11.06.2013 Views

Disaster 2003-Creole - Department of Elder Affairs

Disaster 2003-Creole - Department of Elder Affairs

Disaster 2003-Creole - Department of Elder Affairs

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

SA KI NAN NIMEWO SA A

Enntraks..................................................19

Pwazon ak Pwodwi Chimik ak Lè

Pwodwi Chimik Boule Yon Moun ................23

Preparasyon Pou Sezon Fredi .....................17

Valiz Pwovizyon Pou Dezas ........................13

Kondwi Lè Gen Yon Dezas .........................12

Telefòn Pou Ede Granmoun Aje..................21

Lis Pou Preparasyon Pou Ijans ....................13

Gwo Chalè...............................................16

Chache Kote Danje Yo Ye Andedan Kay La .....3

Inondasyon ..............................................11

Asirans Pou Inondasyon.............................10

Enfòmasyon Sou Siklòn .........................2,4,5

Sekirite Pou Kay Prefabrike .........................9

Radyo Meteyo NOAA .................................9

Bèt Domestik Lè Gen Dezas ......................14

Aksidan Radyolojik....................................18

Teworis ...................................................20

Tanpèt Loray ak Zeklè..............................7, 8

Toubiyon ...................................................6

Dife Sovaj ................................................15

2003

PREPARASYON

P O U D E Z A S

Mesaj Gouvènè a

Gouvènè Jeb Bush

TERRY F. WHITE • SEKRETÈ

Depatman Afè Granmoun Aje Florid Volim 12 • Nimewo 7 • Jen 2003 • Nimewo Espesyal

Preparasyon Pou Dezas Pou Granmoun Aje

Granmoun aje ka pwoteje

tèt yo epi debouye yo lè

gen yon dezas si yo prepare

davans. Pi bon pwoteksyon

ou genyen se pou konnen sa pou

fè. Dabò, se yon bon ide pou konnen

ki kalite dezas ki pase souvan

nan zonn ou. Lè ou prepare pou

yon dezas ki ka rive nan zonn ou

an sa va ede ou prepare pou nenpòt

dezas. Isit nan Florid, move

tan tanpèt menase nou, tankou

tanpèt tropikal ak siklòn. Yon

Plan pou siviv nan moman siklòn

nesesè anpil anpil pou genyen.

Menm si ou genyen pwoblèm nan

kò ou ki anpeche ou fonksyone

jan ou ta dwe, ou ka toujou

Klima agreyab, cho Florid la atire anpil vizitè

ak moun ki vini pou rete nan bèl eta nou an.

Kèk fwa li ban nou tou eksperyans nesesè pou

nou prepare epi pran aksyon nan moman siklòn ak lòt

ijans ki gen rapò ak tan. Pandan nou ap rantre nan yon

lòt sezon siklòn, nou bezwen sonje tou pou nou rete

prepare pou nenpòt lòt ijans ki ka rive. Preparasyon

pou yon dezas oubyen yon ijans se pi bon zouti yon

moun ka genyen.

Byenke nou pap viv nan lapèrèz, nou kwè prepasyon

pou ijans se yon priyorite pou chak Floridyen.

Mwen ankouraje chak moun pou repase plan fanmiy

li, valiz provizyon, epi plan evakyasyon l tanzantan.

Si yo bay lòd pou tout moun deplase nan zonn kote

ou rete a, fè plan pou kite bonnè pou evite delè sou

otowout. Lè ou deja fin fè tout plan ou yo davans

sa pèmèt ou gen tèt repoze pou kotinye ak lavi epi

aktivite jounen an.

pwoteje tèt ou si ou gen yon plan.

Li enpòtan anpil tou pou toujou

chache konnen ki jan kondisyon tan

an ye. Koute nouvèl yo bay chak jou

sou ki jan tan an ye pandan sezon

siklòn (1 jen – 30 novanm). Ou ta

dwe konnen tout estasyon radyo

Sistèm pou Avètisman Ijans la.

Pandan siklòn yo ap fòme, Sèvis

Nasyonal Meteyo swiv yo de prè

pou bay avètisman, siveyans, anons

ak lòt enfòmasyon sou sitiyasyon

danje 24 è pa jou. Ou ka achte yon

radyo meteyo pou koute nouvèl sa

a yo. Ou ka jwenn yo nan boutik ki

vann aparèy elekronik. Rele biwo

Sèvis Nasyonal Meteyo nan zonn

ou pou plis enfòmasyon.

Se yon bon ide tou pou genyen yon

plan pou dezas yon fason pou pran

aksyon ki kòrèk byen vit nan yon

sitiyasyon ijans. Fè plan epi fè pratik

ki kote ki pi bon pou sòti nan kay

ou si gen yon kouri. Mete nimewo

telefòn pou ijans yo tou pre telefòn

oubyen frijidè. Fè aranjman pou gen

yon “kontak,” yon moun ki va rele

pou wè ki jan ou ye nan ka ta gen

yon ijans. Montre moun ki ka bezwen

ede ou ki jan pou yo opere ekipman

ki nesesè tankou aparèy pou ede ou

respire. Si se nesesè, fè aranjman

pou transpòtasyon si ou bezwen

deplase pou ale nan yon kote ki

gen pwoteksyon. Moun ki bezwen

kontinye li nan paj 22

Mesaj Sekretè a

Sekretè Terry White

Jenerasyon ki pi aje a te wè anpil chanjman pandan tout

vi yo. Koumanse ak Gwo Depresyon epi Dezyèm Gè

Mondyal, Granmoun aje nan Florid yo pase nan anpil

gwo difikilte ak ijans pandan lavi yo. Lè nou sonje evènman

sa a yo nou vin gen yon lapèrèz ki melanje ak yon fòs

detèminasyon ak kouraj ki ka ede jenerasyon pi jenn yo.

Pandan sezon siklòn nan ap pwoche epi chak moun

nan Florid ap prepare pou posibilite ka gen evènman

nou pa ta p atann, granmoun aje yo espesyalman gen

bezwen pou yo fè plan davans. Granmoun aje ki fèb

anpil yo ak moun ka p pran swen yo ka gen difikilte pou

pran aksyon toutswit lè gen yon sitiyasyon dezas.

Vwazen ak zanmi ka ede granmoun aje yo ki bezwen

konkou lè yo pran aksyon pou ba yo yon kout men.

Si ou gen nenpòt kesyon sou kouman pou prepare

pou yon dezas, tanpri rele telefòn pou ede granmoun aje

ki nan Depatman Afè Granmoun Aje 1800-96-ELDER

(1800-963-5337).

2

(USPS 403-710/ISSN 1060-4545)

Elder Update se yon piblikasyon ki parèt

chak de mwa yo voye bay moun kap viv

nan Florid san yo pa fè moun ki resevwa l

la peye. Moun kap viv nan lòt eta ka jwenn

Elder Update sou Entènèt nan adrès sa a:

http://elderaffairs.state.fl.us.

Preparasyon pou

Dezas Gid Pou

Granmoun Aje

2003

Jeb Bush

Gouvènè

Toni Jennings

Lyetnan Gouvènè

Terry F. White

Sekretè

Gwen Wall

Koòdinatè Ijans

Jodi Bailey

Asistan Koòdinatè Ijans

Lisa R. Meyer

Editè

Martha Pratt

Direktè Kominikasyon

Peter Denes

Aranjman ak Desen

Rony Joseph

Translator

Postmaster: Send address changes to:

Elder Update

Department of Elder Affairs

P.O. Box 6750

Tallahassee, Florida 32314-6750

Periodicals postage paid at Tallahassee, FL

PREPARASYON POU DEZAS

Prediksyon Sezon Siklòn Nan

Lanmè Atlantik 2003

Dapre William M. Gray ak Kòlèg li yo / Inivèsite Eta Kolorado

Prediksyon Sezon Siklòn Pou ane 2003

Prediksyon:

(Chif nan parantèz yo se mwayèn)

Kantite tanpèt yo deja bay non (9.6)...................................12

Kantite Jou Tanpèt (49) .......................................................65

Siklòn (5.9) ............................................................................8

Kantite Jou Siklòn (5.9)........................................................35

Gwo Siklòn – Katogori 3,4,5 (2.3) .........................................3

Kantite Jou Gwo Siklòn ..........................................................6

Kapasite Siklòn Pou fè Dega (73) ......................................100

Posibilite pou Omwens Yon Gwo Siklòn (Kategori 3-4-5)

Frape Chak Nan Zonn Tè Bò Lanmè Ki Sou Lis Sa a:

Tout Zonn Peyi Etazini Ki Bò lanmè .....................................................68%

(mwayèn pou dènye syèk la se 52%)

Zonn Tè ki bò Lanmè Ès Etazini - Zonn Florid ladan tou...........................48%

(mwayèn pou syèk pase a se 31%)

Tè Ki Bò Gòf la kòmanse bò zonn Pennhendòl Florid pou ale lwès

jouk rive Bronsville...........................................................................38%

(mwayèn pou syèk pase a se 30%)

Yo predi chans pou yon gwo siklòn touche zonn Karayib la pi wo pase mwayèn.

Adrès Entènèt: http://typhoon.atmos.colostate.edu/forecasts

Sistèm Avètisman Siklòn pa mwayen Imel

Lakwawouj Ameriken te mete sou pye yon Sistèm Avètisman Siklòn

pa mwayen Imel pou ba ou enfòmasyon pandan tout sezon siklòn 2003

sou kote siklòn yo ye nan Lanmè Atlantik la ak Gòf Meksik la.

Si ou vle yo mete non ou nan Sistèm Avètisman Siklòn nan, tanpwi

voye yon imel ak non ou epi adrès Imel ou bay tallaha@crossnet.org.

NEW SUBSCRIPTIONS ONLY!!

If you are not currently receiving Elder Update,

you may do so by completing the form below and mailing it to

Elder Update, P.O. Box 6750, Tallahassee, FL 32314-6750

Please allow 8-10 weeks to receive first issue.

Elder Update is distributed at no cost to elder Floridians.

Title (Mr./Mrs. /Dr., etc.) ___________________________________________________________________________________________________________________________________________

First Name _____________________________________________________________________________________________________________________ M. Initial _______________________________

Last Name ________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________

Business /Organization _______________________________________________________________________________________________________________________________________________

Street Address or P.O. Box No. _______________________________________________________________________________________________________________________________

Florida

City ________________________________________________________________________ State ______________________________________ Zip Code __________________________________________

County _________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________

Date _______________________________________________________ Signature ___________________________________________________________________________________________________________

Postal regulations require that the person receiving the

subscription be the one requesting the subscription.

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

KÒMANTÈ

OU YO

ENPÒTAN

ANPIL POU

NOU!

Nou kontan pou resevwa

kòmantè ak sigjesyon ou yo.

Tanpwi fè nou konnen kouman

ou wè sèvis na p bay la.

Voye tout lèt bay:

Elder Update Editor

Florida Department of

Elder Affairs

P.O. Box 6750

Tallahassee, Florida 32314-6750

Andrès Imel:

eueditor@elderaffairs.org

Voye kesyon ou genyan sou

abònman ak chanjman

adrès bay:

Subscriber Relations

Elder Update

Florida Department of Elder Affairs

P.O. Box 6750

Tallahassee, Florida 32314-6750

Andrès Imel:

eusubscription@elderaffairs.org

Periodicals postage paid

at Tallahassee, Florida.

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 3

Konsiderasyon Espesyal Pou Granmoun Aje ki Genyen Bezwen Espesyal

Nan Florid, se fasil pou

move tan frape nou tankou

siklòn. Fòs move tan sa a

yo ka frape granmoun aje yo pi fò.

Granmoun aje yo kap viv pou kont

yo oubyen ki pa gen fanmiy

oubyen zanmi ka p ede yo dwe

pran prekosyon espesyal nan ka

sitiyasyon ijans. Moun ki fèb

oubyen kokobe ka bezwen konkou

espesyal nan men fanmiy yo, zanmi

yo oubyen ajans sèvis sosyal.

Anplis, granmoun aje yo kap pran

swen lòt moun ka bezwen konkou

lòt moun tou.

Me prekosyon moun dwe pran

nan ka ijans:

• Pou moun ki soufri kè oubyen lòt

maladi, lè yo anba gwo depresyon

ak tètchaje sa ka ogmante

posibilite pou yo tonbe malad.

• Granmoun aje kap viv nan nòsengwoum,

nan kay kote yo ede

granmoun aje (ALF) oubyen

nan pansyon, yo dwe kontakte

administratè a pou chache

konnen ki plan l genyen pou kay

kote yo ye a lè gen yon dezas.

• Moun ki rete lakay ki pa ka

deplase oubyen moun ka p

resevwa swen sante, me sa yo dwe

fè: Fè ajans sante ou konnen kote

ou pra l ye pandan yon siklòn epi

ki lè yo ka rekòmanse ba ou swen.

Chache Kote Danje

Yo Ye andedan Kay La

Pandan epi touswit apre yon

dezas, nenpòt bagay ki ka

deplase, tonbe, kase oubyen

pran dife se yon danje. Omwens

yon fwa chak ane, enspekte kay

ou pou jwenn epi ranje tout sa ki

ka lakòz danje. Tcheke pou sa ki

yon danje tankou elektrisite,

pwodwi chimik ak dife.

Elektrisite

• Chanje kòd elektrik ak fil elektrik

aparèy ki defiltre oubyen

kase, plòg ki pa sere byen.

• Fè si genyen sèlman yon plòg

pou chak sòkèt. Chache mwayen

pou pa sèvi sòkèt ki gen fòm kib

oubyen pou pa mete twòp chaj

sou sòkèt yo. Si ou dwe sèvi yon

sòkèk elektrik, sèvi yon kòd elektrik

ki fèt pou sipòte fòs kouran

kote ou ploge l la genyen.

• Retire kòd elektrik ki pase anba

tapi oubyen sou klou, sou

aparèy chofaj, sou tiyo.

• Kouvri sòkèt ak fil kouran ki deyò.

• Repare oubyen ranplase aparèy

ki chofe twòp, ka p limen tenyen,

kap fè lafimen oupbyen etensèl.

Pwodwi Chimik

• Mete likid ki ka pran dife tankou

gazolin, asetòn, benzèn, ak tinè

nan manmit ki gen sekirite yo fè

pou sa epi mete yo lwen kay la.

Mete manmit yo kote lè sikile

trè byen epi fèmen kouvèti yo

byen sere. Pran swen manmit

yo pou likid yo pa tonbe.

• Si ou dwe sere materyèl ki ka

pran dife fasil nan kay la, sèvi

ak yon manmit ki gen etikèt

Laboratwa Underwriter (UL)

oubyen liv faktori (FM) sou li.

Retire materyèl ki pre kote gen

chalè, flanm dife, aparèy ki

mache ak gaz, epi timoun.

• Mete likid ki ka pran dife

tankou tinè pou penti, kewozin,

likid pou limen chabon, epi

terebantin lwen kote gen dife.

• Sere bagay ki gen lwil ak twal

ou sèvi pou poli nan yon

manmit byen kovri.

• Bay fanmiy ou lòd pou yo pa

sèvi ak gazolin, benzèn, oubyen

lòt likid ki ka pran dife lè yo ap

limen dife oubyen lè yo ap

netwaye kay.

Dife

• Ranmase ansyen vye rad chire,

papye, matla, mèb kraze epi lòt

materyèl ki ka pran dife fasil

• Retire rad, rido, vye rad, epi

bagay ki fèt ak papye bò kote

Kontinye li nan paj 19

• Si ou lakay ou pa ka sòti epi se

yon dokè kap swaye ou se pa yon

ajans sante, kontake doktè ou.

• Si ou bezwen aparèy pou respire

oubyen lòt ekipman medikal ki

mache ak kouran, ou dwe fè aranjman

medikal davans ak doktè ou.

Ou dwe pou enregistre tou davans

Alachua (352) 264-6510

Baker (904) 259-6111

Bay (850) 784-4000

Bradford (904) 966-6336

Brevard (321) 633-1770

Broward (954) 537-2888

Calhoun (850) 674-8075

Charlotte (941) 505-4620

Citrus (352) 746-6555

Clay (904) 269-6381

Collier (941) 774-8444

Columbia (386) 758-1125

Dade (See Miami-Dade)

DeSoto (863) 993-4831

Dixie (352) 498-1240

Duval (904) 630-2472

Escambia (850) 595-3311

Flagler (386) 437-7381 or 437-7382

Franklin (850) 653-8977

Gadsden (850) 875-8642

Gilchrist (352) 463-3198

Glades (863) 946-1217

Gulf (850) 229-9111

Hamilton (386) 792-6647

Hardee (863) 773-6373

Hendry LaBelle (863) 612-4700

Clewiston (863) 983-1594

Hernando (352) 754-4083

Highlands (863) 385-1112

Hillsborough (813) 276-2385

Holmes (850) 547-1112

Indian River (772) 567-2154

Jackson (850) 482-9678

Jefferson (850) 342-0211

Lafayette (386) 294-1950

Lake (352) 315-8300

Lee (239) 477-3600 or (239) 335-1601

ak konpayi elektrisite zonn ou.

• Si ou bezwen oksijèn, kontakte

konpayi ki ba ou oksijèn nan pou

konnen sa pou fè nan sitiyasyon

ijans. Si yo mande ou pou

deplase, sonje pou pran renmèd

ou, enstriksyon yo te ekri sou ki

jan pou pran swen sante ou,

woulèt ou sèvi pou mache, chèz

woulant ou, baton ou oubyen

nenpòt lòt ekipman. Pran kabann

ou tou. Si ou bezwen konkou lè

gen evakyason, tanpwi enrejistre

kounye a ak Ajans ki Responsab

Ijans nan zonn kote ou ap viv la.

Yo va mete non ou sou lis moun

ki gen bezwen espesyal.

www.stpete.org/stormeld.htm

Regis Pou Moun Ki Genyen Bezwen Espesyal

(Pou Chak Kanton) www.MyFlorida.com

Leon (850) 488-5921

Levy (352) 486-5213

Liberty (850) 643-2339

Madison (850) 973-3698

Manatee (941) 749-3022 or 748-2241

Marion (352) 622-3205

Martin (772) 287-1652

Miami-Dade (305) 513-7700

Monroe Upper Keys (305) 852-1469

Middle Keys (305) 743-0079

Lower Keys (305) 292-4591

Nassau (904) 491-7550

Okaloosa (850) 651-7560

Okeechobee (863) 462-5776

Orange (407) 650-4047

Osceola (407) 343-7000

Palm Beach (561) 712-6400

Pasco (727) 847-8137

Pinellas (727) 464-3800

Polk (863) 534-6704

Putnam (386) 329-0379

Santa Rosa (850) 983-5360

Sarasota (941) 951-5283

Seminole (407) 665-5102

St. Johns (904) 824-5550

St. Lucie (561) 462-1736

Sumter (352) 569-1111

Suwannee (386) 364-3405

Taylor (850) 838-3575 or 838-3576

Union (386) 496-4330

Volusia (386) 736-5980

(386) 258-4088

(386) 423-3395

Wakulla (850) 926-0861

Walton (850) 892-8066

Washington (850) 638-6203

4

Echèl Saffir-Simpson

Pou Mezire Entensite Siklòn

■ Kategori 1 - Fòs Van 75-95 mph

(121–153 kilomèt alè)

• Pa gen kay ak konstriksyon solid ki vrèman andomaje

• Sa ki andomaje sitou se kay yo te konstri nan faktori

ki pa gen okenn baz nan tè, touf plant ak pye bwa.

• Inondasyon sou kèk wout bò lanmè ak ti dega nan

waf yo.

■ Kategori 2 - Fòs Van 96-110 mph

(154–177 kilomèt alè)

• Kèk domaj nan do kay, pòt ak fenèt kay

• Bon kou domaj sou jaden ak plant, sou kay mobil

ak waf yo.

• Inondasyon sou wout bò lanmè ak wout pou

evakyasyon bò kote ki plat 2-4 èd tan anvan je

siklòn nan rive nan zonn an.

• Kòd ti bato ki nan yon kote ki pa byen pwoteje

kase.

