri 4)• Dtè. Martin Karp (Distri 3)• Ana Rivas Logan (Distri 7)• Dtè. Marta Pérez (Distri 8)

• Dtè. Solomon C. Stinson (Distri 2)OU BEZWEN ÈD AVÈK DEVWA?ANNIK RELE “DIAL-A-TEACHER”Pou jèn yo ak paran yo nan Lekòl Leta Miami-Dade County, èd avèk devwa tou premenm jan ak yon apèl nan telefòn, oubyen klike yon sourit konpitè.“Dial-A-Teacher,” nan nimewo 305-995-1600, ofri èd avèk devwa pa telefòn nan menpwofesè ki sètifye apati de 5:30 rive 8:00 diswa, lendi rive jedi, nan jou ki gen lekòl. N ap jwennèd nan lang Espayòl ak Kreyòl tou.Pou gen aksè avèk paj Entènèt “Dial-A-Teacher” a, ale nan www.dial-a-teacher.com.Elèv ak paran kab voye kesyon sou devwa yo bay anplwaye “Dial-A-Teacher” yo pa lètelektwonik, oubyen yo kab tcheke “database” la enfòmasyon sou konpitè pou kesyon yo mandepi souvan yo.Se Biwo Vokasyonèl Altènatif Adilt ak Edikasyon Kominotè ki opere pwogram “Dial-A-Teacher.”Pou plis enfòmasyon, rele 305-995-1822.SÈVIS EDIKASYONÈL SIPLEMANTÈ OKENN TIMOUN PAP RET DÈYÈ (SES)Paran yo ka enskri pitit yo kounye a pou leson patikilye gratis! Kòm rezilta Akò federal2001 Okenn Timoun Pap Ret Dèyè (NCLB), timoun yo kab resevwa plis èd nan sijè tankoumatematik, lekti, ak anglè. Yo kab resevwa leson patikilye gratis sa a si yo idantifye lekòl pititou a kòm lekòl “ki gen bezwen pou amelyorasyon” paske li pa fè pwogrè nesesè pou ane a(AYP) jan NCLB dekri li a. M-DCPS pral ouvè yon peryòd pou enskripsyon pou ane 2005-2006la pou NCLB Sèvis Edikasyonèl Siplemantè Distri a Apwouve (DASES) oubyen SèvisEdikasyonèl Siplemantè Eta a Apwouve (SES) bonè ann otòn tou suit apre ouvèti lekòl. Y apvoye dat enskripsyon yo bay paran pa elèv ki ale nan lekòl ki elijib yo.Paran ki pat selekte opsyon Chwa NCLB pandan peryòd enskripsyon prentan an kabselekte nenpòt SES oubyen DASES pandan peryòd enskripsyon otòn nan. Paran ki enterese pouenskri pitit yo nan DASES oubyen SES dwe ranpli yon fòm seleksyon nan lekòl pitit yo aoubyen nan youn nan Fwa Sèvis Edikasyonèl Siplemantè. Se sèlman paran timoun nanoubyen gadyen legal yo y ap pèmèt pou remèt aplikasyon DASES oubyen SES la bay anplwayeM-DCPS nan lekòl yo.

Elèv ki prale nan lekòl ki pa fè AYP pou dezan konsekitif jan lalwa defini li a kab elijibpou resevwa leson patikilye anvan/apre lekòl oubyen lè samdi atravè DASES, yon pwogramlekòl debaz ki ofri enstriksyon nan lekti, matematik, e/oubyen redaksyon, pwofesè kalifye baynan lekòl pitit ou a. Yo ofri elèv yo sèvis selon ran yo; sepandan, pa gen okenn kalifikasyon pouelèv ki elijib pou repa-midi gratis oubyen nan pri redui.Elèv ki prale nan lekòl ki pa fè AYP pou twazan konsekitif kab elijib pou patisipe nanpwogram leson patikilye SES la. SES se yon pwogram leson patikilye founisè prive ofri, EtaFlorid la apwouve, ki pap koute paran an anyen. Sèvis SES se sèvis leson patikilye ki dwerespekte kontni estanda akademik Eta a. Yo dwe bay Sèvis Edikasyonèl Siplemantè andeyòjounen lekòl regilye a. Pou yon Elèv elijib pou SES, elèv la dwe elijib tou pou resevwa repamidigratis oubyen nan pri redui.N ap jwenn yon lis lekòl ajou pou ane 2005-2006 ki elijib pou patisipe nan DASES e SESnan Paj Entènèt Administrasyon “Title I”nan www.title1.dadeschools.net oubyen nan lekòl ki elijib yo. Pou plis enfòmasyon,kontakte Administrasyon “Title I nan 305-995-1519, oubyen mande nan lekòl pitit ou a.PATISIPASYON PARAN:EDE PITIT OU REYISIPatisipasyon paran se yon eleman kle nan siksè yon timoun nan lekòl. Lekòl LetaMiami-Dade County (M-DCPS) sijere plizyè fason paran yo ka jwe yon wòl aktif nan edikasyonpitit yo:• Ede pitit ou a devlope bon abitid pou etidye. Bay timoun nan yon kote ki anpè, byeneklere ak yon biwo oubyen tab pou l fè devwa l chak aprèmidi osnon chak swa.• Asire w pitit ou a repoze, byen nouri e prepare emosyonèlman pou l etidye. Ankouraje,asiste epi gide timoun nan, men fò w kite timoun nan eseye fè devwa ki difisil yo poukont li.• Chèche konnen pwofesè pitit ou a depi nan kòmansman ane eskolè a, epi paleregilyèman ak pwofesè yo sou pwogrè timoun nan. Pale ak pwofesè a sou pwoblèm pitit ou aepi travay an kolaborasyon avè l pou korije pwoblèm yo. Asire ou revize rapò sou pwogrè akkanè pitit ou a resevwa pandan ane eskolè a.• Ou kab fè aranjman pou konferans fasilman nan direksyon lekòl la. Nan Lekòl mwayenak lekòl segondè yo, ou kab kontakte konseye pou gidans la pou asistans oubyen pou fè

