14.06.2014 Views

Yon Manyèl Itil pou - Countdown to Kindergarten

Yon Manyèl Itil pou - Countdown to Kindergarten

Yon Manyèl Itil pou - Countdown to Kindergarten

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

A C

B D

A b c D

Counting Down to

Kindergarten:

Yon Manyèl Itil pou Fanmi Timoun

Kindègadenn (K2) nan Lekòl Piblik Boston

E

E

F

G

H

f

G

h

Kontrarebou pou Kindègadenn ak “Department of Early Childhood” nan Lekòl Piblik Boston.

Kontrarebou pou Kindègadenn se patwonaj Majistra Thomas M. Menino, Komite Alatèt Lekòl Boston, Administrasyon

Lekòl Piblik Boston ak Patnè Kominotè nou yo.

BOSTON PUBLIC SCHOOLS

Bonjou Fanmi yo,

Byenvini nan Lekòl Piblik Boston! Depatman “Early Childhood” gen lespwa pou kòmanse wout

ledikasyon an ak ou. Nou kontan pou kolezepòl ak ou dekwa pou nou mete pitit ou a sou kous siksè

li ki pral kontinye lavi diran tankou aprenan ak bon sitwayen.

Gid sa a pral entwodui ou nan klas kindergadenn (K2) ki fèt pou timoun 5 lane, ansanm ak pwogram

ki la kounyeya pou aprann lekti ak matematik, pwogram “Pearson’s Scott Foresman Reading

Street” ak “TERC Investigations”. Pwogram sa yo anrapò ak sa ki chwazi pou klas K1, OWL

ak “Building Blocks”, dekwa pou pitit ou a ka kòmanse esperyans edikasyon li byen dous. Anplis,

objektif pwogram kindègadenn Lekòl Piblik Boston an fèt pou ede timoun nan jwenn siksè epi vin

tounen yon maton nan lekti lavidiran, redaksyon ak fason moun aprann epitou fason bon sitwayen

aji.

Nou ta kontan anpil tande sa ou panse epi konnen esperyans ou nan pwogram “Early Childhood”

Lekòl Piblik Boston nan. Tanpri telefone depatman an nan 617-635-6768 oubyen e-mail jsachs@

boston.k12.ma.us. Ou ka sèvi tou ak pakèt resous nou liste nan dènye paj gid sa a, tankou “Countdown

to Kindergarten”, ki la pou ede ou fè tranzisyon enpòtan sa a. Pa renka pou rele nenpòt

moun nan biwo “Countdown to Kindergarten” nan 617-635-6816 oswa vizite sit entènèt www.

countdowntokindergarten.org.

Bòn chans pou ane lekòl ki pral kòmanse a,

Jason Sachs

Dr. Jason Sachs

Direktè, Depatman Early Childhood

Sonia Gómez-Banrey

Sonia Gómez-Banrey

Direktè, Countdown to Kindergarten

Timoun yo Kòmanse

Aprann Lakay

Konte sou sa a! Chak bagay fanmi yo fè pou yo elve

e pwoteje pitit yo make yon diferans. A kèlkeswa

laj yon timoun kòmanse frekante lekòl, paran yo ak

lòt fanmi yo se premye moun nan lavi timoun sa a ki

kapab apresye ki kalite moun li ye, ak kisa li kapab fè.

Lè paran ankouraje kiryozite lakay timoun yo, kominike

yo valè nan fanmi an, epi montre yo yon apresiyasyon

sensè, fanmi sa yo etabli yon fondasyon solid e dirab

Timoun grandi e devlope

byen lè paran yo, lòt

manb nan fanmi an

ak lòt grandèt koze

epi jwe avèk yo. Se

grandèt lakay yo ki

premye pwofesè timoun

yo. Grandèt yo montre

timoun yo pale yon

lang pandan y ap koze

ansanm, youn rakonte lòt

istwa, youn chante pou

lòt, elatriye.

Jenn timoun kapab reyisi pi fasilman nan lekòl lè yo

aprann anpil mo e ke yo kapab eksprime ide yo ak

nesesite yo. Si ou pran tan pou w jwe epi pale ak

pitit ou yo, ou ede yo ogmante vokabilè yo, ou ede

yo santi yo konfòtab, ou ede yo kòmanse lekòl ak

antouzyasm, e konsa yo prepare pou yo kontinye

aprann.

1

Lè ou pran tan pou w pale ak pitit ou, ou

montre timoun sa a ou renmen li, ou ba li valè,

epi w ap pran swen li. Anplis asirans ak konfò

atansyon w sa a asire lakay pitit ou an, ou bati

yon sans pèsonalite solid lakay li, e li pral apiye

sou karaklteristik sa a pandan tout rès lavi li.

Jwèt ki pou Ede Pitit ou an Aprann

Aktivite sa yo koute kòb, yo pa boule kalori,

e yo pa bezwen batri!

Anpil pami bagay sa yo w ap fè pou w ede

timoun ou an li yo, yo fasil, yo gratis, epi yo

anmizan. Ou pwobableman akonpli anpil pami

yo san ou pa menm rann ou kont. 20 minit

sèlman pa jou kapab make yon gwo diferans.

PALE

Pale souvan ak pitit ou epi tande swayezman kisa limenm li gen pou l di w pou w ka

ankouraje l koze avèk ou tou. Plis timoun lan tande mo ak fraz ou yo, plis limenm li

pratike yo nan koze avèk ou, se plis l ap konprann kijan langaj fonksyone. Aranje w

pou youn di lòt istwa, pou youn bay lòt blag.

Aktivite: “Te gen yon fwa” Ba li yon listwa sou oumenm. Di li ki moun zansèt ou

yo te ye, oubyen di li yon listwa nan lavi pa w lè w te timoun. Lè pitit ou an ap tande

w ap di li kisa ki te rive w nan lavi pa w, l ap aprann divès mo nouvo.