■ Kategori 3 - Fòs Van 111-130 mph

(178–209 kilomèt alè)

• kèk domaj sou kò ti kay kote moun rete ak bilding

sèvis piblik. Yon ti kantite mi dekoratif kraze.

• Kay prefabrike kraze

• Inondasyon bò lanmè kraze ti kay epi materyèl kap

vòltije andomaje pi gro bilding yo.

• Tè ki tout tan nan yon nivo pi ba pase 5 pye sou

bò lanmè ka inonde jouk yon distans 13 kilomèt.

■ Kategori 4 - Fòs Van 131-155 mph

(209–250 kilomèt alè)

• Plis gwo domaj sou mi dekoratif yo; kèk tèt tikay

abitab kraze nèt

• Plis ewozyon bò plaj yo

• Gwo domaj nan pwemye etaj kay ki bò lanmè yo

• Tè ki tout tan nan yon nivo pi ba pase 10 pye sou

bò lanmè ka inonde sa ki egzije pou yo evakye zonn

rezidansyèl ki nan yon distans 10 kilomèt bò kote

lanmè a.

■ Kategori 5 - Fòs Van piwo pase 155 mph

(250 kilomèt alè)

• Tèt kay anpil kay abitab ak bilding faktori kraze nèt

• Kèk bilding tonbe nèt; kèk ti bilding sèvis piblik

kraze oubyen van bwote yo

• Gwo dega sou pwemye etaj tout kay ki nan yon

wotè pi piti pase 15 pye nivo lanmè a epi ki nan

yon distans 128 pye bò kote lanmè a.

• Yo ka oblije fè yon evakyasyon global nan tout

zonn rezidansyèl ki nan yon nivo ba epi yon distans

8 – 16 kilomèt bò lanmè a.

www.srh.noaa.gov

PREPARASYON POU DEZAS

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

Preparsyon Ak

Evakyasyon Pou Siklòn

Mete Zòrèy Ou A Lekout

Byenke meteolojis yo fè anpil pwogrè nan fason yo predi ak swiv move tan, sitou siklòn, pa

gen okenn fason pou yo predi davans egzateman ki kantite tanpèt ki va frape yon zonn epi ki

lè egzateman. Piske yo pa ka fè prediksyon ezat, yon faktè enpòtan pou pwoteje kay, byen ak

lavi se pou tout moun toujou veyatif.

Pou bò pa yo otorite ak volontè yo mete sou pye yon gwoup pwofesyonèl ak volontè pou

òganize epi sipèvize aktivite tankou evakyasyon, preparasyon pou dezas, men piblik la

responsab pou chache jwenn enfòmasyon sou tout chanjman pandan yon dezas. Piblik la ka

jwenn sa pou fè, ki lè pou yo pran aksyon epi ki kote pou ale lè yo rete veyatif epi lè yo koute

pwogram estasyon radyo ak televizyon yo.

Evakye Bonnè

Fè plan pou evakye bonnè epi kite tank machin ou plen gaz pandan sezon siklòn nan. Chache

konnen kote wout evakyasyon yo ye anvan tanpèt la koumanse epi fè aranjman ak zanmi

oubyen fanmiy ki rete lwen lanmè a pou ale rete lakay yo jouk tan tanpèt la fini. Deplase byen

bonnè, pandan lajounen si sa posib, epi pa janm eseye kondwi pandan yon siklòn. Apre tanpèt

la, tann jouk tan yo anonse tout bagay nan plas yo anvan ou retounen lakay ou. Pa kondwi sou

wout bò lanmè oubyen ki nan zonn plat paske lanmè a ka monte epi plis inondasyon ka fèt san

avètisman epi sanzatann apre siklòn.

Pwoteje Propriyete Ou Kite Dèyè

• Mete byen ou genyen ki pi enpòtan nan kote ki pi wo

nan kay la si ou pa ka deplase ak yo.

• Fèmen gaz, dlo, ak elektrisite. Tcheke pou wè si ou te

fè tout sa ou dwe fè pou pwopriyete ou pa endomaje

oubyen pèdi.

• Fèmen tout fenèt ak tout pòt.

Pran Papye Enpòtan Yo

Kenbe dokiman sa a yo ak ou tout tan:

• Lisans chofè ou ak lòt papye identifikasyon

• kontra asirans ou yo

• Envantè propriyete ou

• Aparèy pou ijans medikal ak enfòmasyon medikal

espesyal

• Kat geografi zonn kote ou prale a

www.floridadisaster.org

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 5

Vokabilè Ou Dwe Konnen

Avètisman Siklòn, Siveyans Siklòn,

Konsèy Pou Lè Gen Siklòn

■ Siveyans Siklòn Yo anonse siveyans siklòn pou

pati lanmè ki tou pre tè ak katye ki kole ak lanmè lè yo

atann yon move tan siklòn nan 36 èd tan. Yon move tan

siklòn se lè gen yon van san rete ki gen yon vitès 74 mph

oubyen piwo (119 kilomèt alè oubyen piwo) ki mache ak

yon siklòn twopikal.

■ Avètisman Siklòn Yo bay yon avètisman siklòn

lè yo atann yon move tan siklòn nan 24 èd tan.

■ Siveyans ak Avètisman Tanpèt Twopikal Yo

anonse yon Siveyans oubyen avètisman tanpèt twopikal

pou pati lanmè ki tou pre tè ak katye ki kole ak lanmè lè

yo atann yon move tan tanpèt ant 24 – 36 èd tan. 24 pou

siveyans epi 36 pou avètisman. Yon move tan tanpèt se

lè gen van ant 39 rive 73 mph (63 – 115 kilomèt alè) ki

mache ak yon siklòn twopikal.

■ Avètisman Gwo Van Yo bay yon avètisman

gwo van lè yo atann van ak yon vitès ant 39 rive 54 mph

(63 rive 87 kilomèt alè) san rete ki mache ak yon tanpèt

ki pa yon tanpèt twopikal pou pati lanmè ki tou pre tè

ak katye ki kole ak lanmè.

■ Avètisman Tanpèt Yo bay yon avètisman tanpèt

lè yo atann van ak yon vitès 55 mph (89 kilomèt alè) san

rete ki mache ak yon tanpèt ki pa yon tanpèt twopikal

pou pati lanmè ki tou pre tè ak katye ki kole ak lanmè.

■ Avètisman Espesyal Pou Maren Yo bay yon

avètisman espesyal pou maren lè yo atann kout van ale

vini men ki pa dire ak yon vitès 39 mph oubyen pi wo

(62 kilomèt alè oubyen pi wo) ki rete sou lanmè sèlman.

Van sa a yo pi souvan mache ak gwo loray. Yo bay

avètisman pou maren tou lè yo obsève oubyen atann

yon gwo lapli sou lanmè oubyen sou yon rivè.

■ Konsèy pou Ti Bato Yo bay konsèy pou ti bato

lè genyen oubyen yo ap atann van san rete ant 24 -38

mph (39-61 kilomèt alè) oubyen lanmè a monte oubyen

yo atann pou lanmè a monte rive sèt pye oubyen pi wo.

■ Prekosyon Pou Moun Nan Ti Bato Pran

Yo anonse jan prekosyon sa a lè genyen oubyen yo ap

atann van san rete ant 17-23 mph (27-37 kilomèt alè)

oubyen lanmè a monte oubyen yo atann pou lanmè a

monte rive sis pye oubyen pi wo

■ Enfòmasyon Sou Tan Pou Maren Yo bay

enfòmasyon sou tan pou maren pou bay moun kap

monte bato konsèy sou move tan ki reprezante yon

danje pou ti bato men ki pa ranpli kondisyon pou lòt

avètisman ak konsèy yo.

www.floridadisaster.org

Sezon Siklòn Ane Pase Ak

Fason Yo Te Anonse l

Sezon siklòn ane 2002 a te fini ofisyèlman samdi

30 novanm 2002. Otorite Administrasyon

Ajans pou Ijans Eta a remake malgre El Niño

te dire pi lontan epi sezon siklòn nan te pran plis

tan pou koumanse, mwa septanm sèlman te bay

wit siklòn dapre sa yo te konnen. Sa se te yon

kantite yo pa te janm anrejistre anvan.

Touswit apre anivèsè siklòn Enndwouz,

koumanse 29 daou, Sant Administrasyon Ijans

Eta a swiv pou pi piti yon tanpèt tropikal pa jou

pandan 45 jou yonn apre lòt.” Dapre sa Matthew

Green, Meteolojis Eta a kap travay nan

Administrasyon Ajans pou Ijans te rapòte.

Sezon siklòn ane pase a te bay 12 tanpèt yo te

konnen ak 4 siklòn, yo te mete de nan yo, Siklòn

Isidore ak Lili sou lis gwo siklòn. Siklòn Isidore

te frape zonn Penhendèl Florid. Li te fè domaj ki

te evalye plis pase 9 milyon dola. Gwo vag danje

tanpèt tropikal Hanna a bò kote pa l te touye twa

moun.

“Pèt vi tris sa a ta ka pa rive si moun ki ale nan

plaj yo te sèlman koute konsèy Sant Natyonal

Siklòn nan ak otorite lokal te bay pou yo pa ale

nan lanmè si yo vle evite danje.” Dapre sa Graig

Fugate, Direktè Divizyon Administrasyon Ijans

Florid la te di.

Tanpèt Tropikal (TT) Edouard se te sèl tanpèt

ki te frape sou tè Florid dirèkteman ane pase.

Tanpèt tropikal Hanna ak Siklòn Isidore te kite

tras yo dèyè tandike Siklòn Kyle te vin tanpèt nan

basen Atlantik la ki te dire pi lontan. Li te rive nan

kategori tanpèt tropikal senk fwa nan yon espas

22 jou anvan li te pase bò plaj nan nòdès eta a.

Direktè Fugate te fè remak sa a: “Byenke yon

gwo tanpèt pa te frape popilasyon Florid la ane

pase, anpil nan moun ki rete Florid yo te pran

aksyon davans. Yo te fè sa ki te nesesè pou yo te

prepare. Nou bat bravo pou jèfò yo epi tou pou

aksyon kanton lokal yo te fè pou sèten sitwayen

yo te jwenn proteksyon.”

Pandan nou ap prepare pou sezon siklòn 2003,

ki va koumanse 1 jen, tout moun ki rete nan eta

a ta dwe fè envantè pwovizyon ki nan bwat

pwovizyon pou ka ijans yo. Sonje pou ranplase

manje nan manmit ak lòt provizyon. Tcheke flash

yo ak batri yo. Ranplase provizyon ki fini. Moun

kap viv nan Florid ta dwe pou veyatif pou tout

dezas, ladan yo genyen dezas move tan epi dezas

moun lakòz. Moun kap viv nan eta a ta dwe

kenbe yon kantite pwovizyon nesesè ki kont

tankou flash, pil ak Radyo Meteyo NOAA.

www.floridadisaster.org

Preparasyon Pou Siklòn

Preparasyon pou siklòn dwe koumanse

byen lontan anvan evènman an rive. Ou

ka prepare byen bonnè pou danje siklòn

ka lakòz pou sante ak sekirite lè ou fè sa

ki nan lis sa a :

• Chache konnen tout preparasyon

kominote kote ou ap viv la mete sou

pye, tankou sirèn pou avèti moun,

wout pou evakasyon, epi kote sant

pou moun ale yo ye. Epi

• Patisipe nan yon klas premye swen

epi CPR

Ou ta dwe prepare pou ijans akòz

move tan tou si ou pran aksyon sa a yo:

• Chache wè tout danje ki ka rive nan

kay la pandan yon siklòn tankou danje

gaz, elektrisite, pwodwi chimik ak

fason kay la konstri ka lakòz.

• Mete yon aparèy pou detekte lafimen

nan kay la epi tcheke l chak mwa.

• Achte yon ponp pou tenyen dife epi

ou dwe sèten fanmiy ou konnen kote

l ye epi kouman pou yo sèvi ak li.

• Fè yon repetisyon sou fason pou sòti

nan kay ou nan ka dezas. Prepare

omwens de kote pou pase.

• Mete yon echèl pou sèvi nan ka ijans

pou kay ki gen plizyè etaj.

• Fikse yon kote pou fanmiy ou rankontre

nan ka gen dife oubyen si yon dezas

frape pandan yo tout pa ansanm nan

kay la.

• Bay paran ou ak zanmi ou non yon

moun ka p konnen kote ou ye epi ki

jan ou ye.

• Konnen kote papye enpòtan ou yo ye

tankou kontra asirans ou, testaman,

lisans ou, estòk, elatriye.

• Montre fanmiy ou kouman pou yo

fèmen switch prensipal pou gaz, dlo

ak elektrisite.

• Mete nimewo telefòn pou ijans bò kote

tout telefòn nan kay la.

• Bay otorite zonn nan enfòmasyon sou

bezwen espesyal granmoun aje yo, moun

ki malad kouche nan kabann tout tan

oubyen nenpòt moun andikape genyen.

www.cdc.gov

6

Yo Mezire

Toubiyon Ak

Echèl Fujita

Echèl Fujita (F-scale) sèvi ak

kantite dega yon toubiyon fè pou

mezire vitès van toubiyon an.

■ F0 Toubiyon Van Fò

40-72 mph (64-115 kilomèt alè)

Kèk chemine kraze. Kèk branch bwa

kase. Pye bwa ki pa gen rasis fon nan

tè tonbe.

■ F1 Toubiyon Fòs Modere

73-112 mph (116-180 kilomèt alè)

Li dekale do kay. Li ranvèse kay yo te

fè nan faktori.

■ F2 Gwo Toubiyon

113-157 mph (181-253 kilomèt alè)

Bon kou dega. Twati kay bwa dekole.

Gwo pye bwa kase oubyen derasine.

Bagay ki pa lou voltije tankou se yon

fize yo lanse.

■ F3 Toubiyon Sevè

158-206 mph (254-332 kilomèt alè)

Gwo dega. Twati ak miray kèk kay ki

byen bati dekole. Tren chavire. Pi fò

pye bwa nan forè derasine. Li leve

gwo machin lou; li voye yo jete.

■ F4 Toubiyon Devastatè

207-260 mph (333-419 kilomèt alè)

Kay ki te byen konstri kraze ratè. Kay

ki pa te gen bon fondasyon vole epi

tonbe byen lwen. Machin voltije epi

anpil gwo bagay vole tankou se yon

fize yo lanse.

■ F5 Toubiyon Ekstraòdinè

261-318 mph (420-512 kilomèt alè)

Kay bwa byen solid dekole kite

fondasyon yo epi kraze fè ti miyèt.

Bagay ki gwosè yon machin vole

tankou se yon fize ak yon vitès 100

mph (161 kilomèt alè). Pye bwa

tonbe.

www.srh.noaa.gov

PREPARASYON POU DEZAS

Sekirite Pou Toubiyon

Pa gen sa ki rele sekirite garanti

nan mitan yon toubiyon.

Aksidan moun pa pwevwa

ka rive, epi toubiyon ki pi vyolan

ka demoli epi pote ale preske

nenpòt kay ak tout moun ki ladan l.

Men toubiyon ki vyolan nan dènye

degre kategory F5 ra anpil. Pi fò

toubiyon nan reyalite pi fèb epi

moun ka siviv ladan yo si yo sèvi

lide sekirite sa a yo.

Proteksyon ak Repetisyon

Anvan Tanpèt la

Lakay ou, se pou prepare yon

plan toubiyon pou fanmiy ou, dapre

kalite kay ou ap viv ladan ak konsèy

pou sekirite nou pra l ba ou la.

Konnen ki kote ou ka pran refij nan

kèk segond epi fè repetisyon pou

toubiyon omwens yon fwa chak

ane. Gen yon kote ou chwazi

davans pou rankont apre toubiyon

an. Debri ka p vòltije se pi gwo

danje lè gen toubiyon, se pou sa ou

dwe mete bagay ou ka sèvi kòm

proteksyon (Egzanp; matla, sak

pou dòmi, gwo kouvreli, elatriye)

andedan oubyen tou pre kote ou

chwazi pou pran refij la, konsa yo

pare pou ou sèvi ak yo nan kèk

segond apre yo fin anonse toubiyon

an. Lè yo anonse yon siveyans

toubiyon, panse sou repetisyon ou

te fè a epi fè si tout sa ou bezwen

pou sekirite la. Louvwi radyo zonn

nan, radyo meteyo NOAA oubyen

TV epi mete zòrèy ou a lekout pou

tande avètisman yo ap bay.

Konnen Tout Siy yon Toubiyon

Lasyans yo sèvi pou bay nouvèl

sou ki jan tan an pra l ye li pa pafè,

konsa kèk toubiyon ka frape san

avètisman. Pa gen anyen ki ka

ranplase abitid pou toujou ap

siveye ki jan syèl la ye. Anplis siy

toubiyon ou ka wè, gade epi koute

siy avètisman sa a yo:

• Lè pati anba nwaj la ap vire byen

fò san rete.

• Pousyè oubyen fatra ap fè

lawoulèt atè anba yon gwo

nwaj – pafwa toubiyon pa gen

yon antonwa!

• Kalm oubyen yon van ki vante

fò epi vit apre lagrèl oubyen gwo

lapli. Anpil toubiyon deplase nan

mitan gwo lapli epi moun pa ka

wè yo.

• Loray kap fè bwi oubyen gronde

byen fò san l pa sispann nan kèk

segond menm jan ak lè se yon

gwo kout lowaj ki fèt.

• Aswè - Etensèl byen klere koulè

ble-vèt rive blan sou nivo tè tou

pre kote gen gwo loraj (sa ki

difere de kout zeklè byen long

koulè ajan nan nwaj yo). Sa siyiyi

gwo van ap frape fil kouran yo,

pètèt yon toubiyon.

• Aswè – pati anba nwaj la ap

kontinye desann pi ba san rete

pandan zeklè ap klere l – sitou si

se atè oubyen anba nwaj la gen

yon limyè ak yon melanj koulè

ble-vèt epi blan.

Ki Sa Pou ou Fè

Nan yon kay ki gen besment:

Pa rete pre fenèt. Desann nan

besment nan epi rantre anba kèk

materyèl ki di pou ba ou pwoteksy-

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

on (tab lou oubyen yon etabli),

oubyen pwoteje tout kò ou ak yon

matla oubyen yon sak pou moun

dòmi. Chache konnen ki kote gwo

bagay yo ye nan etaj ki sou tèt ou

(pyano, frijidè, kabann-a-dlo,

elatriye) epi pa rete anba yo. Yo

ka tonbe ansanm ak yon planche

ki pa solid epi krabinen ou.

Nan yon kay ki pa gen besment,

yon dòtwa oubyen yon apatman:

Pa rete bò fenèt. Desann nan premye

etaj la, ale nan yon ti chanm ki

nan mitan (tankou yon chanmdeben

oubyen yon klozèt), anba yon

eskalye, oubyen nan yon koulwa

ki andedan ki pa gen fenèt. Koupi

pi pre planche a posib, bese tèt ou,

epi kouvri tèt ou ak men ou. Yon

douch ka ba ou moso proteksyon.

Menm si ou nan yon chanm ki nan

mitan, ou ta dwe pwoteje kò ou ak

yon kouvèti ki epè (matla, gwo

kouvreli, elatriye), pou pwoteje ou

kont debri ka p vole sizoka twati

ak plafon tonbe.

Nan yon bilding pou biwo,

lopital, nòsengwoum oubyen

gratsyèl: Ale toutswit yon kote ki

fèmen ki pa gen fenèt nan mitan

bilding nan – byen lwen vit. Koupi

epi kouvri tèt ou. Eskalye andedan

souvan se bon kote pou pran refij,

epi si l pa gen anpil moun sou li, li

pèmet ou desann nan etaj ki pi ba

byen vit. Rete lwen asansè yo; ou

ka bloke andedan yo si kouran an

koupe.

Nan yon kay prefabrike: Sòti

toutswit! Menm si kay ou rakroche

atè, ou ka gen plis pwoteksyon

deyò, menm si sèl sa ou ka fè se

pran refij an plennè. Pifò toubiyon

ka kraze menm kay prefabrike ki

rakroche nan tè, epi li pi bon pou

pa mete nan tèt ou pa ou la se yonn

nan sa a yo ka p gen chans chape.