konferans. Pou paran ki pa kab ale nan lekòl pitit yo a, voye yon nòt oubyen yon lèt elektwonikbay pwofesè timoun nan pou fè aranjman pou yon konvèsasyon nan telefòn. Paran kab ale souPaj Entènèt distri a nan www.dadeschools.net klike sou "schools" epi chèche Paj Entènèt lekòlyo.Nan laj kritik adolesans yo, paran yo bezwen kenbe yon kominikasyon onèt e tout tanavèk pitit yo. Fè yo vin patnè total lè y ap kominike ak pwofesè yo, nan pran desizyon akademikak planifikasyon pou avni yo.M-DCPS gen yon Biwo pou Patisipasyon Paran nan distri a. Li genyen tou yon direktèpou siveye e defann dwa elèv yo nan chak sis Sant Rejyon yo ki responsab pou ofri paran yo sipòapwopriye ak asistans.Patisipe nan aktivite ak nan reyinyon lekòl la ap fè, rantre nan Asosyasyon Paran akPwofesè (PTA) oswa Asanble Konsèy Edikasyonèl Lekòl Ekselan (EESAC), e ale nan gwosware enfòmasyon ak kontak (Open House) lekòl yo fè pou paran yo chak ane, se fason ekselanou kab patisipe.Nan lekòl pitit ou a ou va dekouvri genyen yon plas kote gen enfòmasyon pou parantankou lè gen reyinyon, atelye, ak lòt aktivite. Vin familyarize w ak règleman Komisyon Konsèylekòl la sou patisipasyon paran (6Gx13 - 1B-1.011, Patisipasyon Paran –– Yon Patnè Lakay -Lekòl), ki detaye dwa ak responsablite paran yo e anplwaye M-DCPS yo, e lòt moun ki travayansanm pou satisfè bezwen tout elèv yo.Pou plis enfòmasyon, paran kab rele non (yo) e/oubyen nimewo (yo) sou avi yo, e mandenan lekòl yo, oubyen kontakte Dtè. Yvonne Lim-Petersen nan 305-995-2680.RADYO LEKÒL – AP BAY KOMINOTE AYISYEN-AMERIKEN ANNOUVÈL SOU EDIKASYONPwogram nouvèl demi-èd tan sou edikasyon Radyo Lekòl Leta Miami-Dade County anKreyòl la sou lè zond a 9è diswa nan 91.3 FM, madi a 12:30 nan aprèmidi sou 1020 AM emèkredi a 8:30 dimaten sou 1610 AM.Pou plis enfòmasyon rele Carline Faustin nan Biwo Kominikasyon Kiltirèl, nan 305-995-2192.

SANT REJYON YOLekòl Leta Miami-Dade County soudivize ant sis Sant Rejyon. Chak sant gen ladan yoyon asistan sipèentandan ak anplwaye ki responsab pou bay sipò ak asistans pou paran ak elèv.Paran kab adrese kesyon yo genyen oubyen pwoblèm ki konsène lekòl pitit yo ki pa karezoud nan nivo lekòl la bay Direktè Sant Rejyon yo. Si paran yo pa satisfè ak rezilta a, yo kabvoye desizyon an nan an apèl devan asistan sipèentandan Sant Rejyon an.Yo dwe adrese kesyon ki relate ak limit, prezans e règleman transfè nan Sant Rejyon an.Men adrès ak nimewo telefòn biwo sa yo:Sant Rejyon 1733 East 57 StreetHialeah, FL 33013305-687-6565Asistan Sipèentandan:Msye. John GilbertDirektè:Dtè. Cynthia ClarkeDtè. Marcos MoranMadan Neraida SmithMsye. Richard VidalAsistan Sipèentandan:Madan Enid WeismanSant Rejyon 21515-3 N.W. 167 St., #300Miami, FL 33169305-624-8802Direktè:Dtè. Kathleen CaballeroMadan Marie HarrisonMadan Maria LlerenaMadan DanySu Pritchett