Istwa w yo ede l renmen istwa, e sa ede li aprann li lekti tou! Mande l

di w yon listwa, limenm.

Depi nan tan lontan, youn rakonte lòt listwa, se te toujou yon fason

pou nou transmèt valè, kwayans, epi konesans sou fanmi yo. Rakontaj

listwa gen anpil enpòtans kote paran, lòt manb nan fanmi an, ak lòt

grandèt kapab ede timoun yo aprann pale, epi pou yo jwe wòl yo kòm

manb nan avansman kominote an.

2

JWE

Pèmèt pitit oan jwenn anpil tan pou l jwe. Lè timoun

la nap fè kozman pandan l ap jwe ak ti oto, ak blòk,

oubyen ak lòt jwèt, l ap itilize imajinasyon li, l ap

pratike langaj, epi l ap anmize li tou. Lè w ap jwe ak

pitit ou, se yon gran moman pou nou de an—oubyen

pou tout fanmi an—pou nou pataje anpil mo ak ide.

Chwazi oumenm

pwogram TV ak jwèt

video pou timoun yo.

Plase limit nan kantite

tan ak ki tip pwogram

TV pitit ou an kapab

gade. Byenke gen

pwogram TV ki edikatif, rechèch montre tou ke timoun

ki pase mwens tan ap gade televizyon travay pibyen

nan lekòl. Epi tou, lè timoun yo chita twò lontan devan

yon TV, sa redui kantite ekzèsis kote yo ta dwe ap

itilize kò yo ak imajinasyon yo.

ALE PONMENNEN

Lè nou nan pwomnad, nou souvan gen yon bann

bagay nouvo ki pou f è nou koze. Sonje, anpil bagay

ki regilye pou ou se kozman nèf pou pitit ou an.

Menm lè nou chanje wout pou n ale nan estasyon

otobis lan, nan boutik lan, oubyen nan “landri” ou

“Laundromat” lan, sa ap ban nou bagay tou nèf pou n

wè.

FÈ DESEN OU “EKRI”

Se nan fè majigridi ak trase desen timoun yo kòmanse

aprann ekri, konsa ekri e trase desen ak timoun yo.

Lè w ap ekri lis pou w al achte, mande pitit ou an pou l

“ekris” pwòp lis pa li tou, menm si lis li an se majigridi.

Se senpleman papye blan, ou papye ize, ak kreyon

koulè oubyen makè efasab, pitit ou an bezwen pou

li kreye “pyès metrès” li yo. Tout timoun renmen fè

majigridi, trase dessen, oubyen fè

tankou se ekri y ap ekri—e tout aktivite sa yo bay

timoun yo tan pou yo devlope adrès ak imajinasyon

yo.

Aktivie: “Chante

yon Chanson”

Chante pou pitit ou,

e avèk li. Mizik se

yon kozman inivèsèl

e li anmizan pou

tout moun. Mizik kalme e

rekonfòte timoun. Mizik

an jeneral, mizik popiplè ou

chanson pou timoun, se yon

bon fason pou timoun yo

konekte mo yo ak sans yo.

Aktivite:

“Ann fè

Tankou” Fè

tankou ou

pral ponmenmen ak pitit ou

an, oubyen imite aktivite

ki entetrese li. Ou ka fè

tankou w ap òganize yon fèt

anivèsè, ou prale nan yon

restoran, pran avyon, ale

naje, ou nan difikilte. Ou pa

bezwen konsidere sezon an.

Sonje, se sèlman imitasyon.

Aktivite: “M ap Espyone”

Ou ka fè jwèt sa a tout jan:

nan oto an, nan otobis lan, ou

nan boutik lan. Chwazi yon

lèt nan non pitit ou an, epi

wè si ou ka jwenn yon bagay

ki gen menm fòm ak lèt sa a,

oubyen pran lèt sa a nan yon

ansèy. “Eske ou ka jwenn

lèt M?” “S”,

“T”, “V”, “C”,

“O”, “E”, epi

“H” se lòt lèt

fasil pou w

3

Aktivite: “Ekri yon Lèt” ede

pitit ou an trase yon desen.

Ansuit ekri sa li di

w ekri sou desen sa

a. Li sa w ekri an

pou li. Kite timoun

lan limenm deside a kilès

moun li pral voye foto an

bay: yon paran, yon zanmi,

yon pwofesè. Mete foto an

nan yon anvlòp, epi bay ou

Aktivite:

“W ap di

Mwen”

Aprè ou

rakonte yon

listwa ou li yon liv pou pitit

ou an, mande li kisa ki te rive.

Ankouraje l pou l rakonte w

menm istwa a nan pwòp mo

pa li. Kite li pran tout plezi li

vle. Si w wè gen kote li pa t

konprann, pa pase l nan betiz

pou sa. Pale senpleman piplis

sou listwa a. Kite li itilize

pwòp imajinasyon pa li pou li

bati pwòp istwa pa li.

LI (LEKTI)

Byen o kòmansman, paran, manb fanmi, ak lòt

grandèt bezwen bay jenn timoun yo liv pou yo li.

Yon fason pou n ede timoun yo bay liv valè, se

mete pou n mete liv yo nan yon plas espesyal pou

n ka ankouraje timoun yo pran liv sa yo, yomenm,

sèvi avèk yo jan yo vle. Lè gen opòtinite pou

distribye kado, mande fanmi ak zanmi yo pou yo fè

timoun yo kado liv. Se pa sèlman lè yon liv nèf ki

fè li se yon gran liv. nou ka itilize liv gran frè, gran

sè, ou liv kouzen, oubyen nou ka achte yo nan

etalaj kote y ap vann liv dezyèm men!

