11.07.2015 Views

layout Desanm 2008

layout Desanm 2008

layout Desanm 2008

SHOW MORE
SHOW LESS
• No tags were found...

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Espesyal EleksyonTèks :Wozilya / Foto : EntènètDepi kèk mwa, je anpil moun nanlemonn antye brake sou Ozetazini nanzafè eleksyon prezidansyèl. Se te yongwo konba ant senatè demokrat laBarak Obama ak repibliken DjonnMakenn (John Mac-Cain). Jou 4novanm nan vin mete fen nan konba a,kote Obama ranpòte eleksyon an souDjonn Makenn. Barak Obama, pitityon Kenyan ak yon Ameriken vinpremye prezidan nwa Ozetazini.Apre rezilta eleksyon sa a, lòt peyi yote wè Ozetazini ak yon lòt je. Chak peyit ap fè kòmantè pa yo, si nou pran kaAyiti, gen moun ki twouve se yondelivrans pou yo, kote lavi a pral yon tijan amelyore pou moun san papye yo.Ayiti pral jwenn yon alemye. Konsa tougen ayisyen, sa pa fè yo ni cho ni frètpaske pwoblèm Ayiti se Ayisyen ki pourezoud yo.Yon nouvo Mesi pou Ozetazini ?Reyaksyon lidè pati politik yoLidè ayisyen yo te salye viktwa gwo potorik gason sa a. MadamMiland Manniga ki se sekretè jeneral Rasanbleman DemokratNasyonal Pwogresis (MDNP), fè konnen eleksyon prezidansyèlsa a se yon leson demokrasi pou lemond antye. Selon madanmPrezidan Obama ak Madanm li ak 2 pitit li yo)nan toujou se yon leson pou nou menm ayisyenki pa ka konstwi demokrasi. Madanm nankonseye aktè politik yo, pou yo pwofite egzanpsa a, konsa yo va oryante yo pi byen. SelonEvans Pòl, ki se lidè Alyans Demokratik la, 4novanm nan se te yon jou fèt pou tout nwa nanlemonn antye.Yon jèn ti fanatik ap felisite nouvo prezidan an5 Bon Nouvèl. Desanm 2008

Ti refleksyon sou AyitiWadnè Izidò/sous foto:Wadnè IzidòFatra : politik ou non…Pou moun ki te gen bon konesansavan ane 1986, yo di tout peyi tepwòp, li pa t sal nan eta li yejodiya, tout la ri te byen pwòp,plas piblik yo te byen bèl. Chakdimanch te konn gen bèl anbyanssou Bisantnè, Channmas ak plasBwaye nan Petyonvil. Se te bèlanbyans : mizik twoubadou, chobisiblèt kou kabwèt mete ak bonfritay ak bwason lokal tou kalite.Se te bon okazyon pou flannè nanepòk sa te pwofite mennen timennaj yo al bwè krèm epi fè bèlwomans. Jou ale jou pa tounen,granmoun kounye yo diPòtoprens ak anpil lòt vil nanpeyi a tounen pak bèt san mèt.Fatra gaye nan tout bò lari tounenyon endikasyon pou yon mounbay yon lòt yon adrès. Gen kèkzòn nan kapital la tankou nanpwovens depi ou parèt se fatra kidi ou lonè. Anba lavil menm si oupa janm konn jwe marèl, pamande pou fè kote konsa, paskefatra achte lari yo lajan kontan,mete ak machann ki ouvè kò yonan tout ri yo, san distenksyon.Kounye, ta sanble pa gen zòn nanvil ki sen, ki pwòp, san fatra. Si nta mennen yon ti ankèt nan kapitalla sitou ou ta wè si se pa toutbon6 Bon Nouvèl Desanm 2008nou pran nan ka. Menm si gen kèkkote ki pote lamayòl nan salte, esi yo ta fè yon konkou zòn sa yo tap pote premye pri tankou:Boulva Lasalin, Gran ri, RiDisant, Ri Dipèp, Ri doktè Obri,Ri Dèseza, Pòs Machan, KafouSanfil (blòk Achiv ak Ritimas),Avni Poupla (zòn macheMiragwàn), Fò senklè, Bisantnè,5è Avni (anlè tèt Matisan) ak yonbann lòt kote nou pa site. Mounki konn zòn sa byen gen yon idesou eta yo ye jounen jodiya.Alèkile, kanpe nan lari vide yonsak fatra se monè kouran,okontrè, si ou pa fè sa oudimwenssi ou pa twò alèz pou ou fè sakonnen ou pa alamòd, ou se pitoyon moun ansyen tan. Paskemoun ou pa ta panse antre nankouran sa ; epi se pa ta nèg ak kòl,nan bèl machin vit pafime ou taimajine k ap desann vit machin yolage fatra tout kalite nan lari. Kikalite reflèks sa ye? Menm minisou pa ka retire alewè pou yonsòlda minista, kòm se konsa l yese pa yo menm ki etranje ki poupa fè l. Epi, ki enterè yo genyennan peyi a pase sa.Lajounen jodi ta sanble edikasyonsivik pa anseye nan lekòl ankò. Lènou gade konpòtman timoun kougranmoun nan lari, ‘’bagay sa rèdpase vant pase’’ tankou atis lachante li. Fò ou ta wè jan gran nègak gwo palto, gwo boujwa powouj ap desann vit machin voyefatra deyò toupatou nan lari ; outa di lari se depotwa fatra. Pèsònpa konn ki kote san sa soti.Pandan lontan anpil moun te konnpran pretèks se poubèl ki pa tgenyen sou wout yo ki fè yo konnobije jete fatra tout kote yojwenn. Sepandan, malgre kounyeyagen poubèl nan tout larikote ou pase ou panse ta gen yonamelyorasyon pliske se pou saLeta ayisyen fè jefò enstalepoubèl nan tout lari nan Lwès lasitou, sa pa chanje anyen, okontrèou wè fatra pi rèd. Lè yon ti laplitonbe vil bloke nèt paskeeboulonnay tè, wòch mete akfatra tout kalite kannale desannkonble tout ri, mete blokis pi rèd:traka pou chofè ak gaz k ap boulean plas.Sa genyen plis pase dis lane depipwoblèm sa poze, anpil gwo debaki fèt sou kesyon salte akdegradasyon anviwònman nanpeyi a, men sa pa pote okennrezilta; ou ta di dirijan yo pa genokenn volonte pou kwape gwodanje sa. Malgre pwoblèm nan

