14.09.2014 Views

Maskilanje - Potomitan

Maskilanje - Potomitan

Maskilanje - Potomitan

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Maskilanje – A Haitian novel by Kesler Brézault

divans pou operasyon pote tanbou madoulè apre dans kimele di m davans si

ou konn divans apre bal entèvansyon tanbou dezagreman pa janm lejè di m

davans si ou konn divans nan lomlèt okipasyon se pèp ki pase pou ze di m

davans nan ki dans ou envite m danse a monkonpè konsa lè tanbou ava frape

m ava konn davans sou ki pye moun dwe danse men l anlè a l ap vini mwen

m kwè nèt mèt la zòt fè nou mache sou kòd volonte yo ala mal sa fè nou mal

ala lapenn adye o se ak sa nou renmen y ap fè nou mache y ap fè nou trennen

pou sa nou renmen jwèt la pale nan bouch zòt fè nou konprann las nou nan

pil toujou nou jete fòs kraze maryaj file joke gwo figi n ap chache las nan

jwèt deboulonnen desere nan jwèt lib lespwa kente fè nou pèdi pwen gaspiye

bris nou pèdi fil jwèt la valèt pran valè va lèt ra kou grinbak vèt mache nwa

kaye loni mèt dezafi moute desann tout moun dèyè dola tout moun dèyè titid

tout moun soud pou 7 ti mwa lespwa ou a di yon syèk tribilasyon pouki m te

bezwen al vote nan 16 desanm 90 se do cho anba kannistè m te twò cho pou

7 mwa garyonnay yon toupre syèk baboukèt anbago sou dyòl sou vant sou

lavi pou 7 grenn mwa plezi vivi gade tensèl limyè yon demi syèk fènwa

blakawout limyè tenyen ni sou deyò ni andedan yayay pouki m te nui nich

mwen nan pike kole sèz desanm katrevendis pou 7 ti ale vini voupvoup san

pran souf yon gwòs alizèn mizèrere okenn dat pou delivrans pouki menm

mwen t al vote nan 16 desanm 90 ou kwè se pa t yon ranvwa yon pouse

malisyòs malaki ki te charye m pou 7 pa nan bal demen miyò 7 ti pa kavalye

pòlka yon manman tanbou madoulè toupre fin pliche detrese tout pay sou tèt

kounouk mwen pouki m te fanmsay nan akouchman lespwa lavi nan 16 de

sanm 90 pouki tyovi pa t tou mouri nan pasay pou 7 grenn mwa lafanmi

rejwi yon dekalyonn tribilasyon envazyon mizè depòtasyon pouki m pa te

kite chwal tonton yo di ki tonton m nan pran gany anlagan pale yon pawòl

pou mwen mèt kraf ki pawòl ou ta vle pou nou pale ni pou ou ni pou mwen

swafèt di yon pawòl tabli yon koze sou dwa pa m sou lavimiyò pa m sou

jodi ak demen fanmi mwen ras mwen pale yon pawòl pou mwen yon foure

bouch yon pawòl etablisman enstitisyon legal agrantlijyèn ki pa nan ti mezi

mounpa espesyal pati kilyè yon pawòl enstitisyon demokratik popilè pa pèp

pou pèp ki fèt pou ranplase tout bezwen piston relasyon moun lou parenn

moun pa yon pawòl enstitisyon solid pou reparasyon separasyon nasyonal

legal pale pawòl jeneral desalin nan pou mwen pou 2èm endepandans la

pawòl reparasyon enjistis rabi k ap ravaje peyi a depi 2 syèk pitit kolon

eritye kolon pitit ginen eritye anyen pawòl lapè a benevòl konsa a poko

pawòl pa m nan lasosyete reklame lapè li se bèl pwojè men m pa kache di ou

tonnè krakra izèdeze viv salnav resi pale yon pawòl pou mwen resi pale nan

pawòl pa m nan non mèt la pawòl pwogrè swafèt pawòl pwogrè pa mwen se

pawòl pèp k ap lite pou lavimiyò se pawòl angrè pou m travay moso tè m ta

4/17/2007 34

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!