14.09.2014 Views

Maskilanje - Potomitan

Maskilanje - Potomitan

Maskilanje - Potomitan

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Maskilanje – A Haitian novel by Kesler Brézault

sèl toupatou maladi n soufri a se pa li mòd doktè n sa yo janm vle trete

rechte rechte depi nan machan desalin papa pèp la te rechte kesyon pitit

kolon eritye kolon pitit ginen eritye anyen an preche preche yo fè pèp kwè se

yon eritay pou nèg mouri nan malsite konmkidire konmkidire lavi ak lanmò

mare konplo an ne koulant nan pasay kay mwen konmkidire zetwal polè pa

m nan leve lan sid letwal dimaten mwen leve lannuit lalin lavi mwen plenn

avòte jou pou jou gwo midi konmkidire pye sabliye m donnen yon mòd

lespwa tounen jouva jouvyen sa p ap chanje konmkidire branch lamitye m

sispann donnen prèv lanmou nou derasinen jouk lan kawòt konmkidire

kaliko ble nou pa ble 2 bò depi nan izin yo tenn yon bò yo kite yon bò

konmkidire lan miwa lavi kou miwa lèzany yo wete pòtre m yo mete pa yo

ak pa zòt tousèl kòmkidire maladi n soufri a se pa li mòd doktè n sa yo janm

vle trete chanje chanje depi tan en ak fidèl yo mèt la mande pou n ranmase

epi sonje (òganize ramas ladim ofrann kotite sakit zaka elatriye tansèlman pa

bliye rezon ramas la se fè l travay bay rannman pou nou ka separe tout

benefis ak tout manm yo) danje danje yo preche moun rezinyasyon richès

latè se pou ledyab ak tout lòt moun ki lan satan ( ) yo menm y ap jwi se gras

bondye pouki moun pouki moun klòch katedral fè eskandal blenngbendenng

blenng midi lasosyete latabèsèvi pouki moun monsenyè entèl fè bèl tedeyòm

chèz a kousen swa aliyen 1 2 3 4 premye ranje pouki moun baryè lekòl tou

laj louvri san pyès blokes monpè mamè madam dirèk fè lomeyans bèl ti

zanfan pouki moun mouche doktè tousuit tousuit pa janm fatige pouki moun

mèt avoka jij jijdepè bay bèl chobiz antre nan koki griyen trannde pouki

moun lanmè sayira ap layite ble blayi sab blan pouki moun yo moute pri sa k

bèl sa k bon sa k santi bon pouki moun min sab laboul fè lajan fè boul

choute nan bank suis pouki moun tout gwo izin kou larenòls nan miragwàn

fouye tout min woule machin manje kouray pouki moun lajan sere ponn e

reponn marasa 3 pouki moun zetwal file anwo lan syèl pouki moun siperyè

moun maladi n soufri a se pa li mòd doktè n sa yo janm vle trete zouti zouti

depi twòp tan nan tèt leta sitwayen sitwayèn ap envesti konfyans simen

lespwa y ape plede mande zouti ki ka itil demokrasi pou yo ka fè devwa epi

jwi dwa yo kòmsadwa mati mati yo pito fè n ap kraze rak pouse n pati al

pase mati yo pito yo pito ap toufe vanyans pase pou yo kwape malveyans yo

pa vle pyès limyè konsyans limen sou rezon lòt la pou l gonfle pou l boude

enève ponpe eklate pouse grif pou l kwape move lavi yo pa vle mezire ni

longè ni fondèt yon reyalite makab kote lamizè malokipe meprizans

malonnèt imilyasyon pase pou nòmal pou vivasyon fòse pèp ap sibi nan yon

sosyete ak fòskote men je l men pa ou yo pa vle pran pèz dezespwa pifò

moun nan yon sosyete manfouben anlegad yon sitiyasyon anvlimen kote

moun ap pran pòz siperyè moun ap pyafe pilonnen dwa moun depi pi plis

4/17/2007 13

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!