abòde sou plisyè fasèt, men lirete toujou san rezilta. Prèskechak ane gwo kòb debloke akanpil èd materyèl pou konbatfenomèn sa “nad mari nad’’, fatrapi rèd. Sèvis vwari nan komin yomete anpil moun pou bale akramase fatra nan lari, tout se lavemen siye atè, paske fatra nan laripi rèd toujou.Gen moun ki di akote tou sa fòkmeri yo ta mete sou pye “PolisMinisipal’’ nan lari pou siveyemoun k ap jete fatra nan lari pouarete yo, fèmen yo nan prizon, epifè yo peye amann, konsa peyi ata genyen lòt figi. Malgre anpilgwo jefò ki fèt ak anpil pwojè kideja sou pye anyen pa janmchanje. Èske sa ta vle di semwayen ki pa gen pou sa ; ipotèzsa ta ka kenbe, men se pa pou kèkkomin tankou Dèlma, Pòtoprens,Petyonvil ak Kafou; lè noukonnen kantite kòb ki konn apsepare bay baz nan kèk zòn nankomin sa yo lè pou lidè yo fèkapital politik yo. Rezon sa yo akyon bann lòt montre responsab yota sanble pa gen twòp volonte poupeyi a pwòp toutbon pliske pajanm gen okenn mezi ki pran pouanpeche moun jete fatra kote yojwenn nan peyi sa, “ki se yonkonpòtman ki pa depaman ak yonseri bèt nan nati a’’.Ou vin gen enpresyon kesyonfatra nan lari se yon fason poukèk nan otorite yo jistifye kòb kap fèt nan ti pwojè ak èd k apantre chak fwa nan peyi a. Si se tavre yo ta gen enterè ladann, èskesa ta vle di peyi p ap janm pwòp,malgre tout mouvman k ap fèt ?Nou pa rete kwè sa. Pandansetan,gen yon seri maladi ki kontinyeap fè mò nan anpil fanmi tankoumalarya, tibèkiloz, polyo,filaryoz, elatriye ki se konsekansfatra ak dlo sal toupatou. Poutanse yon seri maladi ki fin disparètsa gen lontan nan anpil peyi nankarayib la an patikilye.Yon lòt bò ta sanble pifò mounnan popilasyon an mare sosis akfatra, anba lavil menm yon bannaktivite se sou fatra yo fèt tankoukomès manje, pate, fritay,tonmtonm ak etalaj provizyontankou viv, legim ak tout sòtmachandiz. Gen yon tandans k apdevlope lontan nan peyi a ki fèkonnen “mikwòb pa touyeayisyen’’ malgre plis pase 50%moun ki mouri chak ane mouri akyon mikwòb nan san yo, e se sitoumikwòb yo trape sitou nanmovèz kondisyon ijyèn. Yon ti pilfatra jodi vin yon gwo pil demen,sa pa deranje pèsòn, ou ta di sesèl peyi sou latè ki fè fatra, afòsfatra simaye tout kote ou pase. Simalgre tout pawòl, sansibilizasyonak jefò k ap fèt pa janmgen yon amelyorasyon ; èske sata vle di fatra se politik ou non ?Èske tou chak moun nan popilasyonan pa konsène nansitiyasyon sa, pliske tout mounalawonnbadè koupab e nou toutgen renponsablite pa n pou noukontribye nan chanje vizaj peyi a.Èske se yon peche si yon gwoupmoun ta anpeche yon endividijete fatra nan katye lakay yooudimwens nan lari ? Nou pa retekwè se ta peche si chak moun depijodiya ta bay tèt li prensip poujete fatra nan poubèl ou byen koteki fèt pou sa, olye nan lari, kote ljwenn ; kòmanse sou sa ki pi pitia tankou yon sachè sirèt oubyenyon sachè bonbon. Nan sans sapèsòn pa ka rann okenn mounresponsab, paske nou tout koupabe nou tout genyen kontribisyonpa nou pou nou pote, epi konsademen peyi va vin bèl.Wadneri26@yahoo.frBlagMak antre sot lekòl , li kouri aljwenn manman l, li di: manman,se sèl mwen ki pa fè zewo lekòlla jodiya. Mèt la ap bay nòt toutmoun fè, li di : Jan zewo, Jozèfzewo, Kawöl zewo, ou menmtou Mak. Sa ou di manman ?Ou fèt pou kontan, nou ta dwefete sa.7 Bon Nouvèl Desanm 2008

