09.07.2015 Views

layout Me 2009

layout Me 2009

layout Me 2009

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Ti refleksyon sou AyitiEske eleksyon se veritab solisyon pwoblèm Ayiti ?Eleksyon nan peyi demokratik yo seyon moman desizyonèl kote yongwoup moun nan sosyete a meteansanm pou yo chwazi yon lidè poureprezante yo, epi fè pwogram nanbenefis kolektivite a.Eleksyon se yon konsèp nouvo nantradisyon politik an Ayiti. Tout mounkonnen ki kalite traka ki genyen nanzafè eleksyon nan peyi a. Si memwanou pa fè nou defo, nan prèske touteleksyon ki fèt nan peyi toujou gensan ki koule ak anpil pawòl vyolans.Lè nou konnen plizyè eleksyon kiòganize deja ki pa pote okennchanjman nan peyi a; revandikasyonmas pèp la pa janm satisfè, se menmkondisyon yo toupatou. Èske noukapab di eleksyon se veritab solisyonpwoblèm peyi a jan anpil moun retekwè l. Sepandan, nou kapab di toueleksyon paka pote okenn granchanjman nan sitiyasyon peyi a. Piskenou konnen se yon mwayen pouenplike popilasyon an nan chwa mounki pou reprezante l nan plizyè nivo ese yon fason tou pou yo deside nandesten politik peyi a. Pi gran pwoblèmki genyen sou kesyon sa sèke pèppa genyen fòmasyon sou zafèeleksyon, enpòtans li genyen nan avnipeyi a, ak ki jan moun chwazi lidè pouvote nan eleksyon pou nou rive konstriyon sosyete kote chak moun konnendwa ak devwa yo.Men nou rete kwè, menm si eleksyonta fè regilyèman nan peyi a jan saprevwa nan konstitisyon an, sa papabpa pote okenn chanjman nan pilpwoblèm peyi a ap travèse e ki apogmante chak jou ki jou. Nan yonsans, nou pa opoze ak moun ki kwèeleksyon se yon faktè ou dimwensyon eleman enpòtan nan pwosesischanjman, men nou plis kwè sa genpou wè ak jak grenn moun k ap vivnan peyi a; ki li se ayisyen oubyenetanje.Istoryen y defini nasyon tankou yongwoup moun kap viv sou menmtèritwa, ki gen yon drapo pou anblèmepi yon objektif konnen oubyen yonenterè komen. Nou kwè pi gwopwoblèm peyi a se enterè komen anki pa egziste oubyen ki pa konsidere.Lè ou konnen sa ki nan tèt anpil mounnan peyi ki deklare tèt yo kandida,nou pa bezwen bay twòp detay paskeou menm tou si w ta kandida oukonnen kisa ki t ap entèrese w oumotive ou plis.Anpil moun konnen deja politik seyon mwayen pou nèg ka gen pouvwapou yo regle zafè yo, fè anpil lajan,epi chanje pozisyon sosyal yo, e tasanble se rezon sa ki fè pa janm kagen yon klas politik an Ayiti, paskechak moun se zafè pèsonèl yo y apregle.Nan yon sitiyasyon parèy èske mounk ap viv sou ti bout tè sa ka kontesou eleksyon, nan kèlke swa nivo a.Sitou lè nou wè pou yon sèl pòspresidan nan eleksypn pase yon noute gen plis pase 50 kandida. Epi sinou ta pran tan pou etidye dosye toutkandida yo, nou t ap rann nou kontgen yon bann ladan yo ki pa menmka reprezante pwòp tèt pa yo ale wèpou yon kolektivite ; sa ki pi tris sèkese yo ki toujou pase nan eleksyonyo pou enfliyans yo oubyen pou gwovwa yo genyen pou enpresyonemoun, epi ofon yo pa gen okennkonpetans.Anplis lè nou tande kantite kòb kidebloke pou zafè eleksyon ki prevwapou fèt, pandan kondisyon lavi mountoupatou nan peyi a trè kritik, mete akgwo menas ki genyen sou do peyisa. Eske eleksyon se pa yon mwayentou pou anrichi yon gwoup moun nanpouvwa a, piske se yon manmèl toutmoun bezwen souse pou yo ale.Grand kesyon n ap poze : èske peyia vrèman se eleksyon ki pou fèt chakfwa pou bay chak nèg fè yon kout pounou ka gen chanjman nan peyi a,oubyen bati yon plan pou devlopmandirab, fè bon jan envestisman nanenfrastrikti, edikasyon, sante, sekirite,agrikilti elatriye. Sa ta vle di eleksyonpa t ap yon pretèks pou jistifye gwosòm lajan k ap fè fon, pandanprensipal peyi a vizib nan je toutmoun, ki se pwoblèm anviwònman ese yon wont menm sou planentènasyonal.Se vre eleksyon se prèv demokrasi,men tou fòk gen bon jan kondisyonpou apeze misè mas la ki se grandmajorite ki bay pouvwa a.San dout se rezon sa yo ak yon bannlòt ankò malgre sou eleksyon soueleksyon yon ka nan pwoblèm Ayitipa janm touche, sa vini veritab pretèkspou jwe sou entèlijans popilasyon. Sapou rete kwè lidè politik ayisyen p apjanm regle anyen ki pi serye si pajwenn okenn egzijans ni presyon nanmen popilasyon an.Nou kwè chak grenn ayisyenkonsekan ta dwe pran tan pou reflechisou kesyon sa e pran responsabliteyo pou bay peyi a yon lòt imaj. Sa seresponsablite nou tout. Wadnè IzidòWadneri26@yahoo.frWadnè IzidòBon Nouvèl.Me 2009 5

DosyeGen anpil moun ki panse lafanmi nan peyi a an danjepaske moun yo plis viv poukont yo. Pou WobennsonnPyè (Robinson Pierre), yonfotograf kap ki gen twa pititak madanm li, « fanmi an Ayitipran yon lòt dimansyon.Pwolèm ekonomik, politik aksosyal yo chanje fason fanmite konn fonksyone lontan».Selon sa li di : «Nou wè respèki te egziste nan mitan fanmiyo ap disparèt. Nan toutkonstasyon mwen fè montrem gen anpil valè ki pèdi.».Pou li, lontan lè yon jènn fi apsoti, li oblije di manman l koteli prale, « men kounye a se pasa ki fèt ti moun nan konn pamenm di fanmi l kote yo prale.Pèson pa ka mande l kont ».Anpil rezon eksplike mankrespè sa, paran yo ki vini pipòv, se jèn kap rantre lajan nankay la ki gen tout pouvwa.Pafwa se li ki bay manje paranblije bouche je pou bwè dlosanti. Sa valab pou ti gason yotou, menm si genyen ki nanmove zafè yo pa denonse yo,yo kache fèy kouvri sa. Radsal lave an fanmi.Bò kote pal, Kalo Jesnè (CarloGesner), ki se yon bòs mason,panse fòk Leta ta di yon monan bagay sa yo pou ede fanmiyo paske depi paran pa genlajan li pa ka bay lòd pèsonpap tande l. Li delare : « mwente konnen yon mekanisyen kitap travay di fè ledikasyon twapitit fi li te genyen. Li te senbòlrespè. Li vin pèdi djòb li, yo papran l pou po patat. Kounye amouche a lage nan bwè tafyapaske li santi l pap viv ankò »,se sa li ajoute pi lwen. « Lètimoun nan byen grandi, li genprensip se leta ki benefisye.Gen lòt konsiderasyon n ta kafè tou. Gen yon evolisyon ki fètnan lespri moun. Anpil etranjeki soti nan peyi lòt bò dlo, lè yovin fè vakans yo pote lòt vale.Yo fè pwomosyon pou paran pabat timoun. Prensip ki depamanak sa kit e konn fèt nan sosyetea.Pou Gérald. D, yon lisensye nansosyoloji, eta fanmi an montreeta sosyete a. Li di konsa : «Gen anpil bagay kap fèt kounyea, nou pat konn wè yo nan tanlontan paske fanmi yo te fò, yote bay timoun yo prensip respèlòd ak diyite. Sa te pèmèt timounyo te gen yon modèl menkounye a pa gen sa paske toutbagay sa yo kraze ». Sa montre,daprè limenm yon mank gravki genyen nan sosyete a ki fèpeyi a vini sibi pwa pwoblèm kivini poze ladan l san moun pakachanje anyen nan sitiyasyongrav la.Fanmi pwovens yo frape«Gen yon seri