layout Novanm 2009 - Bon Nouvèl 1967 â 2010
layout Novanm 2009 - Bon Nouvèl 1967 â 2010
layout Novanm 2009 - Bon Nouvèl 1967 â 2010
You also want an ePaper? Increase the reach of your titles
YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.
Bon Nouvèl

Jounal pou moun ki renmen lang manman yo

42º ane * nº 466 * Novanm 2009 Pri jounal la : 10 goud

Loreya prinobèl lapè 2009 : Barak Obama

-“Sè nou lanmò”(Sen Franswa Dasiz) (paj 1)

- Selebrasyon 203èm anivèsè lamò Anperè Janjak Desalin (Paj 3-4)

- transpò an Ayiti: Yon veritab tèt chaje (paj 5)

- televizyon, yon zouti kominikasyon (paj 12)

Baton ki nan men ou se ak li ou pare kou

42 lane nan batay pou lang pèp ayisyen an
Avangou

FANATIK B ON NOUVEL YO

BONJOU !

Mwen vle louvri paj jounal mwa sa a avèk pawòl sen FRANSWA Dasiz, lè li te di :

“Sè nou, lanmò”. Nan lang franse men kijan li te di l : ‘’Notre sœur la mort.’’

JAK WOUMEN (Jacques Roumain), yon ayisyen, te ekri yon woman ki te premye soti an franse sou non

Gouverneurs de la Rosée, e ki tradwi nan plis pase kenz (15) lang. Li tradwi an kreyòl ayisyen : MET

LAWOUZE. Men kouman liv la koumanse:

‘’ Li di : nou tout pral mouri, epi li foure men l nan pousyè a. Grann nan, granmoun nan, madanm

Delira Delivrans di : Nou sou wout pou nou mouri : bèt yo, plant, kretyen vivan yo. O Jezi Mari

Lasent Vyèj !’’[…] Delira chita ap repete : Nou tout pral mouri, pandan l ap plede rele Bondye san

rete.

Vrèman genyen sitiyasyon nan lavi nou, kòm moun, ki difisil anpil pou nou konprann yo, e menm pou nou

aksepte yo. Youn nan yo, se lanmò. Anpil moun ap poze tèt yo kesyon sa a : kisa ki genyen aprè lanmò ?

Nan koutim anpil pèp, nan mwa novanm, anpil moun sonje yon fason espesyal fanmiy yo ki mouri deja.

Gen anpil sèvis ak seremoni k ap fèt nan mwa sa a pou moun ki mouri yo deja. Nou dwe rekonèt sa:

malgre tout kalite seremoni sa yo ak sèvis nou fè pou moun ki mouri yo, janmen nou p ap janm fin abitye

avèk lanmò. Sa k fè sa menm ? Nou pa menm konnen si yon jou nou va jwenn repons pou kalite kesyon

sa yo.

Pandan nou ap sonje fanmi nou yo ki gentan pran devan, nou dwe retire chapo nou devan tout moun k ap

goumen pou lavi ka toujou genyen laviktwa sou lanmò. Nan peyi nou, Ayiti, mwa oktòb ki sot pase la a, te

genyen anpil moun ki soti nan lòt peyi, ki te vini wè kouman avèk nou menm ki nan peyi a, pou ta genyen

plis travay. Plis travay nan yon peyi, plis lavi moun ap vin pi miyò, mwens moun kapab mouri poutèt

lamizè oubyen grangou. Se te yon kè kontan nan anpil kote nan lemondantye lè yo sot aprann nouvèl kote

Prezidan Ameriken an, Barak Obama, pral resevwa pri nobèl lapè pou lane 2009. Se yon vrè onè! Jan

Nèlson Manndela di l aklè se yon envitasyon pou Loreya ane sa a kontinye fè pwomosyon pou lapè

pandan l ap kontinye konbat lamizè.

Nou pa gen dwa aksepte, ni nou pa gen dwa dakò ak moun sa yo k ap simaye lanmò. Pa gen pyès kote

yon moun te ka achte lavi, se yon kado nou jwenn nan men Sila ki kreye nou. Nou tout ki kwè nan Jezikri,

Bondye leve byen vivan soti pami moun mouri yo, nou kapab di avèk Apot Pòl: ‘’ Lanmò: Kote lavikta

ou… ?’’ Wi, lavi dwe genyen lavikwa sou lanmò. Jezi li menm, li di l byen klè : ‘’Mwen se larezireksyon,

mwen se lavi ; moun ki kwè nan mwen, menm si li mouri, l ap viv pou toutan’’. Sa a se lafwa nou!

Pè Jan Pyè Nzemba Wayi, CICM, Dirèk 5

2 Bon Nouvèl • Novanm 2009
Koze mande chèz

Selebrasyon lanmò Desalin nan premye kapital peyi a

Machan Desalin, premye kapital

peyi a, se te teyat anpil pawòl

piman bouk samdi 17 oktòb 2009

la, nan lokazyon 203èm anivèsè

lanmò anperè Janjak Desalin.

Nan seremoni sikonstans la, pè

ki t ap selebre lamès la, Mak Edi

Desalin, fè yon radyografi sosyete

a. Dapre sa l di : Se avèk anpil kè

sere l ap gade kouman dirijan yo

pase anba pye ideyal papa

Desalin te kite pou pèp ayisyen:

« jistis sosyal, menm pye egalite

pou tout moun, fyètè ak diyite ».

« Jodiya, tout richès peyi a

kache anba men yon ti gwoup

moun. Nou travay men se pa

nou ki rekòlte. Pi gwo mal k ap

depafini ak sosyete a jodiya se

imoralite. Lajan pe bouch yon

pakèt moun ki te konn milite pou

dwa moun ki pòv yo… », kire a

voye zotobre yo al fè yon

8 OKTÒB 2009: Peyi Etazini

envesti san venn sis (126)

milyon dola nan agrikilti ak

anviwònman. Ajans Amerikèn

pou devlopman Entènasyonal

pou Ayiti (USAID) te òganize

yon gwo seremoni an prezans

prezidan Preval nan otèl Karibe

Konvensyon Sentè (Carive

Convention Center) pou lanse

pwojè sa a ki gen pou tit:

Inisyativ Basen vensan pou

resous natirèl ak anviwònman

(Initiative Bassins Versants Pour

egzamen konsyans, pandan l

envite yo mete plis lòd nan jere

byen peyi a. Seremoni relijye a

te chante nan legliz Sent Klè

Machan Desalin ki pral gen 150

lane.

Tankou yon repons ak pawòl

Prezidan Preval te di nan premye

manda l 1996-2001, naje pou n

soti, pè Mak Edi Desalin pale

konsa : « pèmèt mwen di n sa,

nou naje pou n soti, men gen

anpil gwo reken ki bare wout

nou. Yo blese nou, san nou ap

les Ressources Naturelles et

Environnementales) (WINNER).

Yon pwojè ki dwe dire 5 lane

epi ki dispoze san venn sis (126)

milyon dola. Objektif pwojè sa

a, se ogmante pwodiksyon

agrikòl la ak rann anviwònman

an ak ekonomi peyi a pi solid.

Nan okazyon an anbasadè

Kenèt Mètenn (Kenneth

Merten) te deklare : “Nou dwe e

nou kapab ankouraje pwojè pou

ogmante ekonomi ak pwoteje

anviwònman peyi d Ayiti”.

koule sou dlo a. Degras, an n

resezi nou nan enterè tout moun».