DOSYETèks: Frans Pyèlwi / Foto : Koutwazi SEAPeyizan Sidès yo te plante, yo rekòlteAkonpaye ak plizyè manm nankad Sekreteri Deta Alfabetizasyonan, ak kèk otoritetankou senatè ak reprezantankoperasyon entènasyonal yo kite pote bourad lajan nanpwogram nan, tankouUNESCO, Koperasyon espayòl,Sekretè Deta a, Kawòl Jozèf tefè yon tounen nan Sidès peyi ajou ki te 12 ak 13 novanm 2008ki te mennen l nan Benè akKotdefè.Premye kote delegasyon an tekanpe se nan Benè, nan yonlokal ki te prepare pou yon bèlfèt. Majistra vil la te louvri fètla, te swete delegasyon an onèrespè, epi tout moun te chanteim nasyonal peyi a, lapriyè tefèt pou rele Lespri Sen andesann sou asistans lan e pou teremèsye grand achitèk linivè a.Pwogram jounen an te kòmanseak kòdonatè Sidès la mesyeGaston Pyè Lwi ki te esplikeistwa pwogram alfabetizasyonnan Sidès la, kòmansman an pa tfasil ditou, rezilta jodiya sepèseverans ak konviksyon nougenyen pou peyi a ki bay li. S akt apral genyen? Se te moun kiaprann li ak ekri yo ki t apralresevwa sètifika yo, ki pou atestevrèman yo konn li ak ekri. Nantoulede komin yo se te fèt, kèkontan kay jèn 14 zan rive sougranmoun 46 zan nan yon espaski pa t twò long rive li ak ekri. Desan swasant (260) moun ki pa tespere konn li ak ekri te resevwasètifika yo.Pri yon jounal pou ane 2009 : si ou vin pran l nan Bon Nouvèl,ou byen si ou achte l nan men yon revandè : 10 goudPri abònman pou 2009An Ayiti :1 abònman rive 50 (pou 1 ane ) 120 goud pou chak abònman51 pou rive 100 abònman : 100 goud pou chak abònman101 pou rive 250 : 80 goud pou chak abònman250 pou rive plis : 65 goud pou chak abònman1 Abònman pa lapòs : Pòtoprens : 250 goudAn pwovens : 300 goudPou peyi Etranje :Wi nou kapab! Se avèk esloganpwogram nan sètifika yo te remètbay nouvo alfabetize yo. SenatèMatiren ki youn nan moun ki tap ede Sekretè d Eta a remètsètifika sa yo esplike enpòtanskonn li ak ekri genyen nandevlopman yon peyi. Se temenm demach la pou Kotdefè.Wi, se vre nou kapab, nan yon tibout tan, 6 mwa, 260 moun riveli ak ekri nan komin Benè akKotdefè. Monitè yo te fè konnenyo pa t chita sèlman sou konn liak ekri, yo rive montre yo anpilbagay sou sosyete a ak kijan pouyo viv nan fanmi.Fèt la t ap kontinye akentèvansyon madam KamènWodrigèz(Carmen Rodríguez),reskonsab koperasyon espanyòl;reprezantan koperasyon espanyòlla te fè konnen, se akalfabetizasyon nou kapab rivechanje sitiyasyon popilasyon an.Sitiyasyon ekonomik pwojè a fòse nou monte pri jounal la yon ti krasdepi janvye 2009Ozetazini : 1 abònman : 30 $ USEwòp : 1 abònman : 40 $ US8 Bon Nouvèl Desanm 2008