bagay nou tekonn jwenn nan fanmi andeyòyo ki koumanse pèdi. Pa genrespè timoun pou granmoun,madanm pa respekte mariankò. Sa rive paske gen anpiltimoun ki oblije al nan vil yopou yo al rapouswiv etid yo.Pil valè sa yo pèdi paske sistèmlakou yo ki te enpòtankoumanse kraze ». Se pawòlyon chofè machin. Li tetwouve se yon bagay ki trisanpil, lè jèn yo pase yo pa salyegrandèt yo. Li fè sonje listwapal kote yon pèsonaj te fwete lpaske, li tap fè dezòd. Li prande baton paske manman l bat litou. Li ajoute pou li di « kounyea si ou ta ale kale yon ti mounandeyò kap fè sak pa sa, ougen chans pou jwenn tout rèsfanmi an leve kont ou paskebagay yo chanje ».Gen anpil bagay kap devlopenan pwovens kounye a ki patap posib lontan. Ti moun yograndi san prezans granmounyo, ki pase lajounen deyò pouale chache la manjay pou potelakay. Youn nan bagay ki pigrav se jèn fi yo ki ansent anvanlè. Nou vini genyen yon seritimoun ki poko menm pare pouyo viv men yo vini granmounanvan lè, yo pa menm konnenki jan pou yo leve timoun sayo tou ki vini grandi tankoupitimi san gadò. Yo sitire yoanpil, tout sa patisipe nan valèki fini kraze. Imaj ou te genyende pwovins yo chanje anpil, nanrapò moun ak moun.8 Bon Nouvèl Me 2008

Paj fanatikManman lasajèsOu se yon bèl nègèsKi gen anpil karèsNan fon kè ou plen grenn tristèsEndijès ki vle fè ou pèdi richèsMen ou se vrèman yon nègèsKi konn fè piwètPou ou peye dètOu konble ak finès.Manman la sajèsOu se yon vyeyèsKi san parès,Men ou kwense ak feblèsTout sa ou di se yès.Manman lasajèsOu pa yon milatrèsOu se yon bèl nègèsOu chame tout pitit ou ak tandrès.Manman dolorèsAnti move mèsFòtrès la jenèsOu se yon pyès metrès...Sitiyasyon ekonomik pwojè a fòse nou monte pri jounal la yon ti krasdepi janvye 2009Pri yon jounal pou ane 2009 : si ou vin pran l nan Bon Nouvèl,ou byen si ou achte l nan men yon revandè : 10 goudPri abònman pou 2009An Ayiti :1 abònman rive 50 (pou 1 ane ) 100 goud pou chak abònman51 pou rive 100 abònman : 90 goud pou chak abònman101 pou rive 250 : 80 goud pou chak abònman250 pou rive plis : 65 goud pou chak abònman1 Abònman pa lapòs : Pòtoprens : 250 goudAn pwovens : 300 goudPou peyi Etranje :Manman LasajèsYon limyè k ap klere tou patou, gen moun ki di se lapousyèLimyè sa a sanble yon zetwal filant.Se chak fen mwa d me, nan dènye dimanch lan.Lè ou wè yon sin parèy se yon fè enpòtan li vin anonse.Sa vle fè wè gen yon evènnman serye k ap pwodwinon lwen kote li parèt la.Silans, silans, mwen mande yon ti silans.Mwen tande yon vwa k ap klewonnenYon bann koze ann prete l espri n pou n chita tande l.Ozetazini : 1 abònman : 30 $ USEwòp : 1 abònman : 40 $ USManman, mwen pap fè ou pwomèsti flè sa a ou konn pou kiyèsSe yon premye jès.Manman bèl amouOu gen anpil gouAnba bèl moumou ouOu se sèl marabou,ki konn manniganse lanmou,Pou fè lavi mache kon chen fou.Ak pawòl nan bouch ouou ka fè tout moun dou,manman vrèman ou s on ragou.Menm si lanfè anmè kou fyèlOu pa bezwen fiyèl pou ou tire batwèlOu pi dous pase grenn siwèlOu gen mwèl e ou gen bon jan myèlOu pi bèl pase lakansyèlKi nan syèl.Manman makawonTankou manman santi bonManman richTankou manman san yon penichManman djanmTankou manman san nanmManman nwèTankou manman tout koulèMwen koube m tankou yon prètPou m di nou bòn fètRénald Dimanche31 me 2009. Fèt manman yo !Bon Nouvèl swete tout manman pititnan peyi dayiti“Bòn Fèt” !Bon Nouvèl. Me2009 9