Paran, manb fanmi, ak lòt grandèt k ap gade

timoun dwe bay timoun yo liv depi yo ti katkat.

Yon fason pou n entwodui abitid li lakay timoun yo

pou rès lavi yo se lè n ap gade foto yo nan liv lan

pandan n ap pale sou yo. Grandèt yo ka montre

timoun yo kijan pou yo itilize yon liv lè grandèt ap

montre timoun yo kijan pou yo kenbe liv yo pandan

y ap tounen paj yo. Jenn timoun yo aprann

apresye liv apati grandèt ki plase ekzanp sa yo.

Anplis aprann yo aprann kijan pou yo bay liv yo

valè, anpil timoun pran plezi nan atansyon yo

jwenn lè y ap eseye pale avèk yon grandèt k ap

pataje plezi li yon liv avèk yo.

Aktivite: “Pran yon ti Poz”

Aprè nou li yon liv plizyè fwa,

fè yon poze, epi kite timoun

lan repete kèk pami mo yo epi

li avèk ou. Touche kèk pòtrè

pou w ba li yon ti apèsi.

Aktivite: “Pati sa m Pi

Renmen an” Aprè ou li

yon liv, koze ak pitit ou an

sou chak pati nan istwa a

ou pi renmen.

4

Fè tèt ou pwomès pou w li ak timoun yo chak jou.

Ou ka fè sa nenpòt lè nan jounen an. Men si w fè

yon lekti ak yo kèk minit anvan y al kouche, se yon

bon fasòn pou nou mete yon bout nan yon jounen

nou pase ansanm. Sa kapab tradui an pibon 20

minit pandan yon jounen.

Aktivite: “Rime Mo yo” Liv

ki gen rim anmizan pou timoun

yo. Li nenpòt nan liv “Mother

Goose” ou “Dr. Seuss” yo.

Aprè ou li yon liv ak rim, ou

ka fè kèk rim komik, oubyen

nou ka jwe pwòp jwèt pa nou,

kote n ap bati rim ak mo nou

konnen yo. Pa ekzanp, “dime,”

“time,” “rhyme” ou “lime.”

Ajoute piplis rim pou nou ka

mete piplis kouplè nan yon

chanson.

Aktivite: “An n Wè sa k

rive” Se pou kirye avèk pitit

ou an. Chèche nan liv pou nou

jwenn piplis enfòmasyon sou

nenpòt bagay — ke seswa liv

lakay, ke seswa nan bibliyotèk

lan.

Rezime Pwogram nan

bjektif pwogram Lekòl Piblik Boston (BPS) yo pou kindègadenn (K2) se

O prepare ti elèv yo pou siksè lavidiran epi pou yo vin lektè, ekriven maton

epitou devlope teknik pou aprann e tounen bon sitwayen. Pwogram ki sèvi nan klas

K2 yo anrapò ak “Massachusetts Learning Standards” epitou nouvo “Common Core

Standards”.

5

Tikatkat nan kindègadenn yo aprann pi byen lè yo angaje yo aktivman ak materyèl

ki enteresan epi yo gen chans pale ak granmoun ak lòt timoun tou. Pwogram Lekòl

Piblik Boston yo pou kindègadenn anrapò ak pwogram “Pearson’s Scott Foresman

Reading Street” nan pou lekti epi “TERC Investigations” pou aprantisaj matematik.

Yo ofri timoun yo esperyans pou aprann syans atravè twous FOSS (Papye/Bwa,

Animal 2x2) ak etid sosyal atravè tèm responsab distri yo chwazi (Katye mwen,

Peyi mwen).

Pandan yon jounen nòmal, ti

elèv yo patisipe nan ansèyman

an gwoup (tankou travay sou

mo, tèm ki anrapò ak devlòpman

konsèp, li fò ak bouch, ti gwoup

pou fè esperyans ki ranfòse

ladrès (ki gen ladan ansèyman

lekti gide, pratik ekriti, esperyans

pratik nan leson syans) ak lòt

aktivite endepandan (ki gen ladan

kwen ki ranje espesyalman,

desen ak ekri istwa pèsonèl,

rezoud pwoblèm matematik). Pandan tout jounen an, pwogram etid la sipòte ak

aktivite langaj ak devlopman sosyal-emosyonèl.

APRANN LI- ALFABETIZASYON

Pwogram “Reading Street literacy” nan K2 konsantre sou devlòpman abilite timoun

nan pou li ka dekode tèks ak istwa ki pa istwa-kont.

Pwogram K2 nan Boston nan gen gran kalite pou enstriksyon epi chita sou pratik ki

soti nan rechèch ki defini chan etid timoun ak lòt disiplin. Pwogram nan konsantre sou

gran kalite enstriksyon sou devlòpman alfabetizasyon, lekti ak konpreyansyon.

DEKODAJ:

Alfabè Idantifikasyon Lèt

Sansibilizasyon Fonolojik

Prensip Alfabetik

Son/Lèt Korespondans

Konvansyon sou Enprime

Sansibilizasyon sou Enprime

KONPREYANSYON:

Vokabilè

Sentaks

Konesans sou Kontni

Rezònman/Panse Enferansyèl

Konesans Estrikti Tèks

6

Pandan anpil nan aktivite aprantisaj

lekti pou K1 ak K2 anbake nan

aktivite ki baze sou tèm ki la pou

monte konesans, kèk moman

nan chak jou konsakre tou pou

ansèyman konpetans alfabetizasyon,

ki gen ladan devlopman langaj oral,

konesans fonolojik, konesans alfabè

ak konpreyansyon. Nan klas K2 yo,

timoun senkan yo patisipe nan aktivite

alfabetizasyon kote yo chante, yo

repete epi pratike poukont yo san

pwofesè a pa bezwen la dèyè do yo.