Si gen yon bilding solid ki estab

nan yon distans kote ki fasil pou

kouri rive, chache refij la. Sinon,

kouche plat atè lwen kay ou,

pwoteje tèt ou. Si posib ale nan

plennè ki lwen pye bwa ak machin.

Van ka bwote yo lage sou ou.

Nan yon vwati oubyen yon

kamyon: Machin gen anpil danje

nan yon toubiyon. Si ou ka wè

Kotinye li nan paj 11

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 7

Moun ka wè kèk tanpèt

loray kap pwoche, men

kèk lòt frape sanzatann. Li

enpòtan pou moun chache konnen

epi rekonèt siy danje yo epi fè

preparasyon davans.

ANVAN YON TANPÈT

Chache konnen tout siy

danje yon tanpèt loray

• Gwo nwaj nwa ki ka fè moun

pè monte tankou se yon bilding

ak anpil etaj

• Loray ak zeklè nan yon distans

byen lwen.

Rasanble tout sa ou va

bezwen pou dezas la

• Flach ak pil siplemantè

• Radyo pòtatif ki mache ak pil

epi pil de rechanj

• Materyèl premye swen ak tout

enstriksyon yo

• Manje ak dlo pou ka ijans

• Zouti ki pa bezwen elektrisite

pou louvwi bwat

• Medikaman ki esansyèl

• Lajan likid ak kat kredi

• soulye solid

Tcheke pou wè ki sa ki ka

lakòz danje nan lakou a

• Pye bwa oubyen branch bwa ki

mouri ka tonbe pandan yon gwo

tanpèt loray epi blese moun

oubyen fè lòt domaj.

Prepare tout mwayen pou

kominike

• Ou dwe sèten tout fanmiy ou

konnen sa pou yo fè apre yon

tanpèt loray.

• Montre fanmiy ou kijan epi ki lè

pou yo fèmen gaz, elektrisite ak dlo.

• Montre timoun yo kouman epi

ki lè pou yo rele 9-1-1, polis,

depatman ponpye epi ki estasyon

radyo pou yo koute pou yo jwenn

enfòmasyon sou ka ijans.

Aprann Vokabilè Pou Tanpèt

Se Sèvis Nasyonal Meteyo ki

anonse Siveyans Pou Yon Tanpèt Loray

Sevè lè kondisyon tan an montre li

posib pou yonn frape (tankou van ki

ka koze domaj ak yon vitès 58 mph

(93 kilomèt alè), oubyen lagrèl ki

gen yon dyamèt ant twa-kat pous).

Tanpèt Loray

Ak Zeklè

Se nan moman sa a ou dwe jwenn

yon kote nan kay la ki gen sekirite

epi di fanmiy ou pou yo swiv sa ka

p pase nan syèl la epi koute estasyon

radyo oubyen gade estasyon

televizyon pou plis enfòmasyon.

Yo bay avètisman pou yon tanpèt

loray lè yo wè yon tanpèt loray byen

lwen ap vini oubyen lè rada meteyo

detekte yonn. Nan moman sa a

danje a serye anpil epi tout moun ta

dwe ale nan yon kote ki gen sekirite,

louvwi radyo oubyen televizyon ki

mache ak pil epi rete tann jouk tan

otorite yo anonse danje a pase.

Aprann ki sa pou fè lè yon

toubiyon frape oubyen lè gen

yon gwo inondasyon sanzatann

Se Tanpèt loray ki lakòz toubiyon

yo epi gwo inondasyon sanzatann

ka parèt lè gen yon tanpèt loray tou.

Se pou sa lè yo bay avètisman pou

yon tanpèt loray, ou dwe pase sou

tout bagay yo mande pou ou fè lè

yo bay “avètisman pou toubiyon”

oubyen “avètisman pou gwo

inondasyon sanzatann.

Prepare Yon Plan Pou

Kominike Lè Gen Yon Ka Ijans

• Nan ka tout manm fanmiy nan ta

separe yonn de lòt pandan yon

tanpèt loray (sa se yon pagay ki

vrèman posib pandan lajounen lè

tout granmoun nan travay epi

tout timoun lekòl), ou dwe

genyen yon plan sou ki jan pou

tout moun rankontre.

• Mande yon paran oubyen yon

zanmi kap viv nan yon lòt eta

pou sèvi kòm “kontak fanmiy

nan.” Apre yon dezas, li konn

byen souvan pi fasil pou fè apèl

long distans. Ou dwe sèten tout

moun konnen non, adrès ak

nimewo telefòn moun ou schwazi

kòm kontak la.

• Kontakte biwo ajans pou ka ijans

nan zonn ou oubyen biwo Lakwa

Wouj Ameriken pou plis enfòmasyon

sou tanpèt loray ak zeklè.

PANDAN YON TANPÈT

Si ou andedan kay

• Mete tout bagay ki deyò tankou

mèb pou lakou ki ka voltije oubyen

lakòz domaj oubyen blese moun

yon kote ki gen sekirite. Mete tout

bagay ki pa lou yo andedan.

• Kouvwi fenèt yo trè byen ak

kouvèti pou fenèt epi ranfòse pòt

deyò yo.

• Louvwi yon radyo oubyen yon televizyon

ki mache ak pil pou koute

enfòmasyon fre sou tanpèt la.

• Pa manyen okenn aparèy ki

mache ak kouran oubyen telefòn

paske zeklè ka swiv fil yo.

• Televizyon sitou gen plis danje

nan yon moman konsa

• Pa rantre nan basen, pa manyen

fè tiyo ak lavabo paske kouran

ka pase nan metal tiyo yo.

Si ou Deyò

• Eseye pou rantre nan yon bilding

oubyen yon otomobil

• Si pa gen bilding kote ou ye a, ale

nan yon espas vid epi koupi byen

ba atè pi vit posib. (Si ou nan yon

forè, chache jwenn yon zonn ki

gen ti pye bwa ba toutotou l. Pa

janm kanpe anba yon gwo pye

bwa ki kanpe pou kò l nan yon

espas vid.) Toujou sonje li posib ka

gen inondasyon nan zonn plat yo.

• Koupi epi mete men ou sou genou.

• Evite tout sa ki wo tankou

moniman oubyen bilding ki wo

anpil, pye bwa wo, lantouray,

fil telefòn oubyen fil elektrik.

• Rete lwen tout sa ki nòmalman

atire zeklè tankou baton pou jwe

gòf, traktè, baton pou lapèch,

bisiklèt, oubyen ekipman pou kan.

• Rete lwen larivyè, lak, oubyen

tout kalite dlo.

• Si ou pou kont ou nan yon laplenn

oubyen sou yon plantasyon epi ou

santi tout chive nan tèt ou ap tresayi

(se yon siy pra l gen yon kout

zeklè) koube do ou devan; mete

men ou sou jenou. Yo rekòmande

pou kole pye ou ansanm epi

koupi. Yo rekòmande tou pou retire

tout bagay ki gen metal bò kote

ou ye a. Pa kouche tou long atè.

Si ou nan yon Machin

• Kondwi ale sou kote wout la ak

anpil prekosyon byen lwen pye

bwa ki ka tonbe sou machin nan.

• Rete nan machin nan epi limen

limyè ijans la jouk tan gwo lapli

a pase.

• Pa pase sou wout kote gen

inondasyon.

Ki Jan Pou Evalye Distans Yon

Tanpèt Loray De Kote Ou Ye

Akòz limyè vwayaje pi vit pase

son, ou ka wè kout zeklè a yon bon

tan anvan ou tande loray la. Pou

evalye kantite kilomèt ki separe ou

ak yon tanpèt loray konte kantite

segond ki pase ant yon kout zeklè ak

lè ou tande kout loray ki vini touswit

apre l. Divize chich sa a pa senk.

Inpòtan: Ou nan mitan danje zeklè

si ou ka tande loray.

Lagrèl

Anpil gwo tanpèt bay lagrèl.

Lagrèl ka pi piti pase yon grenn

pwa frans oubyen li ka gwosè yon

boul sòfbòl. Li ka koze anpil dega

pou plant ak rekòt. Si ou rankontre

yon tanpèt lagrèl chache yon kote

pou pwoteje tèt ou touswit. Lagrèl

ka frape sitou zannimo yo gade

Kontinye li nan paj 14

8

Gwo Tanpèt Nan Florid

Byenke sa posib pou nenpòt tanpèt nan Florid touye moun,

blese moun oubyen fè domaj, apeprè 10 pousan bay van

oubyen lagrèl ak yon fòs ki va depase fòs yo konnen ka fè

anpil dega sou bilding ki byen konstri oubyen blese moun. Yo rele

yo gwo tanpèt. Gwo tanpèt bay lagrèl ki gwosè yon dis santim

ameriken oubyen pi gwo ak/oubyen van ak yon vitès 58 mph

oubyen pi wo (93 kilomèt alè oubyen plis).

Nan mwayèn, zonn ki lwen lanmè nan mitan Florid resevwa plis

tanpèt, plis pase 100 jou tanpèt chak ane. Men tanpèt frape zonn bò

lanmè yo tou byen souvan ak yon mwayèn 80 a 90 jou chak ane.

Byenke tanpèt Florid yo jeneralman kouvwi yon distans 15 mil (24

kilomèt), yo ka gen yon wotè ki ka depase 10 mil (16 kilomèt) nan

direksyon syèl la. Rezilta kantite dlo ki konsantre nan yon ti zonn

tou piti eskplike pouki sa yon tanpèt ki direkteman sou yon zonn ka

bay kat pous lapli oubyen plis nan mwens inè, tandike yon zonn ki

sèlman kèk kilomèt pi lwen ka jwenn sèlman kèk degout lapli.

Kèk Enfòmasyon Sou Tanpèt

PREPARASYON POU DEZAS

Siveyans Ak Anons

Tanpèt

■ Siveyans Tanpèt

Siveyans tanpèt vle di tout

kondisyon yo favorab pou yon

move tan.

■ Anons Tanpèt

Anons tanpèt vle di move tan

an deja frape oubyen yo detekte

l nan rada.

■ Lagrèl (3/4 pous oubyen pi gwo)

• Lagrèl ka koze gwo domaj sou machin ou; li ka kraze fenèt oubyen

endomaje tèt kay abitab oubyen kay komèsyal.

• Lagrèl ka blese moun seryezman tankou zo kase epi menm pete je

moun si van ap vante.

• Yo rapòte te gen lagrèl gwosè yon balon sòfbòl (4.5 pous) ki te

tonbe Lake Wales nan Florid nan dat 30 mas 1996.

• Pil lagrèl jouk yon wotè kat pye ak chak lagrèl gwosè yon dis santim

ameriken te tonbe nan zonn plat bò Zephyrhills nan Florid nan dat

29 janvye 1997.

• Wòch lagrèl gwosè balon sòfbòl ka tonbe ak you vitès ki pi rapid

pase 100 mil pa è ( 161 kilomèt alè).

■ Gwo Tanpèt (58 mph oubyen pi wo) (93 kilomèt alè oubyen plis)

• Gwo tanpèt ka fè gwo domaj sou kay ki byen konstri, jete gwo pye

bwa, dekole siy wout ak ansèy komèsyal yo, epi separe twati kay

ak rès kay la.

• Yo mezire gwo tanpèt ak yon vitès pi plis pase 100 mph (161 kilomèt

alè)

• Gwo tanpèt ka lakòz dega menm jan ak sa yon gwo toubiyon ka fè,

epi ka lakòz moun mouri oubyen gwo blese pandan van an ap

bwote tout sa l jwenn oubyen pandan kay ak bilding ap kraze.

www.floridadisaster.org

Anvan Tanpèt la

• Chache konnen non kanton kote ou

ap viv la epi non vil enpòtan yo ki

tou pre. Yo bay avètisman move tan

dapre chak kanton oubyen seksyon

kominal.

• Pran nouvèl ki jan tan an pral ye

anvan ou kite kay ou pou yon

aktivite deyò kap dire lontan.

• Gade ki jan tan an ye pou wè si gen

tanpèt ka p pwoche.

• Si yon tanpèt ap pwoche, kenbe yon

radyo NOAA ki bay nouvèl sou move

tan oubyen yon radyo AM/FM.

• Ranvwaye aktivite deyò si yon tanpèt

prèt pou rive. Se meyè fason pou

evite rankontre yon sitiyasyon danje.

• Si ou gen moun ki gen pwoblèm pou

ale nan kay sekou yo lè yo anonse

move tan, chache konnen ki kote yo

ye epi ki jan yo ye.

Lè Tanpèt yo Ap Pwoche

• Sonje: Si ou ka tande loray, distans

kote ou ye a ak tanpèt la kont pou

zeklè ka tonbe sou ou. Rantre yon

kote pou pwoteje tèt ou toutswit.

• Rantre andedan yon kay ki solid

oubyen nan yon otomobil. Pa ale yon

kote ou jwenn yon ti kouvèti, oubyen

anba yon pye bwa izole, oubyen nan

yon otomobil dekapotab.

• Rete nan machin ou si ou ap

vwayaje. Otomobil bay bon jan

proteksyon kont zeklè.

• Pa retire rad ou pann sou yon liy deyò.

• Chache proteksyon nan bilding yo. Si

pa gen bilding kote ou ye a, pi bon

proteksyon ou se nan yon twou wòch,

nan yon twou, nan mitan gwo wòch,

oubyen nan yon espas vid ki gen touf

bwa byen wo toutotou nan yon forè.

• Si pa gen kote pou pwoteje tèt ou

nan zonn kote ou ye a, rete lwen tou

sa ki wo nan zonn nan. Si se sèlman

kèk pye bwa ki kanpe sèl ki nan zonn

nan, pi bon pwoteksyon ou se pou ou

koupi nan yon espas vid. Ant ou

menm ak pye bwa yo se pou gen yon

distans ki de fwa wotè pye bwa yo.

• Rete lwen tèt mòn, gran espas vid,

lantouraj fil fè, liy pou pann rad ki

fèt ak metal, ti ajoupa ki pa solid epi

nenpòt sa ki anlè kouran ka pase

ladan yo.

• Lè ou santi yon fòs kouran — si

cheve ou kanpe oubyen po kò ou

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

Konsèy Pou Sekirite pandan

Gwo Tanpèt ak Zeklè

ap tresayi-yon kout zeklè pral frape.

Kouche atè toutswit.

• Desann bato yo epi rete lwen dlo.

• Pa sèvi bagay ki fèt ak metal tankou

baton pou zen lè ou ap lapèch ak

baton pou jwe gòf. Jwè gòf ki mete

soulye ki gen metal se bon jan baton

pou atire zeklè.

• Si ou andedan, rete la. Pa pran chans

sòti eksepte si se pou yon bagay ki

nesesè epi ki pa ka tann.

• Rete lwen pòt ak fenèt, founèz,

radyatè, fou, tiyo ki fèt ak metal,

lavabo, epi pa ploge anyen ki mache

ak elektektrisite.

• Pa sèvi ekipman ki mache ak elektrisite

tankou machin pou seche

cheve, bròsdan elektrik oubyen

razwa elektrik pandan yon tanpèt.

• Pa sèvi ak telefòn pandan tanpèt.

Zeklè ka tonbe sou fil telefòn deyò.

• Pa benyen nan basen oubyen nan

douch.

• Fèmen èkondisyone a. Fòs kouran

zeklè a ka mete plis chaj sou

konpresè a.

• Ale nan kote ki wo si se posib ka

gen inondasyon sanzatann. Lè

inondasyon koumanse, sòti nan

machin yo monte yon kote ki wo.

Pa eseye kondwi pou rive yon kote

ki gen sekirite. Sonje: pi fò moun ki

mouri pandan inondasyon sanzatann

mouri nan machin.

Si Tanpèt Bare Ou Deyò epi

Pa Gen kote Ki pre Pou Ale

PouPwoteksyon

• Chache jwenn yon kote ki ba byen

lwen pye bwa, lantouraj ak poto.

Ou dwe sèten inondonsyon pap

pase kote ou chwazi a.

• Si ou nan forè, chache proteksyon

anba pye bwa ki pi kout yo.

• Si ou santi po kò ou ap tresayi

oubyen cheve nan tèt ou kanpe,

koupi byen ba atè sou pwent pye ou.

Mete men ou sou jenou ou ak tèt ou

nan mitan yo. Fè kò ou vin pi piti

posib pou pa atire loraj epi fè tout sa

ou kapap pou se yon ti pati nan kò

ou sèlman ki kole ak tè a.

• Si ou sou yon bato oubyen ap naje,

ale sou tè epi chache yon kote pou

jwenn pwoteksyon toutswit.

www.fema.gov

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 9

Sekirite pou Kay Prefabrike

Moun kap viv nan kay prefabrike/

Kay yo ka deplase, nan gran

danje pou menas siklòn,

espesyalman danje ki mache ak van.

Pandan yon menas siklòn, yo bay kominote

ki bò lanmè yo plis atansyon, men dapre

sa ki te rive pandan siklòn pase yo, moun

ka p viv lwen lanmè nan kay prefabrike

te fè gwo pèt akòz fòs destriksyon siklòn

sa a yo. Piske ou genyen yon kay prefabrike,

proprietè kay bezwen konnen ki sa

menas yo ye epi prepare pou limite yo.

Pou pifò moun, pa gen anyen nan lavi

ki gen menm enpòtans ak fanmiy yo epi

kay yo. Men lanati gen yon jan pou

menase sa nou bay plis valè. Siklòn yo se

yonn nan pi gwo menas nan lanati. Pou

moun ki ap viv nan kanton bò lanmè yo,

gen yon posibilite pou siklòn frape zonn

kote yo rete a pandan sis mwa nan ane a.

Kay prefabrike yo konstri kounye a yo pi

“solid” pase ansyen modèl yo; men van

siklòn ak lòt danje ki mache ak yo ka

toujou menase tout moun ki rete nan kay

prefabrike.

Moun ki rete nan kay prefabrike ka

sibi danje tanpèt menm lè kay yo pa

dirèkteman sou wout tanpèt la. Me enpe

nan lis danje yo:

• Van nan zonn ki lwen lanmè – Fòs van

siklòn ki gen yon vitès byen ba ka

kraze kay ki nan yon distans anpil kilomèt

kote siklòn nan te rantre sou tè.

• Pye bwa/branch bwa ki tonbe – Asyen

pye bwa ak branch bwa ki kouvri ak

dlo ka tonbe lè gen gwo van epi kraze

anpil bagay.

• Bagay ka p vòltije – Ansèy, materyèl ki

sou do kay, materyèl ki kouvri miray

kay ak bagay ki pa an sekirite deyò ka

vole tankou se yon misil pandan yon

siklòn.

• Toubiyon/kout van ki pa twò gwo – Sa

konn lakòz byen souvan epi sanzatann

bon jan dega nan zonn ki lwen lanmen

pandan siklòn.

Lè yo mande pou moun deplase, tout

moun kap viv nan kay prefabrike dwe

deplase kèlkeswa kote kay la ye, ak ki

materyo kay la te fèt oubyen si kay la

kole nan yon baz atè.

Prekosyon pou Toubiyon ak

Inondasyon

Toubiyon ka pase nenpòt lè pandan

siklòn oubyen gwo tanpèt. Toubiyon ka

pase nan Florid pandan tout ane a, pandan

sezon siklòn men tou gwo tanpèt ka

koze toubiyon menm lè se pa sezon siklòn.

Me prekosyon pou moun pran lè gen

yon siveyans oubyen anons toubiyon:

• Ou dwe sèten kay prefabrike ou

genyen ou te fikse l dapre enfòmasyon

konpayi ki te fè kay la te ba ou epi tou

dapre tout regleman otorite lokal ak

eta a mande.

• Si kay prefabrike ou genyen an nan

yon zonn kote ka gen inondasyon, prepare

pou ale nan yon kote ki wo ki gen

sekirite lè yo anonse ka gen inondasyon

oubyen gwo lapli pou zonn ou an.

• Ou dwe sèten ou gen lakay ou yon

radyo tranzistò oubyen yon radyo

sèvis meteyo ak pil ki ponkò fini.

• Bay nouvèl meteyo anpil atansyon.

