30.01.2015 Views

Chwazi Yon Lekòl Matènèl Ou Yon Gadri

Chwazi Yon Lekòl Matènèl Ou Yon Gadri

Chwazi Yon Lekòl Matènèl Ou Yon Gadri

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Feyè Konsèy

CHWAZI YON LEKOL MATENEL OU

GADRI POU PITIT OU

Ki laj ki aproprye pou yon timoun kòmanse lekòl

matènèl Ki deferens ki gen ant yon lekòl matènèl ak

yon gadri Eske li pa bon pou yon ti bebe al nan yon

gadri Eske pitit mwen a bezwe asiste lekòl matènèl,

oubyen eske li ka ale nan jaden danfan dirèkt Sila yo

se kestyon ke paran timoun laj lekòl matènèl fè fas ak

yo ke yap travay deyò lakay yo ou non. Paran kap

travay dwe fè fas ak kestyon sa yo e dwe fè chwa de

yon plizyè opsyon diferan swen pou timoun ou. Gen

paran ki gen yon manm fanmi ki ka pran swen timoun

yo, men eske se meyè chwa a sa Oubyen eske‐l pi

bon pou timoun a yo pase tan a nan yon gwoup kote

ke yo kapab aprann sosyalize

Lekòl Matènèl Ou Sant Gadri

Sèl deferens ant lekòl de bonn kalite ak sant gadri de

bonn kalite kapab se lè ke yo ouveri oubyen lè

fonksyone a. An general, sant gadri ouvè pandan

omwen 10 è nan joune a, pou yo ka sèvi paran ki travay

a plen tan.

Tradisyonèlman, lekòl matènèl yo opere diran yon tan ki

pi kout, genyen ki fonksyone pou sèlman twa zè de tan,

yo ofri sèlman kèk aktivite ak tan pou timoun yo jwe lè

maten. Anpil lekòl matènèl, byen antandi, kounye a ap

ofri lè ki pi fleksib, pou ke yo kap sèvi nesesite paran yo

menm jan ak sant gadri yo fè li. An general, lekòl

matènèl yo mande yon frè diferan ki depann de longè

tan timoun a ka pase la chak jou. Gen lekòl matènèl ki

ofri pwogam pou sèlman kèk pati nan semènn la pou

paran ki vle yon ti tan pou timoun yo ka fè yon ti

sosyalize, oubyen pou paran ki travay sèlman pou yon ti

bout tan deyò lakay yo. Yon lòt opsyon se gadri pou

paran ki prefere yon sitiasyon nan yon kay avèk sèlman

yon ti gwoup timoun. Nan kontekst sa, yon moun

aksepte timoun nan pròp kay li tankou yon gadri e li kite

yo jwe, e fè kèk ti aktivite ki apropriye ak timoun yo.

Bay Anpil Sipò

Lè pitit ou prè pou‐l kòmanse lekòl matènèl ou

gadri, ese fè‐l abitiye‐l ak ajisteman piti‐piti e avèk

anpil sipò. Premye jou a, rete avè‐l, dezyèm jou a

rete avè‐l pou yon in è ou de zè‐d tan konsa, e

piti‐piti ogmante tan li rèste poukò‐l a. Ou mèt

espere kèk lam o zye nan premye jou yo, men

sèlman konsène si lam sa yo dire anpil tan e

kontinye pou plis ke kèk ti jou. Ou pa bezwen sezi

si ou wè ke timoun ou a ezite kite tout suit lè konya

wap vin chèche‐l. Nan pi bon pwogram sant gadri

ki genyen yo, yo byen pran swen timoun yo,

timoun yo kontan, yo enterese, e yo vin zanmi

moun kap pran swen yo a. Ou mèt fyè de tèt ou ke

ou te chwazi yon powgram kote pitit ou sen e sof

e‐l kontan. Lekòl matènèl ak gadri de bonn kalite

bay timoun yon avantaj infwa yo kòmanse vrè lekòl

yo.

Si Ou Deside Rèste Lakay Ak Pitit Ou

Ou kapab bay pitit ou kèk eksperyans sosyal ki

produi imajinasyon pou yo aprann kreye, aktivite

edikasyonèl de bonn kalite ke kèk lekòl matènèl

ofri, menm‐si ke ou se yon paran ki pase jounen a

lakay. Lè‐w asosye‐w ak gwoup kap fè jwèt,

oubyen pase kèk ti tan nan biblyotèk nan gwoup

lekti, e ou mennen pitit ale nan mize ak pak, li

kapab apran abilte sosyal ak abilte lekti bonè ke li

va bezwen pou‐l travay byen lekòl.

Kelkeswa chwa ou fè a, fè si ke ou se yon paran ki

patisipe e ki konsène, e konsa pitit ou va

benefisye de lanmou‐w ak sipò‐w pou tout lavi‐l.

Copyright 2009 Florida Partnership in Education (FL PIE). Moun kapab telechaje dokiman sa‐a san mande otorizasyon pou itilize sèlman nan edikasyon san profi, a sipoze ke non moun ki ekri a ak tout

kredi site, epi okenn modifikasyon pa fèt nan dokiman‐an. Tout lòt dwa rezève. Dokiman sa‐a te produi an antye oswa an pati ak lajan Depatmatman Edikasyon Etazini, Biro Inovasyon & Amelyorasyon

Enfòmasyon Paran & program Santral pou Resous selon konsesyon # 84.310A. Dokiman sa‐a pa reflete opinion Depatman Edikasyon, ni okenn lòt ajan oswa lòt sous gouvènman Etazini.