Nan lokazyon sa, anplis chèf Leta,

Rene Preval, Premye minis Michèl

Divivye Pyèlwi, ak kèk manb nan

kabinè ministeryèl la, prezidan

Asanble nasyonal la Keli C.

Basyen, premye

senatè Latibonit la,

Youri Latòti, depite

sikonskripsyon

Desalin nan, Jan

Preswa Dò (Jean

Pressoir Dor),

majistra prensipal

komin nan Klod

Emil elatriye, te fè

deplasman nan lokazyon an.

Prezidan Preval pale ak

Desalin

Apre pawòl pè Desalin yo, chèf

leta peyi a te deside al pale ak

Anperè Jak Premye tankou yon

pitit k ap mande padon pou tout

9 OKTÒB 2009: Onz (11) sòlda

Minista mouri nan yon aksidan

avyon zòn Grantye toupre fontyè

Sendomeng. Premye minis

ayisyen an, Michèl Pyè

Lwi(Michèle Pierre-Louis) voye

kondoleyans li bay Minista.

Madam Pyèlwi te tou pwofite

mande Luis Da Costa pou

transmèt senpati li bay fanmi

viktim yo epi mande yon ankèt

prese prese sou lanmò onz mesye

sa yo. Onz sòlda sa yo se moun

Irigwe ak Jòdani.

Bon Nouvèl • Novanm 2009 3
Koze mande chèz

yon peyi, pou plizyè jenerasyon.

Anfas estati anperè a, devan yon

foul moun, chèf leta te adrese l

ak papa nasyon an konsa:

«anperè gen anpil sòlda

etranje sou tè ou te mouri kite

pou nou an ak yon sèl lame a.

Kisa y ap fè pa bò isit la?

Prezans yo se konsekans tout

dezòd ak enstabilite nou kreye

nan bay koudeta. Koudeta a

koumanse lè yo asasinen ou sou

pon wouj 17 oktòb 1806».

Yon lòt kote, lokatè palè

Nasyonal la moutre li pa dakò

ak moun k ap mande pou

minista ta ale kounyeya. « Sa

se pawòl moun ki pa reskonsab.

Minista pa yon fòs lokipasyon,

men se ede vi n ede nou mete

lòd lakay nou ». Prezidan an

deklare se ansyen fòs lame ki

te konn bay koudeta toutan ki

reskonsab enstabilite nan peyi

a. Se sa ki fè nou gen lòt fòs

nan peyi a. Pawòl sa yo ta dwe

leve plim sou do Senatè Youri

Latòti k ap klewonnen toutan

11 OKTÒB 2009: Yon moun mouri

3 lòt blese se bilan yon aksidan

ki fèt nan yon lokalite ki rele

Kafou Jout nan Pòsali (sid).

Ensidan sa a rive apre yon

machin minista te monte sou yon

moto ki te gen yon jèn gason 30

lane sou li. Jèn gason sa a ki se

chofè taksi moto a ki rele Adras

Beloni(Adras Beloni) te mouri

nan aksidan epi twa sòlda

Minista yo te blese. Selon youn

nan majistra adjwen Pòsali yo

fò nou remobilize fòs lame d

Ayiti a.

Nan fen diskou li te pwononse

sou plas dam Marchan Desalin,

Rene Preval envite tout moun

ki ta renmen Minista ale pou yo

travay men nan men avèk

gouvènman an pou nou pa

janm gen sòlda etranje sou bout

tè Desalin te mouri kite pou nou

an ankò.

Eli lokal yo voye flè pou

Preval

Aprè l fin fè sonje gwo viktwa

Desalin te ranpòte nan komin

mesye Jan Ive Iran (Jean Ive

Iran) sòlda minista yo te soti pran

plezi yo nan plaj epi yo te sou

paske yo jwenn kèk boutèy nan

machin yo t ap kondwi yo.

20 OKTÒB 2009: Nan yon nòt pou

laprès, Komisyon Jistis ak Lapè

te prezante 32èm rapò li sou zak

vyolans ki fèt sou moun pandan

twa mwa(jiyè, out, sektanm) yo

ki sot pase a nan zòn

metwopolitèn nan. Selon rapò a

genyen pou pipiti swasant kat

ki pote non anperè a, tout sa

palmantè a te di ankò se te voye

flè pou ekip an fas la pou kèk

reyalizasyon l fè nan komin nan

tankou poze adoken nan vil la,

reyabilite plizyè fò ak kay nan vil

la, konstriksyon wout Machan ak

Senmichèl

elatriye. Se

nan menm

sans la diskou

premye

sitwyen vil la te

dirije. Men

Klod Emil te

m a n d e

prezidan an

èske l pral

Yon foul moun ap gade prezidan an k ap mande Anperè a padon

repare kay Desalin nan, yon

kesyon ki pa t jwenn repons.

Nan fen seremoni an, Rene

Preval bay moun Machan

randevou pou lane pwochèn.

Tèks : Ladenson Fleurival,

Foto: Jan Mak Fenelon

(64) moun mouri ak bal, dizwit

(18) ak zam blanch, venntwit

(28) nan aksidan machin ak

move tan epi swasant sis (66)

lòt ki mouri san yo pa jwenn koz

lanmò a. Devan kantite moun

sa yo ki mouri a, komisyon an

te pwofite fè kèk rekòmandasyon

ki pale sou :

sitiyasyon zak vyolans ki fèt ak

rale zam sou moun, sou kesyon

zak rache moun, elatriye

Tèks Wozilya Franswa

4 Bon Nouvèl • Novanm 2009
Ti refleksyon sou Ayiti

Transpò an Ayiti: Yon veritab tèt chaje.

Wout, transpò, kominikasyon se

veritab pilye devlopman nan

yon peyi. Yon transpò òganize

pou fasilite sikilasyon moun, se

yon minimòm jodiya nan jefò k

ap fèt pou amelyore kondisyon

lavi moun. Yon pwoblèm konsa

eksplike aklè yon reta peyi a

genyen nan zafè devlopman,

respè dwa moun elatriye.

Nou konstate yon eksplozyon

demografik nan Pòtoprens sitou

depi aprè lane 1986. Chak jou

gen plis moun ki ap kite zòn

pwovens yo pou vin nan kapital

peyi a kote : sèvis leta, sant

komèsyal, sant pwofesyonèl,

inivèsite, lopital eksetera

konsantre yon sèl kote. Mete

sou sa, avèk ensekirite k ap pran

chè nan tout kwen peyi a, tout

moun chak jou kite lakay yo

menm lè pou rantre menm lè,

sa vle di 6 zè nan maten pou 6

zè nan aswè.

Chak maten moun soti tribòpabò

vin nan aktivite nan sant vil

Pòtoprens ; rezilta: gwo goumen

pou machin nan tout estasyon

nan zòn avwazinant yo.

Zafè transpò se yon veritab sous

devlopman nan yon peyi, paske

li pèmèt anpil lòt sektè avanse.

Anpil peyi òganize sèvis transpò

lakay yo yon fason pou yo

kapab fasilite deplasman moun

nan ranfòse ekonomi ak

devlopman nan lòt sektè yo.