Mesye dam nouvo alfabetize yo,te yaya kò yo nan pati kiltirèljounen an, mizik, ti pyès teyat tefè moun ri anpil.Sekretè Deta Alfabetizasyon an,mesye Kawòl Joz bò kote pa li tevoye yon gwo kout chaporemèsiman pou tout moun kikontribiye nan fason pa yo kipèmèt gwo jou sa a te reyalizenan listwa alfabetizasyon peyi dAyiti. Pwogram nan p ap kanpela, pral gen pòs alfa ki pral pi lwenpase konn li ak ekri, sa pralkonsènen espesyalman jèn yo, kipral debouche sou yon pwogramlekòl kominotè akselere. SekretèDeta a anonse pou jèn alfabetizeyo, li komanse antreprannkote gen 150 ki pral aprann metyetankou, mason, chapant, ebenistriak Medan yo ki pral nan santekonomi domestikpwogramalfabetizasyon an pral antre nanpwojè relans pwodiksyonnasyonal la, mesye Kawòl Jozèfanonse nan okazyon an. Nan sanssa a , gen demach ki cómansedeja bò kote ajans finansman yopou finanse pwojè sa a k ap fètsou tipasèl tè, k ap pote non jadenfamilyal, kote y ap pwodwi: chou,bètrav ak kawòt. Nan premyetan, y ap kapab vann sou machelocal la, nan yon lòt tan vann soumache nasyonal la akentènasyonal la.Dapre sekretè d Eta a, s ak pasenan Benè ak Kotdefè jounenjodiya se te yon chwa kalkile poul te konsantre èd lajan l ap jwennyo ki pa tèlman gwo nan de (2)komin depatman sidès la. Reziltajounen jodiya se rezilta ki soti tounan seryezite, kenbe pawòlsekreteri a, lè l di yon bagay li fèl. Li te di li p ap bay tablo, malgresa gen kote li bay.Se te yon gwo jou fèt pou nouvoalfabetize yo dapre sa yo fèkonnen epi yo deklare, ayè se tekwa, jodiya yo kapab siyen kòmsadwa. Wi nou kapab. Benè akKotdefè montre sa.Frans Pyèlwi Atache Pwès SEAMesaj Mouvman Imanis Ayisyen anNan Okazyon 2 zyèm jounen entènasyonal kont vyolans lan Frè imanis ak sè imanis mwen yo,Lapè, Fòs, ak jwa pou nou tout. Lapè,Fòs ak jwa pou tout frè ak sè ayisyennou yo. Onè respè pou nou tout. Anepase nou te gen okazyon selebrepremye jounen entènasyonal kontvyolans lan « 2 oktòb 2007». Ane sanou pran pi plis plezi toujou pou noukapab selebre dezyèm jounenentènasyonal sa a.Listwa fè nou konnen : depi lèzòm soulatè yo pa janm sispann viv nan chenmanje chen, yo pa janm sispann fè lagè,yo pa janm sispann esplwate akmaltrete frè parèy yo, yo pa janm boukepèsekite pwochen yo pou tout kaliterezon: relijyon, koulè po, diferans akdiferans kilti e mete sou sa, gason pajanm sispann maltrete fanm egranmoun pa sispann maltrete timoun,alòske nou tout gen menm dwa, kirezilta sa bay ?Nan dènye mil an ki sòt pase la a, lèzòmpa bouke eksplwate tout sa ki gen nanlanati san gade dèyè: Yo pa sispannkoupe pyebwa, yo fin detwi pifò espèszannimo ki genyen yo, yo pa neglije alfouye tout anba tè a ak tout anba lanmèpou yo jwenn tout kalite richès natirèlsan yo pa chèche konnen ki konsekanssa ap genyen sou tanperati a, sou santea ak sou avni pitit ak pitit nou yo k apvin dèyè a, ki rezilta sa bay ?Kòm lòm se yon espès ki pa ka viv si lipa nan yon sosyete e depi ou gen yonsosyete kote moun ap viv fòk genyen:prensip, disiplin e menm yon fòmgouvènman. Gen sistèm monachi,sistèm feyodal, sistèm repibliken, sistèmdemokrat, sistèm kominis, sistèmsosyalis, sistèm nasyonalis. E mete sousa, nou eseye tout fòm modèl sistèmekonomik tankou: sistèm esklavajis la,sistèm kapitalis, sistèm sosyalis/kominisla, sistèm neyoliberal la, elatriye.Ki rezilta sa bay ? Vin gen plisensekirite anndan sosyete nou yo, vingen plis lagè, mouvman teyoris yo appran plis jarèt, peyi ki pi rich yo ap vinpi rich e sa ki pi pòv yo ap vin pi pòv. Enou vin gen plis moun pòv, plis mounmalad, plis moun analfabèt, plis moundwoge plis vye granmoun ak timounabandone pou kont yo sou tè a, jounenjodiya. Si tout moun t ap di sistèmkominis la echwe akòz Larisi ki krazepakanpak, gwo miray Bèlen an ki sottonbe nan lane 1991, ebyen se toutmoun ki wè sistèm kapitalis neyoliberalla echwe tou akòz gwo pwoblèm toutgwo bank entènasyonal yo konfwontejodiya.9 Bon Nouvèl. Desanm 2008