Kalite Konte

Ke ou tap chèche pou swen a plen tan ou a tan pasyèl, e

pwogram edikasyonèl, li esansyèl pou chèche pou kalite.

Gen anpil pwogram ki ekziste men se pa tout ki ofri swen de

bonn kalite ke tout paran ta renmen pou pitit li. Cheke ak

Early Learning Coalition (Konbit Edikasyon Premye Ane

Anfantil) lokal ou a (ou kapab jwen enfòmasyon kontak yo

sou entènèt oubyen nan yon liv telefòn) e mande pou yon

list pwogram ke yo fè kredi. Akredite konfime pwogram sila

yo kenbe kèk standa, ke ki gen ladan yo ki trè strikt e trè

difisil pou acheve. Gen anpil ajans ki akredite lekòl; sa ki

nasyonal yo an jeneral gen standa ki pi wo. Cheke ak lòt

paran pou fwenn lekòl matènèl ak sant gadri ke tout

kominote‐w respekte. Paran yo se yon bon sous e yo gen

anpil eksperyans.

Kèk Bagay Pou Chèche/Konsidere

Pase menm yon demi è de tan nan chak lekòl matènèl ou

chak sant gadri ke wap vizite. Premye fwa‐w ke wap fè yon

vizit ou ka ale san pitit ou de fèt ke pou pa lage‐l nan

konfizyon. Siveye tout klas yo, menm pase plis tan nan klas

kote ke pitit ou a pral ladann la.

Eske timoun yo sanble yo kontan Eske pwofesè yo pale ak

timoun yo Eske ton konvèsasyon yo gen politès ak respè

Eske timoun yo okipe nan angajman yon pil ak yon pakèt

aktivite diferan Eske gen ase jwèt pou tout timoun yo

Eske jwèt ak materyo sila yo anfòm e eske li pèmèt a timoun

yo pou yo chwazi jwèt yo vle Eske gen ase liv ki disponib ak

materyo edikasyonèl, tankou plaka, etikèt, kat marin(chart),

et setera, ki plake sou mi yo Eske sal la pròp e eske yo pran

swen‐l trè byen

Kestyon Pou Poze

Li va difisil pou pale ak pwofesè a si timoun yo nan klas la.

Ou petèt kapab fè yon penman pou‐n pale padan tan yo

bay pou timoun yo kabicha a, oubyen nan fen jounen a. Si

direktè a disponib, gen kestyon ke ou ta vle mande‐l. Ki sa

ki kalifikasyon pwofesè yo Rechè di nou ke plis ke

kalifikasyon ke yo genyen, ebyen plis pitit ou va resevwa

bon jan edikasyon. Konbyen tan pwofesè yo genyen yap

travay nan lekòl la Si yap pede chanje pwofesè tout

tan‐tout tan, sa ka vle di ke kalite edikasyon ka diminye pou

timoun yo. Kòm tan ke timoun yo pase ak chak granmoun

afekte kalite edikasyon ke yo resevwa, ou va petèt mande ki

pwopòsyon pwofesè ak timoun (sa vle di, konbyen timoun

chak pwofesè responsab pou yo). The National Association

for the Education of Young Children (Asosyasyon Nasyonal

Pou Edikasyon Jenn Timoun) bay propòsyon maksimòm nan

sant de akreditasyon yo:

ke timoun yo pase ak chak granmoun afekte kalite

edikasyon ke yo resevwa, ou va petèt mande ki

pwopòsyon pwofesè ak timoun (sa vle di, konbyen

timoun chak pwofesè responsab pou yo). The

National Association for the Education of Young

Children (Asosyasyon Nasyonal Pou Edikasyon Jenn

Timoun) bay propòsyon maksimòm nan sant de

akreditasyon yo:

Anfan ak Timoun Piti 1 a 4

De zan 1 a 6

Twa ak Katr‐an 1 a 10

Leta Florida pèmèt propòsyon sila yo:

Anfan 1 a 4

Timoun Piti 1 a 6

De zan 1 a 11

Twa zan 1 a 15

Katr‐an 1 a 20

Eske Se Yon Bon Adaptasyon Pou Piti

Ou

Kelkeswa bon pwogram la bon, li dwe konvenab a

nesesite pitit ou yo. Si pitit ou sèlman konfòtab

nan ti gwoup piti, ou at vle chwazi yon pwogram

ki gen ti klas piti, oubyen yon sitiyasyon nan yon

kay pito. Si li renmen jwe deyò, lajè lakou ak

kalite li, avèk longè tan li va pase deyò ap trèz

enpòtan pou ou. Fè si ke ou menen pitit ou avè‐w

lè ou va diminye chwa a ant youn ou de pwogram.

Obzève a kèl degre li konfòtab nan chak sitiyasyon,

e kijan moun kap pran swen li yo reaji anvè li.

Kòmanse Chèche Bonè

Meyè pwogram yo ka gen list datant,

espesyalman pou anjan ak timoun piti, kòm tout

moun a la rechèch bon jan kalite swen pou pitit

yo. Ou ta vle mete‐w sou list datant la menm en

an davans avan ke wap bezwen swen a.

www.floridapirc.usf.edu

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!