Sant Rejyon 31080 LaBaron DriveMiami Springs, FL 33166305-883-0403Asistan Sipèentandan:Msye. George NuñezDirektè:Dtè. Maria De ArmasDtè. Ruby JohnsonMsye. Robert KalinskyMadan Verdell KingSant Rejyon 42201 S.W. Fourth StreetMiami, FL 33135305-642-7555Asistan Sipèentandan:Madan Essie PaceAsistan Sipèentandan:Madan Janet HuppSant Rejyon 59040 S.W. 79 AvenueMiami, FL 33156305-595-7022Direktè:Msye. Jorge GarciaMsye. Albert PayneDtè. Isabel M. SibleszDirektè:Msye. Carlos FernandezDtè. John GoonenDtè. Melanie FoxDtè. Kenneth Wheeler

Sant Rejyon 6698 N. Homestead Blvd., Ste. 200Homestead, FL 33030305-246-5934Asistan Sipèentandan:Madan Neyda NavarroDirektè:Dtè. Janice Cruse-SanchezMsye. Kenneth RogersChak Sant Rejyon okipe de lekòl segondè ak anchènman lekòl respektif li yo. Lekòl segondè kinan chak Sant Rejyon yo se:Sant Rejyon 1 Sant Rejyon 2Lekòl Segondè AmericanLekòl Segondè Barbara GolemanLekòl Segondè HialeahLekòl Segondè Hialeah-Miami LakesLekòl Segondè Miami Carol CityLekòl Segondè Dr. Michael M. KropLekòl Segondè Miami BeachLekòl Segondè Miami NorlandLekòl Segondè North MiamiLekòl Segondè North Miami BeachSant Rejyon 3Lekòl Segondè Design and ArchitectureLekòl Segondè Miami CentralLekòl Segondè Miami Coral ParkLekòl Segondè Miami NorthwesternLekòl Segondè Miami Springs

Sant Rejyon 4Lekòl Segondè Coral GablesLekòl Segondè Maritime and Science Technology (MAST Academy)Lekòl Segondè Miami EdisonLekòl Segondè Miami JacksonLekòl Segondè MiamiLekòl Segondè Booker T. WashingtonLekòl Ar New WorldSant Rejyon 5 Sant Rejyon 6Lekòl Segondè G. Holmes BraddockLekòl Segondè John A. FergusonLekòl Segondè Miami KillianLekòl Segondè Miami PalmettoLekòl Segondè South MiamiLekòl Segondè Southwest MiamiLekòl Segondè Coral ReefLekòl Segondè HomesteadLekòl Segondè Miami SouthridgeLekòl Segondè Miami SunsetLekòl Segondè South DadeLekòl Segondè Felix VarelaSEKIRITE NAN LEKÒLSekirite nan lekòl se priyorite nan Lekòl Leta Miami-Dade County. W ap jwennenfòmasyon anba a sou kòman pou w repòte yon krim e sou pwogram woul nou an ki fèt poukenbe timoun ansekirite e nan lekòl yo.Pou nou ede elèv ak anplwaye yo santi yo alèz nan repòte krim nan lekòl, nou ankourajeyo pou rele 1-877-7BE-BRAVE, yon liy enfòmasyon 24 sou 24 ki pèmèt moun repòte krim k apfèt sou plas oubyen krim yo antisipe nan lekòl san yo pa bay non yo. Se anplwaye ki antrene pousa k ap reponn liy telefòn nan ki anrejistre enfòmasyon yo repòte a e asire yo Depatman PolisLekòl Leta Miami-Dade oubyen lòt ajans pou ranfòsman lalwa ki apwopriye reponn byen vit. Semenmjan tou, Pwogram “Crime Stoppers” Sispann Krim distri lekòl la pèmèt piblik la pou rele305-471-TIPS pou bay enfòmasyon san yo pa bay non yo. Moun ki rele pou bay enfòmasyonkab elijib pou rekonpans lajan.