Ou dwe konnen diferans ant yon

siveyans (lè kondisyon yo pare pou

yon move tan ki ka fè gwo domaj) ak

avètisman (lè yon move tan ki ka fè

gwo domaj deja rive ou preske rive).

• Fè plan pou konnen kote pou ou ale

lè gen move tan – tankou yon bilding

kominotè oubyen yon bilding piblik

yo chwazi pou ijans.

• Lè yo bay avètisman pou yon toubiyon,

kite kay prefabike ou ladan l touswit.

Ale nan yon kote ki gen sekirite ou te

prepare anvan oubyen kouche atè nan

yon kote ki plat ak men ou dèyè tèt ou

ak dèyè kou ou.

• Bò pòt prensipal pou sòti nan kay la,

mete yon bwat pou ijans ki genyen

ladan l yon rad derechanj pou chak

manm fanmiy nan, yon dra, yon bwat

materyèl pou ka ijans ak yon flach.

• Pifò nan asirans nòmal pou kay pa

kouvri pèt moun fè pandan inondasyon.

Nan kominote kote inonsasyon pase

fasil, Program Asirans Nasyonal pou

Inondasyon bay asirans inondasyon

pou kay prefabrike ki gen fondasyon.

Wè ajan asisirans ou pou detay.

http://elderaffairs.state.fl.us

Radyo Meteyo NOAA

Radyo Meteyo NOAA se yon sèvis Administrasyon Nasyonal

Atmosfè ak Osean (NOAA) nan Depatman Komès Etazini. Kòm

se “Vwa Sèvis Nasyonal Meteyo”, li bay nouvèl meteyo san rete

dapre dènye enfòmasyon ki sòti dirèkteman nan biwo Sèvis

Nasyonal Meteyo. Ant chak kat a senk minit yo repete Mesaj

meteyo yo te anregistre epi kòm woutin yo revize mesaj yo apre

chak inè pou pi piti epi twa zè pou pi plis, oubyen pi souvan si

sa nesesè. Pi fò nan estasyon yo rete louvwi 24 è pa jou.

Pandan move tan, estasyon radyo Sèvis Meteyo Nasyonal

yo ka sispans program meteyo regilye yo epi ranplase yo ak

mesaj avètisman espesyal. Estasyon radyo sa a yo ka louvwi

otomatikman yon seri aparèy yo fè pou pase mesaj ijans.

Aparèy sa a yo ka bay yon son ijans pou fè konnen gen yon

danje, sa avèti oditè a pou ogmante volim aparèy la nan yon

wotè l ka tande oubyen si aparèy la te pwograme pou rete

limen men pou l pa fè bwi, li louvwi otomatikman pou mesaj

ijans la ka pase. Aparèy “Siyal danje” sa a yo enpòtan

espesyalman pou lekòl yo, lopital yo, ajans piblik ki responsab

sekirite yo ak biwo nouvèl jounal, televisyon ak radyo yo.

Dapwe yon desizyon ofisyèl Mezon Blanch te pran nan

mwa janvye 1975, yo te chwazi Radyo Meteyo NOAA tankou

sèl sistèm nan gouvènman an pou voye avètisman an dirèk

nan kay prive yo pou ni dezas nasyonal ni atak nikleyè. Sa se

an plis avètisman pa mwayen sirèn ak radyo epi televizyon

komèsyal yo.

Yo pwograme estasyon radyo yo pou bay moun kap koute

yo enfòmasyon yo bezwen pou zonn kote yo ye a. Kòm

ezanp, estasyon ki nan zonn lanmè oubyen Gwo Lak yo bay

enfòmasyon pou moun ki gen bato, moun kap lapèch ak lòt

moun ki nan aktivite sou lanmè; yo bay enfòmasyon jeneral

meteyo tou.

Emisyon Radyo Meteyo NOAA pase sou yonn nan sèt

frekans FM band long yo ki ant 162.40 a 162.55 MHz. Aparèy

radyo moun genyen nòmalman lakay yo pa gen kalite frekans

sa a yo. Men gen yon kantite konpayi ki fè aparèy radyo ki fè

radyo meteyo espesyal ki ka kapte frekans sa a yo. Gen nan yo

ki gen alam pou anonse danje gen ki pa genyen l. Epi gen

anpil radyo yo vann ki gen frekans estanda AM/FM yo ak

“band meyeto” kòm yon diplis.

Yo ka koute emisyon Radyo Meteyo NOAA yo jouk yon

distans 64 kilomèt de kote antèn nan ye, kèk fwa menm pi lwen.

Distans kote yo ka koute emisyon yo byen klè depann sou plizyè

faktè patikilyèman otè antèn radyo a, jeografi zonn nan, kalite

aparèy radyo a ak kalite antèn aparèy la. Kòm yon pwensip

jeneral, oditè ki pre ou petèt pi lwen pase distans 64 kilomèt la

ta dwe gen yon bon kalite aparèy si yo espere resevwa emisyon

an byen klè. Epi nan yon distans konsa, li ka nesesè pou yo

gen yon antèn deyò. Si sa posib, yo ta dwe eseye yon aparèy

nan zonn kote yo konte sèvi ak li anvan moun nan achte l nèt.

Sèvis Nasyonal Meteyo a gen anviwon 380 estasyon radyo.

Apeprè 90 pousan popilasyon peyi a rete nan zonn kote yo ka

tande emisyon Radyo Meteyo NOAA. Tout moun ki abite nan

Florid rete nan zonn kote yo ka tande emisyon Radyo Meteyo

NOAA.

www.tallytown.com/redcross

10

PREPARASYON POU DEZAS

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

Sa ou Dwe Konnen Konsènan Asirans Inondasyon

Pou pifò nan nou, kay nou se

byen ki gen plis valè nou

genyen. Men chak ane, inondasyon

andomaje plis kay Ozetazini

pase nenpòt lòt dezas natirèl.

Se pa sèlman moun kap viv pre

dlo ki viktim lè gen inondasyon.

Inondasyon sòti nan yon lokalite ale

nan yon lòt epi l ka kouvwi anpil

kilomèt. Inondasyon yo ka gen

kouran dlo ki byen fò ki ka pote ale,

nan kèk moman, tout sa yon moun

te travay fè pandan tout lavi l epi

kite yon pil labou ak fatra dèyè.

Inondasyon pa pase sèlman nan

zonn ki gen anpil risk. Ant 20 a 25

pousan aplikasyon pou domaj

asisrans yo resevwa pou yo peye

sòti nan zonn kote risk inondasyon

an nan mitan oubyen ba.

Achte Asirans Inondasyon

■ Depi kominote ou patisipe nan Pwogram Nasyonal Asirans

Inondasyon, eksepte pou zonn ki kouvwi anba “Coastal Barrier

Resources Act”, ou ka achte yon kontra asirans inondasyon depi pa

gen yon tanpèt kap pwoche. Kit ou ap viv nan yon zonn kote l

posib pou inondasyon pase oubyen nan yon zonn kote risk pou

inondasyon byen ba, ou ka achte asirans inondasyon.

■ Gen kèk fwa yo ka egzije ou pou achete asirans inondasyon. Si ou

gen yon kay nan yon zonn yo mete sou lis zonn ki gen anpil risk

pou inondasyon pase, epi si ou pran yon ipotèk nan yon enstitisyon

ki kouvwi anba regleman federal, moun kap prete ou kòb la, dapre

lalwa, dwe egzije pou achte asirans inondasyon.

■ Gen asirans pou bilding komèsyal ak rezidansyèl ak tout sa ki

ladan yo, epi moun ki lwe ka achte asirans sa a tou:

■ Pou pi wo $250.000 pou yon kay pou yon fanmiy, pou kay pou de

jiska kat fanmiy, ak lòt bilding rezidansyèl.

■ Pou pi wo $500.000

pou bilding kote

moun pa rete, landan

yo genyen bilding

pou ti bizniz.

■ Pou pi wo $100.000

pou kouvwi tout sa

ki nan yon kay rezidansyèl

pou mèt kay

la oubyen lokatè.

■ Pou pi wo $500.000

pou tout sa ki nan

yon bilding pou

biznis, ti biznis yo

ladan l tou.

VERITE:

Inondasyon ka pase lakay ou.

Erèzman, ou ka proteje tèt ou ak

landenmen ou kont pèt ki koute

anpil kòb byen souvan inondasyon

lakòz pa mwayen yon pwogram

Ajans Federal pou Administrasyon

Ijans (FEMA) ap dirije. Sou kouvèti

Pwogram Nasyonal Asirans pou

Inondasyon (NFIP) ki nan FEMA,

gen asirans pou inondasyon

gouvènman federal la sipòte pou

kominote ki adòpte epi egzekite

regleman pou diminye pèt lè gen

inondasyon. Asirans inondasyon

bay pwoteksyon asirans ou genyen

pou kay ou pa bay – asirans pou

kouvri domaj inondasyon yo lakòz.

Bòn nouvèl la gen preske 19.000

kominote nan Etazini ak lòt teritwa l yo kote li posib pou inondasyon

pase ki patisipe nan NFIP, konsa

gen yon bon chans pou jwenn asirans

inondasyon.

VERITE:

Asirans inondasyon pi bon

anpil pase pou depann sou

asistans federal lè gen dezas.

Moun ka jwenn asirans federal

sa a sèlman lè yo pibliye

yon dekrè pou deklare dezas

la se yon dezas federal.

Si ou gen yon kontra asirans pou

inondasyon, yo ka ranbouse ou pou

tout pèt ou te fè ki nan kontra asirans

nan menm si yo pa dekrete

dezas la se yon dezas federal. Lè ou

konpare, asistans federal nan ka

dezas se yon kòb ou prete – ou dwe

peye tout – ak enterè!

Pou yon kontra asirans pou inondasyon,

tout sa ou gen pou peye se

yon kòb yon sèl fwa nan ane a. Epi,

si ou fè pèt akòz inondasyon, yo va

ranbouse ou pou pèt ou fè ki te kouvwi

nan kontra a, ou pap janm gen

pou peye kòb sa a.

Asirans inondasyon pa twò chè.

Nan mwayèn, pri pou peye pou

asirans inondasyon yon ti jan pi plis

pase $300 chak ane pou yon valè

asirans an mwayèn $100.000 Pri a

varye epi sa depann de kote kay la

ye ak valè kay la. Men, kòm ezanp,

pou peye $50.000ou te prete pou

refè kay ou apre yon dezas, va

koute nan mwayèn $300 chak mwa

– pandan yon peryòd 20 an an

mwayèn pandan ou ap peye dèt la.

Epi natirèlman, si ou pa gen asirans,

epi yo pa dekrete dezas la tankou

yon dezas federal, kay ou ak tout

sa ou posede ka detri san ankenn

espwa pou jwenn yo ankò.

Pwoteje tèt ou, kay ou,

fanmiy ou, ak kondisyon

finans ou pou denmen

Rele konpayi asirans ou oubyen

ajan asirans ou pou chache konnen

si kominote ou patisipe nan

pwogran NFIP a. Si li pa patisipe,

mande detay sou ki jan pou achte

aisirans inondasyon. Fè sa jodia

menm. Kontra asirans koumanse

nan 30 jou apre ou te achte asirans

nan. Ou pa p ka achte ansirans

inondasyon nan ka kote yo deja

anonse gen yon tanpèt ka p vini.

Pwoteje kay ou ak fanmiy ou jodi a

menm.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou

pwogram NIFIP a ak asirans inondasyon,

kontakte konpayi asirans

ou oubyen ajan asirans ou, obyen

rele NFIP nan nimewo sa a: 1-888-

FLOOD29, TDD 1-800-427-5593.

www.fema.gov

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 11

Fason pou debouye ou nan yon inondasyon: Anvan, Pandan epi Apre

Pèsonn pa ka rete yon inondasyon.

Men si ou nan mitan

yonn, gen aksyon ou ka pran

pou pwoteje fanmiy ou epi kenbe

pèt sa ou genyen byen ba.

Bagay ki pi enpòtan se pou ou fè

si fanmiy ou gen sekirite.

Anvan Yon Inondasyon

• Kite yon radyo ki mache ak pil

louvwi epi fikse sou estasyon

radyo zonn nan, epi swiv tout

enfòmasyon pou ijans yo ap bay.

• Si dlo koumanse monte andedan

kay ou anvan ou gen tan pou

evakye, ale nan dezyèm etaj la,

monte nan fetay kay la, epi si sa

nesesè monte sou do kay la. Pran

rad ki sèch, yon flach, ak radyo ki

mache ak pil. Epi rete tann sekou.

Pa eseye naje pou ale yon kote ki

gen sekirite; tann pou moun kap

pote sekou rive kote ou ye a.

Lòt Preparasyon

Si ou gen tan, me lòt etap ou ka

pran anvan dlo inondasyon an monte:

• Koupe tout kouran. Pou fè sa,

fèmen switch elektrik prensipal

la epi fèmen tiyo gaz prensipal si

li vin nesesè pou evakye.

• Mete sa ou gen ki enpòtan, tankou

papye enpòtan, manto ki fèt ak po

bèt, bijou, ak rad nan etaj ki pi wo

oubyen nan kote ki pi wo.

• Plen basen nan chanmdeben,

lavabo, boutèy kola an plastik ak

dlo pwòp. Anvan ou fè sa, pwòpte

lavabo ak basen yo ak kloròks.

Rense yo epi plen yo ak dlo pwòp.

• Rantre tout sa ou genyen ki deyò,

tankou mèb pou lakou, recho pou

fè babekyou, kannistè pou fatra,

oubyen mare yo nan yon bagay ki

byen solid.

Lè Inondasyon Rive

• Pa kondwi nan yon zonn ki gen

inondasyon. Si ou rankontre yon

wout ki anba dlo, kase tèt tounen

ale nan yon lòt wout. Pi fò moun

nwaye nan machin yo plis pase

nenpòt lòt kote.

• Pa mache nan yon zonn ki gen

inondasyon. Yon kantite dlo yon

ti wòtè sis pous kap kouri ka fese

ou atè.

• Rete lwen fil elektrik ak fil kouran

ki tonbe. Moun kouran touye se

yon lòt kòz anpil ka mòtalite

pandan inondasyon. Kouran

elektrik pase fasilman nan dlo.

• Gade pou wè si pa gen zannimo –

sitou koulèv. Zannimo pèdi kay

yo tou pandan inondasyon. Yo ka

pran refij nan pa ou.

Apre Inondasyon an

• Si kay ou, apatman ou oubyen

biznis ou endomaje, rele konpayi

asisrans ou oubyen ajan asirans ki

okipe kontra asirans inondasyon

ou touswit pou ranpli yon

aplikasyon pou rapòte pèt yo.

• Anvan ou rantre nan yon bilding,

tcheke pou wè si pa gen kote l

kraze. Pa rantre si gen ankenn

chans pou bilding nan tonbe.

• Pandan ou ap rantre nan bilding

nan, pa sèvi alimèt, brikè pou limen

sigarèt oubyen ankenn lòt bagay

pou limen dife piske gaz ka anvayi

andedan bilding nan. Sèvi ak yon

flach pou wè kote ou prale pito.

• Kite elektrisite a fèmen jouk tan

yon elektrisyen fin enspekte

sistèm elektrik ou pou wè si pa

gen ankenn danje.

• Dlo inondasyon pase pran

eskreman ak pwodwi chimik

sou wout yo, jaden ak faktori yo.

Si inondasyon te envayi kay ou,

pwòpte kay ou toutswit pou

pwoteje sante fanmiy ou. Jete

manje ak medikaman ki ka te

mouye nan dlo inondasyon an.

• Jiskaske otorite zonn nan deklare

dlo ou resevwa a pa gen danje,

byen bouyi dlo ou ap sèvi ni

pou bwè ni pou fè manje pandan

senk minit anvan ou sèvi l.

• Pran anpil prekosyon pandan ou

ap mache nan kay la. Apre inondasyon,

eskalye ak planche konn

glise byen souvan akòz labou ak

fatra ki kouvri yo, ladan yo ka

gen klou ak mosa glas kraze tou.

• Pran aksyon pou diminye risk

pou gen yon lòt inondasyon nan

lavni. Fèt si ou swiv regleman

zonn nan sou fason pou bati lè

ou ap rekonstri kay ou epi sèvi ak

materyo epi teknik inondasyon pa

ka fè anyen pou pwoteje tèt ou ak

pwopriyete ou lè gen inondasyon

ankò nan lavni.

Yonn nan bagay ki pi enpòtan

ou ka fè pou pwoteje kay ou ak

fanmiy ou anvan yon inondasyon

se pou achte yon kontra asirans pou

inondasyon.

Ou ka jwenn yonn nan konpayi

asirans ou oubyen ajan asirans ou

ka vann ou yonn. Gen garanti pou

Sekirite Kont Toubiyon Rès lekti paj 6

toubiyon an nan yon gran distans,

epi si pa gen anpil trafik sou wout

la, ou ka gen chans pou kondwi kite

kote toubiyon an ap pase a pandan

ou ap deplase nan yon ang dwat pa

rapò toubiyon an.

Si ou pa ka fè sa, pake machin

nan vit yon kote ki gen sekirite otan

ou kapab – lwen wout kote machin

yo ap pase. (Li pi bon pou retire

machin nan nan labou pita si sa

nesesè tan pou ta lakòz yon aksidan.)

Sòti nan machin nan epi

chache refij nan yon bilding solid. Si

ou nan yon zonn kote pa gen kay,

kouri yon kote ki ba lwen machin

(ki ka glise desann sou ou). Kouche

plat fas atè, pwoteje dèyè tèt ou ak

bra ou. Pa chache pwoteksyon anba

pon, ki ka lakòz gwo danje pou

touye moun nan trafik la pandan

pon a pa ba ou ankenn pwoteksyon

kont debri ka p vòltije.

Nan plennè deyò Si posib,

chache refij nan yon bilding solid.

Sinon, kouche plat fas atè yon kote

ki plat. Pwoteje dèyè tèt ou ak bra

ou. Ale lwen pye bwa ak machin

tout tan ou kapab. Van ka bwote yo

lage yo sou ou nan yon toubiyon.

Nan yon mòl, gran magazen,

legliz oubyen sine: Nan yon

sitiyasyon kote ou ka nan mitan

jwenn asirans inondasyon pa

mwayen Program Nasyonal Asirans

Inondasyon (NFIP), Ajans Federal

Pou Administrasyon Ijans ap dirije.

Asirans ou genyen pou kay ou pa

kouvwi domaj inondasyon fè.

Pa tann jouk tan yon inondasyon

ap pwoche pou achte kontra asirans

ou. Nòmalman sa pran 30 jou apre

ou fin achete you kontra asirans

inondasyon pou asirans nan

kouvwi pèt ou fè.

Si ou bezwen plis enfòmasyon

sou NFIP ak asirans inondsyon,

kontakte konpayi asirans ou oubyen

ajan asirans ou, oubyen rele NFIP

nan nimewo sa a: 1-800-FLOOD29

oubyen TTD#1-800-427-5593

www.fema.gov

yon foul moun, fè tout sa ou kapab

pou rete kalm epi ede moun ki bò

kote ou. Si posib, deplase vit tout

tan ou kapab, men yon fason ki

gen lòd, pou ale andedan nan yon

twalèt, koulwa, chanm depo

oubyen nan yon ti kote ki bare

lwen fènèt. Koupi ak tèt ou bese

epi pwoteje tèt ou ak bra ou. Si ou

pa gen kont tan, rantre anba bagay

moun chita, anba ban, tab, oubyen

tab solid, pwoteje tèt ou ak bra ou

oubyen men ou.

Apre Toubiyon an

Kenbe tout fanmiy ou ansanm

epi tann pou anplwaye ijans yo rive.

Bay moun ki blese yo koukou ak

anpil prekosyon. Rete lwen fil

kouran ak ma dlo ki gen fil kouran

ladan yo; yo ka toujou gen kouran

nan yo! Pandan ou ap mache, gade

kote ou prale pou pa mete pye ou

sou moso glas, klou, ak lòt bagay ki

ka blese ou. Rete lwen tout bilding

ak kay ki andomaje anpil; yo ka

tonbe nenpòt lè. Pa sèvi ak alimèt

oubyen brikè si gen tiyo gaz

pwopa-n ka p degoute oubyen tank

gaz tou pre. Rete kalm epi veyatif,

epi koute enfòmasyon ekip ijans

oubyen otorite lokal yo ap bay.

www.noaa.gov

12

Nou menm Ameriken,

lemond antye konnen ki jan

nou damou pou otomobil.