KI MOUN OU YE?Mesye Gaston se yon moun kap viv ak maladi sida a nan sanl. Gaston te prefere ekri tèkssa a, tan pou l te reponnkesyon nou. Selon Gaston sa ldi nan tèks la, se tout sa k appase nan lespri l.Jounal bon nouvèl ap presante lektè yo, Gaston Senatis,yon gason djanm k ap viv ak maladi Sida a.Panse mye, pou viktim ak virisVIH/Sida yo ka viv mye.Se pa t san rezon ki fè lemondantye ankouraje tout jefò kidwe fèt pou rive senpatize aktout frè ak sè nou yo, fleyo VirisSida rive touche.Premye Desanm 2008. An nousispann fè monte desanmtoutbon vre a. Aji andann pouyoun ak lòt ka rive antann nou.Antann pa vle di: “pale ak gwoGagann Jouk pou rivekonprann ou pa rann”. Antannp ap rive fèt nan kanpe gade.Se nan ide kolabore limyè initeklere pou kouri dèyè fènwaKonsiltasyon medsin natirèl SOEKlinik GAPSI - SOE ki chita nan ri Lama, Channmas, ap fè nousonje li kontinye ofri konsiltasyon medsin natirèl.Eske ou konnnen lè ou sèvi kòmsadwa ak fèy epi ak sa ou apmanje nan bon kondisyon, sa kapab ede ou jwenn solisyon pouanpil maladi tankou doulè kè, vèmin ak move grès nan san ou?Eske ou ta vle sèvi ak bon jan fèy lasyans fin etidye epi rekòmandepou jwenn lasante?Eske ou ta renmen sèvi ak sa ou ap manje pou trete epi pou fèprevansyon pou anpil maladi ki konn atake ou?Lè sa a, vin jwenn nou nan Klinik Medsin Natirèl SOE ki chita nanKlinik GAPSI, 75 ri Lama, nan Channmas.Tèks ak foto : Wozilya Franswadivizyon ki gen andedandiskriminasyon k ap anpechegen yon bon alemye.Nou bouke ak pawòl chita tannAn n pran tan, an n kontinyemache sou chemen bonkonprann, ki pral rann nouaksepte mwen menm ak oumenm. nou se menm.Nou dwe rive nan yon sosyeteKote gen moun toutbon vre kap byen panse, pou yon bonalemye tout koteAnsanm, ansanm, OMS, OPS,tout òganis k ap pote kole poubay jarèt ak gwo jefò mondmedikal angaje l jouk rive metedeyò vaksen k ap gen pouelimine mikwòb ki bay kè sotenan mond la.Chak fwa nou rasanble pou noudeklare nou p ap lage batay nouangaje kont maladi VIH/Sidanan lemond antye. An Ayitizanmi la sante, USAID pa pèantre nan batay pou sove yonpakèt abandone.An n kontinye byen panse !Cenatus Gaston, yon viktimNou resevwa nan lè sa yo :Lendi, sòti 1è 30 rive 5è 30Madi, sòti 1è 30 rive 5è 30Pou plis enfòmasyon, ou ka rele nan nimewo sa yo:Ø 2-2238301Ø 2-5100643N ap tann tout moun!Jwaye NwèlBon Nouvèl Desanm 2008 11

PAJ FANATIKNwèl IniteNwèl inite se rasanblemanNan yon gran lakouKote pitit lwen, pitit preZannanna kou pengwenPik kou mawon ap djayinan yon chodyè bouyonrenmen, pataj ak padonNwèl inite se yon dansKi fenk kòmanse nan lakouSilibo tout moun ap danseSou menm pye, gason kou fanmTimoun kou granmounYon mizik ki mache nan sanKi dous kou myèl. Yon dansEspwa ak tètansanmNwèl inite se rasanblemanabitan ak gwo palto, zwazoWanga ak zwazo palmisChen ak chat sou yon sèl tab,yon tab ki chaje ak bweson,Wi! bon bweson ki bay lavi,ak konsyans pou chanjman lakayNwèl inite se dyalòg toutrelijyon pè. pastè, ouganak manbo sou lavi tinègpa bò isit lavi chè ak lamizè.Nwèl inite se yon ribanbèl ayisyenyon manifestasyon moun tout koulèNwè, jòn elatriye ki mete menansanm pou bat chalbare dèyèmalè divizyon nan lakou lakay.Nwèl inite se yon objektif tounèfPou yon lòt Ayiti an demil nèfViv inite!Viv AyitiJozèf Janmak Vasa (Joseph Jean-Marc Vassa)Oganizasyon Dinamik pou Inite Nasyonal(O.D.U.N)Jwaye Nwèl !Lekti Labib pou mwa Janvye 2009Dimanch 4 JanvyeFèt premye parèt Jezi1. Izayi 60, 1- 62. Efèz 3, 2 - 63. Matye 2, 1- 12Dimanch 11 JanvyeFèt batèm Jezi1. Izayi 42, 1- 4; 6 - 72. Liv travay Apot yo 10,34 - 383. Mak 1, 7- 11Dimanch 18 Janvye2º dimanch senp1.Liv Samyèl 3, 3 - 102. Korent 6, 13-203. Jan 1, 35 - 42Dimanch 25 Janvye3º dimanch senp1.Liv pwofèt Jonas 3,1- 102. Korent 7, 29 - 33. Mak 1, 14 - 20Flerèt Matye12 Bon Nouvèl Desanm 2008