Moun ki bezwen asistans ki pa yon ijans kab kontakte 305-757-COPS, se yon nimewo 24 sou 24“rele pou sèvis.”Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) e Biwo Avoka Eta Miami-Dade County sepatnè nan Pwogram Entèvansyon Woul (TIP) inovatif la.TIP deside pou redui krim jivenil nan Miami-Dade County epitou pou fè elèv ale lekòlregilyèman. Pwogram nan konbine entèvansyon bonè ak ranfòsman pwosedi legal lalwaedikasyon egzijib nan Florid. Entèvansyon bonè ede korije faktè ki kondui nan absans kwoniknan lekòl e yo pwouve li se pyès enpòtan pou siksè pwogram nan.Pwogram nan ki nan tout lekòl leta elemantè Miami-Dade County, te jwenn siksè nanredui woul e vyolasyon règleman sou konduit elèv nan M-DCPS, menmjan tou li ede amelyoreakonplisman eskolè, pami prèske 90 pousan timoun yo vize nan pwogram nan.Paran e/oubyen gadyen elèv ki ale nan lekòl k ap patisipe nan TIP ap resevwa lèt annotòn sa a pou avize yo responsablite pou asire timoun yo ale lekòl regilyèman e pou yo obeyi lwaeta a. TIP se pi gwo efò koperatif Biwo Avoka Miami-Dade ak M-DCPS ap antreprann. Li seyon sèl nan kalite sa a nan Florid.Pou plis enfòmasyon, telefone Depatman Pwogram Espesyal Liy Telefòn PwogramEntèvansyon Woul nan 305-995-2755.TRANSPÒTASYON LEKÒLLekòl Leta Miami-Dade County ap bay transpòtasyon pou plis pase 72,000 elèv pa joupou ane lekòl sa a, l ap itilize 1,600 otobis sou anviwon 1,400 wout bis lekòl yo pase. Yo baysèvis transpòtasyon an pou elèv ki abite nan yon distans pase demil (2 miles) de lekòl kote yo aleyo, e pou elèv edikasyon eksepsyonèl yo.Anvan lekòl ouvri, paran tout elèv ki kalifye pou transpòtasyon ap resevwa yon kat santodinatè sistèm lekòl la k ap di ki kote pou elèv la tann otobis la, ki lè otobis la ap pase pran li e kilè l ap depoze l.Paran ki bezwen konnen si pitit yo kalifye pou jwenn transpòtasyon dwe kontakte lekòlpitit yo a pou enfòmasyon.Elèv ak paran ki gen kesyon sou zafè transpòtasyon kab telefone sèvis transpòtasyonsistèm lekòl la nan nimewo 305-995-7555, depi 28 jiyè jiska 19 out, ant 7:00 dimaten e 5:00 nanaprèmidi.

PWOGRAM VOLONTÈ LEKÒLPlis pase 72,000 volontè pral bay tan yo ane sa a pou ede elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS). Volontè Lekòl ofri sèvis yo nan plis pase 25 matyè, ki genyen ladansiveyans e leson patikilye pou elèv nan yon varyete sijè pou senpleman tande elèv ki bezwen yonzanmi adilt. Volontè yo ofri elèv nou yo plis pase 8,005,098 èd tan sèvis, ki tradui pou yon valède apwoksimativman $1,360,866,000.Volontè yo dwe ranpli yon fòm enskripsyon, e yo fè tchèk sou istwa pase yo pou kenbeyon anviwonman ki ansekirite pou elèv yo.Tout volontè nan kategori ki ap suiv yo dwe fè anpwent: konseye yo, asistan espòtif yo echapewon pou aktivite leswa yo, konsa tou volontè ki la pou Tande yo, "Oyentes", e pwogramVolontè Sètifye yo.Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Sèvis Kominotè Volontè Lekòl nan 305-995-1439oubyen vizite paj Entènèt http://community.dadeschools.net.EGZAMEN ESTANDAChak ane yo mezire siksè ak pwogrè elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County avèk èdplizyè egzamen estanda distri, eta, e nasyonal. Kèk nan egzamen kle yo nan lis anba a:"Stanford Achievement Test (SAT)," se yon egzamen ki etabli siksè estanda nasyonal kisèvi pou konpare pèfòmans elèv lokal nan priyorite etid sijè ak pèfòmans elèv yo nan peyi a. Anmas 2006, yo ap administre SAT la bay elèv dezyèm ane eskolè pou evalye ladrès yo nan lekti akmatematik."Dynamic Indicators of Basic Early Literacy Skills (DIBELS)" evalye devlopmanpreparasyon pou lekti ak ladrès pou lekti bonè. Yo ap bay elèv nan jadendanfan rive nantwazyèm ane eskolè DIBELS la an septanm 2005, novanm 2005, ak janvye 2006.Yo evalye preparasyon tout elèv jadendanfan pou lekòl diran 30 premye jou lekòl ki fèpati Sistèm Depistaj Inifòm pou Preparasyon Lekòl eta ke nou konnen kòm "School ReadinessUniform Screening System (SRUSS)." Evalyasyon an mezire fason pale, langaj, pansematematik, devlopman fizik ak ladrès vizyèl e manipilasyon objè elèv la."Reading Student Portfolio" twazyèm ane eskolè a mezire kapasite nan lekti yo chwazi,nan Estanda Eta "Sunshine" la. Yo ap administre pòtfolyo a bay elèv nan 3yèm ane eskolèpandan dezyèm semès ane lekòl la.Egzamen "FCAT Writing +" la evalye abilite elèv yo pou òganize ak eksprime ide yo