Men lè gen yon ijans moun yo gen

reyaksyon ki pa kòrèk, yo oubyen

rete nan machin yo oubyen yo kouri

kite machin yo nan move lè. Erè sa

a yo ka lakòz moun mouri.

Preske apre chak dezas, ekip kap

chache kote gen danje epi sove lavi

jwenn moun ki mouri ki poutan ta

ka sove si yo te konnen si yo te dwe

rete nan machin yo oubyen sòti.

Konsèy pou sekirite ki nan lis pi ba

a se pou chofè nan tout kalite ijans.

Nan nenpòt sitiyasyon, pwensip ki

pi enpotan, pa pèdi tèt ou!

SIKLÒN

Deplase byen bonnè

Inonsasyon ka koumanse yon

bon bout tan anvan yon siklòn rive

bò tè. Fè plan pou deplase bonnè

epi plen tank machin ou gaz pandan

sezon siklòn nan. Chache konnen ki

wout ki pi bon pou pran lè yo

mande pou moun deplase anvan

yon tanpèt koumanse epi fè aranjman

ak zanmi oubyen fanmiy ki lwen

lanmè pou rete lakay yo jouk tan

tanpèt la fin pase. Pa jann eseye

kondwi pandan yon siklòn oubyen

jiskaske yo anonse tout bagay

nòmal apwe tanpèt la. Inondasyon

ka anvayi yon zonn sanzatann

apre yon siklòn fin pase. Evite pou

kondwi sou wout ki bò lanmè

oubyen nan zonn ki plat. Tanpèt ka

lakòz lanmè a monte epi siklòn ka

lakòz inondasyon sanzatann. Se pa

yon sitiyasyon moun ka kontrole.

Avan l frape, li ka bay yon ti siy tou

piti oubyen l rive san avètisman.

Koute radyo oubyen televizyon

pou dènye nouvèl Sèvis Nasyonal

Meteyo sou move tan pou zonn

kote ou pra l kondwi a.

INONDASYON

Sòti nan machin nan

Pa jannm eseye kondwi nan dlo

lè ou sou yon wout. Yon dlo ka pi

fon pase jan l parèt, epi wotè dlo a

ka monte rapidman. Pifò otomobil

ka rete sou dlo nan yon sitiyasyon

PREPARASYON POU DEZAS

Konsèy pou Sekirite Chofè nan Ijans

danje omwens pou yon ti tan. Dlo

ka anvayi yon machin epi kouran

dlo a ka bwote l desann pandan

yon inondasyon. Dlo inondasyon

an ka kraze yon pati nan wout la,

epi yon moso nan wout la ka dekole

— menm yon pon ka disparèt — ou

ka pa wè sa akòz dlo ki kouvwi tout

zonn nan. Mache nan dlo sèlman

si dlo a pap koule vit epi sèlman

nan dlo ki pa pi wo pase jenou ou.

Si yon machin tenyen nan dlo

inondasyon, sòti byen vit epi ale

yon kote ki wo. Dlo inondasyon an

ka kontinye monte, epi l ka pote

machin nan ale nenpòt moman.

TOUBIYON

Sòti nan machin nan

Yon machin se yon kote ki gen

mwens sekirite pou yon moun ye

pandan yon toubiyon. Lè yo bay

avètisman, pa eseye kite zonn nan

nan machin. Si ou nan yon machin,

kite l epi pran refij nan yon bilding.

Si yon toubiyon ap pwoche, epi pa

gen yon kote ki gen sekirite tou pre,

kouche plat nan yon rigòl oubyen

nan mitan yon fant tè ak bra ou

sou tèt ou.

GWO CHALÈ PANDAN

LETE

Pa rete nan yon machin

ki pake

Pandan sezon cho, degre chalè a

ka ogmante byen vit epi byen wo

nan yon machin ki gen tout pòt ak

tout vit fèmen oubyen preske

fèmen. Gwo chalè ka touye moun

ak bèt nan kèk minit lè yo kite yo

nan yon machin ki fèmen. Pa jann

kite ankenn moun nan yon machin ki

pake pandan sezon gwo chalè a nan lete.

TRANBLEMANDTÈ

Rete nan machin nan

Kanpe machin nan toutswit ou ka

fè sa san danje, epi rete nan machin

nan jiskaske tranblemandtè a

sispann. Sispansyon machin nan

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

ap fè l souke byen fò pandan

tranblemandtè a, men li toujou yon

kote ki gen sekirite pou rete. Evite

pou pa kanpe machin nan pre

oubyen anban bilding, pon, oubyen

fil kouran. Lè tranblemandtè a sispann,

kontinye ak anpil prekosyon.

Rete lwen pon ak tout sa ki wo, ki

ka te andomaje pandan tranblemandtè

a epi ki ka endomaje pi

plis akòz ti sekous apre gwo fòs

tranblemadtè a.

IJANS KA P DEWOULE

Se pou toujou gen bon

enfòmasyon

Nan moman ijans ap dewoule

tankou materyèl ki gen pwazon ki

tonbe yon kote, aksidan yon izin

nikleyè, oubyen atak lenmi, kite yon

radyo oubyen yon televizyon louvwi

epi tann enfòmasyon. Si yo mande

pou moun deplase, deplase byen

vit men ak tèt ou byen an plas,

swiv enstriksyon yo ap bay sou ki

wout pou pase, ki kote pou ale

chache refij epi ak lòt enfòmasyon.

PWOVIZYON POU IJANS

Sa pou mete nan machin nan

Machin yo ta dwe gen ladan yo

pwovizyon ki ka itil nan nenpòp

ijans. Sa depann de lokalite a, klima

zonn nan, bezwen pèsonèl ak kèk

lòt bagay, yon sak provizyon ka gen

bagay sa a yo ladan l (byenke l ga

gen plis pase sa):

• Dra oubyen yon sak pou dòmi

• Kab pou boustè ak zouti

• Boutèy dlo

• Manmit fwi ak nwa

• Kle pou louvwi manmit

• Flach ak pil derechanj

• Bwat materyèl premye swen

• Alimèt ak bouji

• Medikaman nesesè

• Ekipman pou lapli ak plis rad

PA JANM POTE GAZOLIN

NAN MANMIT EKSEPTE

NAN TANK GAZ MACHIN

NAN!

www.fema.gov

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 13

VALIZ PWOVIZYON POU DEZAS

Dezas rive nènpòt lè nenpòt kote. Epi lè dezas frape, ou ka pa gen anpil tan

pou prepare. Yon pwodwi oubyen materyèl ki ka koze danje ki tonbe sou yon

otowout oubyen ka egzije pou moun deplase. Yon move tan pandan livè ka fè

fanmiy ou rete fèmen andedan kay. Yon tranblemandtè, inondasyon, ou nenpòt

lòt dezas ka koupe dlo, elektrisite ak telefòn pandan plizyè jou.

Apre yon dezas, otirite lokal yo ak travayè sekou yo ap sou plas, men yo pap

kapab ede tout moun touswit. Ou ka resevwa sekou nan kèk èd tan oubyen sa

ka pran plizyè jou. Eske fanmiy ou ap pare pou debouye yo nan yon ka ijans

jiskaske yo pote yo sekou?

Fanmiy ou ap ka debouye yo pi byen si ou fè preparsyon pou yon dezas

anvan l rive. Yon jan pou prepare se pou rasanble yon Valiz Pwovizyon pou

Dezas. Lè dezas la frape, ou pa p gen tan pou fè pwovizyon oubyen pou chache

pwovizyon. Men si ou rasanble pwovizyon davans, fanmiy ou ka reziste yon

evakasyon oubyen yon tan fèmen andedan kay.

Sèvi ak yon valiz enpèmeyab pou ijans oubyen yon gwo bwat plastik pou

sere machandiz pou dezas. Me sa pou mete ladan l:

• Dlo – omwens yon galon pa jou pou chak

moun pou 3 a 7 jou. Mete dlo a nan bagay

ki byen fèmen ki pa ka kraze. Make dat

ou mete dlo a nan depo epi ranplase l

chak sis mwa

• Manje – omwens yon kantite kont pou 3 a

7 jou.

• Bwat oubyen manmit manje ak fwi ki pap

gade

• Manje bou ti bebe oubyen pou granmoun

aje

• Manje pou kolasyon

• Kle ki pa bezwen kouran pou lwouvwi

bwat

• Istansil ak gaz pou fè manje

• Asyèt papye, istansil plastik, sak plastik

pou fatra.

• Dra, zorye, sak pou dòmi

• Rad – ki ale ak sezon an, rad ak soulye

fèm pou lapli

• Bwat materyèl premye swen, medikaman,

medikaman sou preskripsyon

• Pwovizyon espesyal – pou ti bebe ak

granmoun aje

• Pwovizyon pou fè twalèt – pou fè pwòpte

kò

• Patdantifris ak bròsadan

• Fo dan ak linèt

• Deodoran ak savon

• Aparèy ak tout sa ki nesesè pou fè bab

• Kouchèt ou ka sèvi yon sèl fwa ak lòt atik

pèsonnèl pou twalèt si ou pra l pran swen

yon moun nan fanmiy ou oubyen yon

zanmi ki pa ka fè anyen pou kont li.

• Chanpou

• Ti sèvyèt pou fè twalèt ak lave men

• Krèm pou kò

• Papye ijyenik

• Flach ak pil

• Pwodwi pou chase moustik ak ekran pou

pare solèy

• Grenn pou pirifye dlo nan yon sak plastik

• Radyo ki mache ak pil epi radyo meteyo

NOAA

• Kat kredi

• Lajan likid – bank ak ATM ka pa louvwi

oubyen ou ka pa jwenn pandan yon

bon bout tan.

• Kle – pran kle derechanj

• Linèt derechanj

• Jwèt, liv, jounal ak jwèt pou plizyè

moun jwe

• Dokiman enpòtan – mete yo nan yon

sak enpèmeyab

• Asirans, dosye medikal, nimewo kont

bank, kat sekirite sosyal, elatriye.

• Mete tout bagay ou genyen ki enpòtan

sou yon videyo si sa posib

• Enfòmasyon sou ki jan pou fèmen elektrisite,

gaz ak dlo si otorite yo mande

pou fè sa. (Sonje, ou va bezwen mande

yon pwofesyonèl pou rekonekte gaz

natirèl la pou ou.)

• Lis tout doktè fanmiy nan

• Lis nimewo telefòn fanmiy, zanmi, famasi,

moun ka p bay swen, ak kontak biznis.

• Lis enfòmasyon enpòtan fanmiy nan

tankou mak ak nimewo fabrik aparèy

medikal, pesmekè ladan l tou.

• Zouti – kenbe yon bwat ak ou pandan

tanpèt la

• Mete pwovizyon sa a yo nan machin ou:

• Plen tank machin nan gaz

• Radyo ki mache ak pil ak plizyè pil an plis

• Flach ak plizyè pil an plis

• Dra

• Kab pou ba machin boustè

• Ponp pou tenyen dife (5 liv., modèl A-B-C)

• Bwat materyèl premye swen ak liv sou

fason pou sèvi yo

• Boutèy dlo ak manje ki pa p gate epi

ki bay anpil enèji tankou dous granola,

rezen, ak manba

• Kat jeografi

• Pèl

• Zouti pou repare kawotchou ak ponp

• Siyal ki reflete limyè.

www.floridadisaster.org

Lis pou Preparasyon pou Ijans

Pwochèn fwa yon dezas frape, ou ka pa gen anpil tan pou pran

aksyon. Prepare kounye a pou yon ijans sanzatann. Aprann

kouman pou proteje tèt ou epi debouye ou nan yon dezas pandan ou

ap fè plan davans. Lis sa a ka ede ou pou koumanse. Diskite ide sa

a yo ak moun nan fanmiy ou, epi prepare yon plan pou ijans. Mete

plan an yon kote tout moun ka wè l – sou frigidè a oubyen yon

tablo kote ou ekri enfòmasyon. Si ou bezwen plis enfòmasyon sou

ki jan pou prepare pou yon dezas nan kominote ou, kontakte Biwo

Administrasyon Ijans ak Biwo Lakwa Wouj Ameriken nan zonn ou.

Lis pou Tcheke pou Ijans

1. Rele Biwo Administrasyon Ijans ak Biwo Lakwa

Wouj Ameriken nan zonn ou.

• Chache konnen ki kalite dezas ki ka pase nan zonn ou.

• Mande ki sa pou fè pou prepare pou chak dezas.

• Mande ki jan yo ap avèti ou lè gen yon ijans.

• Chache konnen wout pou pran nan zonn ou lè yo mande tout

moun pou deplase

• Mande ki asistans espesyal yo genyen pou granmoun aje ak

moun kokobe.

• Mande ki plan yo genyen pou ka ijans nan travay ou.

• Mande ki plan yo genyen pou ka ijans nan lekòl oubyen nan

gadri pitit ou.

2. Prepare Yon Plan Ijans

• Fè yon reyinyon ak fanmiy ou pou diskite danje dife, move tan

ak lòt ka ijans ka lakòz. Esplike ki sa pou fè pou chak nan yo.

• Jwenn ki kote ki gen sekirite nan kay la pou chak kalite dezas.

• Diskite ki sa pou fè lè gen blakawout ak lè moun blese.

• Trase yon desen ki montre kote tout chanm yo ye nan kay la.

Make de kote moun ka sòti nan chak chanm si gen yon kouri.

• Montre tout moun nan kay la ki jan pou fèmen dlo, gaz ak

elektrisite nan switch prensipal la lè sa nesesè.

• Mete tout nimewo telefòn pou ijans bò kote telefòn yo.

• Montre timoun yo ki jan pou yo rele 9-1-1, polis ak depatman

ponpye

• Bay moun nan kay la lòd pou yo louvwi radyo pou tande

enfòmasyon sou ka ijans.

• Chwazi yon paran oubyen yon zanmi ka p viv nan yon lòt eta

epi yon paran oubyen yon zanmi ka p viv nan lokalite a pou

manm famiy ou ka rele si yo separe ak fanmiy nan pandan yon

dezas (souvan li ka pa fasil pou rele yon moun nan yon lòt eta

pase yon moun nan zonn kote dezas la pase a).

• Montre tout manm fanmiy nan nimewo telefòn kontak ou

genyen nan lòt eta.

• Chwazi de kote pou fanmiy ou rankontre lè gen yon ijans

- Yon kote tou pre kay ou nan ka ta gen yon dife.

- Yon kote lwen zonn kote ou rete a nan ka ou pa ka rantre lakay

ou apre yon dezas.

• Pran yon klas debaz sou premye swen ak CPR.

• Mete dokiman fanmiy nan nan yon bagay dlo pa ka rantre ladan

l ni dife pa ka boule.

3. Prepare yon Bwat Materyèl pou Ijans

• Rasanble pwovizyon ou ka bezwen nan yon evakasyon. Mete yo

nan yon bagay ki fasil pou pote tankou yon sak pou pote sou do

oubyen yon sak militè sèvi.

www.fema.gov

14

Bèt nou yo rann lavi nou miyò

nan plis fason pase sa nou ka

rakonte. Bò kote pa yo, yo

depann de nou pou sekirite ak byennèt

yo. Me kouman ou ka prepare

pou proteje bèt ou yo lè dezas frape.

Se pou Gen yon Plan

pou Dezas

Meyè fason pou proteje fanmiy

ou kont dega yon dezas se pou gen

yon plan dezas. Si ou gen zanmimo,

ou dwe ajoute yo nan plan sa a. Bon

preparasyon ka sove lavi yo.

Ou dwe gen yon plan diferan

pou chak kalite dezas. Men kit

dezas la se yon siklòn oubyen yon

pwazon ki gaye, ou ka bezwen kite

kay ou.

Nan ka gen yon dezas epi si ou

dwe deplase, sa ki pi enpòtan ou ka

fè pou proteje bèt ou yo se pou

deplase ak yo tou. Si ou kite bèt yo

dèyè, menm si ou eseye ranje yon

kote ki gen sekirite pou yo, gen anpil

chans yo ka blese epi, sa ki pi mal,

yo ka pèdi. Kidonk, fè preparsyon

kounye a pou jou kote ou menm ak

bèt ou yo va dwe kouri kite kay ou.

Chèltè Lakwa Wouj yo pa ka

resevwa bèt akòz regleman sou

sante ak prekosyon yo dwe pran epi

akòz lòt konsiderasyon. Bèt kap ede

moun andikape yo se sèl zannimo

yo aksepte nan chèltè Lakwa Wouj

yo. Sa ka difisil, pètèt menm enposib,

pou jwenn chèltè pou zannimo

ou yo nan mitan yon dezas, kidonk,

ou dwe fè preparasyon davans. Pa

tann se lè dezas la frape pou ap

chache konnen sa pou fè.

• Kontakte otèl ak motèl ki pa nan

zonn ou an men ki tou pre pou

chache konnen ki kondisyon yo

genyen pou aksepte bèt epi ki

eksepsyon yo genyen sou kantite,

gwosè, ak kalite. Mande si yo ka

sispans “regleman pou pa aksepte

bèt” lè gen yon ijans. Kenbe yon lis

tout kote moun yo gen “zanmitay

pou bèt” ak nimewo telefòn yo

menm kote ou mete pwovizyon

ak enfòmasyon pou dezas.

• Mande zanmi, paran, oubyen lòt

moun ki pa nan zonn dezas la si

yo ka resevwa bèt ou yo. Si ou

PREPARASYON POU DEZAS

Bèt Domestik Lè Dezas: Se pou Prepare

gen plis pase yon bèt, yo ka pi

konfòtab si ou kite yo ansanm,

men se pou kanmenm fè plan

pou mete yo nan diferan kote.

• Prepare yon lis biznis ak veterinè

ki ka aksepte bèt lè gen yon ijans.

Mete sou lis la nimewo telefòn ou

ka rele 24 è pa jou.

• Mande chèltè pou zannimo nan

zonn nan si yo resevwa oubyen

pran swen bèt lè gen yon ijans

oubyen yon dezas. Chèltè pou

zannimo ka gen twòp pou yo fè

pou pran swen zannimo yo deja

genyen nan menm tan zannimo

dezas la mete deyò. Kidonk, sa ta

dwe dènye solisyon ou.

Bwat Pwovizyon pou Bèt

Lè Gen Dezas

• Bonjan idantifikasyon; enfòmasyon

sou vaksen dwe ladan l tou.

• Yon bon kantite manje ak dlo

• Yon bwat oubyen yon kalòj ou

ka pote

• Medikaman

• Mizo, kolye ak kòd

• Kabann

• Ti pèl

Konnen Sa pou Fè Pandan

Yon Dezas Ap Pwoche

• Byen souvan, yo bay avètisman

plizyè èd tan, menm plizyè jou,

davans. Depi yo bay premye siyal

la, pran aksyon pou proteje bèt ou.

• Rele davans pou tcheke aranjman

chèltè pou ou ak bèt ou yo.

• Tcheke pou fèt si pwovizyon pou

dezas pou bèt ou pare pou ka

pase men pran yo nan yon ti

moman si yo mande ou pou fè sa.

• Rantre tout bèt yo andedan kay la

konsa ou pa p bezwen chache kote

yo ye si ou dwe deplase byen vit.

• Fè si tout chen ak chat gen yon

kolye nan kou yo ki byen mare

ak idantifikasyon yo fèk renouvle.

Mete nimewo telefòn ak adrès

chèltè tanporè ou, si ou konnen l,

oubyen pa yon zanmi oubyen yon

paran ki pa rete nan zonn dezas

la. Ou ka achte etikèt tanporè

oubyen mete tep adezif sou kat

idantifikasyon bèt ou. Ekri enfòmasyon

an ak yon plim ki gen

lank yo pa ka efase.

