11.07.2015 Views

layout Desanm 2008

layout Desanm 2008

layout Desanm 2008

SHOW MORE
SHOW LESS
  • No tags were found...

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

swiv Jezi. Men Bondye toujou pwoteje yo, jouslistwa fini (twa tan edmi= mil de san swasant(1260) jou). Tan sa a se tan pèsekisyon an. Se yontan ki gen limit. Pèp Bondye a pral reyisi kanmenm.N ap li apokalips 13,1-18:-Kisa ki atire atansyon nou nan tèks sa a?-Kisa moun yo konn di sou sa?Chapit 13 la prezante jan lanpi women an aji. Bèt la sepouvwa politik diktatè yo k ap peze moun yo. Nanepòk Jan an, pouvwa yo reprezante lavil Wòm, yo tebati vil yo bò lanmè Mediterane a. (7 tèt ak 10 kòn,li pral bay eksplikasyon nan Apokalips chapit 17).Bèt la sanble ak yon gwo chat tou jòn ak tach nwasou tout kò li. : yo te konn rele lame women an “Pantèyo”. Pouvwa Lanpi yo soti nan Dragon an paske yogen yon pwojè lanmò pou pèp yo. Joure Bondye sepran yon bagay oubyen yon moun tankou Bondye. Bètla se yon gran pisans (chat mawon, lyon : Danyèl 7,4-7). Lanpi Women an sanble li te fini avèk Newon, men,apre li eksplwatasyon vin pi rèd ankò (tèt ki blese epiki geri). Foul moun yo te sezi wè sa epi yo adore Bètla tankou si li se Bondye.Bèt la ap aji jous listwa fini (karant de (42) mwa).Lanpi a vle bay betiz yo di kont Bondye yo valè epi livle prezante yo tankou yon bon bagay ki soti nanBondye. Disip Jezi yo soufri pèsekisyon ak lanmòpaske yo pa asepte idolatri sa a. Pandan n ap viv sou tèa nou gen pou n goumen avèk sa ki mal la. Pou kretyenyo kenbe fèm nan mitan soufrans yo epi pèsevere nanlafwa, yo dwe rete nan Lespri Jezikri a, epi nankonfyans Bondye ap fè pwojè li a.Dezyèm bèt la, se pwopagann ideolojik, ki soutnipouvwa diktatè yo. Li bay manti; li prezante mal latankou byen an, pou mennen moun yo asepte yonsistèm politik k ap touye moun kòmsi li soti nanBondye. Tout fo pwofèt yo, tankou reklam televizyonyo ak pwopagann politik yo, yo pwomèt mirak akchanjman, men se pa laverite. Yo fè sa pou yo soutnipouvwa yo epi pou yo pran tèt pèp la.Pou moun yo kapab achte ak vann, tout moun dwepanse epi aji menm jan avèk premye Bèt la.Chif 666 la13,18- Jan idantifye premye Bèt la avèk anperè womenan nan epòk la. Chif 666 la, dapre valè nimerik nanlang ebre a, koresponn ak non Seza Newon. Yo kwèanperè Domisyen se Seza Newon ki te leve byen vivanavèk tout mechanste li yo. Men chif 666 la, li vle ditou, yon bagay ki pa bon twa fwa, paske chif 6 la li parive chif sèt la ki se bagay ki bon nèt. Konsa li montrefeblès pouvwa lanpi yo. Li pa gen kapasite pou l rivenan Wayòm Bondye a. L ap toujou rete nan fè lanmòblayi toupatou.N ap li apokalips 21,1-7-Ki mesaj nou jwenn nan pawòl sa yo?Jan prezante rapò tounèf ki genyen ant Bondye ak mounyo tankou nouvo Syèl ak nouvo Tè. Lanmè a pa ekzisteankò, paske moun lontan yo konsidere li tankou kaypouvwa mal yo. Nouvo Jerizalèm nan se lavil Bondyeap bati tankou yon kado (li soti nan syèl la) pou mounyo. Se pa moun ki bati li, se Bondye menm ki fè l. SeMadanm Mouton an, Nouvo Adan ki marye ak NouvoEv la. Konsa alyans Bondye a ak moun yo ap rive nèt.Se lavi toupatou; se laverite, diyite, jistis ak renmen kigouvènen toupatou. Moun yo ap viv ak kè kontan poutou tan gen tan. Mal la pa gen plas ni nan syèl tounèf lani sou tè tounèf la.21, 5-8: Kounyeya Bondye pwomèt tout bagay pralvin tounèf, paske li se Mèt listwa, kòmansman akfen lavi a. Premye a ap vin dènye. Li bay lavi poumoun ki anvi li. Moun ki rete fidèl l ap antre nanreyalite alyans lan; l ap tounen pitit nan Pitit la e l appatisipe nan lavi Jezi a. Gen yon envitasyon pounou : fòk nou toujou tounen vin jwenn Bondye.Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: Wi, m’apvin talè konsa!Amèn. Vini non, Seyè Jezi!Bon Nouvèl <strong>Desanm</strong> <strong>2008</strong> 15

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!