14.09.2014 Views

Maskilanje - Potomitan

Maskilanje - Potomitan

Maskilanje - Potomitan

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Maskilanje – A Haitian novel by Kesler Brézault

yo malveyan pòt drapo a gentan tounen ou a di yon balon baskèt boulvari

pèp soulven leve an 2 tan 3 mouvman toubiyon van latounay woulo dechou

kay la mete lari a klin makout pise sou yo tankou milèt pòt fizi gaye kou po

kann sirèn anbilans lan kat pwent fanm machann dlo a pase l gade l tchwipe

l di apali kouman l rele a te toujou ap di pa gen lapriyè ki pa gen amèn epa

katafal lavalas dlo dechoukay pase li ranmase charye rès bokal penti rans bòs

pent touye dife sou santi boule migannen chèk ènès ki gen tout monopòl

pouvwa benefis jeneral tout syè travay malerèz an jeneral woulo dechoukay

pran lari zak ari fè l pran kouri pran kriye manman o myè myè pijon women

fwenk fèmen lan kalòj madan mas madigra mal maske pèdi bann sanginè

malfèktè lè woulo a rive bò kay yo a de bal tire eksite dechoukè rete kamelo

ise mèt kesyon chèf represyon sou tèt ze pon yon woulo tchak ki pa manje

anyen ki frèt fè l manje souflèt kou milèt endont mete pou yo al di m di mete

pou yo merilan sou teras trèl relenng pandye makout lan travès defetaye

menm kat kay pay okay difon sèkèy bwote pwonmennen lan gonayiv

gonayiv mande revany vanjans twa ti inosan twa timoun ansasen yo voye lan

peyi san chapo dechaje fizi mitrayèt lan tout ti kòf lestonmak yo gonayiv

kanpe pou li rekòmanse listwa listwa prenmyè janvye lendepandans gonayiv

kanpe pou li dechouke listwa kremòl sou do ayisyen yo fè tounen anyen depi

epòk chòk bawòk papa dòk malonnèt yo fè ayisyen yo pa fè chen l nan

sendomeng nou te kwè politisyen etazini ta ride nou bouda nini fòt alenn

prizon kwonm lan miyami florid chaje kou legba ayisyen wou ou ayisyen te

fin tounen anyen desoto tounen rans an frans bèk nou pran lan kebèk

akizasyon maladi tonbe sou nou tout pou nou ala tray men kisa l te ye la a

mezanmi ki mizè tribilasyon sa a ki pichon sa a ki te badijonnen peyi a ki

madichon ki t ap pousib pèp ayisyen toupatou kote nou pase sa a menm si se

te wanga ak 3 bò sitwon fòk nou t a janbe l si se te dife pa pouvwa lasous dlo

nou pa t a boule si se te bizango ak 3 modpas règ sòm sèk wenwen ta gaye si

se te prison ak detwa mounpa yonn lan nou t a lage si se te angajman pou dat

yo ap touche fòk nou t a fin peye si se te larekonesans nou t a konn rezon

dekiprevyen si se te dèt ak dra sen pòl nou t ava kouvri sen pyè si se te lese

yo fè fòk nou ta bay dizon nou si se te pari nou ta sere di di kòd kè lepèdan

nou si se te kapon fòk nou ta kriye bay gany si se te blan kolon vwa desalin

ta va pete govi si se te yangki peral krisifye ta va anlaza kako si se te konplo

fòk nou ta ap mare konplo pou nou ankrabinen konplo si se te bay nou pa ta

kontwole ni pèrèz ni sèkèy ni madichon ni lenmò ni chaplèt ni rayiman ni

lajan bay pè klodèl pou l chante libera pou yo kraf tande kraf moun nan

tigwav plontonnen lasigwav moun tigwav dechouke tout zannimo lan fetay

lan chèy pay tout vye bèt mòdantrèt pè womil is pa pè rete pè lan jeremi

moun jeremi deklare anwo pa moute anba pa desann men pè a la a gade

4/17/2007 21

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!