14.09.2014 Views

Maskilanje - Potomitan

Maskilanje - Potomitan

Maskilanje - Potomitan

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Maskilanje – A Haitian novel by Kesler Brézault

sanginè ou p ap sis dal vakabon pantan lan repantans moun dammari bat

chalbari dèyè tout mèt kesyon represyon pèp ansdeno alo kouman sa ye apre

gagè n a konte ploum ganmèl lan jakmèl tounen anbasad 4 5 tonton makout

sere anba chak ganmèl timoun pè ganmèl timoun kouri pou ganmèl pè leve

ganmèl kivèt pa ret atè kivèt tounen kas an fè nan lagè katòz anba kabann

anba waf lan raje tonton makout tounen fwomi fou lapousinyè lan mango

dlo bonbonni kaye sou yon moso zorany si pouri vè fè kanaval lan yon moso

pwason sale 2 rat pran nan pèlen douz chen ki rele chen ap defouraye

dechikte tyènannan yon bourik mouri se sa lago a te dire twòp bon jan

koukouwouj lage lan dengwenn mechan move zè koute kraf anwo dèlma

mamè sè siperyè soti pou l al okabine lè li fè sa l parèt li ouvri pòt latrin nan

tonnè krisboulout mwen makout ki lan watè a yon dal michan tonton makout

sa ki gwo gwo yo yon latriye malveyan yonn sou lòt sa ki kostime sa ki pye

atè swe tankou pitit bouki pè kou sourit pa wè lòt kote pa chwazi lòt kote

pou yo al sere se lan watè kay mamè oo konndi lòt la konn di

onnètesplozyon wi isiba tande kraf tande woule woulo a aaa woulo ap woule

dewoule chalbari a bat chalbari dèyè ou chalbari dèyè bourik malentespri

malefik oo kraf tande ayewopò m sot la a vant pase vant mennen kakarèl

kolik deklarasyon manti piblik de zikap nan dengwenn move sije mechan

move je makout pye kout ki te ret dèyè sa pise pase re lan papòt ayewopò

moun la a lan pòtoprens pa gen plas pou padon pou lagras pwennfèpa fanmi

lenmò k ap mande sen jak gras y a yan rès satan jerenons mò chwal animal

tout sou lis detere pwomennen lepèp fè yon sèl yon sèl kò dechoukè debake

lan simityè tout pawòl aza laza kiyètvou kèlètvou levevou pawoli sa yo vire

lanvè ave ave mariya fineray rechante kraf tande ak wè se de wè pou ta wè

ak je ou mèt kraf poko reponn swafèt pike anba lavil demezi se bò lari granri

tout se pankat reklam pou woulo woulo pou lwe woulo pou vann bayafèm

woulo dechoukay woulo prete likidasyon woulo kaye lan lakou mouzen

lasalin swafèt gaye mèt kraf gouye kò l li fè ti rantre soti l devan pòt lekòl la

tou li voye je l nan fenèt la tanzantan men mche plis kole sou televizyon l l

ap gade espektak an dirèk li wè li tande l ap panse tou dyòl lang lage bouch

lang demare pawòl alagouy gwo distribisyon pawòl sou channmas chak

moun soti ak ven trant pawòl tiloulou ranmase yon pawòl kal maks pou l

pote al separe lakay li yon kokenn chenn pawòl twò lou pou lang li si ti

nonm lan pa kouri flanke koze a atè boukante sa ak yon refren vaksin

dechoukay pawòl sa a desounen l kase kou l sèk yon bri pye plitip plitip yon

batan pòt lekòl la frape kow mèt kraf kouri reponn li deja konn ki moun ki la

swafèt sa ou di fèy lan bwa souke jodi a a a gwo fèy fèy ki gen fèy ki gen

nanm sou yo fèy gason fèy grenn maskriti pou reglise tè ayiti fèy pwa kongo

pou fwete lenmò fèy ginen pou voye ale fèy ave pou tounen detounen

4/17/2007 22

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!