Men domaj, an Ayiti transpò se

yon veritab tèt chaje. Chak jou

Bondye mete, travayè,

komèsan, elèv lekòl kou etidyan

ap monte yon kalvè pou yo pran

Pasaje k ap pran machin

machin lè yo ap soti ak lè yo ap

antre lakay yo.

Anplis kalite ak eta machin tout

jan k ap pote moun chak jou

nan peyi a, gen kalite tretman

chofè ap bay pasajè se bagay

ki bay degoutans. Kondisyon sa

ta dwe revòlte konsyans chak

grenn ayisyen.

Èske tout moun nan peyi a ta

dwe gen yon machin pou rive

soti nan pwoblèm sa ? Yon

transpò òganize pou pèmèt

sikilasyon moun nan bon jan

kondisyon se plan dirijan peyi

a ta dwe anvizaje. Epi mete

yon sendika desantralize pou l

kapab byen jere resous yo, yon

fason pou amelyore sèvis

transpò piblik la nan kat kwen peyi

a.

Li pa nòmal jounen jodiya pou

transpò piblik la ki kapab rapòte

leta ayisyen plis pase 10 milyon

goud chak mwa lage nan eta sa.

Chaj chofè

machin

transpò

piblik se yon

moun k ap

mache sou

pwòp lwa l,

epi imilye

pasajè,

chanje kous

ak chanje

pri kous machin lè lide l di l. Anpil

moun konnen nan yon zòn tankou

Kafou depi li fè 6 zè nan aswè

kous la vin pi kout epi pri a

ogmante.

Ki moun menm ki plase pou fè

regleman sa? Kisa k ap fèt pou

chanje sa ? Pèsòn moun pa konn

anyen.

Anpil moun te kwè lè lapolis te

pran rezolisyon pou tout machin

te make epi respekte kous nòmal

yo ta pral respekte toutbon, e

poutan se te fo mouvman, yon fo

espwa.

Tèks ak foto: Wadner Isidor

Pwofesè, jounalis

Wadenri26@yahoo

Bon Nouvèl Novanm 2009 5
Lèt tou louvri

Lèt tou louvri pou otorite Leta ayisyen yo konsènan kanpay

rayisman k ap fèt sou ayisyen ak sou Ayiti an Repiblik Dominikèn

21 oktòb 2009

Prezidan René Préval,

Premyè Minis Michèle Duvivier

Pierre-Louis,

Devan kanpay piman bouk ki

rekoumanse san gade dèyè an Repiblik

Dominikèn kont ayisyen k ap viv nan

peyi sa a, nou menm òganizasyon ki

siyen nòt sa a, nou vin mande nou, nou

menm ki se Chèf Deta ak Chèf

Gouvènman, pou pran tout dispozisyon

pou evite gen nouvo atak ki fèt sou

migran ayisyen yo ankò, jan sa konn

rive fèt plizyè fwa deja. N ap raple, se

toujou apre kalite kanpay sa yo, yon

seri ensidan malere abitye deklannche

sou ayisyen yo tankou asasina sovaj,

mete dife ak rapatriman masif.

Kòm reprezantan Leta ayisyen, nou gen

reskonsablite pou mande otorite

dominikèn yo poukisa yo pèmèt yon

seri moun, pami yo gwo fonksyonè leta,

kapab di sa yo vle sou yon pèp ak sou

yon peyi ki se vwazen yo e ki pa nan

konfli ak yo. Poukisa yon seri moun

jwenn fasilite konsa pou sèvi ak medya,

pou alimante yon kanpay rayisman kont

imigran ayisyen yo ki poutan pote gwo

kontribisyon nan fè Repiblik Dominikèn

tounen sa li ye jounen jodiya. [....]

Nou atire atansyon nou sou kanpay sa

a k ap devlope nan jou sa yo an Repiblik

Dominikèn kont ayisyen ak kont Ayiti,

yon fason pou evite gen zak vyolans fèt

epi nou pa di se zak izole.

Konvansyon Entènasyonal pou

elimine tout fòm diskriminasyon

rasyal nan Atik 4 ansanm ak Pak

Entènasyonal sou dwa sivil ak politik

nan atik 20-2 kondane tout fòm kanpay

rayisman sa yo ki atake diyite migran

6 Bon Nouvèl • Novanm 2009

yo ak Ayisyen yo. Ayiti ak Repiblik

Dominikèn siyen epi ratifye 2 gwo akò

entènasyonal sa yo kote yo angaje yo

pou pran tout dispozisyon pou pa kite

aksyon rasis devlope lakay yo kont

okenn gwoup moun.

Nan atik 4-a di, Konvansyon

Entènasyonal pou elimine tout fòm

diskriminasyon rasyal la konsidere

tout difizyon lide ki chita sou

siperyorite oubyen rayisman rasyal,

tout zak ki pouse oubyen pwovoke

moun fè diskriminasyon rasyal ak

zak vyolans sou yon ras oswa sou yon

gwoup moun ki gen koulè diferan

oswa ki sòti nan lòt etni tankou yon

move zak lalwa dwe pini. Lalwa dwe

pini tou tout aksyon pou apiye

aktivite rasis ak finansman yo.

Bò kote pa l, Pak Entènasyonal sou

dwa sivil ak politik la deklare nan atik

20-2 li: “Lalwa entèdi tout

deklarasyon ki ankouraje lahèn

nasyonal, rasyal oswa relijye ki ka

tounen diskriminasyon, hing-hang

oswa vyolans. Lè Leta yo ki siyen

Konvansyon sa yo pa pa poze okenn

aksyon kont zak diskriminasyon sa

yo, oswa lè yo patisipe nan yo, yo

reskonsab tout vyolasyon dwa moun

ki fèt nan kad sa a.

Laprès ayisyèn deja pibliye plizyè lis atik

piman bouk ki soti kont ayisyen ak kont

Ayiti an Repiblik Dominikèn nan jou sa

yo. Nan yon kominike li fè soti nan

Santo Domingo, biwo Sèvis Jezuit pou

Refijye ak Migran envite medya yo

reflechi sou gwo konsekans atik y ap

pibliye yo ka pote. Li mande popilasyon

dominikèn nan pou li louvri je l devan

kanpay sal sa a k ap fèt paske sa rantre

tou “nan yon plan pou devye

atansyon dominiken yo sou gwo

pwoblèm sosyal ak politik k ap

travèse peyi a”. (Sous : El

Nuevodiario, 8/10/2009).

Fasa sitiyasyon k ap devlope la a, men

sa nou mande nou kòm otorite peyi d

Ayiti:

1. Sòti nan silans nou, fè yon

deklarasyon piblik sou tout atak k ap fèt

nan laprès chak jou kont Ayisyen/Ayisyèn

k ap viv nan Repiblik Dominikèn yo ak

sou tout mezi bout di otorite dominikèn

yo anonse epi ki ka pote move

konsekans sou rapò bon vwazyinaj ki

abitye egziste ant Ayisyen ak Dominiken

k ap viv nan divès lokalite sou fwontyè

a;

2. Nonmen an Repiblik Dominikèn yon

anbasadè ki ka defann diyite peyi a ak

enterè li;

3. Bay Konsila ayisyen yo nan Repiblik

Dominikèn mwayen ki nesesè pou yo

ka akonpaye migran/migrant ki an

difikilte yo;

4. Redinamize Komisyon Miks la ki se

yon espas enpòtan kote 2 Leta yo ka

diskite epi pran desizyon sou yon seri

kesyon enpòtan ki konsène popilasyon

k ap viv sou zile a, san se pa nan joure

ak nan avilisman pou sa fèt.