ESPOKlèb Bannzay la, te òganize yongwo tounwa nan Kolèj Lamatinyènan okazyon jounen mondyal litkont Sida a. Jounen an tekòmanse ak gwoup I-15(U15)Banzay la. Bannzay te aliyen 10ekip ak jwè pa l menm.Chak ekipVolebòlte genyen anviwon 13 a 14 jwè.Jounen 6 ak 7 desanm sa a anpiljèn te reponn prezan nan bouyonboul sa. Tchilidèz nou yo te bayanpil cho dans kote piblik pa tsispann bat bravo pou yo. Gwouplasante se lavi a pa t sispannTèks Fwanswa Wozilya / foto : Jan Fanaspòkonsyantize jèn yo sou fleyo sa ak ap fè ravaj nan lemonn antye.Tounwa a te fini dimanch a senkènan apre midi kote ekip premyeak dezyèm nan te resevwa yongwo koup. Nou di jèn nou yokenbe pa lage, an n veye anwo, ann veye anba pou sida pa fè dekabèssou nou.Ekip “Plongaye” champion Kapitèn ekip la resevwa koup la Tchilidès Banzai-CJT yo an aksyonSa fè kèk lane depi ekip foutbòlayisyen an ap patisipe nan gòl kèp(Gold Cup) ki se yon chanpyonaki toujou fèt ak moun nan karayibla. Men se pou premye fwa jwènou yo ap patisipe sou nonChanpyona Nasyonal 2007 nan vil JakmèlOU GEN YON IJANSOU BEZWEN YON ANBILANS!!YON DOKTË !!TEL INFO*406 / 2-414-0606 / 2-514-0606OU BEZWEN ENFÒMASYON !!KI KOTE W AP JWENN PWODI SAOUBYEN SÇVIS SA AOU BEZWEN KOUNYEYA ?TEL INFO*406 / 2-414-0606 / 2-514-0606PLIS PASE YON ANYËFoutbòl.An avan Grenadye yo balon se pay!grenadye a. Yon non ki pa sanblepote twòp gwo chans pou ekip la.Sanble pwovèb ki di : «Gwo nontouye ti chen » an gen yon veriteladan l. Malgre gwo teknisyen kap debake sot lòtbò, malgreswadizan gwo antrenè foutbòlayisyen an kontinye ap fèbak.Nou fèk aprann Ayiti pakalifye pou demi final koupKarayib la, kifè grenadye yo papprale nan Golkèp la ankoPeyi Lòtbò dlo.Balondò (Ballon d’or)Ane sa a Balondò a te rive jwennWonaldo Kristyano (RonaldoCristiano). Balon dò sa a se te pououbyen Mesi ki se yon ajanten,oubyen pou Wonaldo ki se yonPòtigè.13 Bon Nouvèl Desanm 2008

CHANDEL LIMENREBAPawòl Bondye, yon pwojè pou laviLiv Revelasyon an (swit)Kounyeya nou rive nan dènye pati Liv Apokalips laosinon Liv Revelasyon an. Konsa n ap fini ak vizyonglobal sou Bib la. Pwochen atik nou yo se pral sou lòtsijè ki pi espesyal, kèk selebrasyon pou ede n reflechiplis sou lanati, sou misyon nou ...Nouvo kontra :Liv Revelasyon an, yo rele l tou Apokalips, montrelespwa yon pèp k ap batay.(Dezyèm pati)-Akèy ak lapriyè Lesprisen an1. Premye koze a :Se pou n sonje sa nou te di lè nou te prezante livApokalips la. Yo te ekri l bò lane 100 apre lanmò Jezi,lè kretyen yo t ap sibi pèsekisyon anba men lanperèwomen an, Domisyen.Liv Apokalips la osinon Liv Revelasyon an, se yon livkominote kretyen yo ki anba pèsekisyon an te konn liepi eksplike nan reyinyon yo. Nan liv sa a yo denonselanpi women an..Yo te ekri l nan yon langaj an daki,avèk anpil senbòl, pou sòlda women yo pa t konnensou kisa yo t ap pale. Yo pa t ekri liv Apokalips la poufè moun yo pè, men, pou ankouraje moun yo nansoufrans yo ak nan pèsekisyon yo t ap sibi.2. Bondye pale nan lavi nou:-Lè siklòn Gistav, Ana ak Ayk te pase sou peyi nou anli te devaste anpil kote. Anpil kay kraze, anpil jaden akbèt ale, anpil moun mouri. Gen moun ki t ap di: Selafendimonn nan ki rive. Gen lòt moun menm ki t apmande: “Jouski lè Granmèt la n ap sispann soufrikonsa”-Kisa nou menm nou te soufri nan okazyon siklòn sayo?-E nou menm ki la priyè nou te fë nan pye Bondye?Rezime: Lè nou nan yon gwo soufrans, nan yon gwotraka, nou leve devan Bondye sa ki frape nou. Nouplenyen devan li. Nou mande li padon. Nou mande lsitou: “Jous ki lè, Granmèt la, n ap soufri konsa?”(Apok.6,10)Se menm bagay sa a nou jwenn kretyen yo t ap diBondye nan premye pati liv Apokalips la.N ap li Apokalips 12,1-18:Kisa ki atire atansyon nou nan tèks sa a?An n fë yon ti reflechi sou kèk senbòl :Fi sa a plen ak siyifikasyon: li se Ev, ki manmanlimanite (Jenèz 3,15-20), li se pèp Izrayèl la tou (douzzetwal = douz Kòd Fanmi yo), li se nouvo Pèp Bondyea ki t ap tann Mesi a (Izayi 66,7), li se Mari manmanJezi epi manman disip li yo tou (Jan 19,25-27) epi lise Pèp Nouvo Alyans lan (douz zetwal = douz apot).Se limanite a Bondye mennen nan syèl la. Tout listwanou se pare nou pare tèt nou pou n rive bò kote Bondye,men se yon tan soufrans li ye, akòz Levanjil la. Fanmnan akouche yon ti gason, se Kris la menm.Dragon an reprezante mal la, lènmi Bondye a.Dragon an se lanpi women an anpremye. Dragon an seanvi pouvwa, anvi richès, anvi prestij. Dragon an seyon asasen (koulè wouj), li gen tout pouvwa sounasyon yo ki nan lemonn (sèt tèt ak sèt kouwòn), menfòs li gen limit (chif 10 yo) Li goumen kont PwojèBondye a, ki se pwojè lavi (zetwal nan syèl la). Li vledevore Pitit Fanm lan, Mesi a ki te vini pou detwi li.Pitit la se Jezi, ki te fèt pou gouvènen nasyon yo, pouli detwi pouvwa dragon an. Avèk lanmò ak rezireksyonli a li te kraze mal la. Kounyeya sitiyasyon pèp Bondyea se tankou pèp Izrayèl nan dezè a, yo te jwenn delivransanba lesklavaj nan Lejip men y ap viv nan dezè a jouslistwa a fini ( mil desan swasant (1260) jou) nan mitanpèsekisyon epi nan kominyon avèk Bondye.Gwo mesaj lespwa: Mal la p ap ranpòte laviktwa.Yo te derasinen mal la nèt. Michèl (Non Michèl lavle di “Kilès ki tankou Bondye”) mete Dragon andeyò. Bib la rele li sèpan, dyab, satan. Kretyen yo padwe rete konsa, ak de bra yo kwaze paske Jezi te krazemal la. Mal la ap kontinye travay nan lemonn, malgreli prèske mouri, l ap pèsekite moun yo ankò sou toutfòm. Poutèt sa kounyeya li pèsekite kretyen yo k apBon Nouvèl Desanm 2008 14