Yo travay ansanm pou devine kisa ki vin apre nan lekti tèks ki ekri sou tablo salklas

la. Pwofesè yo ofri enstriksyon klè sou fason yo ekri liv, kijan pou devine mo ki ekri yo

ak fason yo fòme lèt yo. Sa timoun yo aprann nan gran gwoup yo repete ankò nan ti

gwoup ki reyini apa ak lòt fwa ankò pandan ansèyman yo.

TÈM INITE YO

Pandan lavi nan salklas la bay timoun

nan anpil opòtinite pou konprann latè

ak moun ki ap viv sou li, gen tèm

espesifik nan “Reading Street” ki la

pou ogmante konesans timoun nan

sou lemonn. Nou jwenn tèm sa yo ak

kesyon ki konekte ak yo.

INITE 1 Nou Tout Ansanm: Kijan nou viv, nou travay epi jwe ansanm?

INITE 2 Lavi Zannimo yo: Ki kote zannimo yo viv?

INITE 3 Gade Mwen: Kijan moun, plant ak zannimo yo grandi?

INITE 4 Ann Eksplore: Ki kote avanti nou an ap mennen nou?

INITE 5 Vizite Anpil Kote: Kijan moun ka soti isit la pou ale laba a?

INITE 6 Lakay Nou: Kijan kay nou ede nou viv epi jwi lavi a?

7

MATEMATIK

Timoun kindègadenn yo envestige matematik ki nan

alantou yo. Yo konte konbyen elèv ki nan salklas la, yo

dekri fòm yo wè ak rezone sou fason nimewo travay.

Pwogram etid matematik ki rele “Envestigasyon” an

bay yon fondasyon solid nan matematik atravè yon

eksperyans rich epi varye.

Devlope yon sans elve pou konprann nonm ak fason

yo travay youn ak lòt se yon objektif enpòtan pou timoun ki nan kindègadenn. Pandan

tout ane a, elèv yo devlope langaj pou dekri ki sa yo remake ak konsèp matematik ki

rantre nan panse yo. Elèv kindègadenn yo gen anpil opòtinite pou konte byen fò, ekri

epi entèprete chif nan yon varyete kontèks. Yo devlope imaj vizyèl pou kantite ak yon

sans relasyon ki egziste antre yo (10 pi gran pase 5; 4 pi piti pase 6; lè ou ap konte

chak nonm yo se youn anplis, elatriye). Travay konte a sèvi tou tankou yon pon ak

operasyon adisyon ak soustraksyon. Elèv yo reflechi epi devlope estrateji pou rezoud

pwoblèm adisyon ak soustraksyon ki gen nonm piti epi sèvi ak ti objè konkrè, desen ak

notasyon pou montre estrateji yo ak solisyon. Elèv yo gen eksperyans nan repetisyon

modèl senp ak mouvman kò (bat men, touche men), fòm ak nonm. Yo idantifye modèl

senp ki repete anpil, tankou wouj-ble-wouj-ble e yo ka kopye, konstwi, dekri, repwodui

ak pwolonje modèl yo dekouvri yo. Yo detèmine kisa ki vini apre nan yon modèl ki

repete, epi kòmanse panse sou fason de modèl ka similè oubyen diferan. Elèv yo

devlope konpreyansyon yo sou fòm lè yo dekri, idantifye, konpare ak ranje fòm.

Nan aprantisaj sou fòm tankou triyang, rektang ak trapèz, yo eksplore kisa ki fè yon

triyang se yon triyang lè yo idantifye kèk nan atribi li yo (3 pati kote, 3 kwen oswa ang).

Nan pran mezi, yo prezante elèv longè kòm yon dimansyon, epi sèvi ak konparezon

dirèk kòtakot pou konpare longè kèk bagay. Nan tout ka sa yo, nou konsantre sou

langaj ki apwopriye pou dekri ak konpare longè.

DEVLÒPMAN SOSYAL AK EMOSYNÈL

Jan timoun santi tèt yo gen menm enpòtans ak jan yo panse, sitou nan sa ki gen

arevwa ak pare pou lekòl. Siksè akademik konekte ak konpetans sosyo-emosyonèl

byen devlope. Timoun piti aprann pi byen lè yo evolye nan yon kontèks relasyon

pozitif epi yo pa ka aprann lè yo pa santi yo ansekirite, yo renmen yo epitou yo sipòte

yo. Pwofesè yo travay ak timoun yo pou rezoud konfli, konprann siyifikasyon zanmitay

epi aji ak respè e responsabilite.

WOUTIN

Pwofesè yo tabli nan klas yo kèk woutin ki la pou ede timoun nan konnen kisa li pral

fè youn apre lòt, konduit ki pral ede li regilarize konpòtman pa li. Pa egzanp, anpil

8

pwofesè sèvi ak chante oswa yon klòch pou anonse elèv yo lè pou yo ranmase tout

bagay epi netwaye genyen pwofesè ki mete sou mi a orè aktivite jounen an. Plis

timoun klas matènèl yo ap aprann li, plis pwofesè yo pral sèvi ak afich tankou resous

pou fasilite akizisyon konpetans pou konpòtman ak akademik.

BATI BON KOMINOTE

Pwofesè yo ede timoun yo aprann yo dwe fè pati yon kominote ak yo dwe devlope

yon sans responsabilite youn pou lòt nan konvèsasyon ak respekte règ sekirite, tann

tou pa ou, pataje e pou ede rezoud pwoblèm ak konfli. Nan anpil salklas, yo ka bay

timoun yo travay ak lòt responsablite pou ede kenbe klas la anlòd. Timoun yo gen

opòtinite pou pataje lide yo, panse yo ak eksperyans yo youn ak lòt pandan reyinyon

pou tout gwoup la chak jou.