Nou espere, kòm otorite Leta, n ap pran

an konsiderasyon enkyetid nou ak apèl

sa a nou lanse ba nou, pou anpeche zak

vyolans rekoumanse sou ayisyen k ap

viv an Repiblik Dominikèn.

Prezidan, Premyè Minis, si anyen pa fèt

pou fini ak sitiyasyon sa, listwa ap

konsidere Leta ayisyen ak Leta

dominiken reskonsab tout zak vyolans,

atak sou dwa moun ki fèt sou migran

ayisyen yo akòz kanpay sa a.

Nou salye nou.

Men òganizasyon ki siyen :GARR,

RNDDH, POHDH,Tèt Kole Ti Peyizan

Ayisyen, PAPDA
Sosyete

Mouvman Vin Plis Moun(MVM),

pou transfòme reyalite restavèk yo

17 oktòb 2009 ki te pase a

MVM te fete 10 lane depi l ap

mennen yon gwo batay pou

transfòme reyalite lavi timoun

ki rete ak moun yo, sa yo rele

restavèk yo. Yon batay pou

chanje lavi sosyal yo, lavi

ekonomik yo, pou yo vin moun

toutbon pou demen. Pou make

dat la sè Mat Vanwonpe (Sœur

Marthe Vanrompay ICM),

Reniz Alse, Valme Wonal

ansanm ak tout timoun yo te

òganize yon gwo ekspozisyon:

bodri, bèl rad, atizana, foto

elatriye.

Kisa ki MVM nan ?

MVM se yon mouvman ki anba

lobedyans Achidyochèz

Pòtoprens, ki kreye nan lane

1998. Li chita kò li nan Babyòl

# 30, ki se yon katye nan

Pòtoprens. L ap travay ak

timoun ki rete ak moun.

Timoun ki sibi plis soufrans nan

kay kote yo rete, kidonk

timoun dwa yo pa respekte.

Aktivite pou rive transfòme

lavi ti restavèk sa yo ?

Pou rive transfòme lavi timoun

sa yo, MVM mete sou pye yon

kokennchenn pwogram fòmasyon

ak ledikasyon tankou :

- Alfa: pwogram alfa sa touche

tout timoun ki nan sant Babyòl

la, men li rive touche granmoun

ki gen timoun nan sant la tou.

-Ijèn ak Lasante: se yon

pwogram ki vini dapre yon etid

estatistik de (2) mis ki nan

MVM te mennen sou jan

timoun sa yo ap viv. Yo rive

jwenn timoun sa yo ap mal

manje sa yo rele souvan

malnitrisyon, ti cheve wouj.

Yon pwoblèm grangou ki konn

fè timoun yo mal pou aprann

epi yo toujou bouke. Pou rive

pote yon solisyon ak pwoblèm

sa yo dirijan nan MVM, ak

konkou doktè Bontan Edwa

(Bontemps Edouard),fè

konsiltasyon pou timoun sa yo,

chak jedi nan klinik doktè a

menm.

-Pwogram atizana: pèmèt

timoun sa yo montre tout talan

yo gen lakay yo, pou montre

rès sosyete a yo kapab tou, yo

ka itil nan yon lòt fason, si yo

ede yo, yo respekte dwa yo.

- Pwogram kouti: pou tout tifi

ki nan mouvman an, yo koud

bèl ti rad pou lòt timoun nan

mouvman ak sa ki pa nan

mouvman elatriye….

Apre timoun yo rive nan laj 18

an e plis, MVM fè yo al

kontinye pran fòmasyon nan

Sant Sosyal, pou yo ka vin

elektrisyen, mekanisyen, atizan

elatriye……….

Ki katye MVM touche nan

pwogram li yo

Pwogram sa a deja touche

plizyè katye nan kapital la

tankou: Kafou Fèy, Bwapatat,

Sanfil, Kwadèpre, paske se nan

zòn sa yo ki gen anpil timoun

sa yo. Pou yo rive jwi pwogram

sa a pi byen MVM prepare lòt

fòmatè nan domèn tankou:

finans, ijèn ak lasante,

ledikasyon sivik, ekimenik

elatriye

Pwojè pou 2010

Selon reskonsab nan MVM,

mouvman p ap kanpe la, soti

2010 rive 2014 li pral nan site

Jòj, Site Kanada, site Meriten

pou l al rankontre tirestavèk ki

nan zòn sa yo. Yo pa t manke

pale sou yon gwo aktivite y ap

genyen pou 13 desanm kote yo

ap òganize yon parad k ap pase

nan tout katye yo travay pou

rive bout nan lekòl Sen Jan

Evanjelik. Yo gen yon gwo

kongrè pou 2010 nan

oditoryòm lekòl Mari Estè

(Auditorium Marie Ester).

tèks: Willyamsonn CHAL

sexywilliam2008@yahoo.fr

Bon Nouvèl • Novanm 2009 7
Dosye

Pri Nobèl lapè 2009, Barak Obama: loreya

Tankou yon kout zèklè, nouvèl

la kouri toupatou sou latè.

Prezidan Ameriken an Barak

Ousenn Obama se loreya pri

Nobèl lapè 2009. An Ayiti

tankou nan rès mond lan, anpil

pèsonalite bay dizon yo sou

kesyon an. Si gen moun ki kwè

pri a rekonpanse rèv lapè

premye prezidan nwa ameriken

an, gen lòt ki panse li twò bonè

pou bay gwo rekonpans sa a

ak yon moun ki poko gen yon

lane sou pouwa a.

Anpil zotobre Ayisyen bay

dizon yo sou desizyon komite

pri Nobèl Oslo a, lè li chwazi

Obama, yon chèf leta ki gen

apèn 10 mwa sou pouvwa a.

Mèt Osnè H. Fevri, (Osner H.

Févry), lidè politik, prezidan

Klèb Barak Obama nan peyi d

Ayiti, deklare, nan yon nòt pou

la près vandredi: « Nouvèl sa a

fè kè tout moun sou latè ki

toujou travay pou lapè ak yon

alemye pou tout pèp sou latè

beni kontan. Distenksyon entènasyonal

la pa onore sèlman

Barak Obama ak fanmil li, men

tout moun li fè konfyans nan

enstitisyon lapè ak jistis ».

Osnè Fevri ki gen yon gran

admirasyon pou 44èm prezidan

ameriken an depi nan

koumansman kanpay elektoral

pou pòs prezidan ameriken an,

ajoute: « Pri sila a tradwi yon

gwo viktwa pou fanm ak gason

k ap preche lapè nan tout lang,

nan tout ras ak nan tout kilti...».

Anbasadè Jan Wobè Simoniz

(Jean Robert Simonise), ki se tou

yon pwofesè inivèsite, fè konnen:

« pri sa a rekonpanse jefò Obama

pou l fè Etazini vin zanmi tout pèp

soulatè. Li lonje men bay tout

nasyon, pandan l ap diskite egalego

ak pèp ki pi piti yo ». Daprè

pwofesè Simoniz, Jiri Oslo a pa

Bay Obama rekonpans la pou jefò

l, men se yon ankourajman li bay

prezidan nwa ameriken an pou l

swiv wout li trase depi nan kanpay

elektoral la.