Ou ka pa lakay ou lè yo bay lòd

pou moun deplase. Chache konnen

si yon vwazen ou fè konfyans ka vle

pran bèt ou pou ou epi rankontre

ou yon kote nou te deja chwazi.

Moun sa a dwe konfòtab ak bèt ou

yo, li dwe konnen kote bèt yo ka ye,

kote ou mete bwat pwovizyon pou

bèt ou yo pou lè gen yon dezas, epi

li dwe gen yon kle kay ou. Si ou

sèvi ak yon biznis kote yo resevwa

bèt, gen chans yo ka ede, men se

pou diskite sa ak yo byen davans.

Loray ak zeklè Rès lekti paj 7

lakay ak zannimo kap viv nan chan.

Se pou sa ou dwe chache yon kote

pou mete zannimo yo.

APRE YON TANPÈT

Tcheke pou wè si pa gen

moun ki blese

Lè zeklè tonbe sou yon moun

kò moun nan pa gen elektrisite

sou li ki ka bay lòt moun kouran.

Si moun nan boule, bay premye

swen epi rele asistans medikal pou

ijans imediatman. Chache kote

moun nan boule, kote zeklè a te

rantre nan kò moun nan epi kote l

te sòti. Si kout zeklè a fè kè moun

nan rete epi l sispann respire, fè

resisitasyon pou li (CPR) jouk tan

pwofesyonèl medikal rive pou

pran la relèv.

• Sonje pou ede vwazen ou ki

ka bezwen asistans espesyal

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

Si ou gen yon plan epi fè

preparasyon sa ka pèmèt ou deplase

ak bèt ou yo byen vit epi ak sekirite.

Men sonje sa byen, zannimo reyaji

yon jan difereran lè yo sou tansyon.

Lè ou deyò oubyen nan machin

nan, kenbe chen yo byen mare.

Mete chat yo nan yon bagay ou ka

pote. Pa kite bèt yo pou kont yo

okenn kote yo ka pati. Bèt ou fè plis

konfyans ka pran lapèrèz, al sere,

eseye sove, oubyen menm mode

oubyen grafonyen moun. Epi, lè ou

retounen lakay ou, bay bèt yo tan

pou yo reprann aktivite nòmal yo.

Mennen yo kay veterinè ou si yo

kontinye ap aji yon jan dwòl.

Si ou dwe deplase, pa kite bèt ou

dèyè. Ale ak yo nan yo kote ki gen

sekirite ou te deja chwazi si yo pa ka

rete ak ou pandan peryòd evakasyon

an ( sonje, yo pa aksepte bèt nan

chèltè Lakwa Wouj Ameriken yo).

Si gen yon posibilite dezas la ka

frape lè ou pa la, gen prekosyon ou

ka pran pou ogmante chans pou

sove bèt ou, men yo pa ka ranplase

nesesite pou deplase ak bèt ou.

www.tallytown.com/redcross

tankou ti bebe, granmoun aje,

epi moun ki kokobe.

• Rapòte tout fil elektrik ki tonbe.

• Kondwi sèlman si sa nesesè. Debri

ak wout dlo lave ka reprezante

yon gwo danje pou kondwi.

Preparsyon ak Mitigasyon

Mitigasyon se tout aktivite ki ka

anpeche yon ka ijans rive, ki diminye

chans pou ijans la rive, oubyen

diminye fòs dega yon ka ijans moun

pa te ka anpeche. Depanse kounye

a pou dimnye oubyen anpeche yon

ijans tankou enstale yon paratonè

pou kondwi fòs elektrik zeklè a tou

dwat nan tè, achete asisrans pou

inondasyon, ka ede diminye dega

yon gwo tanpèt nan lavni. Pou plis

enfòmasyon sou mitigasyon kontakte

biwo ajans pou ka ijans zonn ou.

www.fema.gov

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 15

Pi plis moun ap bati kay yo nan

zonn bwa — andedan oubyen

arebò rakbwa, nan zonn riral

oubyen nan zonn izole. Lè yo la, mèt

kay yo ap jwi bote zonn nan men yo

devan yon veritab danje dife sovaj.

Dife sovaj souvan koumanse san

moun pa wè, epi gaye byen vit, pou

boule touf bwa, pye bwa ak kay. Fè

preparasyon kounye a pou ka

diminye danje pa ou — anvan dife

sovaj la koumanse. Fè yon reyinyon

ak fanmiy ou pou deside ki sa pou

fè epi ki kote pou ale si dife sovaj

mete zonn ou an nan danje.

Pratike Prosedi pou

Proteksyon kont Dife Sovaj

Se moun ki koumanse pifò dife

sovaj… chache konnen ki jan pou

pratike epi pwopaje prosedi pou

proteksyon kont dife sovaj.

• Kontakte depatman ponpye

oubyen biwo forestye nan zonn

ou pou yo ba ou enfòmasyon

sou lalwa sou dife. Fèt si machin

ponpye ka rive lakay ou.

• Make byen klè tout wout machin

ka pase pou rive lakay ou epi

mete non ou ak adrès yon kote

devan pou moun ka wè.

• Rapòte tout sitiyasyon danje ki

ka koumanse yon dife.

• Anseye timoun yo pwoteksyon

pou yo pran kont dife. Pa kite

alimèt kote yo ka pran l.

• Ekri nimewo telefòn pou moun

rele lè gen dife yon kote tout

moun ka wè.

• Chwazi davans plizye wout pou

sòti kote kay ou ye a lè gen danje

— nan machin epi apye.

• Pale ak vwazen ou konsènan

pwekosyon pou lè gen yon dife

sovaj. Fè plan kouman tout

kominote a ka travay ansanm

apre yon dife sovaj. Fè yon lis tout

domèn konesans vwazen ou yo

tankou domèn medikal oubyen

teknik. Panse ki fason ou ka ede

vwazen ki gen bezwen espesyal

tankou granmoun aje oubyen

moun andikape. Fè plan pou pran

swen timoun ki ka lakay pou kont

yo si paran yo pa ka rive lakay la.

Anvan Danje Dife Sovaj La

Pwoteje kay ou

• Panse sou sekirite kont dife sovaj

lè ou ap fè plan kay ou ak jaden

Dife Sovaj:

Eske ou

Prepare?

alantou kay you. Sèvi ak materyo

epi plant ki ka rete dife olye pou

yo pwopaje l. Sèvi ak materyo ki

ka bloke dife a oubyen ki pa brile

pou mete sou twati ak sou kò kay

ou. Plante touf plant ak pye bwa

ki ka bloke dife. Kòm ezanp, pye

bwa ki di pi difisil pou boule pase

bwapen, plant ki toujou vèt,

ekalipsis oubyen sapen.

• Netwaye twati ak goutyè yo

byen souvan.

• Enspekte chemine yo omwens

de fwa nan ane a. Netwaye yo

omwens yon fwa nan ane a.

• Mete yon aparèy pou detekte

lafimen sou chak etaj nan kay ou.

Tcheke yo chak mwa epi chanje

pil yo de fwa chak ane.

• Montre manm fanmiy ou

kouman pou yo sèvi ak ponp

pou tenyen dife.

• Ranmase fèy, branch bwa ak ti

bwa chèch. Retire tout plant ki

ka pran dife.

• Koupe branch bwa chèch ki

kouche sou do kay la.

• Koupe branch bwa ak touf plant

ki yon distans 15 pye bò tiyo, yon

fou oubyen bouch yon chemine.

• Mande konpayi elektrik pou

koupe branch bwa ki kole ak fil

elektrik yo.

• Koupe gazon regilyèman.

• Mete gazolin, twal ki gen lwil ak

lòt materyèl ki ka pran dife nan

yon manmit yo aprouve epi ki

gen sekirite.

• Anpile bwa pou dife omwens

yon distans 100 pye de kay la epi

yon kote wo ki pa kole ak kay la.

• Panse pou mete nan kay ou

pèsyèn ki ka pwoteje l kont dife

oubyen rido dife pa ka boule fasil.

• Mete tou pre zouti nan kay la ou

ka sèvi pou konbat dife tankou

rato, rach, si-a-men, bokit ak pèl.

Fè Plan Pou Kantite

Dlo Ou Bezwen

• Chache jwenn epi kenbe an bon

eta sa ki ka ba ou kantite dlo ou

bezwen deyò a tankou yon ti

basen, sitèn, pi, pisin oubyen

tiyo pou ponpye.

• Se pou gen yon kayoutchou ki

long dekwa pou rive nenpòt kote

nan kay la ak lòt sa ou genyen

sou proriyete a.

• Enstale tiyo ki pa ka jele omwens

sou de bò kay la epi tou pre lòt

sa ou genyen sou propriyete a.

Enstale lòt tiyo omwens yon

distans 50 pye de kay la.

• Panse pou jwenn yon ponp

pòtatif ki mache ak gazolin

sizoka yo koupe kouran an.

Pandan Danje Dife sovaj la

Si yo avèti ou yon dife sovaj

menase zonn ou an, koute radyo ki

mache ak pil ou genyen an pou

rapò ak enfòmasyon sou evakasyon.

Swiv enstriksyon otorite lokal yo.

• Rantre machin ou nan garaj la pa

bak oubyen pake l deyò mete tèt

li nan direksyon wout pou pran

nan ka danje. Fèmen pòt yo epi

monte fenèt yo. Kite kle a nan

switch machin nan. Fèmen pòt ak

fenèt garaj la, men pa fèmen yo a

kle. Dekonekte switch otomatik

pou louvwi garaj la.

• Fèmen bèt yo nan yon sèl chanm.

Fè plan sou fason pou pran swen

bèt ou an ka ou dwe deplase.

• Fè aranjman pou rete tanporèman

kay yon zanmi oubyen yon paran

ki pa abite nan zonn danje a.

Si yo mande ou pou deplase,

Fè sa toutswit.

• Mete rad pou pwoteje tèt ou —

soulye solid, rad koton oubyen

lenn, pantanlon long, chemiz

manch long, gan ak mouchwa

pou pwoteje figi ou.

• Pran bwat pwovizyon dezas ou

• Fèmen pòt kay ou

• Di yon moun ki lè ou deplase

epi ki kote ou prale.

• Chwazi yon wout ki lwen danje

dife a. Siveye chanjman nan vitès

ak direksyon dife a ak lafimen an.

Si ou sèten ou gen kont tan,

pran aksyon pou pwoteje

kay ou.

Andedan

• Fèmen fenèt yo, ouvèti pou lè

rantre, pòt, jalouzi ak gwo rido

yo. Retire rido twal fen yo.

• Fèmen gaz nan kontè a. Tenyen

limyè ki toujou rete limen nan

aparèy yo.

• Louvwi plato founèz la. Fèmen

griy founèz la

• Mete mèb ki ka pran dife fasil yo

nan mitan kay la lwen fennèt ak

pòt an glas a koulis yo.

• Limen limyè nan chak chanm pou

pèmèt moun ka wè andedan

chanm nan lè gen gwo lafimen.

Deyò

• Bouche twou fetay kay la ak

ouvèti anba kay la ak playwoud

ou te koupe davans oubyen

kouvèti ou te achte.

• Fèmen tank gaz propa-n yo.

• Mete mèb ou sèvi nan lakou ki

ka pran dife andedan.

• Konekte kayoutchou ou sèvi pou

wouze jaden nan yon tiyo deyò.

• Fikse ponp pòtatif ki mache ak

gazolin nan.

• Mete tiwo arozwa pou wouze

gazon yo sou do kay la epi tou

pre tank gaz ki pa anba tè yo.

Mouye do kay la.

• Mouye oubyen retire touf bwa

chèch ki nan yon distans 15 pye

de kay la

• Rasanble tout zouti pou dife.

Dife sovaj ak lòt kalite dezas ka

frape byen vit epi san avètisman. Ou

ka debouye ou si ou prepare davans

epi travay ansanm ak fanmiy ou

pou mete sou pye yon Plan Dezas

pou Fanmiy ki gen ladan l yon Bwat

Pwovizyon pou Dezas. Diskite ak

fanmiy ou pouki sa li enpòtan pou

gen yon plan epi pratike ki jan pou

ekzekite plan an tanzantan.

www.tallytown.com/redcross

16

Lè yon moun fè twòp aktivite

nan yon jounen cho, pase twòp

tan nan solèy oubyen rete twòp

yon kote ki cho depase sa ka lakòz

moun nan pran maladi gwo chalè

bay. Chache konnen sentòm yon

moun genyen lè kò l cho depase ak

lè li rete twòp nan solèy epi prepare

pou bay trètman premye swen.

ANVAN

• Kontakte biwo administrasyon

ijans oubyen biwo Lakwa Wouj

Ameriken nan zonn ou pou yo

ba ou enfòmasyon sou chalè

dènye limit.

• Enstale èkondisyone sou fènèt

yon fason konfòtab

• Fèmen tout aparèy ki tou pre ka

p bay chalè

• Bouche tout espas ki toutotou

èkondisyone yo pou yo pi sere.

• Sèvi ak vantilatè ka p vire oubyen

ki nan yon bwat pou gaye lè fre a.

Kenbe lè cho a deyò epi lè

fre a andedan

• Enstale reflektè tanporè, tankou

kadbòd ki kouvwi ak papye

alimiyòm, pou voye chalè a

deyò. Sèvi ak bòdi pou bouche

jwen pòt yo ak pwodwi pou

bouche arebò fenèt yo pou kenbe

lè fre a andedan.

• Panse pou monte fenèt pou tanpèt

yo pandan tout ane a. Fenèt pou

tanpèt yo ka kenbe chalè al deyò

yon kay pandan lete menm jan yo

kenbe lè frèt la deyò pandan livè.

• Tcheke ouvèti èkondisyone yo

pou wè si lè a sikile byen.

PANDAN

• Pwoteje fennèt yo. Kouvwi fennèt

kote solèy la frape maten oubyen

apremidi ak yon bagay pou ba

yo lonb, rido, parasolèy oubyen

paravan. Parasolèy oubyen paravan

ka diminye kantite chalè ki

rantre nan kay la jiska 80 pousan.

Konsève elektrisite.

• Pandan sezon chalè dènyè limit

yo, moun yo gen tandans sèvi

anpil elektrisite pou èkondisyone

sa k ka lakòz pa gen kont elektrisite

oubyen blakawout. Rete

andedan kay tout tan sa posib. Si

pa gen èkondisyone, rete nan

PREPARASYON POU DEZAS

Gwo Chalè

premye etaj la lwen solèy. Sonje,

vantilatè elektrik pa bese tanperati

yo sèlman voye lè cho.

• Manje repa leje, byen balanse

• Bwè anpil dlo souvan. Moun ki

gen maladi malkadi, kè, ren

oubyen fwa; ki sou dayèt pou pa

bwè anpil likid; oubyen ki gen

pwoblèm pou kò yo kenbe dlo

ta dwe wè doktè yo anvan yo

ogmante kantite likid yo ap bwè.

• Ba bwè anpil bwason ki gen alkòl.

Byenke byè ak bwason ki gen

alkòl sanble yo pase swaf moun,

men nan reyalite yo lakòz kò

moun pèdi plis dlo.

• Mete rad ki pa sere ki kouvwi

tout po kò posib. Rad leje, rad ki

pa gen anpil koulè ki repouse

chalè ak reyon solèy epi kenbe

tanperati kò a nòmal.

• Mete yon chapo ki gen yon gwo

bòdi pou pwoteje figi ou ak tèt ou.

• Bay kò ou tan pou l abitye ak

tanperati cho a pandan 2 oubyen

3 premye jou kout chalè a.

• Evite twòp solèy. Lè solèy boule

po kò li diminye kapasite po kò a

pou l rafredi limenm. Sèvi ak

krèm solèy ki gen yon SPF (faktè

pwoteksyon kont solèy) ki wo.

• Evite chanjman tanperati ki nan

de limit. Yon beny fre toutswit

apre moun nan sòti nan yon

tanperati cho dèyò ka lakòz

ipotèmi, sitou pou granmoun aje

ak moun ki jenn anpil.

• Ale dousman. Diminye, elimine,

oubyen voye pou yon lòt lè

aktivite ki mande anpil efò.

Moun ki frajil yo ta dwe rete

kote ki fre. Pran anpil repo pou

pèmèt “sistèm natirèl pou kenbe

kò a fre” fè travay li.

• Pran grenn ki gen sèl sèlman si

doktè ou mande pou fè sa. Moun

ki sou dyèt pou pa pran anpil sèl

ta dwe wè doktè yo anvan yo

ogmante kantite sèl yo ap pran.

• Netwaye filtè èkondisyone yo

chak senmenn pandan peryòd

ou ap sèvi yo anpil.

• Chache konnen sentòm maladi

chalè epi kouman pou bay premye

swen.

Pandan yon sechrès

• Diminye kantite dlo ou ap sèvi.

Lè ou wouze gazon ak lave

machin ou gaspiye dlo. Depi sa

posib, sèvi ak yon dlo defwa.

• Mete yon brik oubyen yon lòt

bagay laj ki solid nan rezèvwa

komòd la pou diminye kantite

dlo l sèvi pou fè komòd la pati.

• Agrikiltè yo ta dwe kontakte

Ajans Sèvis Agrikòl kanton an

pou enfòmasyon sou asistans lè

gen yon dezas.

www.fema.gov

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

Maladi Chalè

Kout Solèy

Sentòm: Po kò a vin wouj epi l

fè mal, li posib pou gen anflamasyon,

glòb, fyèv, maltèt.

Premye Swen: Benyen, sèvi ak

savon, pou lave lwil ki ka

bouche ti twou ki nan po kò a

sa ki ka anpeche kò a vin fre

natirèlman. Si glòb leve sou kò

ou, mete twal pansman sèk ki

esterilize sou li epi chache

swen medikal.

Kranp Chalè

Sentòm: misk yo fè mal sitou

misk ki nan janb ak nan vant,

difikilte pou respire, anpil swè.

Premye Swen: peze sou misk ki

gen kranp nan oubyen yon ti

masaj pou aleje doulè misk yo.

Bay moun nan kèk gòje dlo. Si

moun nan santi l vle vomi, pa

kontinye bay dlo a.

Gwo Fatig Chalè

Sentòm: Moun nan traspire

anpil, li fèb, po kò l frèt, li vin

pal epi imid, kè a bat fèb, li

posib pou tanperati kò a nòmal,

toudisman, vomisman.

Premye Swen: Mete malad la

kouche yon kote ki fre. Delache

rad li. Mete twal mouye ki fre

sou li. Limen yon vantilatè

oubyen pote malad la kote ki

gen èkondisyone. Bay bwè kèk

gòje dlo. Si li kontinye vle vomi,

pa kontinye bay dlo a. Si li vomi,

chache swen medikal toutswit.

Gwo Atak Chalè

Sentòm: Tanperati kò a wo (106+),

po kò moun nan cho epi sèch,

kè l bat vit epi fò, epi li posib

pou moun nan endispoze. Jeneralman

malad la pap transpire.

Premye Swen: Yon gwo atak chalè

se yon ijans medikal grav. Rele

9-1-1 oubyen sèvis medikal ijans

oubyen ale lopital ak moun nan

toutswit. Si ou tann, moun nan

ka mouri. Mete malad la yon

kote ki pi fre. Bay moun nan yon

beny fre oubyen tanponnen l ak

yon twalèt fre pou eseye desann

tanperati kò l. Pran anpil

prekosyon. Retire rad li. Limen

vantilatè oubyen èkondisyone.

PA BA L BWÈ LIKID.

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 17

Akòz tanperati a ki nòmalman

pa frèt, kay nan Florid yo

byen souvan pa gen kont

chofaj epi yo pa bouche tout twou

nan kay yo pou anpeche van frèt

rantre. Fason moun yo viv nan

Florid gen tèlman aktivite deyò, sa

ka lakòz yon danje pou moun ki pa

prepare. Anplis degre tanperati a, lè

van an ap vante, yon lòt kalite fredi

(tanperati moun santi sou kò yo)

frape tout kote po kò a pa kouvwi.

Lè yo ap espere yon tanperati ki

glase oubyen yon van frèt, Sèvis

Nasyonal Meteyo va bay avètisman

ak enfòmasyon sou sa pou moun fè.