Paj pou jèn yoMalgre jan espòa ap mache nanpeyi a, malgretout peripesi jwèap rankontre nikote volebòlbaskètbòl,foutbòl, tenis sa pa anpeche genayisyen k ap fè tout sa yo konnenpou wè kijan yo ta fè jèn yo fèkonesans ak lòt disiplin toujou.Petank (Pétanque) se yondisipline spòtif ki jwé sou toutteren tou sinpleman fok teren anse yon teren ki plat, fòm yonrektang ki mezire 15 mèt sou 4Li jwé an triplèt (3x3), andoublèt (2x2), epi an tèt a tèt(1x1). An triplèt chak jwè ap gen2 boul nan men yo, an doublètavèk an tèt a tèt chak jwè ap gen3 boul nan men yo. Pou match lakomanse yon tirag o sò ki fèt, saki genyen an pral lanse yon tiboul ki pi piti pase tout lòt boulyo ki rele BIT (BUT), epi lòtAprè de zan, kisa k fèt poumodènize foutbòl ayisyen an ?Yon moun pa kapab bliye tout bèlbagay seleksyon ayisyèn nan tereyalize sou rèy antrenè KibenLwis Amelyo Gasya (LuisAmelio Garcia) pandan tout lane2007 la. Nou te rive chanpyonsou Trinidad lakay Trinidad nanDijisèl Karibeyann Kèp, nou terive kale anpil ekip ki gen gwonon nan kesyon foutbòl tankouPanama nou te kale l 3-0, 24 masPetank yon nouvo espò antre nan peyi aekip la pral lanse gro boul pal la,jiskaske tou le 2 ekip yo fin lansetout boul yo, pou pa ret boul nanmen pèsòn, sa vle di 12 boul yoap atè. Plis ti boul piti a ki sepwen de repè a.Objektif jwèt pétanque la sepwoche pi prè de ti boul piti a (bitla). Konsa lè tout boul atè abit lapral konte pwen poul wè kilès kipi prè ti boul piti a. Boul ki pi prèa se li ki genyen jwèt la.Nelson Jean EdouardFoutbòl Ki preparasyon! Pouki seleksyon ?2007 nan lakou miyami (Miami),Kostarika nou te bat li lakay li,Honndiras (Honduras) elatriye .Fò n panse yon lòt jan.Ki bon jan travay dirijan yo fè pouseleksyon nasyonal la bayrannman pèp ayisyen ap tann nan?Ki bon lekòl foutbòl ki genyenanndan peyi a menm jan akLafrans, Lespay, Lajantin akBrezil pou bay jèn gason ak toutjèn fanm nou yo bon janAktivite pou 2009 la : yonenvitasyon pou peyi Almay pouseleksyon ki pi jèn yo ak timounki pi piti yo nòmalman ekip sayo dwe kite peyi a 2 jen 2009,pou yo al patisipe nan 3èm EntèKep Petank pou kategori Jinyò akEspwa (3eme Inter-CupPétanque). Ayiti gen tan manmfederasyon Entènasyonal Petankak jwèt Pwovensyal (FédérationInternational de Pétanque etJeu Provençal (FIPJP), pami96 peyi ki nan federasyonEntènasyonal la Ayiti klase nan36 èm pozisyon nan lis la.Wozilya Franswafòmasyon nan domèn sa a kireyini anpil moun ak anpil gwolajan ? Eske chak grenn ayisyenpa ta dwe pran konsyans epi pozetèt nou kesyon, kòman fè foutbòlayisyen an se sa l tounen pandanendistri foutbòl la ap vanse ?Antouka, si n pa degaje n panseyon lòt jan, pou pèmèt nou jwenntren foutbòl mondyal la, poukapab refè 1974, se nantelevizyon n ap chita gade toutgwo randevou foutbòl yo.10 Bon Nouvèl . Me 2009