Reskonsab Konsèy nasyonal aktè

ki pa nan leta yo (Conane), Edwa

Polt (Edouard Paultre) estime:«jiri

Oslo a bay prezidans amerikèn nan

pri Nobèl lapè a paske Obama

koupe fache ak politik gwo souse

ekip ki te la anvan an t ap mennen,

kit se nan domèn lajistis, diplomasi

oubyen dwa moun ».

Mesye Edwa Polt di: li kwè

prezidan ameriken an voye yon

lòt imaj bay rès mond la nan

relasyon entènasyonal li devlope

yo, san l pa gen patipri pou ras,

koulè oubyen relijyon. Se yon

mesaj ki gen anpil fòs komite pri

Nobèl la voye pou

tout peyi: «chita

pale dwe gen

rezon sou gwo

ponyèt …»

Kouman

mond

reyaji?

rès

lan

Mond lan resevwa

distenksyon

Obama a avèk

anpil louwanj,

men tou avèk anpil kritik daprè

sa kèk medya etranje

espesyalman « le Monde », le

Figaro, Liberasyon, Reuters,

Rfi... Mesaj felisitasyon yo ki al

jwenn chèf mezon blanch la plis

soti nan Zòn Ewòp la. Ewopeyen

yo pale sou yon «onè byen

merite».

Prezidan fransè a, Nikola Sakozi,

(Nikolas Sarkozy):«Pri a

konsakre retou Lamerik nan kè

tout pèp soulatè ». Minis Zafè

etranje peyi Almay la, Angela

Mèkèl, (Angela Merkel) di « li

kwè gen anpil bagay ki pou fèt,

men gen yon fenèt ki louvri».

Sekretè jeneral Nasyon zini an

felisite prezidan meriken an, pou

8 Bon Nouvèl • Novanm 2009
Dosye

Bann ki-moun, Barak Obama

«reprezante yon lòt lespri

dyalòg».

Pa bò kote pa li, premye minis

izrayelyen an, Benjamin

Netanyawou di : li kwè gen lespwa

pou lapè tabli avèk Barak Obama.

« Mwen kontan paske m ap

travay nan kolaborasyon avèk ou

pandan ane k ap vini yo, pou fè

avanse lapè. Pèp nan rejyon an

dwe viv nan lapè, nan sekirite ak

nan diyite », daprè dirijan politik

la.

Prezidan pèp Ebre a, Shimon

Perès, ki te resevwa pri nobèl la

nan lane 1994, felisite tou prezidan

meriken an. « Ou pote yon nouvèl

lespwa pou tout kominote (…).

Gras a ou, lapè vin yon priyorite

toutbonvre. Pa gen anpil lidè ki

rive chanje leta daprè mond la

nan yon tan tou kout, avèk gwo

reziltat sa yo ».

Nèlsonn Mandela, premye

prezidan nwa nan peyi Afrik disid,

prezante omaj li bay Prezidan

ameriken an atravè fondasyon li.

« Se sèten, pri sa a pral pèmèt li

ranfòse angajman l kòm lidè

nasyon ki pi pisan nan mond la,

pou l kontinye fè pwomosyon lapè

pandan l ap konbat nèt ale kesyon

lamizè a.

Fanmi Barak Obama k ap viv nan

peyi Kenya, santi yo kontan avèk

pri sa a. « Se yon lonè pou fanmi

an… Nou kontan anpil youn nan

nou jwenn pri sa a. « Nou felisite

Barak ». Se deklarasyon demi frè

prezidan an, Sayid Obama (Said

Obama).

Polonè, Lech Walesa, ansyen pri

Nobèl lapè 1983 la, deklare:«

Kilès, Obama ? Twò vit ! Li pa t

gentan fè anyen pou l te jwenn

li». Komite nobèl la reponn pou l

di : pri li bay Obama a pa twò

bonè.

Reyaksyon ki sanble ak kritik yo

soti nan mwayen Oryan. Yon

konseye prezidan iranyen,

Mamoud Amadinedjad

(Mahmoud Ahmadinejad) deklare:

« Nou espere l ap kòmanse

mennen demach pou l fini ak

enjistis sou latè». Pòt vwa taliban

afgan an parèt pi kritik. Pri nobèl

lapè a ? Obama te dwe ranpòte

pri nobèl vyolans ak masak sivil

pito ».

Kisa prezidan Obama di li

menm?

Barak Obama di l aksepte pri a

avèk sajès. «Mwen pa kwè m te

merite pri sa a men l ap pouse m

travay pi plis nan benefis tout pèp

sou latè».

Barak obama, se 3èm gwo

reskonsab demokrat meriken ki

jwenn pri Nobèl lapè a. Kèk lane

aprè, Jimi Katè (Jimmy Carter) te

ranpòte l an 2002 ak Algò (Albert

Gore) nan lane 2007. Se tou 3èm,

prezidan Etazini ki rekonpanse nan

sans sa a, nan egzèsis fonksyon li

aprè Teyodò Wousvèl (Théodore

Roosevelt) nan lane 1906 ak

Woudwo Wilsonn (Woodwo

Wilson) nan lane 1919. Prezidan

meriken an ap gen pou l

pwononse l sou plizyè dosye cho

tankou kesyon teyoris nan

Afganistan, kriz ekonomik nan

mond la, refòm lasante nan Etazini

elatriye.

Konte sou yon demen miyò

Manm jiri yo nan komite pri Nobèl

lapè a, konte sou vizyon Obama

lè yo ba l pri a : yon mond san

zam nikleyè kote se dyalòg ki dwe

pran premye plas. Gwo chanjman

nan relasyon peyi ak peyi, bay

dyalòg premye plas, konba l

mennen kont la mizè …, se tout

sa k fè Obama ranpòte pri Nobèl

lapè a selon plizyè moun k ap fè

analiz. Men, gen anpil pwoblèm

pou l rezoud toujou : nan Irak ak

Afganistan kote prezidan ameriken

an ap chache yon lòt estrateji nan

yon sitiyasyon k ap degrade.

Y ap remèt li pri a nan Vil Oslo,

10 desanm ane 2009 la. Pri a se

yon meday, yon diplòm ak yon

chèk 120 milyon kouwòn

swedwaz, ki reprezante anviwon

yon milyon dola meriken.

Tèks : Ladenson Fleurival

fleurival15@yahoo.fr Foto: Entènèt

Li Jounal Bon Nouvèl, se

bay lang kreyòl la jarèt,

se bay lang lan premye

plas li nan tout aktivite

Bon Nouvèl. Novanm 2009 9
Paj pou jèn yo

Piblik ayisyen an te kontan resevwa gwoup KASSAV

Apre plis pase ventan depi li

pa jwe nan peyi d Ayiti, pou

fete trantyèm anivèsè l, gwoup

mizikal Kassav, te pwofite bay

Ayiti pa l nan gato trantan an

ak yon konsè jou ki te, samdi

3 oktòb 2009 la, nan pak

Istorik Kàn ak Sik (Parc

Historique de la Canne-à-

Sucre).