klèman atravè ekri. Yo ap bay elèv nan katriyèm, uityèm e dizyèm ane eskolè egzamen FCAT lanan mwa fevriye 2006.Yo ap bay egzamen "FCAT Sunshine State Standards (SSS)" ki fèt pou mezire nivokapasite elèv la jan yo mezire l nan pwen referans SSS la, an mas 2006. Egzamen FCAT SSS lamezire ladrès lekti ak matematik elèv nan nivo twazyèm jiska dizyèm ane eskolè. Elèv nan5yèm, 8yèm ak 11yèm ane eskolè yo tou genyen pou pran pòsyon syans FCAT la.Elèv dizyèm ane eskolè dwe resevwa yon nòt pase sou FCAT SSS 10yèm ane eskolè apou yo satisfè kritè pou elèv segondè yo resevwa yon diplòm estanda nan gradyasyon yo. Elèvki pa resevwa nòt pase nan toude pòsyon lekti ak matematik nan pòsyon FCAT SSS pou elèvdizyèm ane eskolè a, ap genyen opòtinite adisyonèl pou pase egzamen an lè yo nan onzyèm aneeskolè e lòt nivo pi wo, ann oktòb 2005, an mas 2006 ak an jen 2006, lè yo bay egzamen an."FCAT Norm-Reference Test (NRT)" la fè konparezon pèfòmans elèv Florid la akpèfòmans nòm nasyonal la. Yo administre FCAT NRT a pou lekti ak matematik bay elèv nantwazyèm ane rive nan dizyèm ane eskolè an mas 2006.Elèv yo gen dwa chwazi pou yo patisipe nan pwogram "College Board" ak "ACT" Inc."ki ap suiv yo :Yo ap administre "PSAT College Board" la ofri a bay tout elèv 10yèm eskolè ak elèv nan11yèm ane eskolè ki enterese ann oktòb 2005 lan. Nan eseye pou ranfòse preparasyon pou kolèjak pou sipòte plis seleksyon kou vigoure nan nivo wo pami elèv nan lekòl segondè nan Florid,eta Florid la fòme yon patnè ak "College Board" la. Patnè nan Florid la ankouraje tout elèv poupatisipe nan PSAT nan peye frè egzamen elèv 10yèm ane eskolè yo. PSAT ofri antrènman poupran egzamen "Scholastic Assessment Test (SAT)" epitou li se egzamen ki detèmine si elèv lakalifye pou pwogram "National Merit Scholarship" la ki bay bous detid."SAT College Board" la bay la, ak ACT a, yo ofri atravè "ACT Inc.," la, se egzamenopsyonèl pou antre nan kolèj, kote elèv yo ka pran tès sa yo pandan tout ane a daprè dat ki fikseyo. Elèv k ap pran SAT oswa ACT la ka mande pou yo voye nòt yo bay inivèsite yo chwazi yo.Yo fè elèv yo ak fanmi yo konnen rezilta tès yo nan yon tan rezonab. Se lekòl elèv yo kivoye rezilta pwogram egzamen distri a ak egzamen eta a lakay ak elèv la. Paran ki bezwen èdpou yo entèprete nòt sa yo, dwe kontakte pwofesè pitit yo oswa konseye gidans lekòl yo.Pou plis enfòmasyon sou egzamen sa yo ak lòt egzamen yo, tcheke kalandriye fòmasyonan "traning calendar" nan Paj Entènèt distri a nan www.dadeschools.net.

ABSANS ELÈVElèv lekòl mwayen ak lekòl segondè ki gen 10 oubyen plis absans san eskiz nan yon kouanyèl oubyen plis pase senk absans san eskiz nan yon kou semès espesifik pandan yon ane lekòl,kouri risk pou yo kenbe nòt final yo malgre yo pase, pandan yo ap fè yon envestigasyonadministratif e/oubyen yon komite ki okipe zafè prezans lekòl la ap revize tout absans yo.Se sèlman absans pou maladi, randevou doktè, lanmò nan fanmi an, obsèvans yon fètrelijye, oubyen yon evènman lekòl la patwone e apwouve davans, ki valab pou yon elèv pa vinlekòl. Yo ankouraje paran yo pou yo rele lekòl la lè yo konnen yon elèv ap absan.Elèv ki gen eskiz pou yo absan ap gen opòtinite pou fè travay yo te manke yo nan yon tanrezonab. Elèv ki absan san eskiz ap resevwa yon nòt "F" pou travay yo te manke yo.Epitou, yo ap remèt Depatman Motè Veyikil nan Florid la dosye prezans lekòl, pou elèvki gen laj apwopriye, ki gen abitid fè woul (15 oubyen plis absans san eskiz nan yon kalandriye90 jou) kote yo ap bloke non yo pou yo pa ka aplike pou lisans pou kondui yo. Si yon elèv kiabitye fè woul deja genyen yon lisans pou kondui, yo kab sispann lisans la. Yo ap avize moun saa pa lapòs epitou sou pwosesis pou li kab genyen lisans li ankò.KÒD KONDUIT POU ELÈVKòd Konduit pou Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County, ranfòse ak yon règ sevè sou zammòtèl, vize pou ofri e kenbe yon anbyans enstriktif ki an sekirite e ki pozitif pou elèv, pèsonèl,anplwaye e kominote a.Yon konsiderasyon majè nan aplikasyon Kòd Konduit pou Elèv la se idantifye aksyondisiplinè ki pi apwopriye ki kab pote konpòtman pozitif nan elèv la. Se poutèt sa, yo divizevyolasyon yo an sis gwoup, ansanm ak toulède aksyon disiplinè yo rekòmande e yo mandate.Pwofesè, konseye ak administratè travay pou sèvi ak yon varyete estrateji disiplinèoubyen gidans pwogresif anvan, pandan epi apre yo pran aksyon disiplinè fòmèl. Direktè aoubyen pwofesè a, oubyen toulède, sou baz pouvwa yo konfye yo, gen otorite pou yo pran lòtaksyon administratif anplis, si nan opinyon yo, nati move konpòtman an mande sa.Diferans nan laj ak matirite se kritè ki pèmèt yo detèmine ki kalite aksyon disiplinè pouyo pran. Sepandan, pwosedi yo ki nan Kòd la aplikab pou tout elèv ki anba jiridiksyon LekòlLeta Miami-Dade County. Kòd la anvigè pandan lè regilye lekòl, pandan yo ap transpòte elèv yonan bis lekòl nan yon evènman lekòl la ap fè, e nan lè ak andwa – ki gen ladan men ki pa