Paj pou jèn yoLi lè, li tan pou n sispann palesèlman sou Mesi, Wonaldinyo,Wonaldo, Alvès elatriye men palepito sou Genmli, Petèson, Tiga,Bousiko elatriye. Li lè li tan toupou sektè prive a sispann envestinan koup kòmilfo kote nou wèanpil enstitisyon leta tankouONA, APN ap bay jarèt ak lide kiap detwi foutbòl nasyonal la, menpou sektè prive a fè bon janenvestisman nan konstwi bonestad ak bon lekòl foutbòl poufòmasyon jèn fanm ak gason,daprè sa anpil moun di.Rikado IlisAnpil moun, men pa ase kay pou popilasyon PòtoprensZòn Lali tou pre ri Woben, bòKolèj Kanado, bò simetyè, riMonseyè Giyou, ri Kapwa,Delma 37, se kèk kote mesyekoutye yo kanpe baz yo. Kantitekoutye yo chak jou ap ogmantemalgre kay yo jiskaprezan pakapab satisfè demand popilasyonan « Pou m kapab deplase pou mal montre yon kliyan yon kay, lisipoze ban m 300 goud, epi 5 pou100 nan lajan li peye mèt kay la,m gen 2 kay nan Delma 32 ki souresponsabilite m ki nan pri 80000goud, 90000 goud, kay ki gen 2chanm pou kouche epi yon salon,salamanje, yon twalèt, yonkwizin, yon pakin », yon koutyeDelma 37 te deklare. Yon koutyeki te nan menm baz la di « M genkay ki nan 4000 dola amerikenzòn Delma 41 pi ba otèl “LeChandelier”, men majorite mounki vini pa menm vle tande zafèkòb ameriken sila, m di li jan mètkay la ban m pri a. Kolej Kanado,se preske menm deklarasyonmalgre yo pa tou pre.Aliks t ap pale «Dat kay mwenbout depi 3 mwa m gen 5 mwa map chèche yon kay m pa kapabjwenn. Sa m jwenn yo chè epi tousa yo ki mezi lajan m nan pa genkondisyon lijyèn epi kòb mèt kayyo mande yo a twò chè pou etayo. Souvan m fè kòlè ak koutyeyo pou tèt kay yo ki pa gen okennestrikti. Kay ki koule, ki nan fènwa, ki pa gen dlo, kouran, twalètepi lòt”.Selon Jaklin, “mesye koutye yose sèl grannèg yo kapab bay kay,malere yo pa nan batay, m se yonmanman ki gen 3 pitit sou bra m,m ap peye 2 ti chanm kay ravinpentad pou 5000 goud m gen 2mwa m ap chèche m findekouraje, m pa konnen ki lè map rete nan yon bon kay. Pajwenn kay la gen rasin li nan zafèsantralizasyon prèske tout richèspeyi a nan Pòtoprens sa yo relerepiblik Potoprens la.Santralizasyon sila pra l fè li genyon popilasyon ki rive 2.041.400li 11 fwa pi gwo dezyèm vil peyia, Okap gen 186.250 moun reteladann li, selon rezilta resansman2003 Enstiti Ayisyen Estatistikak Enfòmatik (Institut HaïtienStatistique et Informatique /IHSI) te fè. Se lamizè k ap gayekò li nan milye riral yo ki kapabfé nou konprann ogmantasyonpopilasyon an nan Pòtoprens.Rejyon yo, kolektivite yo,seksyon kominal yo dwe prandesten yo nan men epi se yo kipou jere li, si se pa sa nou fenkkòmanse pale sou zafè pa jwennkay, te deklare yon sitwayen.Bon Nouvèl Me 2009 11Lano J

Paj pou jèn yoYon memwa sou 15 nan mereng Boukman EksperyansPou kòmansman ane 2009 la, aprèNèlson Matino, Kendson’n Danjouse etidyan ki vin ogmante lis (6)memwa lisans sou kreyòl ki te soutniyon sèl kou nan Fakilte LengwistikAplike nan okazyon selebrasyonkenzèn kreyolofoni 2008 la.«Analyse sémiotique etpragmatique des textes dechansons de carnaval deBoukmann Eksperyans de 1990 à2007 » se tit yon memwa lisans etidyanKendson’n DANJOU soutni jedi 19mas 2009 la nan Fakilte LengwistikAplike, Inivèsite Leta d’Ayiti soudireksyon Pwofesè Reno GOVEN aksipò teknik e finansye Fondasyon JeraPyè Chal.Se nan yon sal chaje ak etidyan e kèkpwofesè epi jiri soutnans lan, ki genyenladan l Pwofesè Pyè VENE, DwayenFakilte lengwistik Aplike, PwofesèWesnè MERAN, Vis Dwayen Zafèakademik ak pwofesè Reno GOVEN,Etidyan an ekspoze travay rechèch laepi reponn divès kesyon manm jiri yoak kèk etidyan nan piblik la.Memwa sa a te soutni an prezansThéodore Beaubrun