Monreyal (Montréal), nan

kòmansman mwa oktòb la, yo

te bay Ayiti chans pa l pou reviv

gwoup la. Yo te bay yon bèl

konsè ak gwoup ayisyen ki rele

ZÈKLÈ, nan pak Istorik Kàn

ak Sik (Parc Historique de la

Se yon konsè ki deja rete nan

lespri anpil moun, nan jan fèt

la te bèl. Gwoup yo te byen

jwe, timoun kou gran moun ki

te nan pak istorik la te kontan,

ou te ka wè sa nan fason yo t

ap bat men yo, yo t ap danse,

yo t ap rele. Piblik la te pote

anpil manba pou te pran

KASSAV la.

KASSAV, yon non, yon ritm

mizikal (zouk), tout yon

jenerasyon fanm ak gason. Sa

fè deja trantan depi KASSAV

mete l nan sèvis mizik nan zòn

karayib la. Mesyedam sa yo fè

moun danse, chante, pran anpil

plezi. Trantan depi yo egziste,

yo toujou soude, malgre bon

ak move moman yo pase. Yo

vwayaje anpil kote sou latè pou

yo fè konnen mizik sa y ap jwe

a,e yo fè anpil siksè. Sekrè siksè

sa, yo jwenn li nan disiplin yo

mete lakay yo, nan respè yo

gen pou moun ki renmen yo

ak sa ki pa renmen yo tou, epi

nan kalite mizik yo a. Yo vin

tounen yon modèl pou lòt jèn

k ap fè mizik, yo se yon senbòl.

Malgre laj yo genyen, mizisyen

KASSAV yo toujou rete jèn,

nan fason yo bouje sou sèn,

nan fason yo fè pase mesaj yo

ak piblik kote yo pase.

Aprè yon konsè yo te fin bay

nan lakou Lafrans (France) ak

Canne-à-Sucre), jou ki te samdi

3 oktòb 2009 la.

Nou bezwen fòm aktivite sa

yo, nan peyi nou. Nou gen

yon kilti ki gen anpil richès,

paske kilti se zouti ki di ki

kalite moun ki anfas ou a,

kilès ou ye. Peyi a dwe mete

plis espas pou jèn yo fè espò,

mizik, penti, eskilti elatriye.

Jwèt pou nou otorite nou yo!

Tèks:Wilyamsonn CHAL

(Williamson CHARLES), foto:

Entènèt

sexywilliam2008@yahoo.fr

Sitiyasyon ekonomik pwojè a fòse nou monte pri jounal la yon ti kras

depi janvye 2009

Pri yon jounal pou ane 2009 : si ou vin pran l nan Bon Nouvèl,

ou byen si ou achte l nan men yon revandè : 10 goud

Pri abònman pou 2009

An Ayiti :

1 abònman rive 50 (pou 1 ane ) 100 goud pou chak abònman

51 pou rive 100 abònman : 90 goud pou chak abònman

101 pou rive 250 : 80 goud pou chak abònman

250 pou rive plis : 65 goud pou chak abònman

1 Abònman pa lapòs : Pòtoprens : 250 goud

An pwovens : 300 goud

Pou peyi Etranje :

Ozetazini : 1 abònman : 30 $ US

Ewòp : 1 abònman : 40 $ US

10 Bon Nouvèl . Novanm 2009
Paj pou jèn yo

Televizyon se yon zouti

kominikasyon ki pèmèt ou

tande son ak wè imaj an

mouvman. Li gen yon pakèt

enfliyans sou moun nan sosyete

a. Li sèvi pou enfòme, distrè

ak edike moun. Men, sa pa

anpeche fason nou sèvi avèk

li fè li gen gwo konsekans tou,

sitou sou timoun piti yo.

Se te nan dat 26 janvye 1926,

nan Wayal Enstitisyon (Royal

Institution) nan vil Lond

(Londres) an Angletè

(Angleterre), yon enjenyè ekosè

ki rele John L. Baird te envante

aparèy elektwonik sa ki rele

televizyon an.Yo konsidere l

tankou premye mwayen

kominikasyon pou fè pase

mesaj ki kapab rive jwenn yon

pakèt moun ansanm.

Moun itilize l tou pou yo ka konn

sa ki ap pase sou tout latè ak pou

yo distrè yo. Nan peyi devlope

yo, sou chak 100 kay, gen 97

ladan yo ki gen yon televizyon.

Menm si chif sa pa wo konsa nan

peyi sou devlope yo espesyalman

lakay nou an Ayiti, nou wè kantite

kay ki gen televizyon ap vin pi

plis chak jou.

Lè ti bwat imaj sa a te fèk parèt,

moun te wè l tankou yon mwayen

pou yo te distrè yo. Jodiya li pa

reprezante sa sèlman. Li sèvi tou

pou fòme ak enfòme moun. Kèk

fwa, nou poze tèt nou kesyon

TELEVIZYON: fòme, enfòme!

èske li pa fè pati lavi moun, lè

nou konsidere jan anpil fwa li fè

sijè konvèsasyon nan fanmi,

nan travay nan lekòl,elatriye.

Nan peyi blan meriken, jèn yo

ant 12 al 17 tan pase anviwon

3 zèd tan 20 minit chak jou ap

John L. Baird

gade ti aparèy sa. Se sa yon

konpayi amerikèn ki rele

Nyèlsenn (Nielsen) jwenn nan

yon ankèt li te mennen nan

koumansman ane sa a.

Sa ki esplike televizyon pran

atansyon moun konsa ?

Depi kèk tan moun remake

reskonsab televizyon yo ap eseye

mete yon pwogram ki pèmèt

moun plis distrè yo. Konsa moun

tout laj vin pi atache yo ak

televizyon. Lòt rezon te ka di

nou ki esplike atachman sa tou,

se imaj an mouvman ak son

televizyon an ofri nou. Sa anpil

lòt zouti kominikasyon pa ofri ou

jis nan moman n ap pale la.

Lè ou ap swiv yon

evènman sou televizyon,

ou gen plis posibilite pou

ou jwenn yon ide ki pi

egzat sou evènman an.

Anpil moun gen chans viv

youn oswa plizyè

eksperyans konsa. Si nou

ta pran egzanp sou tou

jimèl yo ki te kraze nan

peyi Etazini nan dat 11

sektanm 2001. Pafwa ou

konn panse kote bagay la

ap pase a se la ou ye,

tèlman yo ba ou tout detay.

Li pèmèt tou, ou gen plis

konesans sou sa k ap pase

nan mond lan, sou lòt kilti.

Menm pou timoun, li konn difisil

pou mezire enpòtans yon aparèy

konsa geyen pou devlopman

lespri ak fòmasyon l. Se sa k fè

anpil moun save ki fè gwo etid

sou relasyon timoun genyen ak

televizyon konsidere l kòm yon

twazyèm paran. Lè yon timoun

fèk ap aprann pale televizyon ka

sèvi l yon bon zouti pou fasilite l

pale pi byen e pi vit avèk yon

program ki adapte pou sa.

Bon Nouvèl • Novanm 2009 11
Paj pou jèn yo

Menm jan nou t ap pale sou tout

bon kote televizyon genyen, se

konsa li gen move kote l tou. Lè l

anndan kay la, souvan li konn

andikape kominikasyon ki te ka

genyen anndan fanmi an.

pi difisil pou l devlope pwòp

imajinasyon pa l, tandiske si se

te nan yon liv li t ap li istwa a li te

ka pi fasil pou li, pou l te kreye

pwòp imajinasyon l.

an patikilye e an jeneral tout moun

k ap viv sou tè a. Eske se

televizyon an ki bay pwoblèm

oubyen nou menm k ap itilize l yo

èske li pa t ap pi bon si nou te sèvi

Yo repwoche l tou wòl li jwe nan

lòt konpòtman moun yo konn

genyen nan abitid manje yo, nan

fason yo pale, yo mache e menm

nan relasyon yo genyen avèk lòt

moun. Li ankouraje parès.