swiv Jezi. Men Bondye toujou pwoteje yo, jouslistwa fini (twa tan edmi= mil de san swasant(1260) jou). Tan sa a se tan pèsekisyon an. Se yontan ki gen limit. Pèp Bondye a pral reyisi kanmenm.N ap li apokalips 13,1-18:-Kisa ki atire atansyon nou nan tèks sa a?-Kisa moun yo konn di sou sa?Chapit 13 la prezante jan lanpi women an aji. Bèt la sepouvwa politik diktatè yo k ap peze moun yo. Nanepòk Jan an, pouvwa yo reprezante lavil Wòm, yo tebati vil yo bò lanmè Mediterane a. (7 tèt ak 10 kòn,li pral bay eksplikasyon nan Apokalips chapit 17).Bèt la sanble ak yon gwo chat tou jòn ak tach nwasou tout kò li. : yo te konn rele lame women an “Pantèyo”. Pouvwa Lanpi yo soti nan Dragon an paske yogen yon pwojè lanmò pou pèp yo. Joure Bondye sepran yon bagay oubyen yon moun tankou Bondye. Bètla se yon gran pisans (chat mawon, lyon : Danyèl 7,4-7). Lanpi Women an sanble li te fini avèk Newon, men,apre li eksplwatasyon vin pi rèd ankò (tèt ki blese epiki geri). Foul moun yo te sezi wè sa epi yo adore Bètla tankou si li se Bondye.Bèt la ap aji jous listwa fini (karant de (42) mwa).Lanpi a vle bay betiz yo di kont Bondye yo valè epi livle prezante yo tankou yon bon bagay ki soti nanBondye. Disip Jezi yo soufri pèsekisyon ak lanmòpaske yo pa asepte idolatri sa a. Pandan n ap viv sou tèa nou gen pou n goumen avèk sa ki mal la. Pou kretyenyo kenbe fèm nan mitan soufrans yo epi pèsevere nanlafwa, yo dwe rete nan Lespri Jezikri a, epi nankonfyans Bondye ap fè pwojè li a.Dezyèm bèt la, se pwopagann ideolojik, ki soutnipouvwa diktatè yo. Li bay manti; li prezante mal latankou byen an, pou mennen moun yo asepte yonsistèm politik k ap touye moun kòmsi li soti nanBondye. Tout fo pwofèt yo, tankou reklam televizyonyo ak pwopagann politik yo, yo pwomèt mirak akchanjman, men se pa laverite. Yo fè sa pou yo soutnipouvwa yo epi pou yo pran tèt pèp la.Pou moun yo kapab achte ak vann, tout moun dwepanse epi aji menm jan avèk premye Bèt la.Chif 666 la13,18- Jan idantifye premye Bèt la avèk anperè womenan nan epòk la. Chif 666 la, dapre valè nimerik nanlang ebre a, koresponn ak non Seza Newon. Yo kwèanperè Domisyen se Seza Newon ki te leve byen vivanavèk tout mechanste li yo. Men chif 666 la, li vle ditou, yon bagay ki pa bon twa fwa, paske chif 6 la li parive chif sèt la ki se bagay ki bon nèt. Konsa li montrefeblès pouvwa lanpi yo. Li pa gen kapasite pou l rivenan Wayòm Bondye a. L ap toujou rete nan fè lanmòblayi toupatou.N ap li apokalips 21,1-7-Ki mesaj nou jwenn nan pawòl sa yo?Jan prezante rapò tounèf ki genyen ant Bondye ak mounyo tankou nouvo Syèl ak nouvo Tè. Lanmè a pa ekzisteankò, paske moun lontan yo konsidere li tankou kaypouvwa mal yo. Nouvo Jerizalèm nan se lavil Bondyeap bati tankou yon kado (li soti nan syèl la) pou mounyo. Se pa moun ki bati li, se Bondye menm ki fè l. SeMadanm Mouton an, Nouvo Adan ki marye ak NouvoEv la. Konsa alyans Bondye a ak moun yo ap rive nèt.Se lavi toupatou; se laverite, diyite, jistis ak renmen kigouvènen toupatou. Moun yo ap viv ak kè kontan poutou tan gen tan. Mal la pa gen plas ni nan syèl tounèf lani sou tè tounèf la.21, 5-8: Kounyeya Bondye pwomèt tout bagay pralvin tounèf, paske li se Mèt listwa, kòmansman akfen lavi a. Premye a ap vin dènye. Li bay lavi poumoun ki anvi li. Moun ki rete fidèl l ap antre nanreyalite alyans lan; l ap tounen pitit nan Pitit la e l appatisipe nan lavi Jezi a. Gen yon envitasyon pounou : fòk nou toujou tounen vin jwenn Bondye.Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: Wi, m’apvin talè konsa!Amèn. Vini non, Seyè Jezi!Bon Nouvèl Desanm 2008 15

