09.07.2015 Views

layout Me 2009

layout Me 2009

layout Me 2009

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Ti refleksyon sou AyitiEske eleksyon se veritab solisyon pwoblèm Ayiti ?Eleksyon nan peyi demokratik yo seyon moman desizyonèl kote yongwoup moun nan sosyete a meteansanm pou yo chwazi yon lidè poureprezante yo, epi fè pwogram nanbenefis kolektivite a.Eleksyon se yon konsèp nouvo nantradisyon politik an Ayiti. Tout mounkonnen ki kalite traka ki genyen nanzafè eleksyon nan peyi a. Si memwanou pa fè nou defo, nan prèske touteleksyon ki fèt nan peyi toujou gensan ki koule ak anpil pawòl vyolans.Lè nou konnen plizyè eleksyon kiòganize deja ki pa pote okennchanjman nan peyi a; revandikasyonmas pèp la pa janm satisfè, se menmkondisyon yo toupatou. Èske noukapab di eleksyon se veritab solisyonpwoblèm peyi a jan anpil moun retekwè l. Sepandan, nou kapab di toueleksyon paka pote okenn granchanjman nan sitiyasyon peyi a. Piskenou konnen se yon mwayen pouenplike popilasyon an nan chwa mounki pou reprezante l nan plizyè nivo ese yon fason tou pou yo deside nandesten politik peyi a. Pi gran pwoblèmki genyen sou kesyon sa sèke pèppa genyen fòmasyon sou zafèeleksyon, enpòtans li genyen nan avnipeyi a, ak ki jan moun chwazi lidè pouvote nan eleksyon pou nou rive konstriyon sosyete kote chak moun konnendwa ak devwa yo.<strong>Me</strong>n nou rete kwè, menm si eleksyonta fè regilyèman nan peyi a jan saprevwa nan konstitisyon an, sa papabpa pote okenn chanjman nan pilpwoblèm peyi a ap travèse e ki apogmante chak jou ki jou. Nan yonsans, nou pa opoze ak moun ki kwèeleksyon se yon faktè ou dimwensyon eleman enpòtan nan pwosesischanjman, men nou plis kwè sa genpou wè ak jak grenn moun k ap vivnan peyi a; ki li se ayisyen oubyenetanje.Istoryen y defini nasyon tankou yongwoup moun kap viv sou menmtèritwa, ki gen yon drapo pou anblèmepi yon objektif konnen oubyen yonenterè komen. Nou kwè pi gwopwoblèm peyi a se enterè komen anki pa egziste oubyen ki pa konsidere.Lè ou konnen sa ki nan tèt anpil mounnan peyi ki deklare tèt yo kandida,nou pa bezwen bay twòp detay paskeou menm tou si w ta kandida oukonnen kisa ki t ap entèrese w oumotive ou plis.Anpil moun konnen deja politik seyon mwayen pou nèg ka gen pouvwapou yo regle zafè yo, fè anpil lajan,epi chanje pozisyon sosyal yo, e tasanble se rezon sa ki fè pa janm kagen yon klas politik an Ayiti, paskechak moun se zafè pèsonèl yo y apregle.Nan yon sitiyasyon parèy èske mounk ap viv sou ti bout tè sa ka kontesou eleksyon, nan kèlke swa nivo a.Sitou lè nou wè pou yon sèl pòspresidan nan eleksypn pase yon noute gen plis pase 50 kandida. Epi sinou ta pran tan pou etidye dosye toutkandida yo, nou t ap rann nou kontgen yon bann ladan yo ki pa menmka reprezante pwòp tèt pa yo ale wèpou yon kolektivite ; sa ki pi tris sèkese yo ki toujou pase nan eleksyonyo pou enfliyans yo oubyen pou gwovwa yo genyen pou enpresyonemoun, epi ofon yo pa gen okennkonpetans.Anplis lè nou tande kantite kòb kidebloke pou zafè eleksyon ki prevwapou fèt, pandan kondisyon lavi mountoupatou nan peyi a trè kritik, mete akgwo menas ki genyen sou do peyisa. Eske eleksyon se pa yon mwayentou pou anrichi yon gwoup moun nanpouvwa a, piske se yon manmèl toutmoun bezwen souse pou yo ale.Grand kesyon n ap poze : èske peyia vrèman se eleksyon ki pou fèt chakfwa pou bay chak nèg fè yon kout pounou ka gen chanjman nan peyi a,oubyen bati yon plan pou devlopmandirab, fè bon jan envestisman nanenfrastrikti, edikasyon, sante, sekirite,agrikilti elatriye. Sa ta vle di eleksyonpa t ap yon pretèks pou jistifye gwosòm lajan k ap fè fon, pandanprensipal peyi a vizib nan je toutmoun, ki se pwoblèm anviwònman ese yon wont menm sou planentènasyonal.Se vre eleksyon se prèv demokrasi,men tou fòk gen bon jan kondisyonpou apeze misè mas la ki se grandmajorite ki bay pouvwa a.San dout se rezon sa yo ak yon bannlòt ankò malgre sou eleksyon soueleksyon yon ka nan pwoblèm Ayitipa janm touche, sa vini veritab pretèkspou jwe sou entèlijans popilasyon. Sapou rete kwè lidè politik ayisyen p apjanm regle anyen ki pi serye si pajwenn okenn egzijans ni presyon nanmen popilasyon an.Nou kwè chak grenn ayisyenkonsekan ta dwe pran tan pou reflechisou kesyon sa e pran responsabliteyo pou bay peyi a yon lòt imaj. Sa seresponsablite nou tout. Wadnè IzidòWadneri26@yahoo.frWadnè IzidòBon Nouvèl.<strong>Me</strong> <strong>2009</strong> 5

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!