Vokabilè yo Sèvi pou Tan Fredi

Fredi glase (Freeze) se yon

sitiyasyon ki rive lè tanperati nan

atmosfè a pi ba pase tanperati pou

fè glas (32˚F oubyen 0˚C), li kouvwi

yon zonn byen laj epi pandan yon

tan ki long dekwa pou tout moun

konsidere tanperati a kòm yon pati

tan an. Fredi glase (freeze) se yon

vokabilè yo sèvi pou pale de yon

sitiyasyon kote tanperati ki nan

atmosfè a tèlman ba li andomaje

plant yo menm si yo pa tounen glas.

Jele (Frost) se yon kouch glas

koulè kristal ki sòti nan dlo atmosfè

a lè l nan yon degre fredi glase

oubyen pi ba.

Wotè tanperati van frèt (wind

chill factor) se yon konsekans fredi

ki sòti nan nènpòt konbinezon

tanperati ak van frèt, sa lakòz kò

moun pèdi chalè. Yo rele sa tou

“wind-chill index”.

Avètisman fredi glase – Sèvis

Nasyonal Meteyo bay avètisman sa

a pou fè moun ki gen enterè nan

agrikilti ak piblik la konnen gen yon

gwo fredi ka p vini ki ka fè plant yo

tounen glas nan yon zonn byen laj.

Avètisman Gwo fredi glase –

Sevis Nasyonal Meteyo bay

avètisman sa a pou fè moun ki gen

entere nan agrikilti ak piblik la

konnen gen yon gwo fredi kap vini

ki ka fè plant yo tounen glas ki va

dire kat èd tan oubyen plis, kap nan

yon degre pi ba pase 28˚F, epi ki va

kouvwi yon zonn byen laj.

Pandan Yon Gwo Fredi

Si ou andedan kay:

• Rete andedan epi sèvi ak bagay

pou chofe kay la ki pa gen danje.

• Konsève elektrisite ak gaz.

Preparasyon pou Sezon Fredi

Eske ou Konnen 5 P yo pou

Preparasyon pou Sezon Fredi?

Pwoteje Moun

Pwoteje plant

Pwoteje Bèt yo

Pwoteje Tiyo Ki pa kouvri

Pratike prekosyon ou dwe pran

sizoka gen dife

• Bese tèmostat la nan 65 degre pandan

lajounen epi 55 degre aswè.

Fèmen chanm ou pap sèvi yo.

• Si tiyo yo jele, retire tout sa ki

antoure yo oubyen tout kouch

papye jounal epi vlope yo ak

vye rad.

• Louvwi tout wobinè yo nèt epi

vide dlo cho sou tiyo yo,

koumanse kote fredi a te frape yo

pi plis (oubyen kote fredi a ka te

rantre pi fasil).

• Koute radyo ak televizyon pou

tande nouvèl fre yo ap bay sou

sitiyasyon an.

• Moun nan kay yo dwe pran anpil

prekosyon lè yo ap sèvi lòt aparèy

pou chofe kay yo. Fè si tout sa ki

ka pran dife fasil tankou rido

oubyen chèz nan yon distans

omwens twa pye ak kote aparèy

pou chofaj la ye. Pa sèvi ak likid ki

ka pran dife pou limen chemine yo

epi pa limen yon chemine si pa gen

moun bò kote l. Sa ki pi enpòtan,

tcheke aparèy pou detekte lafimen

pou fèt si li fonksyone byen.

Si ou deyò:

• Mete rad cho.

• Mete rad ki pa sere, ki gen plizyè

pyès, ki pa lou. Si rad la gen plizyè

pyès, ou ka wete yon pati pou pa

swe epi pou pa pran grip. Kouti

pati deyò rad la ta dwe byen sere

epi l ta dwe enpèmeyab. Gan ki

kenbe kat dwèt ansanm pi cho pase

gan ki separe dwèt yo paske dwèt

vin cho lè yo ap fwote yonn ak lòt.

• Kenbe rad ki sou ou a sèch.

• Chanje rad mouye souvan pou

anpechè kò ou pèdi chalè. Rad

mouye pèdi tout posibilite pou

pwoteje ou kont fredi epi li kite

chalè kò ou evapore byen vit.

Wotè Tanperati Van Frèt

Yonn nan pi gwo danje tan lè

sezon ivè se wotè tanpirati van frèt.

Wotè tanperati van frèt la se rezilta

kantite chalè kò yon moun pèdi lè

po kò moun nan ekspoze nan yon

melanj van ak fredi. Pandan van an

ap ogmante, kò a ap pèdi chalè ak

yon vitès pi rapid, sa ki fè tanperati

kò a bese. Mezi van frèt la afekte

zannimo yo tou.

Atak Fredi ak Ipotèmi

Atak fredi se yon reyaksyon grav

ki pase nan kò yon moun lè li rete

nan fredi ki ka paralize moun li

atake a pou tout lavi. Lè yo manyen

yon moun epi l pa santi anyen, epi

yon koulè blanch pal sou zonk, dwèt

pye, nen ak po zòrey moun nan se

sentòm yon atak fredi. Byenke se

yon bagay ki ra nan Florid, moun ki

pase anpil tan deyò lè l fè frèt anpil

ka pran yon atak fredi nan pati po

kò kote fredi a frape moun nan.

Ipotèmi se yon sitiyasyon ki rive lè

tanperati kò yon moun bese pi ba

pase 95 degre Farennait. Ou konnen

yon moun pran ipotèmi lè l gen yon

tranbleman li pa kontrole, li pale

dousman, la p pèdi memwa, la p

bite souvan, li toudi, epi li gen yon

gwo fatig. Nan Florid, granmoun aje

yo, timoun ak moun ki malad nan

pi gwo danje pou yo pran ipotèmi.

Sonje pou voye je sou vwazen ou yo

ki ka bezwen èd espesyal – ti bebe,

granmoun aje, ak moun andikape.

Si ou remake yon moun gen

ipotèmi, koumanse frote moun nan

byen dousman epi chache swen

medikal. Chofe kò moun nan

anvan. Sèvi ak chalè kò ou pou ede.

Chofe bra yo ak pye yo an dènye

paske si ou bay bra yo ak pye yo

masaj anvan yo ka voye san frèt nan

kè a sa ka fè kè a kanpe. Mete rad

sèch sou moun nan epi vlope tout

kò l nan yon dra.

Pa janm bay yon moun ki fè yon

atak ipotèmi yon bagay ki gen

kafeyin landan (tankou kafe oubyen

te) oubyen alkòl. Kafeyin, se yon

remontan, li ka lakòz kè a bat pi vit

epi fè fredi a atake kò a pi vit. Alkòl,

se yon sedatif, li ka fè kè a bat pi

dousman epi fè maladi moun pran

lè tanperati kò yo ba rive pi vit.

www.floridadisaster.org

Konsèy sou Fason

pou Rete Cho

nan Sezon Fredi

Si ou gen yon chemine lakay

ou, sonje pou…

•Tcheke filtè a yon fwa pa mwa,

change l si sa nesesè, oubyen

omwens de fwa chak ane.

• Pa sere materyèl ki ka pran

dife pre chemine a.

• Fè yo enspekte chemine ou

yon fwa chak ane epi fè yo

teste l pou wè si l pap gen

kote l fann. Fèt si bouch

chemine a louvri deyò.

Enspekte chemine a pou wè si

pa gen debri ki dwe bouche l.

Si ou pra l sèvi you aparèy

chofaj ki mache ak kouran…

• Fè si aparèy chofaj la se yon

aparèy yo aprouve epi laboratwa

ki responsab li a te teste l.

• Li liv yo bay chak propriyetè

aparèy yo anvan ou opere

aparèy la. Pran swen aparèy

la dapre sa ki nan liv la.

• PA mete aparèy chofaj kote

moun ap mache. Mete aparèy

chofaj la 3 pye distans tout sa

ki ka pran dife tankou rido

oubyen mèb.

• Antrene timoun yo pou yo

pa rete pre aparèy chofaj la.

Kò kèk aparèy chofaj ka

depase 500˚F.

• Pa kite yon aparèy chofaj

limen lè pa gen pèsonn nan

kay la oubyen lè ou ap dòmi.

• Kèlkeswa mak aparèy chofaj

ou achete, mete aparèy pou

detekte lafimen sou chak etaj

nan kay la epi kenbe yo an bon

eta. Epi tou se pou gen ponp

pou tenyen dife toujou pare.

Lè ou ap abyiye lè fredi, sonje:

Mete rad pwòp

Pa chofe kò ou twòp

Pa mete rad sere. Mete rad plizye pyès.

Pa kite rad mouye sou ou.

18

Aksidan radyolojik ka fèt

nenpòt lè yo ap sèvi, mete

nan depo oubyen transpòte

materyèl radyolojik. Anplis konpayi

elektrisite nikleyè, aksidan

radyolojik ka fèt nan lopital,

inivèsite, laboratwa pou fè rechèch,

indistri, gwo otowout yo, tren,

oubyen nan waf yo.

ANVAN

Kenbe enfòmasyon sa a yo

ki gen rapò ak radyasyon

epi materyèl radyoaktif

• Materyèl radyoaktif fèt ak atòm ki

pa estab. Yon atòm ki pa estab

lage enèji li pa bezwen jouk tan l

vin estab. Enèji l lage a se sa yo

rele radyasyon.

• Aktivite pou atòm nan chanje sòti

nan yon kondisyon ki pa estab

pou rive nan yon kondisyon ki pi

estab pandan la p lage radyasyon

rele dekadans radyoaktif oubyen

radyoaktivite.

• Materyèl radyoaktif gen anpil

danje akòz gwo dega kèk kalite

radyasyon ka genyen sou globil

kò moun. Pi lontan yon moun

rete kote gen radyasyon se plis li

nan danje.

• Moun yo pran kèk radyasyon

chak jou nan solèy, nan pwodwi

radyoaktif ki nan tè a ak wòch yo,

nan aparèy nan kay tankou aparèy

televizyon ak makrowev, epi

radyografi medikal ak pou dan.

• Yo pa ka konnen si yon kote gen

radyasyon lè yo gade, santi oubyen

pa mwayen lòt pati kò yon moun.

• Radyasyon ka yon kote san moun

pa konnen paske moun pa ka ni

wè l, ni tande l, ni santi l, ni

touche l, ni goute l.

Kontakte administratè ka ijans

zonn ou pou jwenn enfòmasyon

sou ki sa pou fè lè gen yon aksidan

radyoaktif, epi chache konnen plan

pou ijans pou lekòl yo, gadri yo, ak

nòsengwoum yo – nenpòt kote

moun nan fanmiy ou ka ye.

Yon kominote ki bò wout ki gen

anpil machin ka p transpòte

machandiz ta dwe prepare yon

plan sou sa moun dwe fè nan yon

PREPARASYON POU DEZAS

Aksidan Radyolojik

aksidan sou wout ki gen materyèl

radyoaktif ladan l epi montre moun

yo ki fason pou ekzekite plan sa a.

Chache konnen ki sistèm

kominote ou a genyen pou bay

moun avètisman

Fè otorite lokal yo ba ou enfòmasyon

sou wout yo chwazi pou

moun pran lè yo mande popilasyon

an pou deplase.

Se pou toujou genyen

pwovizyon pou dezas sou plas.

• Flach ak plis pil

• Radyo pòtatif ki sèvi ak pil epi

pil derechanj

• Valiz premye swen ak liv sou

kouman pou sèvi sa ki ladan l

• Manje ak dlo pou ka ijans

• Kle pou louvwi bwat ki pa sèvi

ak kouran

• Medikaman enpòtan

• Kat kredi ak kat pou pran kach

• Soulye solid

Twa Fason pou diminye kanti

radyasyon kò ou resevwa

Gen twa bagay ki diminye kantite

radyasyon kò ou resevwa: distans,

pwoteksyon epi tan.

Distans – Plis distans ki genyen ant

kote ou ye a ak kote radyasyon an

ap sòti, se mwens radyasyon kò ou

resevwa. Lè gen yon gwo aksidan

nikleyè, gen anpil chans otorite

lokal yo va mande tout moun pou

deplase, konsa yo ogmante distans

ant ou menm ak radyasyon an.

Pwoteksyon - Menm jan ak distans,

plis materyèl ki separe ou ak kote

radyasyon an ap sòti a lou, pwès

li pi bon pou ou. Se pou sa otirite

lokal yo ka mande pou rete

andedan kay nan ka yon aksidan

radyolojik. Nan kèk ka, mi kay

ou ka kont pou pwoteje ou.

Tan – Pi fò aktivite radyasyon pèdi

fòs yo yon fason byen vit. Si ou

bese kantite tan ou pase pre kote

radyasyon an ye sa ka diminye

kantite radyasyon ou resevwa.

Apre yon aksidan radyolojik,

otorite lokal yo va swiv si gen

radyasyon nan zonn aksidan an

epi chache konnen ki lè danje a

sispann.

Lòt Konsèy

Prepare ou deplase oubyen fèmen

andedan kay ou.

Devlope yon plan kominikasyon

ijans.

Nan ka manm fanmiy yo separe

yonn ak lòt pandan yon dezas (sa

se yon posibilite ki ka rive pandan

lajounen lè tout granmoun nan

travay epi tout timoun lekòl), se

pou gen yon plan pou tout moun

rankontre.

Mande yon paran oubyen yon

zanmi kap viv nan yon lòt eta pou

sèvi kòm “kontak fanmiy” nan.

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

Apre dezas la, li souvan pi fasil

pou fè apèl long distans. Fèt si

tout moun konnen non, adress, ak

nimewo telefòn kontak la.

PANDAN

Koute radyo oubyen televizyon

pou enfòmasyon ofisyèl

Si yo mande ou pou rete

lakay ou:

• Rantre tout bèt yo

• Fèmen tout fenèt ak pòt a kle

• Tenyen èkondisyone, tout ouvèti,

vantilatè, ak chemine.

• Fèmen chemine founèz

• Ale nan besment oubyen lòt kote

ki anba tè, si ou genyen.

• Rete andedan jouk tan otirite di

danje a pase moun mèt sòti.

• Si ou dwe sòti, kouvri bouch ak

nen ou ak yon sèvyèt mouye.

Prepare pou deplase oubyen rete

fèmen andedan kay ou.

Si ou te dèyo epi ou ap rantre:

• Benyen epi chanje rad ak soulye.

• Mete tout rad ki te sou ou lè ou

te deyò a nan yon sak plastik epi

fèmen l.

Si yo mande ou pou deplase:

• Koute radyo oubyen televizyon

pou jwenn enf`omasyon sou

wout pou pran, chèltè tanporè,

ak tout lòt sa pou fè.

• Bese byen ba chans pou

kontaminasyon nan kay ou.

• Fèmen fenèt ak pòt yo a kle.

• Tenyen èdondisyone, fèmen tout

ouvèti, vantilatè, ak founèz.

• Fèmen bouch chemine a.

• Pran valiz provizyon pou dezas.

Sonje vwazen ou yo ki ka bezwen

èd espesyal – ti bebe, granmoun aje,

ak moun andikape.

APRE

Lè danje a fin pase, pa sèvi ak

manje ki sòti nan jaden ou oubyen

lèt bèf oubyen kabrit ou jiskaske

otorite lokal yo ka enspekte yo.

Kontaminasyon an ka rive nan yon

zonn ki jiska 8o kilomèt de distans.

www.fema.gov

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 19

Sa Pou Fè Ak Enntraks epi

Lòt Pwodwi Biyolojik

Anpil kote nan kominote yo

toupatou nan peyi a te resevwa lèt

menas enntraks. Pi fò nan yo se te

anvlòp vid epi kèk lòt te gen pwodwi

ki sanble ak poud. Objektif enfòmasyon

sa yo se pou bay konsèy

sou sa pou moun fè lè ka konsa rive.

Pa Pèdi Tèt Ou

Pwodwi Enntraks yo ka lakòz

infeksyon sou po kò moun, nan trip

ak lestomak oubyen nan poumon

moun. Pou sa rive, fòk pwodwi a

rantre nan blesi po kò moun nan,

moun nan vale, oubyen respire

pwodwi a sou fòm pousyè fen ki

mele ak gaz nan lè a. Yo ka anpeche

maladi a rantre sou moun ki te gen

kontak ak pwodwi enntraks la si

yo trete moun nan byen vit ak

antibyotik ki bon pou yon ka konsa.

Enntraks pa kontaje; li pa sòti sou

yon moun ale sou yon lòt.

Pou enntraks gen efikasite kòm

yon pwodwi ki mal pou moun

detekte, fòk yo mete l sou fòm

pousyè fen ki gen yon gaz ladan.

Se yon bagay ki difisil pou yo fè

epi sa mande anpil konesans teknik

ak aparèy espesyal. Si yon moun

respire ti pousyè fen sa a yo, li ka

pran yon enfeksyon nan poumon

ki ka touye l, men si yo remake sa

byen vit epi bay moun nan trètman

byen vit sa ka sove la vi moun nan.

Si ou resevwa yon lèt oubyen

yon pake dwòl ki gen yon mesaj

sou li pou menase moun tankou

“Enntraks” (Anthrax):

• Pa souke oubyen vide sa ki nan

ankenn anvlòp oubyen pake dwòl.

• Mete anvlòp la oubyen pake a

nan yon bak plastik oubyen nan

yon lòt bagay pou anpeche sa ki

ladan yo filtre deyò.

• Si ou pa gen anyen pou mete yo,

kouvwi anvlòp la oubyen pake a

ak nenpòt bagay (tankou rad,

papye, manmit ou mete fatra) epi

pa leve kouvèti a!

• Sòti nan chanm nan epi fèmen pòt

la oubyen zonn nan pou anpeche

lòt moun rantre (sa vle di fè lòt

moun rete lwen).

• Lave men ou ak savon epi dlo pou

anpeche ankenn poud touche figi ou

Sa Ou Dwe Konnen Sou Enntraks (Anthrax)

• Si ou lakay ou, rapòte sa k pase

bay polis

• Si ou nan travay, rapòte sak pase

bay polis zonn nan epi fè otorite

sekirite bilding ou an oubyen yon

sipèvizè ki pi wo ki la konn sa.

• Fè yon lis tout moun ki te nan

chanm nan oubyen nan zonn nan

lè yo te dekouvwi lèt oubyen pake

dwòl sa a. Renmèt lis la bay ni

otorite sante piblik ni otorite ki

responsab pou fè respekte lalwa

nan zonn nan pou yo ka pran

aksyon pou fè envestigasyon epi

di moun sa pou yo fè.

Anvlòp Ki Gen Poud Ladan

Yo ak Lè Gen Poud Atè

• Anplis prekosyon nou bay anvan

yo, me sa ou ta dwe fè ankò:

• Ranmanse tout rad ki kontamine

anpil sito posib epi mete yo nan

yon bag plastik oubyen nan yon

lòt bagay ou ka fèmen byen sere.

Ou dwe renmèt rad sa a yo bay

otorite ki vini pou ijans nan pou

yo fè sa ki nesesè ak yo.

• Benyen ak savon epi dlo sito

posib. Pa mete kloròks oubyen lòt

desenfektan sou po kò ou.

Kouman Pou Fè Rekonèt Yon

Lèt Oubyen Yon Pake Dwòl?

Me kèk nan siy yon lèt oubyen

yon pake ki parèt dwòl:

• Plis tenb pase sa ki nesesè

• Yo ekri adrès la alamen oubyen

yo tape l tou mal

• Tit yo pa kòrèk

• Tit yon pozisyon san non yon moun

• Yo mal ekri mo tout moun konnen

• Tach lwil, anvlòp la oubyen pake

a pèdi koulè oubyen l gen yon

odè dwòl

• Moun nan pa mete adrès kote

pou yo voye repons ba li

Chache Kote Danje Yo Ye andedan Kay La Rès lekti paj 3

kote ekipman elektrik, aparèy ki

mache ak gaz oubyen materyèl ki

ka pran dife.

• Ranmase gazon ou te koupe ki

sèch, branch bwa ak lòt plant

sovaj ki sou pwopriyete a.

• Netwaye epi repare chemine, tiyo,

trou vid nan mitan de bakay ki

konekte ansanm, epi tiyo pou gaz.