Jr (Lòlò) ki sechantè prensipal Boukmanneksperyans epi yon reprezantanFondasyon Jera Pyè Chal. Se yontravay rechèch syantifik ki chita soutèks yo kòm estrikti. Memwa lisanssa a pa touche aspè pwozodi ak kèkkarakteristik chanson kòm jan literè.Kendsonn’n DANJOU te itilize de (2)tip analiz pou li reyalize travay sa a.Yon analiz semyotizant ki pèmèt lietidye deyiktik aktansyèl (pwonon),espasyal ak tanporèl. Deyiktik sa yose yon seri mo osinon ekspresyon ki12 Bon Nouvèl Me 2009endike enonsyatè a, espas ak tanandedan tèks yo. Selon enpetran an,yon etid sou deyiktik aktansyèl yokapab montre aklè nivo enplikasyonBoukmann Eksperyans kòm otè /enonsyatè nan tèks li ekri yo.Kenz (15) nan mereng BoukmannEksperyans (sòti nan ane 1990 pourive 2007) sa yo konsidere kòmdiskou piske yo genyen rapò ak yonsitiyasyon kominikasyon byenespesifik. Deyiktik aktansyèl yo, yomenm, pèmèt ou wè moun k’ap paleandedan tèks yo. Parekzanp, nan yonmereng otè a di: « …se chante, m’apchante, nèg yo atake mwen... Yovoye m mete lòd, nèg yo vle touyemwen … » (Gran bwa, 1991). Etiddeyiktik aktansyèl sa a (mwen) montrenou otè a (Boukmann Eksperyans)konsidere tèt li, si nou kwè M.DANJOU, kòm yon moun yon lespriki genyen anpil pouvwa voye vin metelòd. Nan ka sa a otè a (BoukmannEksperyans) ta vle fè tèt li pase pouyon chèf. Pou espas la menm, lirasanble yon ansanm mikwo-espas kifòme yon makwo-espas ki se Ayiti.Se sa nou ta kapab rele espas diskisifla. Se ka pou « Depi bwa kayiman,n’ap chèche libète… (Pawòl tafya,1998).Dezyèm tip analiz ki pèmèt memwalisans lan reyalize se analiz pragmatikla. Nan nivo pragmatik Kendson’nDANJOU etidye depandans sans tèksyo parapò ak kontèks ki chita souenplisit, presipoze epi twop (ki se yonmo oubyen ekspresyon ki pran yonvalè semantik nan yon kontèks e nanyon kilti byen detemine). Travay analizla pèmèt enpetran an debouche soutwa gwo ipewonim (tèm jenerik) lè lirasanble tout 15 mereng yo : revòl /Revolisyon, denonsyasyon akPwomosyon pou linite. « Yo banmwen chay la pote, m’ pa ka pote l… » (Kè m pa sote, 1990), « Ki meledada m, ban m bweson mwen.Pawòl tafya ! » (Pawòl tafya, 1998) :Se kèk nan tèks ki eksprimedominasyon. Men analiz la montregenyen tèks tou ki fè pwomosyon poulinite : « Bòn pou n mete… anpilkanal pou n’ trase… » (Giyon dyòlbòkyè, 1999), « Nou se uimilyonbouch, dekilakyèl yon ti bouch …»(tèt kolokolo, 2001), «… Zansèt nouyo te goumen pou nou pat janmrestav moun, nou te bat lameNapoleyon… » (K+K= 2 K, 2003).Etidyan Kendsonn DANJOU te travaytou sou aspè lengwistik tèks yo nanmemwa li a. Etidyan pwomosyonNirvah Jean Jacques la (2003-2007)eseye montre estrateji lengwistikBoukmann Eksperyans itilize poukonpoze tèks yo. Pami estrateji sa yonou jwenn Inite Leksikal Nouvèl(ILN), reyaktivasyon sans, elatriye.Kidonk, estrateji sa yo se itilizasyonnouvo mo osinon mo ki vin pran lòtsans lè li rankontre ak yon lòt. Noujwenn:Dechimerize(Prefiks+Rasin+sifiks) ; Manje ranje(N+V) ; Rache pwèl (V+N). Si nouta eseye chèche sans « rache pwèl »nou pa ta kapab di la a se « aksyonrache ». Se ta pito vye machin k’ap fètrafik nan platosantral, Ayiti. Antoukapou yon ekspresyon konsa, kontèkstèks la fè nou wè se pito yon bagay kifèt nan magouy. (Eleksyon rachepwèl nan pwostitisyon…), (Giyondyòl bòkyè, 1999).