Gen moun depi yo jwenn

televizyon liv pa enterese yo,

pratike espò pa enterese yo tou,

lè n konnen enpòtans aktivite sa

yo genyen pou lespri a ak kò a.

Li pa inosan tou nan pratik vyolans

ak entolerans ki genyen nan sosyte

a nan bay yon seri film nenpòt lè.

Ti moun yo ta bezwen yon

atansyon espesyal pou pwoteje yo

kont anpil move mesaj televizyon

ap pote ba yo sou rasism, vyolans,

elatiye.

Malgre gwo pwogrè syans lan ap

reyalize nan sa ki gen pou wè ak

zouti kominikasyon, televizyon

rete zouti ki pi popilè apre radyo

e se li ki gen plis infliyans sou

moun. Malerezman, sa pa toujou

bay bon rezilta pou amelyorasyon

lavi ak bonè moun k ap itilize l yo

ak zouti kominikasyon sa pou n fè

pase mesaj pou gen lapè, tolerans,

respè dwa moun ak respè youn

pou lòt nan sosyete a.

Tèks : Maks Jid Konpè (Max Jude

COMPERE), foto: Entènèt

Gen etid ki fèt sou lyen ki ekziste

sou kantite tan yon ti moun pase

devan televizyon ak aktivite lekòl

li. Yo jwenn, tank yon ti moun pase

plis tan ap gade televizyon se tank

li bay plis pwoblèm nan lekòl la,

tankou : pwoblèm atansyon, kò l

nwi l nan sal klas la.

Ti moun ki gen pi piti pase 10 zan

konn gen pwoblèm pou fè

diferans ant reyalite e

imajinasyon. Sa konn fè tou li

OU GEN YON IJANS

OU BEZWEN YON ANBILANS!!

YON DOKTÈ !!

TEL INFO

*406 / 2-414-0606 / 2-514-0606

OU BEZWEN ENFÒMASYON !!

KI KOTE W AP JWENN PWODI SA

OUBYEN SÈVIS SA A

OU BEZWEN KOUNYEYA ?

TEL INFO

*406 / 2-414-0606 / 2-514-0606

PLIS PASE YON ANYÈ

12 Bon Nouvèl • Novanm 2009
Paj jèn yo

KOMEMORASYON JOUNEN MONDYAL KONT LAMIZÈ

17 oktòb, se jou sa a Nasyonzini

konsidere kòm jounen mondyal

pou desitire lamizè. Nan

okazyon sa a, Fondasyon

Konesans ak Libetè (FOKAL) te

met tètansanm ak ATD Kamond

(Aksyon kont Tout Detrès moun

k ap viv nan peyi ka mond yo)

pou òganize yon aktivite pou

komemore jounen sa nan lokal

FOKAL la nan dat 16 oktòb ki

sot pase la yon fason pou

sansibilize moun sou sitiyasyon

malsite anpil moun ap viv

soulatè, espesyalman nan peyi

nou Ayiti.

Nan seremoni sa, nou te remake

prezans aktyèl anbasadè fransè a

mesye Didye Lebrè Didier Le

Bret), sekretè deta pou

entegrasyon moun andikape yo,

Michèl Peyan (Michel Peyant) ak

reprezantan anpil lòt òganizasyon

lokal ki nan menm domèn sa,

tankou fwaye Moris Siksto

(Maurice Sixto) k ap travay ak

timoun ki nan gade kay moun, sa

nou rele timoun restavèk yo,

fwaye damou, elatriye.

Nan deklarasyon li te fè, Diplomat

la te mize anpil sou nesesite ki

genyen pou moun k ap viv nan

lamizè yo dwe konte anvan tou,

sou pwòp tèt yo, menm si gen lòt

moun ki bò kote yo k ap pote

asistans ba yo. Bò kote pa l sekretè

deta limenm te di kijan li

enpòtan pou chache yon lòt

estatreji pou nou goumen kont

malsite ak lamizè, non sèlman nan

tout mond lan men tou, lakay nou

an Ayiti. Li te kontinye pou l di

batay kont lamizè, se yon batay

pou antre tout moun anndan

sosyete a sitou moun andikape

yo. Pè Migèl Janbatis (Miguel

Jean Baptiste) ki se yon militan

nan zafè dwa timoun te

reprezante Fwaye Moris Siksto

te mete aksan sou kote lavi

soti.’’Lavi se yon kado damou

Bondye ban nou’’ . Li te ajoute

«fè yon moun esklav se anpeche

li viv dwa lavi l ».

Nou te gen chans tande

temwayaj Djeri Flerimon

(Jerry Fleurimont) ki se yon

timoun andikape k ap viv nan

fwaye Damou ak lekti temwayaj

lòt timoun ki nan lòt fwaye e ki

pa t prezan nan sal la, sou

kondisyon y ap viv kote lamizè

ap mete pye sou kou yo.

Nan finisman aktivite a, Madanm

Jaklin Plezi (Jacquelines Plaisir )

ki se delege ATD kamond an Ayiti

te deklare ‘’timoun ak

granmoun yo leve kanpe

pou goumen kont lamizè’’.

Li te tou pwofite retrase

istwa lit dwa moun ak

batay kont lamizèa.

Entevansyon li a te pral fini

ak lekti mesaj sekretè

jeneral nasyonzini an M.

Ban Ki-moon kote li

mande pou yo envesti nan

timoun e veye pou yo

respekte dwa yo pou ka

met fen ak lamizè.

“Kote moun kondane pou

yo viv nan lamizè, dwa

moun pa respekte.Tètansanm pou

sa chanje se yon devwa sakre”,

ane sa a fè ven (20) lane depi pè

Joseph Wresinski te di pawòl sa

a, nan Pari kapital peyi Lafrans.

Yon jounen ki te fèt nan yon

anbyans mizik, chante, elatriye.

Randevou a te kase nan Lakou

Sen Jan Bosko ki sou Bisantnè a

nan demen pou rès pwogram

nan.

Tèks: Jid Maks Konpè,

foto: Achiv Bon Nouvèl

Bon Nouvèl • Novanm 2009 13
Lavi Legliz

Nouvo Evèk nan Dyosèz Ench ak DyosèzJeremi

Mwa oktòb ki sot pase a, Legliz d Ayiti sot viv de (2) gran evènman. Genyen monsenyè Sentilyen

ki te Evèk oksilyè nan dyosèz Pòtoprens ki depi onz (11) oktòb vin alatèt dyosèz Ench. Nan dat

dizwit (18) oktòb la Pè Jozèf Gontrand Dekòst(Joseph Gontran Decoste, sj) te sakre monsenyè

pou Dyosèz Jeremi an.

Pè Jozèf Gontran Dekòst, sj: nouvo evèk Jeremi

Dimanch ki te dizwit (18) oktòb 2009 se te gwo fèt nan tout depatman grandans la, kote yo te resevwa

gadyen mouton yo a, Pap Benwa sèz (16) te nonmen nan tèt dyosèz Jeremi an: Pè Jozèf Gontran Dekòst

(Joseph Gontrand Decoste, sj).