SYANS

Atravè leson nan salklas la ak aktivite (espesyal), menm jan tou nan diskisyon an gran

gwoup, timoun yo gen opòtinite pou yo aprann e pratike sa syantifik yo fè: obsève,

eksplore, predi, mezire, reflechi epi pran nòt sou eksperyans yo avèk materyèl epi

bagay ki nan anviwònman yo. Pa egzanp, nan chapit leson “Bwa/ Papye”, elèv yo

aprann diferan kalite bwa, jan yo sèvi avèk yo pou fè papye.

DEVLÒPMAN FIZIK

Timoun piti devlope rapidman e yo bezwen

opòtinite pou fè anpil mouvman dekwa pou

ede kò yo grandi. Timoun kindègadenn yo

pase anpil tan deyò chak jou (si tan an bon)

menm jan an tou yo fè egzèsis yo rele aktivite

motè kontwole plizyè fwa pa semenn.

GRAN AKTIVITE MOTÈ:Timoun yo devlope

ladrès pou fè gran mouvman atravè mouvman

aktivite nan klas la tankou deyò. Egzanp nou jwenn se danse, sote, grenpe, atrape

boul, fè glisad ak balansin nan lakou rekreyasyon an.

AKTIVITE MOTÈ FEN: Timoun yo devlope ladrès pou fè aktivite motè fen yo rele

ti mouvman ki mande anpil kontwòl atravè aktivite tankou desen, ekriti, koupe, monte

pyès ak “puzzles” ak materyo tou piti tankou ti kawo oswa lego, epi eksplore sansasyon

ak materyo tankou dlo, sab ak patamodle.

9

ATIZAY & MIZIK

Atizay ak mizik bay timoun yo opòtinite pou devlopr lòt talan paske yo pa la pou

aprann sèlman li, ekri fè matematik, men yo la tou pou eksplore kreyativite yo, epi

eksprime lide yo ak santiman yo.

Pandan tout lajounen an, timoun yo

gen opòtinite pou chante, patisipe nan

aktivite mouvman ritmik epi eksprime tèt

yo nan atizay vizyèl an konjonksyon ak

pwogram “Reading Street literacy”.

Plizyè lekòl ofri pwogram anplis pou

atizay, mizik, edikasyon fizik oubyen kèk

konbinezon pami sa ki di pi wo la a.

Anviwònman Salklas lan

Plizyè salklas K2 ranje yon fason ki pèmèt travay an gran gwoup, an ti gwoup epi

opòtinite pou aprann yon fason endepandan. Yo se kote ki chaje ak aktivite pou timoun

angaje aktivman nan aprantisaj atravè lapawòl, eksplorasyon ak koperasyon.

KWEN POU CHITAPALE: Se yon kote timoun yo chita ansanm pou fè kèk aktivite

sou kontwòl pwofesè a tankou li ansanm istwa ak vwa, fè lekti ak pwofesè a, aprann

matematik oswa diskite sou matyè akademik oswa pwoblèm sosyal. Kote sa a ki ka

gen yon tapi yo depoze atè a sèvi tou pou feyte liv, jwe ak blòk koulè oswa travay sou

pwojè ki pi gwo toujou.

SANT APRANTISAJ: Salklas la divize an sant aprantisaj ki pa separe pou matyèespesifik,

men ki sèvi pito pou plizyè rezon. Ka gen yon sant pou tèm teyat ak jwe

wòl se la timoun yo eseye repwodui sa yo li yo an aksyon, yon sant pou bati ak blòk

ki gen ladan divès kalite blòk, yon sant manipilatif pou travay ak men ak materyèl

tankou “puzzles” ak yon tab pou konstriksyon, yon sant pou desen ak ekriti ki gen yon

kantite zouti ak materyèl pou ekri, yon bibliyotèk nan salklas la pou lekti ak tout kalite

liv timoun renmen, powèm ak lòt materyèl enprime, ak yon sant pou tèm dekouvèt

pou eksplore ak èksperimante materyèl ki an relasyon ak konsèp. Lè timoun yo ap

travay nan sant yo, pwofesè yo ap sikile nan mitan yo oswa yo ap travay ak ti gwoup

yo osnon yo bay ansèyman endividyalize.

10

Yon Koudèy sou Jounen nan K2

DEJENE AK AKTIVITE LÈ YO RIVE

REYINYON MATEN

Tabli pwogram aktivite pou lajounen an ak woutin ki kòmanse jounen an, anonse

kisa nou pral fè ak oryantasyon sou aktivite lajounen an.

LEKTI “READING BLOCK”

Pati sa fèt an gran gwoup pou atire atansyon timoun nan sou konesans l ap

bezwen pou travay sou tèm jodiya, sou lekti yo ansanm ak diskisyon sou istwa

ak lòt tèks tou. Pwofesè a chita tou ak elèv yo an ti gwoup pou distribiye

travay apa “differentiated instruction” pou yo fè endepandan nan kwen travay

la, apresa gen yon dezyèm reyinyon an gran gwoup pou enstriksyon sou lekti

(sansibilizasyon fonolojik ak konesans alfabè).

TAN POU ALE DEYÒ/GRAN AKTIVITE MOTÈ

MATEMATIK “MATH BLOCK”

Pati sa fèt an gran gwoup pou aprann nosyon matematik pou jounen an, an ti

gwoup/endepandan pou travay manipilasyon matematik ak solisyone pwoblèm

epi pataj an gran gwoup pou diskite sou sa yo sot aprann nan.

MANJE AK REKREYASYON

ATELYE EKRITI

Pati sa a òganize souvan anba je pwofesè a ki nan mini-leson tou kout montre

yo sa yon bon ekriven fè pandan li ap ekri, ba yo tan pou travay poukont yo

kote pwofesè a gade yo ki ap ekri epi ankouraje yo pataje travay yo ak lòt elèv

yo. Pafwa tou genyen seyans lekti travay la ki fèt ak vwa dekwa pou montre

lòt elèv yo modèl bon redaksyon.