BLAG AK JWETJan FanaspòMwen se yon veterinèJan - Monpè padone mwen paske mwen peche!Pè - Ki peche ou fè pitit mwen?Jan - Mwen se yon doktè, men mwen kouche ak pasyan mwen yo.Pè - Pitit mwen, ou pa t dwe fè sa, mwen padone ou!Men se pa premye fwa mwen rankontre moun sa yo,mwen konfese anpil moun konsa deja!Jan - Wi, monpè, men mwen se yon veterinè.Pran agòch ale adwat1. Ki pa nan san li.2. Anndan - Tikal.3. Zafè lòt pa regade l - Katye jeneral kote militè antrene.4. Kat ki pemèt ou chwazi manje ki genyen nan restoran -Chèf ki dirije yon wayom - Ki sèvi pou moun ak zannimorespire.5. Fi yo mete l nan bouch - Senkyèm mwa nan ane a.6. Bèt ki gen plim, ki gen 2 pat ak 2 zèl - Pou yon bourikkanpe.7. Koulè ki sanble ak koulè lèt.18.Syans ki pale sou Bondye.9. Legim ki gen yon fòm epi li wouj2- Ou mete l nan men ou pou okipe malad10.Timoun chita sou li lekòl - Yon peyi an Afrik3Pran anwo desann anba41. Gason mete l anba chemiz yo.2. Kontan, Jwaye - Kondisyon, sitiyasyon.53. Gwo dlo ki fè lavalas lè lapli fin tonbe.64. Danre ki pouse nan jaden - Moun nan lang franse5. Makloukou - Non yon gason.76. Ki glise - Tiraj nan bòlèt7. Mizik ki gen valè patriyotik - Peryòd nan listwa. 88. Lajan - Siyati yon prezidan ki te pase 3 mwa sou9pouvwa a (17 janvye 1988)9. Ki gen anpil sèl - Ale.1010.Pale - Etap nan lavi papiyon.Solisyon mo kwaze mwa pase a123456789101 2 3 4 5 6 7 8 9 10F L A N B W A Y A NL B A K K EI M I G R A S Y O NB A T R I A DI R I K A N N E NS N E P M I IT O E K I P M A NY E O D E L IE S K A L A D E VF E L I S I T EMo Kwaze1 2 3 4 5 6 7 8 9 10Jan FanaspòBonBonNouvèlNouvèlJounalJounal103, Ri PaveB.P. 19252HT-6112Pòtoprens, AyitiTel: 223-9186 ak 510-4477bonnouvèl@yahoo.comISSN 1606-660XPwojè “Bon Nouvèl”Sipèvizyon: Pè Gi Vandekandelare- Pè Iv Andre Senfeliks- Pè Lik DevègleDirèksyon: Pè Jan OutRedaksyon: Wozilya Franswa.Dokimantasyon: Wozilya FranswaSekretarya ak Pwomosyon: Flerèt MatyeDistribisyon: Jan Deni Tanis - Wilga BelanjAdministrasyon: Wilga BelanjAntretyen: Yolèn Chal

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!