nesesèman limite ak evènman lekòl la ap fè, pwomnad, aktivite espò e lòt aktivite – koteadministratè apwopriye lekòl la gen jiridiksyon sou elèv yo.Direktè/tris yo gen otorite pou yo pran aksyon administratif nenpòt ki lè yon elèv ki genmove konpòtman andeyò lekòl la depi zak elèv la gen yon move efè sou lòt elèv oubyen soufonksyonman nòmal lekòl la. Kalite vyolasyon yo gen ladan depi move konduit anjeneral k aptwouble lòd rive sou agresyon (ak yon zam mòtèl).Kòd Konduit pou Elèv la mande pou elèv ki pote zam, ki menase moun avèk zam mòtèl,ki fè menas avèk bonm oubyen move rapò oubyen ki blese yon pwofesè oubyen yon anplwayelekòl la, pou yo retire yo nan lekòl yo tousuit e pou yo resevwa aksyon disiplinè ki pi sevè lalwaa mande. Kòd la avèti posesyon zam afe sou pwopriyete lekòl kab koze sanksyon kriminèlanplisde sispansyon, ekspilsyon oubyen lòt aksyon disiplinè lekòl.Gen plizyè kalite aksyon disiplinè yo ka pran kont yon konpòtman endisipline. Aksyonsa yo gen ladan detansyon, ale nan travay, transfè nan yon lekòl oubyen yon pwogram espesyal,sispansyon oubyen ekspilsyon.Pwogram "work back" la bay elèv yo rekòmande pou ekspilsyon, eksepte si vyolasyon antonbe nan Gwoup 6 vyolasyon yo, opsyon pou yo travay pou yo retounen nan klas regilye pibonè anvan ekspirasyon tan maksimòm ekspilsyon an eta a fikse. Elèv yo dwe antre nan yonpwogram altènatif, akimile kredi e mentni bon prezans e bon konduit. Pwogram "work back" lapa yon opsyon pou elèv ki gen akizasyon gwo krim sou tèt yo tankou agresyon ki fèt ak zammòtèl, zam afe, oubyen posesyon zam afe.Kòd la pale sou dwa ak responsablite ki gen pou wè ak dwa pou aprann; prezans; dosyeelèv; nòt; libète pou pale, ekspresyon ak reyinyon, jounal/piblikasyon. Li pale tou sou dwa paranyo ki dwe asire yo pitit yo jwenn opòtinite pou edikasyon yo.Elèv oubyen paran ki gen pwoblèm pou yo entèprete Kòd la dwe mande direktè lekòl laesplikasyon. Anplis, si pwoblèm yo pa rezoud nan nivo lekòl la, yon apèl kab fèt nan biworejyon an epitou nan Biwo Edikasyon Altènatif ak Pwogram Prevansyon Kite Lekòl distri a.KÒD ABIMAN POU ELÈVLekòl Leta Miami-Dade County gen yon kòd abiman pou elèv ke yo ranfòse strikteman.Kòd abiman an egziste pou asire aparans elèv yo pa kreye yon pwoblèm pou sante,sekirite, pwòpte oubyen anviwonman pou aprann. Kòd la se pa pou kontwole longè cheve