ATIZAY, MIZIK, GYM, KONPITÈ OSWA ESPESYALITE SYANS

Aktivite sa yo varye lekòl pa lekòl. Mande direktè lekòl la kisa ki fèt nan lekòl

pa li a.

SANT POU FINISMAN JOUNEN AN

Se yon moman kote timoun nan ka chwazi aktivite li vle, tankou repase yon

bagay li te fè deja oswa eseye yon opòtinite tou nèf pou li eksplore.

REYINYON APREMIDI

Se moman kote yo repase aktivite enpòtan ki te fèt pandan jounen an epi

tande sa ki pral fèt demen. Kèk elèv ka ale lakay yo epi kèk lòt ka janbe nan

pwogram apre lekòl.

11

Antre nan “Kindergarten” (Transition)

Transitions” kapab yon gran defi pou tout moun,

grandèt kòm timoun, espesyalman antre ou

kòmanse nan klas matènèl, ke timoun lan ap antre

nan K0, K1 ou K2. Sepandan, anpil fwa, antre nan

klas matènèl pi di pou paran an ke pou timoun lan.

Pwogram “Countdown to Kindergarten” ak “BPS

Department of Early Childhood” ofri kèk sigjesyon

pou aktivite ki ka fasilite tranzisyon an pou paran

ak timoun lan nan klas matènèl ou kindergarten

lan.

MENNEN TIMOUN LAN AVÈK OU ALE VIZITE LEKÒL NOUVÈL LAN.

Se yon pati enpòtan pwosesis tranzisyon an. Chak Lekòl Piblik nan Boston ap

ofri yon Sesyon Byenvni pou nouvèl fanmi matènèl yo abityèlman ant mwa avril

e mwa jen. Se yon opòtinite sipèb pou paran yo rankontre prensipal lekòl lan ak

pwofesè matènèl lan, epi dekouvri lekòl lan. Si se posib, vizite lekòl lan plizyè fwa

pandan sezon lete an, epi kite pitit ou an jwe sou teren jwèt lan. Pitit ou an ap vini

familyarize li ak anviwònman lekòl lan, e lè mwa septanm lan rive, lekòl lan p ap yon

milye etranj pou timoun sa a.

KOZMAN KONSÈNAN TRANZISYON. Pa ekzanp, “nou prale nan bibliyotèk lan.

Aprè sa, n ap pase nan sipèmakèt lan kote n ap achte kèk atik, e pou fini, n ap antre

lakay kote nou pral manje kèk bagay, epi fè yon ti dòmi.”

KREYASYON ABITID (ROUTINES). Fikse lè pou n kouche dòmi e lè pou n leve,

epi pa chanje lè sa yo. “Routine” sa a ap ede timoun lan konnen kisa pou l

fè, e l ap asire pou timoun lan gen ase repo tou.

LI DIVÈS LIV sou ale lekòl, men tou, kontinye

li avèk pitit ou an pou plezi lekti an tou. Si pitit ou

an renmen yon liv, li liv sa ak plizyè fwa ak timoun

lan. Si w bezwen yon lis liv nou rekòmande yo,

ale nan paj resous nou an, nan fen ti livrè sa

a. Pandan n ap li, poze kesyon, “Kilès?” “Kisa?”

“Kilè?” epi “Kikote?” pou w ede pitit ou an gen

konpreyansyon. Kite pitit lan li istwa pou ou. Li

kapab di w kisa li wè nan desen ilistrasyon yo.

Mande l pou predi kisa ki pral rive aprè. Vizite

souvan bibliyotèk nan zòn lakay ou an. Yo

gen yon seri pwogram lekti sipèb e gratis pandan

sezon l ete an.

KIJAN POUM

JWENN YON KAT

BIBLIYOTÈK?

Chak branch bibliyotèk nan

vwazinaj lan gen yon Biwo

Sikilasyon. Jeneralman, Biwo

sa a lokalize li nan antre chak

batiman. Pou w jwenn yon kat

bibliyotèk, ou dwe ranpli yon

fòmilè aplikasyon bibliyotèk

lizibleman, epi pòte fòmilè sa

a ak idantifikasyon ki gen non

ou, adrès ou, epi siyati ou nan

Biwo an.

12

lespas pou l chwazi fè kèk bagay pou kont li pou w

ka devlope endepandans nan abitid li yo. Mande

l si l vle mete chemiz wouj lan ou chemiz jòn lan?

Kite l abiye pwòp tèt li. Si l pankò janm ouvri bwat

manje li oubyen tèmòs ji li an pou kont li, montre

li kijan pou li ouvri yo. Timoun yo gen dwa pòte

pwòp repa pa yo nan lekòl lan, e nan ka sa a, yo

dwe aprann kijan pou yo ouvri pwòp bwat manje

yo ak pwòp boutèy ji pa yo. Konsa tou, si pitit ou

an gen pou li mete soulye ak lasèt, ou dwe anseye

li kijan pou li lase soulye li e mare lasèt li yo.

KONPLETE KESYONÈ POU PARAN YO Nou

attaché kesyonè an nan pakè sa a, ou ka jwenn li

nan pakè lekòl la nap ba ou an tou. Enfòmasyon

sa a pral ede pwofesè an konnen timoun ou an

pibyen.

SELEBRASYON TRANZISYON NAN

KINDÈGADENN. “Countdown to Kindergarten”

ofri yon kantite evènman atravè lavil lan pou ede

nan selebrasyon kozman enpòtan sa a. Pase

pran pakè “Kindergarten Readiness” gratis pa w

ki gen anndan li mayo “I’m going to Kindergarten”,

DVD “I’m Ready!”, epi yon gid “Aktivite” ki gen yon

lis evènman gratis atravè lavil lan. Nou mete pake

say o disponib nan bibliyotèk bò lakay ou an.