Pè Jozèf te òdone Monsenyè nan katedral Notredam de la Meday Mirakilez nan vil Jeremi. Nan okazyon

sa a, Nons apostolik la, Bernadito Auza, ansanm ak tout monsenyè yo ki nan peyi d Ayiti, te prezan nan

gwo evènman sa a, e anpil gwo zotobre nan gouvènman an te fè deplasman tou.

Nouvo monsenyè Jeremi an li se moun Senjan Disid nan dyosèz Okay. Li te sakre pè nan lane 1984. Apre

li te fin fè gwo etid nan peyi Itali nan vil Wòm, li te vin pwofesè nan gran seminè Notredam. Epi, nan

lane 1998 li te antre nan kongregasyon pè Jezwit yo. Soti nan lane 2005 jiskaske li vin monsenyè, pè

Dekòst te anseye nan plizyè inivèsite nan peyi a, epi li te bay plizyè fòmasyon nan ede moun yo grandi

nan lafwa yo nan Bondye ki vivan an.

Jounal Bon Nouvèl swete nouvo Monseyè a anpil siksè nan travay Legliz Bondye a konfye l nan

peyi d Ayiti

Foto: koutwazi tele solèy

14 Bon Nouvèl • Novanm 2009
Lavi Legliz

Pawòl Bondye, yon pwojè pou lavi

Lespri Sen an se fòs pou transfòme sosyete a

Zanmi REBA yo Bonjou, n ap prezante nou

twazyèm jou nan semèn Biblik la ki gen pou

tèm : LESPRISEN AN SE FOS POU

TRANSFOME SOSYETE A. Nou espere nou

ka travay ak tèm sa yo nan kominote nou yo

pou ede l reflechi sou bib la epi mete men nan

chanjman kominote a.

3 èm jou

Tèm : Se pou yonn sèvi lòt

1. Akèy : Animasyon

Ti mo byenvini

Lapriyè pou kòmanse

Nouvèl

2. Bondye pale nan lavi nou

Senbòl : Yon tab

Poze kesyon pou moun yo reponn :

. Kisa yon tab itil nan yon kay?

. Ki pwovèb nou konnen sou tab ak sou

sèvis?

a)Tèt kodenn pa monte tab

b)Lestomak pa tiwa tab.

c)Yo pa limen lanp mete l anba tab

d)Rann sèvis bay chagren

e)Komisyon pa chay

Kijan pwovèb sa yo ka ede n pou n ka rann lòt

sèvis pi byen?

4. An n kalkile sou pawòl la :

Sou kisa tèks la pale ?

Ki mesaj nou jwenn ladan l pou lavi nou? Pou

kominote nou ? Pou peyi nou?

REZIME: Moun ki antre nan yon kominote li

osèvis lòt yo. Misyon nou se fè moun yo antre

nan pwojè Jezi a. Lè yo antre nan kay la ki se

kominote a, se pou yo chanje mantalite yo, se

pou yo rann sèvis.

5. An n lapriyè sou pawòl la :

-Lapriyè kominote

-Papa nou

-Chan lapè

-Anons

Chan final oubyen mèsi.

Lekti Labib pou mwa Desanm 2009

Dimanch 6 desanm 2009

2 º dimanch lavan

1- Liv Bawouk 5,1-9

2- Filipyen 1, 4-11

3- Lik 3, 1-6

Dimanch 13 desanm 2009

3 º dimanch lavan

1- Sofoni 3, 14-18

2- Filipyen 4, 4-7

3- Lik 3, 10-18

Dimanch 20 desanm 2009

4º dimanch lavan

1- Miche 5, 1-4

2- Ebre 10, 5-10

3- Lik 1, 39-45

Dimanch 27 desanm 2009

Fèt fanmi Jezi yo

1- Samyèl 1, 20-28

2- Jan 3, 1-24

3- Lik 2, 41-52

3. Bondye pale nan bib la :

Pawòl Bondye: Lik 17,7-10

flerèt Matye

Bon Nouvèl • Novanm 2009 15
Blag ak Jwèt

Blag

Bon

Bon

Nouvèl

Nouvèl

Jounal

Jounal

M ap louvri yon dezyèm Sikisal

Yon ayisyen ki t ap viv lòtbò lontan, antre. Pandan misye pral fè yon

priyè legliz Sen Pyè, li wè yon pòv ki chita devan legliz la ak yon men

l lonje l ap mande charite. Mesye a ba li senk (5) dola ameriken, epi li

antre legliz la. Lè mesye ap tounen li jwenn pòv la menm konte a ak de

(2) men l lonje. Mesye a pwoche bò kote pòv la, li mande l: se pa

kounyeya se de (2) men ou, ou lonje, poukisa? Pòv la reponn: bank la

tèlman ap byen mache mwen louvri yon lòt sikisal.

Sergio Rodriguez

103, Ri Pave

B.P. 19252

HT-6112

Pòtoprens, Ayiti

Tel: 223-9186 ak 510-4477

bonnouvèl@yahoo.com

Site web :

www.bonnouvel.org

ISSN 1606-660X

Mo Kwaze

Pran agòch ale adwat

1. Ti mòso fè ki gen kapasite atire fè - metal ki gen gwo

valè

2 Glann ki chita nan gòj ou - Ki soutni pati pòt

3. Veso an twal osinon an plastik - Ki pa fin kwè

4. Pèsonaj istorik

5. Ki rete apre mayi a fin grennen

6. Ale - Ti non menaj ou

7. Mètdam, malonèt ki kapab mennen yon moun ak bèl

pawòl

8. Ki pote tèt la - Grad nan vodou

9. Peng, kras ki pa renmen dépanse - Konkou

10. 8º mwa nan ane a - Nouvo Kontra (abreviyasyon) -

12 mwa

Pran anwo desann anba

1. 3º mwa nan ane a - Mèb - kadav

2. Ti boul kristal (jwèt) - Teren alantou yon kay

3. Ki tankou dlo - Piti, ki pa wo

4. Konkou - Jwèt won

5.Moun nwa ak cheve swa - pwonon fransè

6. Ale, mache - Prezidan an Ayiti (1847-1859)

7. Ki kanpe byen dwat

8. Gran manjè

9. Bèt sovaj ki sanble chen - Pwonon pèsonèl - Moun ki

san tach

10. Akò - Panse

1

2

3

4

5

6

7

8

9

10

Pwojè “Bon Nouvèl”

1

2

3

4

5

6

7

8

9

10

1 2 3 4 5 6 7 8 9 10

Dirèksyon: Pè Jan Pyè Nzemba Wayi CICM

Redaksyon: Wozilya Franswa.

Dokimantasyon: Wozilya Franswa

Sekretarya ak Pwomosyon: Flerèt Matye

Distribisyon: Jan Deni Tanis - Wilga Belanj

Administrasyon: Wilga Belanj

Antretyen: Yolèn Chal

solisyon mo kwaze

mwa pase a

1 2 3 4 5 6 7 8 9 10

V E T I V E T A B

A T E R I K A L E

L A M I Z E K O L

O O G I S T I N

P E M E T W J K

K E E P A V R

M O T O A O J E

E N T I F O Y I D

Z O N A E N E J I

I M A J I N E E

Jan Fanaspò