11.07.2015 Views

layout Desanm 2008

layout Desanm 2008

layout Desanm 2008

SHOW MORE
SHOW LESS
  • No tags were found...

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

CHANDEL LIMENREBAPawòl Bondye, yon pwojè pou laviLiv Revelasyon an (swit)Kounyeya nou rive nan dènye pati Liv Apokalips laosinon Liv Revelasyon an. Konsa n ap fini ak vizyonglobal sou Bib la. Pwochen atik nou yo se pral sou lòtsijè ki pi espesyal, kèk selebrasyon pou ede n reflechiplis sou lanati, sou misyon nou ...Nouvo kontra :Liv Revelasyon an, yo rele l tou Apokalips, montrelespwa yon pèp k ap batay.(Dezyèm pati)-Akèy ak lapriyè Lesprisen an1. Premye koze a :Se pou n sonje sa nou te di lè nou te prezante livApokalips la. Yo te ekri l bò lane 100 apre lanmò Jezi,lè kretyen yo t ap sibi pèsekisyon anba men lanperèwomen an, Domisyen.Liv Apokalips la osinon Liv Revelasyon an, se yon livkominote kretyen yo ki anba pèsekisyon an te konn liepi eksplike nan reyinyon yo. Nan liv sa a yo denonselanpi women an..Yo te ekri l nan yon langaj an daki,avèk anpil senbòl, pou sòlda women yo pa t konnensou kisa yo t ap pale. Yo pa t ekri liv Apokalips la poufè moun yo pè, men, pou ankouraje moun yo nansoufrans yo ak nan pèsekisyon yo t ap sibi.2. Bondye pale nan lavi nou:-Lè siklòn Gistav, Ana ak Ayk te pase sou peyi nou anli te devaste anpil kote. Anpil kay kraze, anpil jaden akbèt ale, anpil moun mouri. Gen moun ki t ap di: Selafendimonn nan ki rive. Gen lòt moun menm ki t apmande: “Jouski lè Granmèt la n ap sispann soufrikonsa”-Kisa nou menm nou te soufri nan okazyon siklòn sayo?-E nou menm ki la priyè nou te fë nan pye Bondye?Rezime: Lè nou nan yon gwo soufrans, nan yon gwotraka, nou leve devan Bondye sa ki frape nou. Nouplenyen devan li. Nou mande li padon. Nou mande lsitou: “Jous ki lè, Granmèt la, n ap soufri konsa?”(Apok.6,10)Se menm bagay sa a nou jwenn kretyen yo t ap diBondye nan premye pati liv Apokalips la.N ap li Apokalips 12,1-18:Kisa ki atire atansyon nou nan tèks sa a?An n fë yon ti reflechi sou kèk senbòl :Fi sa a plen ak siyifikasyon: li se Ev, ki manmanlimanite (Jenèz 3,15-20), li se pèp Izrayèl la tou (douzzetwal = douz Kòd Fanmi yo), li se nouvo Pèp Bondyea ki t ap tann Mesi a (Izayi 66,7), li se Mari manmanJezi epi manman disip li yo tou (Jan 19,25-27) epi lise Pèp Nouvo Alyans lan (douz zetwal = douz apot).Se limanite a Bondye mennen nan syèl la. Tout listwanou se pare nou pare tèt nou pou n rive bò kote Bondye,men se yon tan soufrans li ye, akòz Levanjil la. Fanmnan akouche yon ti gason, se Kris la menm.Dragon an reprezante mal la, lènmi Bondye a.Dragon an se lanpi women an anpremye. Dragon an seanvi pouvwa, anvi richès, anvi prestij. Dragon an seyon asasen (koulè wouj), li gen tout pouvwa sounasyon yo ki nan lemonn (sèt tèt ak sèt kouwòn), menfòs li gen limit (chif 10 yo) Li goumen kont PwojèBondye a, ki se pwojè lavi (zetwal nan syèl la). Li vledevore Pitit Fanm lan, Mesi a ki te vini pou detwi li.Pitit la se Jezi, ki te fèt pou gouvènen nasyon yo, pouli detwi pouvwa dragon an. Avèk lanmò ak rezireksyonli a li te kraze mal la. Kounyeya sitiyasyon pèp Bondyea se tankou pèp Izrayèl nan dezè a, yo te jwenn delivransanba lesklavaj nan Lejip men y ap viv nan dezè a jouslistwa a fini ( mil desan swasant (1260) jou) nan mitanpèsekisyon epi nan kominyon avèk Bondye.Gwo mesaj lespwa: Mal la p ap ranpòte laviktwa.Yo te derasinen mal la nèt. Michèl (Non Michèl lavle di “Kilès ki tankou Bondye”) mete Dragon andeyò. Bib la rele li sèpan, dyab, satan. Kretyen yo padwe rete konsa, ak de bra yo kwaze paske Jezi te krazemal la. Mal la ap kontinye travay nan lemonn, malgreli prèske mouri, l ap pèsekite moun yo ankò sou toutfòm. Poutèt sa kounyeya li pèsekite kretyen yo k apBon Nouvèl <strong>Desanm</strong> <strong>2008</strong> 14

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!