APÈSI: Premye jou lekòl

lan, abiye pitit ou an

konfòtabman. Mete

pantalon ak kilòt ak senti

elastik sou timoun lan

(zip, sentiwon, epi bouton

ka twò jenan pou timoun lan

pandan kèk jou). Yo ka kreye

pwoblèm si ti moun lan tann

lontan pou l di li bezwen

twalèt. L ap pi fasil si timoun

lan ka rale yo desann. Si

timoun ou an pa konnen kijan

pou li lase soulye li, mete

soulye ak fèmti elastik nan

pye li. Lè timoun ou an gen

plis matirite pou l debouye l

pou kont li nan aktivite rad ak

soulye, wa kite l abiye jan li pi

pito.

KALANDRIYE TRANZISYON

“COUNTDOWN TO KINDERGARTEN”

AVRIL-JEN: Patisipe nan yon Sesyon Byenvni nan lekòl pitit

ou an. Lekòl pitit ou an pral voye yon envitasyon ba ou.

ME-JEN: Pase pakè preparasyon w lan (readiness packet) ki

gen mayo gratis lan (free t-shirt) ak DVD an nan bibliyotèk bò

lakay ou an.

JIYÈ-OUT: Patisipe nan evènman lete gratis atravè tout

lavil lan, avèk ladan li pwogram lekti lete an (Summer Reading

Program) nan bibliyotèk bò lakay ou an. Mande bibliyotekè w lan

enfòmasyon konsènan kat gratis (free passes) pou dives mize (museums).

OUT: Selebre jounen matènèl (Kindergarten Days) nan bibliyotèk

bò lakay ou an. Patisipe nan Selebrasyon Kindègadenn nan “Children’s

Museum” lan. W ap resevwa envitasyon de “Countdown” nan Out ou visite

www.countdowntokindergarten.org pou evènman anvi yo.

SEPTANM: Premye jou kindègadenn lan se premye lendi aprè “Labor

Day” an.

13

DEVLOPE YON PLAN POU PREMYE JOU KINDÈGADENN LAN. Lè ou vizite

lekòl pitit ou an nan sezon prentan an, mande prensipal lan pou l ba ou yon kopi

ajanda (guidelines) pou premye jou lekòl lan. Èske yo pral pèmèt pou w mennen

pitit ou an antre anndan lekòl lan? Gen lekòl ki gen yon règleman serye kote yo

prefere pou paran an rete deyò pou li di timoun lan “good-bye”. Ou kapab prepare

timoun ou an davans pou li ka konnen kisa k ap rive. Ou kapab tou mete yon sijè

fanmi w nan sak timoun lan. Si lekòl pitit ou an gen yon politik ki otorize w antre

nan salklas lan, mande yo pou konbyen tan ou pral la (ou ka senpleman bezwen

10-15 minit). Lè w di “good-bye”, di li tout bon vre.

Si ou panse davans yon difikilte ka rive avèk pitit ou an, pandan peryòd repo

oubyen separasyon nan maten, bay tèt ou yon ti tan pou w diskite l avèk pwofesè

pitit ou an oubyen prensipal lekòl lan, yon fason pou nou ka mete ansanm pou nou

fasilite tranzisyon an poupitit ou an. Sonje, se oumenm ki konnen pitit ou an

pibyen pase tout lòt moun.

Ou pral remake yon postè ki make “Inivèsite Kòmanse nan Klas Matènèl”

(“College Begins In Kindergarten”) nan salklas pitit ou an. Postè sa ap fè w

sonje ke lane sa k ap vini an nan yon salklas kindègadenn nan BPS se yon pa

pwochen nan vwayaj edikatif pitit ou an. Se vole tan an ap vole, e anvan lontan

ou pral genyen pou w di pitit ou an good-bye lè w ap kite l nan inivèsite. Anmize w

byen! N ap di w mèsi pou tèt ou chwazi Lekòl Piblik Boston.

14

Kesyonè Pou Paran “Kindergarten” yo

Nou priye w pran detwa minit pou w reponn kesyon piba yo, epi voye kesyonè

konplete an tounen bay pwofesè tounèf klas “kindergarten” pitit ou an. Kesyonè

sa a pral ede pwofesè an konnen pitit ou an pi byen epi tou l ap fasilite pwogram

enstwiksyon pou li. Mèsi!

NON TIMOUN LAN: __________________ DAT NESANS: _________

KOTE L TE FÈT: ___________________________ LAJ LI: ________

1. Nou priye ou ekri yon lis ki gen non ak laj tout frè ak tout sè pitit ou an, epitou tout

lòt timoun k ap viv nan kay lan.

2. Kilès langaj nou pale piplis nan kay lan? Èske gen lòt lang nou pale tou? Èske

pitit ou an pale piplis pase yon langaj?

3. Avèk kilès moun pitit ou an ap viv (nou vle di: manman, papa, granmè, ou lòt

moun)?

4. Eske pitit ou ka pran swen tèt li poukont li, tankou abiye, fè twalèt li, louvri bwat

goute li? Si li poko ka fè sa, kijan ou ede li lakay?

5. Dabitid a ki lè pitit ou an ale kouche?

6. Ki responsablite pitit ou an genyen nan kay kote n ap viv lan?

15

7. Tanpri di nou kisa ki ka fè pitit ou an pè (chen? Lè li pou kont li? Kisa?, etc).

8. Lè pitit ou an fache oubyen pa kontan, kisa ki kapab kalme li, ki ka fè kè li kontan?

9. Kisa pitit ou an renmen genyen ou renmen fè (interests and hobbies)?

10. Èske gen yon lòt bagay konsènan pitit ou an ou ta renmen pataje avèk nou

(«routine quotidienne», sa li renmen/sa li pa renmen)?