oubyen kalite rad elèv yo mete.Direktè a, pwofesè a oubyen anplwaye Komisyon Konsèy Lekòl la fè detèminasyon sousa ki konstitiye yon danje pou sekirite ak lasante, distraksyon yon elèv nan aktivite salklas,oubyen deranje yon pwogram lekòl.Yo ka disipline elèv ki vyole kòd la sèlman apre yo te ba yo yon opòtinite pou korijevyolasyon an e apre yon konferans paran-pwofesè.Gen kèk lekòl ki resevwa apwobasyon Komisyon Konsèy Lekòl la pou adopte kòdabiman ki pi sevè pou entèdi moun vin lekòl ak rad tankou mayo, chemizèt, chapo, kòsaj sanbretèl, e rad ki gen mesaj k ap fè piblisite pou tabak, alkòl, pwofanite, dwòg, oubyen sèks.Genyen tou, plizyè lekòl ki adopte inifòm pou ankouraje elèv yo amelyore abitid etid yopou idantifye yo plis ak lekòl yo.Paran ki bezwen plis enfòmasyon sou kòd abiman lekòl la dwe kontakte direktè/tris lekòlpitit yo a.DOSYE ELÈV AK ENFÒMASYON KONFIDANSYÈLStati Eta Florid ki se "Family Educational Rights and Privacy Act" Akò sou Dwa Fanmiak Vi Prive ansanm ak seksyon 1002.22, pwoteje vi prive e garanti paran yo, gadyen yo e elèv yoaksè sou enfòmasyon ki nan dosye edikasyonèl elèv yo, e ofri yo dwa pou yo kesyone egzaktitiddosye sa yo.Daprè lwa sa yo, yo pa gen dwa livre dosye yon elèv bay okenn moun san konsantmanparan an, gadyen an oubyen elèv ki elijib la, sof nan ka eksepsyon ki mansyone nan lwa anwoyo. Lwa yo genyen sèten eksepsyon pou demand konsantman davans pou livre dosye elèv, kigen ladan, men ki pa limite a, ofisyèl lekòl yo ki gen yon enterè lejitim nan zafè edikasyon,epitou nan ka kote tribinal voye manda oswa pase lòd tribinal. Pou asire respè lalwa, sistèmlekòl la pibliye enfòmasyon detaye ki di ki fason pou kenbe e livre dosye elèv yo. Enfòmasyonsa yo nan Manyèl Dosye Edikasyonèl Elèv la, ki klase pa referans nan Regleman KomisyonKonsèy Lekòl 6GX13-5B-1.07.Ckak lekòl dwe avèti paran yo alekri anyèlman, gadyen yo oubyen elèv ki elijib yo soudwa yo pou yo enspekte e revize dosye elèv yo. Yon fwa yon elèv genyen 18 tan oubyen elèv lanan yon enstitisyon kote l ap fè etid pos segondè, pèmisyon oubyen konnsantman yo te mandeparan yo, e dwa yo te akòde yo, vin transfere bay elèv la sèlman, amwenske elèv la kalifye kòm

yon depandan anba pwovizyon lwa a.Elèv yo dwe kontakte biwo enskripsyon lekòl yo, si yo vle voye relve nòt yo bay kolèj yooubyen sèvis ki bay bous detid.ELÈV PRAL EKSPLORE YON KANTITE CHWA PWOGRAM NANDEMONSTRASYON POU DEKOUVRI LEKÒL M-DCPS, SAMDI 5 NOVANMYo pral fè demonstrasyon pou dekouvri lekòl samdi 5 novanm10:30 dimaten pou 3è nanaprèmidi nan Ekspozisyon Fwa Lekòl Leta Miami-Dade & Arnold Hall, Coral Way e S.W. 112Ave.Evenman Fwa sa yo Lekòl Leta Miami-Dade patwone bay elèv ak fanmi yo opòtinite poueksplore anpil chwa sistèm lekòl la ofri pou ede elèv yo prepare pou travay alavni ak edikasyonpi wo.Pandan n ap ekipe nou pou ede elèv uityèm e nevyèm ane eskolè ak paran yo selekte koukaryè e pwogram nan nivo lekòl segondè, DEMONSTRASYON an ap ofri enfòmasyonbenefisyèl pou elèv nan tout nivo ane eskolè, ki gen ladan elèv adilt yo tou.Yo aksantye sou opòtinite pou enskripsyon bonè pou ane lekòl 2006-2007 la eekspozisyon sistèm lekòl la pwogram magnèt, akademi karyè pou elèv, lekòl “charter” aksant edikasyon e teknik pou adilt.Ap genyen sant karyè, sant konseye, pratik pou entèvyou travay e sesyon enfòmasyon kidisponib. Biznis lokal tou pral fè ekpoze ak sesyon enfòmasyon sou opòtinite pou travay pouelèv M-DCPS ki gradye yo.Elèv yo pral pèfòme e y ap bay sèvis swen pou timoun nan lokal la.Admisyon pou evenman sa a gratis.Pou enfòmasyon telefone 305-995-1922.PRAN YON WÒL AKTIF NAN EDIKASYON PITIT OU!Akademi Paran an se yon patnè nan tout kominote a ki gen gwo lide ki vize sou bayparan konesans ak ladrès pou yo kab anretou sipòte siksè akademik ak siksè lavi pitit yo. Y apdivize kou akademik yo an twa kategori:• Kou Debaz: pou ede paran yo apwofondi ladrès e konesans yo pou gide edikasyon pitit yoefektivman

