14.09.2014 Views

Maskilanje - Potomitan

Maskilanje - Potomitan

Maskilanje - Potomitan

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Maskilanje – A Haitian novel by Kesler Brézault

je ou je ou plen wege ladan l mache fwenk m al benn ou rebèl kevouzèt

bourik byen sele ap sikile moute desann katchapika dyòl fizi ouzi louvri

disèt lajè kalbas siwo pouvwa si plen ra dyòl ap koule sou makout detansa tè

anwo lan mòn fin vide desann fil elektrik pelig pase devan papòt kòt fanmi

volontè sekirite nasyonal nan mòn (vsn) se lavil yo al wè limyè elektrisite

sèvi pou siveye moute desann moun lavil kat milisyen pou nèg andeyò kite

jaden desann lavil vin fè rakèt vin sèvi gouvèlman an yo pran nèg mòn pou

sitwon k ap pire nan karaf zòt ki toujou vle bwè n glòt yon pwen 22 22 sesi

22 sela 22 selaba 22 septanm avi avi nèt se 22 me li t ap tann pou li antere

lelmi bouyon 22 me krim 22 me demonstraksyon pouvwa gwo lesto ti chèf

gwo chèf sekretè chèf sikè chèf souflantyou chèf fizi bogota chèf seksyon

awousa militè mouchwa wouj minis abiye glo ble pentad koulin an

bandoulyè diskou alawonnbadè le doktè avi pou tout tan èt en bouldozè ki

charye tout lè krabinay pou ale lè jete dan loseyan endyen la mèm ou desalin

è mò a la krèt a pyèwo nan lari kou lakay moun mouri mal moun mouri pou

dan ri yo blayi moun tò o rezon yo kraze pwofesè lekòl pou diskou refòme

defòme mè chè zelèv a mon navi kisa repete sa ou sot di la a m pa sot di

anyen ou pa sot di anyen kilès ki avi nan peyi a se ou menm osnon prezidan

an ou gen rezon chèf la ban m lavi yo plat divès gid touris pou pawòl nan lòt

lang pawòl yo pa ka konprann good bye se gwo angle k ap pale papa pawòl

daki sou do pòv gouvèlman an pa sa mwen di blan an goudbay senpman

fèmen djòl ou kilès ki gen dwa bay lajan lan peyi a kominis lè prezidan an

ap pase l ap voye lajan atè 20 kòb 50 kòb li konn voye lè yon nèg se kominis

ou ye ou wè se pa anyen sa ou di blan an se goud pou li bay pèp devan o o

kisa fout lonje dyòl ou ban m kalote ou anvan m fwenk pete kalbas grenn ou

espyon yo genlè bliye si mwen m ka fout kraze kalbas lòbèy la en mèt la mèt

la tande mèt la konprann li pa reponn lèfini tou li lwen yo simen pwav

potomitan limen tou wouj tonton makout gaye lan mezi rakwen peyi a moun

senp pèdi larezon nèg klè nèg nwè vole gage pran kanntè anbasad chaje ap

derefize sa ki pa vle kanzo pa zanmi kanzo men ou lan ka men siga ou yon

grenn soulye fin klere klin chany lan kanpe de bra louvri li pran plenyen

devenn malè pichon madichon kraze barikad fè chimen lan tout kò koridò

lakay nou ala traka mezanmi se lè tribilasyon ap rapousib yon pòv malerèz

tififi tou chèch kò zoklimo zo bengo zo lamègzo akoukouman an zonbi depi

kèk tan anba yon chay kolonn mò touse mèt la te andedan lekòl la koze a fè l

soti voup li parèt ap pale ak de men l dèyè do l men pouki tififi pa mouri

pouki li oblije la poukisa li oblije viv menm labànyè lamizè kannale moute

jouk kote van vante pou l kadanse kadans maladwat 2 ke chemiz tèt sou lòbit

ren plagatòks sou lawoulèt topi kalbas ala tray mezanmi pouki lakwa pa t

pase drèt ale san vire tèt lakwa kanpe lakwa moute jibile douvan papòt moun

4/17/2007 8

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!