Paj jèn yoNan travay syantifik sa a sou 15mereng Boukmann Eksperyans yo,enpetran an montre tou kijandistribisyon lengwistik la (kreyòl,fransè, anglè) fonksyone nan tèks yo.Selon M. DANJOU, kanmèm genyenaltènans kodik (Mo yo pran nan yonlang epi itilize li nan estrikti yon lòtlang). Tout tèks yo se an kreyòl yoye. Men genyen kèk grenn mo fransèak anglè nou jwenn tou. Se ka pou :Votez-moi, Donnez-moi s’il vousplait le pouvoir, vous aurez élecélectricité48h / 24h. Genyen tou :feeling, watch out, freedomfighters, kidnapping… AnalizKendson’n DANJOU a ta fè wè sepolitisyen ki ta plis itilize fransè pouta twonpe pèp la nan peryòdeleksyon. Alòske, anglè a ta sèvi pitopou mete plis rit nan tèks yo.Kendson’n DANJOU panseBoukman Eksperyans t’ap ratemisyon li si li pa te itilize kreyòl la kise lang tout ayisyen pale. Paskegwoup rasin nan sèvi ak mo oubyenekspresyon ki nan reyalite ayisyen yo.Epi se lang matènèl ak ofisyèl pèpayisyen an. Enpetran an pwopoze,pou li fini, pou tèks BoukmannEksperyans yo ta itilize nan ansèymanliterati nan sistèm edikatif ayisyen an.Mereng yo kapab sèvi dokimanotantik (ki pa te ekri pou fè kou) pouanseye plizyè aspè nan lang kreyòl lapandan aprenan yo ap rete ankontakak reyalite yo. Etidyan Kendson’nDANJOU pwopoze tou pou yo takreye yon achiv pou konsève tip tèkssa yo ki, selon li, genyen anpil richès.Nan fen soutnans lan, Pwofesè Pyèvènè, Dwayen Fakilte lengwistikAplike a, ki te prezidan manm jiri a,te declare etidyan Kendson’nDANJOU lisansye nan LengwistikAplike ak mansyon byen (80/100).Antouka, diplòm lisans, rete youn nandiplòm nan inivèsite a, awogans pakapab bay. Se sèlman nan fè bon janrechèch yon etidyan kapabdekwoche li.Batoli Pyè LwiLisansye nan LengwistikOrevwa Dayàn(Guirlène Exerné) men toutmoun konnen l sou non Dayàn,nou te wè nan yon ti kat ki nanmen chak grenn moun jou ki te9 avril 2009 la nan legliz Senpyènan Petyonvil. Moun sa yo tevin di Dayàn yon dènyeorevwa.Jounal Bon Nouvèl koube lbyen ba devan jèn madanm saa ki pati byen Bonè. Se pounanm li repoze anpè“Letènèl bay,Letènèl pranse pou non li beni”Se fraz sa a ak foto MadanmPitèli Bazlè (Petterly Bazelais)ki rele tou Gilèn EksènDayàn fèt premye Out 1980 limouri 3 avril ak yon gwomaltèt. Li mouri kite yon pititgason ki genyen sèlman 5 mwa.Li te jwenn non Dayàn nanpremye feyton kote li jwe yonwòl nan twoup pè Toma.Feyton an te pote non an. Seyon feyton ki toujou ap pasenan nan televizyon Nasyonal.Bon Nouvèl Me 2009 13

Chandèl limenPawòl Bondye, yon pwojè pou laviDlo se sous laviZanmi Lekti kominotè Bib yo REBA salye noutout, e l ap envite nou kontinye reflechi ak li souTèm: Pwoteje anviwònman se pwoteje Lavi.Nou rive nan senkyèm selebrasyon an. Tèm pounou jounen sa a se : Dlo se sous Lavi.Anvan elebrasyon an : Moun ki pareselebrasyon an dwe pare tout bagay sou yontapi atè. Nan mitan an gen yon veso ak dlo.Tout alantou l gen ti plant ki gen flè.1. Akèy :-Animasyon. Moun ki pare selebrasyon an, diyon mo byenvini.-Yo fè lapriyè Lesprisen an pou li ede nkonprann Pawòl Bondye a pi byen epi pou liede nou pran angajman nou nan pwotejeanviwònman an.