11. Èske pitit ou an gen alèji? Eksplike nou kisa ki ba li alèji an. Kijan sa rive.

12. Èske nan fanmi w gen selebrasyon espesyal ke ou ta renmen pataje avèk nou?

13. Èske pittit ou an te gen eksperyans anvan nan yon gadri oubyen nan yon lekòl

matènèl (preschool or daycare setting)? Si w reponn wi, di nou non etablisman sa

yo.

14. Kisa ou espere jwenn nan yon pwogram K2? Ki rezilta espesifik ou ta renmen

wè nan fen ane a?

15. Tanpri di nou yon kichòy espesyal ou ta vle nou konnen sou pitit ou a.

Èske gen kèk lòt enfòmasyon enpòtan ou ta renmen pataje yon ti jan pi an prive

oubyen pi an sekrè avèk nou. Nan ka sa a, tanpri plase yon randevou avèk pwofesè

pitit ou an.

Nou voye meyè souwè nou ba ou pou yon lane eskolè eksitan k ap pwoche! Mèsi

anpil pou tan sa ou pran pou w ranpli kesyonè sa a.

16

Resous pou Paran yo

Sit Wèb:

http://www.ed.gov/pubs/CompactforReading/tablek.html

Bay aktivite ou ka fè ak pitit ou a pou ankouraje devlòpman aprantisaj lekti li.

http://www.familyeducation.com/home/

Edike paran sou kisa yo ka espere jwenn anjeneral nan pwogram kindègadenn. Gen tou

diskisyon ant paran ki bay konsèy youn pou lòt.

http://www.kinderart.com/littles/

Detaye yon pakèt aktivite ki ranje anba tèm diferan ou ka eseye ak pitit ou tankou jwèt

pou sans li, pou sante li ak ranje/matche bagay.

http://www.seussville.com/

Genyen aktivite entèraktif ki enteresan epi edikatif pou pitit ou a.

http://www.jstart.org/

Pibliye yon gid chak mwa sou fason pou fè timoun nan pare pou lekòl ansanm ak lòt zouti ki

ka ede fanmi a.

http://www.terc.edu

Founi plis enfòmasyon sou pwogram matematik TERC la.

http://www.ncela.gwu.edu/pathways/reading/index.htm

Bay lis anpil pratik sou kijan pou aprann timoun ki pale de lang aprann li.

http://www.rif.org/leer

Detaye aktivite pou fanmi timoun ki pale panyòl yo.

Resous:

Boston Public Schools

Telefòn prensipal: (617) 635-9000

http://www.bostonpublicschools.org

Countdown to Kindergarten

Telefòn “hotline”: (617) 63LEARN

http://www.countdowntokindergarten.org

School Hotline

(617) 635-9046

(Out & Septanm)

Special Education

(617) 635-8599

Transportation

(617) 635-9520

BOSTNET

(Rele pou opsyon anvan & aprè klas)

(617) 720-1290

English Language Learners

617-635-9435

Food & Nutrition Services

(617) 635-9144

Boston School Committee

(617) 635-9014

Citywide Parents’ Council

(617) 635-9210

Childcare Choices of Boston

(Rele pou posiblite gadri)

(617) 542-5437

17

Resous pou Paran yo

Liv Pou Li

Gade anba a yon lis liv nou sijere ou pou li ak pitit ou a. Vizite nenpòt

bibliyotèk “Boston Public Library” pou prete liv sa yo!

Welcome to Kindergarten

pa Anne Rockwell

Bigmama’s pa Donald Crews

Gathering the Sun: An Alphabet Book

in Spanish and English

pa Ada & Simon Silva

The Dinosaur Alphabet Book

pa Jerry Pallotta

Dim Sum for Everyone pa Grace Lin

Eli’s Night-Light pa Liz Rosenberg

Good Boy, Fergus!

pa David Shannon

Elizabeti’s Doll

pa Stephanie Stuve-Bodeen

Bippity Bop Barbershop

pa Natasha Tarpley

What comes in 2s, 3s, and 4s

pa Suzanne Aker

Big Fat Hen pa Keith Baker

Ten Little Rabbits

pa Virginia Grossman

Color Zoo pa Lois Ehlert

Changes, Changes

pa Pat Hutchins

Mr. Cookie Baker

pa Monica Wellington

Ten, Nine, Eight

pa Molly Bang

Irene and the Big Fine Nickel

pa Irene Smalls

12 Ways to Get to 11

pa Eve Miriam

Giant Pandas by Gail Gibbons

Jamaica Tag-Along pa Juanita Hill

When Mama Comes Home Tonight

pa Eileen Spinelli

La lagartija y el sol/The

Lizard and the Sun

pa Alma Flor Ada

Tar Beach pa Faith Ringgold

When I am Old with You

pa Angela Johnson

Frederick and his Friends

pa Leo Lionni

18

THANK YOU

Countdown to Kindergarten and Boston Public Schools Early Childhood

Department extends it sincere gratitude to the Early Childhood Coaches

and the following Boston Public Schools Kindergarten Programs:

Dever Elementary School

Holmes Elementary School

Philbrick Elementary School

0 1 2 3 4 5 6 7 8 9

A b c D E

f G h J P

PRODUCED BY:

Sonia Gómez-Banrey

Director

Countdown to Kindergarten

Connie Henry

Elementary Math Program Director

Boston Public Schools

Karen Sheaffer and Carol Darcy

Hanson Initiative for Language and Literacy (HILL)

MGH Institute of Health Professions

Catherine Marchant

Early Literacy Coach

BPS Department of Early Childhood

Krystal Beaulieu

Educational Consultant

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!