• Kou Avanse: pou ede paran yo ogmante kapasite pou ede tèt yo e, pakonsekan, ede pitit yo• Kou Sètifikasyon: pou ede paran agrandi ladrès ki pèmèt yo jwenn travay e travay anpwospektif nan pwogram oubyen antrenman pou sètifikasyon.Akademi Paran fè patnè ak sèt kolèj e inivèsitè, 11 òganizasyon kominotè debaz e twakonte/minisipal gouvènmantal.Y ap ofri kou, resous e lòt opòtinite nan plis pase 80 lokasyon, ki gen ladan bibliyotèkpiblik, kolèj e kanpous inivèsitè e kan pou travayè jaden ki deplase souvan.Yo gen plan pou ofri swen pou timoun, transpòtasyon ak asistans finansyè pou materyèl,founiti pou lekòl ak pwogram pou sètifikasyon.Yo fè orè pou ouvè Akademi Paran ann otòn 2005. Pou plis enfòmasyon, kontakte BiwoSèvis Kominotè nan 305-995-2680.OU VLE ALE NAN KOLÈJ?FWA NASYONAL KOLÈJ AP VIN MIAMI, DIMANCH 19 FEVRIYEElèv ak Paran nan Sid Florid la kab rankontre reprezantatif ki ap soti nan plis pase 150kolèj ak inivèsite nan Fwa Nasyonal Kolèj 2006 nan Miami a midi pou 4è nan aprèmidi,dimanch 19 fevriye, nan Sheraton Miami Mart Hotel (ki te rele Radisson Mart), 777 N.W. 72Ave.Elèv, paran e lòt moun envite nan fwa gratis la.Evenman an ap pèmèt elèv ak lòt moun rankontre ak reprezantatif kolèj e reponn kesyonyo ta genyen. Y ap ofri tou sesyon enfòmasyon sou èd finansye, planifikasyon pou kolèj e sa yomande pou admisyon ak pou pran tès.Sant konseye ak konpitè ap pèmèt elèv yo gen aksè sou karyè ki enterese yo eenfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon e bous detid.Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj (NACAC) e Lekòl Leta Miami-Dade County ap patwone evenman an. Manm Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantmanse Ko-chè komite lokal Fwa Nasyonal Kolèj la. Chak ane NACAC patwone fwa nan 48 vilatravè peyi a ki atire plis pase 650,000 elèv ak paran.Pou plis enfòmasyon, kontakte Liy Enfòmasyon pou Kolèj la nan 305-995-1743 oubyenvizite http://www.nacac.com.WLRN RADYO E TELEVIZYON PIBLIKPOU SÈVI KOMINOTE SID FLORID LA

Sistèm Radyo Piblik (PBS) afilye WLRN-Televizyon Chanèl 17 e Televizyon DijitalChanèl 20, epitou WLRN-FM 91.3, yon Radyo Piblik Nasyonal (NPR) afilye, WLRN lisansyeanba Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County.Yo rekonèt WLRN-TV Chanèl 17 kòm premye estasyon nan Prepare pou Aprann "Readyto Learn (RTL)," mete ansanm ak pwogram televizyon pou timoun "PBS" ak yon varyete efòpou ale jwenn kominote a pou ede timoun devlope ladrès pou aprann. RTL vize fanmiekonomikman ba pou ofri yo atelye kominotè gratis ak resous pou paran, pwofesè e moun ki fègadri pou timoun.WLRN-FM 91.3, estasyon NPR wo grade nan Florid, sèvi yon odyans depase 300,000moun pa semèn, kòmanse nan Palm Beach pou rive Key West, li ofri pwogram tankou "MorningEdition, All Things Considered, A Prairie Home Companion and Car Talk." Li ofri tou youn nanpi gwo Sèvis Lekti Sou Radyo - 24 sou 24, 7 jou pa semèn pou kominote nan Sid Florid la ki pawè byen.WLRN manadje Bibliyotèk pou Videyo ak Film distri a, ki se yon bibliyotèk ki prete, kimete disponib pou prete videyo ki sipòte tout faz enstriksyon edikasyonèl atravè Lekòl LetaMiami-Dade County.Anplisdesa, WLRN opere e pwograme 20 chanèl Sèvis Televizyon Enstriksyonèl Fiks, kiofri elèv yo ak pwofesè yo yon latriye chwa videyo, ki genyen ladan Chwa Pwofesè yo, yonsèvis videyo-sou-demand ki pèmèt pwofesè yo gen aksè nan lè ki konvenyan pou yo, pa telefònoubyen sou Entènèt, tit videyo edikasyonèl; ak materyèl pou preparasyon pwofesè.Pou plis enfòmasyon, rele 305-995-1717.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!