-Li fè moun yo sonje sou kisa nou te pale jouanvan yo. Ki senbòl nou te genyen.-Li fè moun yo repete gran tèm nan :-Lawouze fè banda toutotan solèy pa leve.-Mefye dlo k ap dòmi-Pwason te fè dlo konfyans men se dlo ki kwitli.Tire kont : TIM TIM bwa chèch:-Mwen nan mitan dlo, m pa mouye.3. Bondye pale nan bib laLekti levanjil : Jan 4,1-16-Ki moun ki parèt nan tèks sa a ?-Kisa yo di ? Kisa yo fè ?-Kisa Fanm Samaritèn nan t ap chèche nan pia? Poukisa ?-Kisa Jezi di sou dlo a ?-Kisa ki atire atansyon nou nan lekti sa a ?“Pwoteje anviwònman an se pwoteje Lavi”2. Bondye pale nan lavi nou :a. Senbòl: yon veso ak dlo ladan l ki antoure akplant.Kesyon :-Ki wòl dlo jwe nan lavi nou?-Ki esperyans nou fè ak dlo ?-Kilè nou pa ka jwenn dlo ? Poukisa ?-Ki wòl dlo a jwe nan anviwònman an ?b.Pwovèb : Ki pwovèb nou konnen sou dlo ?-Lè ou gen bèl sous ou pa koupe pyebwa nantèt li.4. An n kalkile sou pawòl la-Pi yo nan Bib la yo marye ak istwa danmou :Jakòb, Moyiz... elatriye. Kounyeya Jezi pale akfi samaritèn nan e li envite fanm sa a pou liantre nan kontra renmen avèk Bondye jan Jezite prezante l.Jezi pati ak sa fi a bezwen, men li fè sa apatipwòp bezwen pa l : ban m yon ti gout dlo,tanpri…14 Bon Nouvèl Me 2009

Chandèl limenPou nou antre pi fon nan pawòl Bondye a :Fi a bezwen dlo paske dlo se sous lavi. Libezwen dlo pou l bwè, pou l fè manje, pou lbenyen, pou l fè lesiv...Nou bezwen lapli pou wouze jaden nou yo. Lèlapli pa tonbe nou wè lavi a fini...Nou konn di gen moun ki mare lapli... sa se yonbagay ki pa setèn. Ki moun ki pi fò paseBondye?Kilè nou mare lapli toutbon vre ?Chak fwa nou koupe pyebwa yo se lapli noumare. Nou fè peyi nou an vin tounen yon dezè.Kounyeya gen anpil lòt katastwòf ki ka tonbesou nou...5. An n lapriyè sou pawòl laLapriyè kominotèNou kanpe alantou veso ki gen dlo a. Nou metemen nou ansanm youn sou lòt sou veso ki gendlo a. pandan n ap di ansanm: Papa nou kinan syèl la.Animatè, Animatris :Papa Bondye ou kreye linivè ak tout sa ki pouitil nou ladan lOu ban nou yon paradi avèk lòd pou nou byenpwoteje lChak fwa nou pa obeyi ou, nou pa swiv woutou trase pou nou yonou detwi lanati e nou detwi lavi.Chak fwa n chwazi fènwa nou anpecheWayòm ou a rive.Tanpri Papa Bondye fè nou chanje konpòtmannou pou nou kòmanse pou n fè lavi fleri nanpeyi nou an.Yon chan mèsi osinon lapèPou fini nou fè sonje tèm nan “Dlo se sous lavi”,pwochen tèm nan n ap kalkile l sou pyebwa yo.Nou envite nou pote ti pyebwa yo pou nou planteyo ansanm oubyen pote grenn pou nou plantenan sachè oubyen pou n separe bay lòt yo.Lekti Labib pou mwa Jen 2009Dimanch 7 JenFèt Papa ak Pitit laak Lesprisen an1.Detewonòm,4, 32-402. Wòm 8, 14- 173. Matye 28, 16-20Dimanch 14 JenFèt kò ak san Jezi(fèt Dye)1. Egzòd 24, 3 -82. Ebwe 9,11 -153. Mak 14, 12- 16;22-26Vandredi 19 JenFèt Sakrekè1. 1 Izayi 12,2, 4- 62. Efezyen 3, 8-12,14-193. Jan19, 31 - 37Dimanch 21 Jen12º dimanch tan òdinè1- Jòb 38, 1- 112- 2 Korentyen 5,14- 173- Mak 14, 35-41Dimanch 28 Jen13º dimanch tan òdinè1- Liv Lasajès 1, 13 -15, ak 2, 23-242- 2 Korentyen 8, 7-9;13-153- Mak 5, 21 - 43Flerèt MatyeBon Nouvèl Me 2009 15

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!