11.07.2015 Views

layout Desanm 2008

layout Desanm 2008

layout Desanm 2008

SHOW MORE
SHOW LESS
  • No tags were found...

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Ti refleksyon sou AyitiWadnè Izidò/sous foto:Wadnè IzidòFatra : politik ou non…Pou moun ki te gen bon konesansavan ane 1986, yo di tout peyi tepwòp, li pa t sal nan eta li yejodiya, tout la ri te byen pwòp,plas piblik yo te byen bèl. Chakdimanch te konn gen bèl anbyanssou Bisantnè, Channmas ak plasBwaye nan Petyonvil. Se te bèlanbyans : mizik twoubadou, chobisiblèt kou kabwèt mete ak bonfritay ak bwason lokal tou kalite.Se te bon okazyon pou flannè nanepòk sa te pwofite mennen timennaj yo al bwè krèm epi fè bèlwomans. Jou ale jou pa tounen,granmoun kounye yo diPòtoprens ak anpil lòt vil nanpeyi a tounen pak bèt san mèt.Fatra gaye nan tout bò lari tounenyon endikasyon pou yon mounbay yon lòt yon adrès. Gen kèkzòn nan kapital la tankou nanpwovens depi ou parèt se fatra kidi ou lonè. Anba lavil menm si oupa janm konn jwe marèl, pamande pou fè kote konsa, paskefatra achte lari yo lajan kontan,mete ak machann ki ouvè kò yonan tout ri yo, san distenksyon.Kounye, ta sanble pa gen zòn nanvil ki sen, ki pwòp, san fatra. Si nta mennen yon ti ankèt nan kapitalla sitou ou ta wè si se pa toutbon6 Bon Nouvèl <strong>Desanm</strong> <strong>2008</strong>nou pran nan ka. Menm si gen kèkkote ki pote lamayòl nan salte, esi yo ta fè yon konkou zòn sa yo tap pote premye pri tankou:Boulva Lasalin, Gran ri, RiDisant, Ri Dipèp, Ri doktè Obri,Ri Dèseza, Pòs Machan, KafouSanfil (blòk Achiv ak Ritimas),Avni Poupla (zòn macheMiragwàn), Fò senklè, Bisantnè,5è Avni (anlè tèt Matisan) ak yonbann lòt kote nou pa site. Mounki konn zòn sa byen gen yon idesou eta yo ye jounen jodiya.Alèkile, kanpe nan lari vide yonsak fatra se monè kouran,okontrè, si ou pa fè sa oudimwenssi ou pa twò alèz pou ou fè sakonnen ou pa alamòd, ou se pitoyon moun ansyen tan. Paskemoun ou pa ta panse antre nankouran sa ; epi se pa ta nèg ak kòl,nan bèl machin vit pafime ou taimajine k ap desann vit machin yolage fatra tout kalite nan lari. Kikalite reflèks sa ye? Menm minisou pa ka retire alewè pou yonsòlda minista, kòm se konsa l yese pa yo menm ki etranje ki poupa fè l. Epi, ki enterè yo genyennan peyi a pase sa.Lajounen jodi ta sanble edikasyonsivik pa anseye nan lekòl ankò. Lènou gade konpòtman timoun kougranmoun nan lari, ‘’bagay sa rèdpase vant pase’’ tankou atis lachante li. Fò ou ta wè jan gran nègak gwo palto, gwo boujwa powouj ap desann vit machin voyefatra deyò toupatou nan lari ; outa di lari se depotwa fatra. Pèsònpa konn ki kote san sa soti.Pandan lontan anpil moun te konnpran pretèks se poubèl ki pa tgenyen sou wout yo ki fè yo konnobije jete fatra tout kote yojwenn. Sepandan, malgre kounyeyagen poubèl nan tout larikote ou pase ou panse ta gen yonamelyorasyon pliske se pou saLeta ayisyen fè jefò enstalepoubèl nan tout lari nan Lwès lasitou, sa pa chanje anyen, okontrèou wè fatra pi rèd. Lè yon ti laplitonbe vil bloke nèt paskeeboulonnay tè, wòch mete akfatra tout kalite kannale desannkonble tout ri, mete blokis pi rèd:traka pou chofè ak gaz k ap boulean plas.Sa genyen plis pase dis lane depipwoblèm sa poze, anpil gwo debaki fèt sou kesyon salte akdegradasyon anviwònman nanpeyi a, men sa pa pote okennrezilta; ou ta di dirijan yo pa genokenn volonte pou kwape gwodanje sa. Malgre pwoblèm nan

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!