• Mete aparèy chofaj ak bouji lwen

rido ak mèb.

• Mete aparèy chofaj pòtatif sou

yon bagay ki plat lwen kote anpil

moun ap pase (achte aparèy

chofaj pòtatif ki gen switch

otomatic pou fèmen l epi pa

sèvi ak yon bann kòd elektrik).

Techeke Ekipman Sekirite Ou

• Mete omwens yon aparèy pou

detekte lafenmen sou chak etaj kay

la, sitou pre chanmakouche yo.

Tcheke yo chak mwa epi chanje

pil yo omwens yon fwa nan ane a.

• Mete lakay ou omwens yon ponp

pou tenyen dife (modèl A-B-C).

Kenbe l an bonneta epi rechaje l

dapwe jan konpayi ki te fè l la

mande. Montre tout moun nan

famiy ou ki kote l ye epi kouman

pou sèvi ak li.

Mache nan tout kay ou epi

tcheke pou wè tout bagay ki

ka glise oubyen tonbe.

• Fikse byen solid nan mi aparèy

pou chofe dlo, gwo aparèy, etajè

pou liv, lòt mèb ki wo epi ki lou,

etajè, mirwa, epi foto.

• Si aparèy pou chofe dlo a mache

ak gaz, konekte l nan yon tiyo gaz

ki ka pèmèt ou deplase l.

• Mete bagay ki lou oubyen gwo yo

sou etajè ki pi ba yo.

• Mete krochèt, seri ou byen lòt bagay

ki ka pèmèt ou fèmen pòt bifèt yo.

• Bay aparèy ki mache ak gaz yo

bonjan sipò epi sèvi ak koneksyon

ki ka pèmèt ou deplase yo.

• Atache limyè plafon yo byen solid.

• Pandye bakay ki lou tankou foto,

mirwa lwen kabann ak kote moun

chita.

• Repare nenpòt kote ki fann nan

plafon oubyen nan planche

Tcheke tout sa ki itil anpil

nan kay la tankou elektrisite,

gaz ak dlo.

• Chache jwenn kote switch

prensipal pou koupe kouran an

ye, kote pou fèmen dlo a, epi

kote pou fèmen gaz natirèl la.

• Plis pwa pase sa ki nesesè

• Yon bò anvlòp la pi gwo pase lòt

bò a oubyen l pa plat

• Fil ki vle pèse anvlòp la oubyen

papye aliminyòm

• Anpil materyèl pou pwoteje sa ki

nan anvlòp la tankou tep, riban

elatriye.

• Bagay ki sou anvlòp la ki ka

detounen atansyon moun

• Bakay kap sonnen nan anvlòp la

• Mesaj pou anpeche lòt moun

manyen anvlòp la tankou

“Pèsonèl” oubyen “konfidansyèl”

• So lapòs mete sou anvlòp la gen

yon vil ak yon eta ladan l ki pa

menm ak vil epi adrès ak moun

nan bay pou yo voye repons ba li.

Pou jwenn plis enfòmasyon, ou ka

vizite www.tallytown.com/redcross

oubyen rele Lakwa Wouj zonn ou an.

• Kontakte konpayi elektrik, gaz

ak dlo nan zonn nan pou yo ba

ou enfòmasyon sou kouman pou

fèmen yo. Montre moun nan

fanmiy ou ki lè epi kouman pou

yo fèmen yo.

• Netwaye zonn kote switch yo ye

pou pèmèt moun ka rive kote yo

ye a pi fasil.

• Mete yon gwo kle oubyen zouti

espesyal bò kote tiyo oubyen yon

lòt kote ki tou pre wobinè prensipal

pou fèmen gaz ak dlo.

• Pentire wobinè prensipal pou

fèmen gaz ak dlo an ak penti blan

oubyen penti ki reflete limyè pou

pèmèt moun wè yo pi fasil.

Epi an dènye, sa pa vle di sa pa

gen enpòtans, fè plan sou kouman

pou sòti kite kay la si gen yon

kouri. Chache jwenn omwens de

kote pou sòti nan chak chanm. Pa

kite anyen devan pòt nan koulwa

epi sou eskalye ki ka anpeche moun

pase. Fè repetisyon sou sa pou

moun nan kay la fè si gen yon ijans.

Fè repetisyon sou sa pou fè ni pandan

lajounen ni pandan lannwit, epi

chwazi yon kote ki gen sekirite deyò

kay la pou tout moun rankontre.

www.fema.gov

20

ANVAN

Chache konnen ki sa teworis ye.

• Teworis yo chache bagay ki avidèy pou yo

atake kote yo mèt la men moun pa detekte yo

tankou nan ayewopò entènasyonal yo, gwo vil

yo, nan gwo evènman entènasyonal yo, pak

pou touwis ak pou moun ki nan vakans, epi

gwo moniman oubyen bilding ki popilè anpil.

• Chache konnen diferan kalite taktik tèworis

sèvi pou atake tankou eksplozif, kidnape, sezi

avyon, mete dife, epi tire.

• Pou prepare pou pran aksyon lè gen yon atak

teworis ou mèt sèvi ak anpil nan menm teknik

yo sèvi pou prepare pou lòt dezas yo.

• Rete eveye epi gade sa ka p pase toutotou kote

ou ye a. Aktivite teworis la limenm montre ka

gen yon atak san pa gen tan pou yo bay

avètisman oubyen yon ti tan tou kout pou yo

avèti moun.

• Pran prekosyon lè ou ap vwayaje. Gade pou wè

si gen aktivite dwòl oubyen ki pa òdinè. Pa

pran pake nan men moun ou pa konnen. Pa

leve kite malèt ou ak lòt bagay ou pote san ou

pa gen yon moun pa ou ka p siveye yo.

• Chache konnen kote pòt pou sòti nan ijans yo

ye. Panse davans sou fason pou kouri sòti byen

vit nan yon bilding, nan tren anba tè oubyen

nan yon kote piblik ki gen anpil moun. Chache

konnen kote eskalye yo ye.

• Enspekte tout zonn kote ou ye a. Gade tout

kote ki gen bagay ki ka kraze, ki ka glise, ki ka

tonbe oubyen kase si gen yon eksplozyon.

Preparasyon Pou Eksplozyon

Nan Yon Bilding

Lè teworis yo sèvi ak materyèl ki ka eksploze

sa ka lakòz bilding kraze epi pran dife. Me sa

moun ka p viv oubyen travay nan yon bilding

ki gen anpil etaj ka fè:

• Li enstriksyon sou fason pou sòti nan ijans.

Chache konnen kote pòt pou sòti lè gen dife

yo ye.

• Kenbe ponp pou tenyen dife yo nan bon

kondisyon pou yo ka travay. Konnen kote

yo ye, epi kouman pou sèvi ak yo. Aprann

kouman pou bay premye swen. Kontakte

biwo Lakwa Wouj Ameriken nan zonn nan

pou jwenn plis enfòmasyon.

• Mete bagay sa a yo nan yon kote fiks sou chak

etaj nan bilding nan:

• Radyo pòtatif ki mache ak pil epi pil derechanj.

• Plizyè flach ak pil derechanj

PREPARASYON POU DEZAS

Teworis

• Bwat materyèl premye swen ak liv sou fason

pou sèvi yo

• Plizye chapo di

• Tep ki reflete limyè pou bare zonn ki gen

danje yo.

Menas Ak Bonb

Si ou resevwa nouvèl yon menas ak bonb,

mande moun ki rele nan telefòn nan tout enfòmasyon

li ka ba ou. Mande moun nan pou l rete

nan telefòn nan epi anrejistre tout sa la p di. Rele

polis epi fè administratè bilding nan konn sa.

Apre yo fin ba ou nouvèl gen yon menas ak

bonb, pa touche ankenn pake ki sanble dwòl.

Netwaye zonn kote pake dwòl la ye a epi rele

polis toutswit. Lè ou ap kouri sòti nan yon

bilding nan ijans, pa kanpe devan fenèt oubyen

lòt kote ki ka gen danje. Pa bare twotwa oubyen

ri otorite pou ijans yo ap bezwen sèvi.

PANDAN

• Lè gen yon eksplozyon nan yon bilding, sòti

kite bilding nan ak otan vitès ou kapab epi ak

tout sanfwa posib.

• Kouvwi bouch ou ak nen ou ak yon twal mouye.

• Lè ou ap pwoche yon pòt ki fèmen, sèvi ak plat

men ou epi bra ou pou tcheke tanperati pati

anba, nan mitan ak anwo pòt la. Si l pa cho,

kole sou pòt la epi louvwil dousman. Si lè ou

touche l ou wè l cho, pa lovwi pòt la — chache

yon lòt wout pou sòti.

• Gwo lafenmen ak gaz pwazon rasanble dabò

nan plafon. Rete tout tan anba lafenmen an.

APRE

Si krabinay bare ou:

• Sèvi yon flach.

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

• Rete kote ou ye a pou pa voye pousyè monte.

Kouvwi bouch ou ak yon mouchwa obyen

yon moso twal.

• Frape sou yon tiyo oubyen sou yon mi pou

pèmèt moun kap eseye sove moun yo tande

kote ou ye. Sèvi ak yon souflèt si ou jwenn

yonn. Rele sèlman si pa gen lòt ayen ou ka

fè — lè yon moun rele sa ka lakòz li respire

bon kou pousyè ki fè l malad.

Ede Moun Ki Viktim

• Moun ki pa te resevwa antrènman pou sa pa

dwe eseye sove moun ki andedan yon bilding

ki tonbe. Tann moun ki responsab ijans rive.

Pwodwi Chimik Ki Gen Danje

Pwodwi chimik ki gen danje se gaz, likid

oubyen lòd bagay solid ki gen pwazon ladan yo

ki ka pwazonnen oubyen touye moun, zannimo

oubyen plant. Pifò pwodwi chimik ki gen danje

ka lakòz gwo blesi oubyen lanmò.

Gwosè blesi yo depann sou kalite ak kantite

pwodwi chimik yo sèvi, epi kantite tan moun

rete pre pwodwi yo.

Sizoka ta gen yon atak ak pwodwi chimik

ki gen danje, otorite yo ta p di tout moun si yo

dwe chache pwoteksyon kote yo ye a epi fèmen

bilding nan oubyen si yo dwe deplase toutswit.

Pwodwi chimik ki gen danje ka touye moun ki

nan zonn kote yo gaye a. Si yon moun kite kote

ki gen pwoteksyon pou ale sove oubyen ede yon

lòt moun ka yon desizyon ki lakòz li mouri. Pa

gen ankenn èd yon moun ki pa antrene pou sa

ka bay ki ka gen valè pou moun ki viktim yon

atak pwodwi chimik ki gen danje.

Òga-n Biyolojik Ki Gen Danje

Òga-n biyolojik ki gen danje se òga-n vivan

ki ka fè moun, zannimo ak plant malad.

Akòz yo pa ka nesesèman detekte òga-n

biyolojik ki gen danje epi òga-n sa a yo ka pran

tan pou yo grandi pou bay maladi, li preske

enposib pou konnen si te gen yon atak biyolojik.

Si otorite gouvènman yo rive gen enfòmasyon

sou yon atak biyolojik pa mwayen yon detektif

oubyen avètisman teworis voye, li posib anpil

yo ka mande tout moun pou oubyen chache

pwoteksyon kote yo ye a epi fèmen bilding nan

oubyen pou tout moun deplase toutswit.

Yon moun ki pran yon atak òga-n biyolojik ki

gen danje bezwen swen medikal nan men yon

pwofesyonèl medikal toutswit. Gen kèt òga-n ki

kontaje, yo ka bezwen izole malad la. Anplis kèk

lopital ka pa resevwa malad sa a yo akòz krentif

pou yo pa kontamine pasyan ak moun ka p

travay nan lopital la.

www.fema.gov

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 21

Infòmasyon ak referans

1-800-96-ELDER

(800-963-5337)

Ou ka jwenn enfòmasyon sou sèvis ak aktivite pou granmoun aje lè ou rele nimewo

telefòn ki bay enfòmasyon ak sèvis referans pou ede granmoun age nan chak kanton

Florid yo. Pou moun ki soud oubyen bèbè, yo ka rele tout telefòn pou ede granmoun

aje yo pa mwayen Florida Relay lè yo annik rele 711 nenpòt kote nan eta Florid la.

Ajans Rejyonal Sou Vyeyès nan Florid (kanton kote ki gen sèvis)

Northwest Florida Area

Agency on Aging

3300 Pace Boulevard, Suite 200

Pensacola, FL 32505

850-595-5428

(Escambia, Okaloosa, Santa Rosa, and

Walton Counties)

Area Agency on Aging

of North Florida, Inc.

2639 N. Monroe St., Suite 145-B

Tallahassee, FL 32303

850-488-0055 • 1-866-467-4624

(Bay, Calhoun, Franklin, Gadsden,

Gulf, Holmes, Jackson, Jefferson, Leon,

Liberty, Madison, Taylor, Wakulla, and

Washington Counties)

Mid Florida Area

Agency on Aging

5700 S.W. 34th St., Suite 222

Gainesville, FL 32608

352-378-6649 • 1-800-262-2243

(Alachua, Bradford, Citrus, Columbia,

Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando,

Lafayette, Lake, Levy, Marion, Putnam,

Sumter, Suwannee, and Union Counties)

Northeast Florida Area

Agency on Aging

4401 Wesconnett Blvd., 2nd Floor

Jacksonville, FL 32210-7387

904-777-2106 • 1-888-242-4464

(Baker, Clay, Duval, Flagler, Nassau,

St. Johns, and Volusia Counties)

Area Agency on Aging

of Pasco-Pinellas

9887 Fourth Street North

Suite 100

St. Petersburg, FL 33702

727-570-9696

(Pasco and Pinellas Counties)

West Central Florida Area

Agency on Aging

5911 Breckenridge Pkwy., Suite B

Tampa, FL 33610

1-800-336-2226 • 813-740-3888

(Hardee, Highlands, Hillsborough,

Manatee, and Polk Counties)

Senior Resource Alliance

988 Woodcock Road, Suite 200

Orlando, FL 32803

407-228-1800

(Brevard, Orange, Osceola, and

Seminole Counties)

Senior Solutions

of Southwest Florida

2285 First Street

Fort Myers, FL 33901

239-332-4233

(Charlotte, Collier, DeSoto, Glades,

Hendry, Lee, and Sarasota Counties)

Area Agency on Aging of Palm

Beach/Treasure Coast, Inc.

1764 N. Congress Avenue, Suite 201

West Palm Beach, FL 33409

561-684-5885

(Indian River, Martin, Okeechobee,

Palm Beach, and St. Lucie Counties)

Area Agency on Aging

of Broward County

5345 N.W. 35th Ave.

Ft. Lauderdale, FL 33309

954-714-3456

(Broward County)

Alliance for Aging

9500 S. Dadeland Blvd., Suite 400

Miami, FL 33156

305-670-6500

(Miami-Dade and Monroe Counties)

Si ou bezwen enfòmasyon sou oubyen referans pou yon ajans ki bay

sèvis andeyò Florid, rele Sèvis Nasyonal pou Ede Jwenn Swen Pou

Granmoun Aje nan (800) 677-1116. Yon espesyalis pou enfòmasyon

va ede ou depi lendi rive vandredi depi 9 è nan maten rive 11 diswa lè

pati lès Etazini. Pou moun ki sèvi aparèy telekominakasyon pou

moun soud (TDD), yo ka rele tout telefòn pou ede granmoun aje yo

ak telefòn Sèvis Nasyonal pou Ede Jwenn Swen Pou Granmoun Aje

yo pamwayen Sèvis Florida Relay nan (800) 955-8771.

Tanpwi rele nimewo telefòn ki nan zonn ou sou lis

sa a pou enfòmasyon ak referans

LIS TELEFÒN POU EDE GRANMOUN AJE NAN FLORID

Alachua ................... 800-262-2243

Baker ...................... 888-242-4464

Bay .......................... 866-467-4624

Bradford.................. 800-262-2243

Brevard ................... 321-631-2747

Broward .................. 954-714-3464

Calhoun .................. 866-467-4624

Charlotte ................ 866-505-4888

Citrus ..................... 800-262-2243

Clay......................... 888-242-4464

Collier..................... 866-505-4888

Columbia ................ 800-262-2243

DeSoto ................... 866-505-4888

Dixie ....................... 800-262-2243

Duval ...................... 888-242-4464

Escambia ................. 866-531-8011

Flagler ..................... 888-242-4464

Franklin ................... 866-467-4624

Gadsden .................. 866-467-4624

Gilchrist .................. 800-262-2243

Glades..................... 866-505-4888

Gulf......................... 866-467-4624

Hamilton ................. 800-262-2243

Hardee .................... 800-336-2226

Hendry.................... 866-505-4888

Hernando................ 800-262-2243

Highlands ................ 800-336-2226

Hillsborough ............ 800-336-2226

Holmes ................... 866-467-4624

Indian River ............. 561-383-1112

Jackson.................... 866-467-4624

Jefferson .................. 866-467-4624

Lafayette.................. 800-262-2243

Lake ........................ 800-262-2243

Lee.......................... 866-505-4888

Leon........................ 866-467-4624

Lis telefòn pou chak kanton

Levy ........................ 800-262-2243

Liberty .................... 866-467-4624

Madison................... 866-467-4624

Manatee .................. 800-336-2226

Marion .................... 800-262-2243

Martin ..................... 561-383-1112

Miami-Dade............. 305-670-4357

Monroe ................... 305-670-4357

Nassau .................... 888-242-4464

Okaloosa................. 866-531-8011

Okeechobee............ 561-383-1112

Orange.................... 407-849-2356

Osceola................... 407-849-2356

Palm Beach:

in-county............................... 211

out-of-county......... 561-383-1112

Pasco:

in-state .................. 800-861-8111

out-of-state............ 727-576-1533

Pinellas .................... 727-576-1533

Polk......................... 800-336-2226

Putnam.................... 800-262-2243

Santa Rosa............... 866-531-8011

Sarasota .................. 866-505-4888

Seminole ................. 407-849-2356

St. Johns................... 888-242-4464

St. Lucie................... 561-383-1112

Sumter .................... 800-262-2243

Suwannee ................ 800-262-2243

Taylor ...................... 866-467-4624

Union...................... 800-262-2243

Volusia..................... 888-242-4464

Wakulla ................... 866-467-4624

Walton.................... 866-531-8011

Washington ............. 866-467-4624

Telefòn pou ede granmoun aje ka ede moun ki pa pale angle yo

Lè yo rele telefòn pou ede granmoun aje yo, granmoun

aje nan Florid ka jwenn sèvis pou enfòmasyon ak

referans pa mwayen liy telefòn pou lang. Entèprèt sou

telefòn bay asistans andirèt sou telefòn pandan yo ap

tradi angle nan plis pase 148 lang diferan.

Eske ou enkyete moun ka maltrete yon granmoun aje ki paran ou oubyen

zanmi ou? Ou ka rapòte ka abi ou konnen oubyen ou sispèk; sèlman rele

telefòn dirèk Eta Florid la nan 1-800-96-ABUSE (962-2873).

22

Deklarasyon Misyon

Pou kreye yon anbyans ki

bay granmoun aje nan

Florid yo opòtinite pou

chwazi, ki sipòte endepandans

yo epi pèmèt yo rete

nan kominote yo pou tout

lavi yo.

Vizyon:

Chwa an Ò

Pou sèvi yon lidè pou tout

peyi a nan ede granmoun

aje yo pou yo vyeye lakay yo,

ak diyite, objektif, sekirite,

epi nan yon kominote ki

trete yo tankou zanmi.

Prensip

■ Kompasyon

■ Responsabilite

■ Sipò pou moun kap

bay swen

■ Kalite

■ Bon rapò ant plizye

jenerasyon

■ Kolaborasyon kòm asosye

■ Aksepte tout moun

PREPARASYON POU DEZAS

Preparasyon Pou Dezas pou Granmoun Aje

Rès lekti paj 1

oksijèn ta dwe tcheke ak sèvis ki

bay yo oksijèn nan pou konnen sa

pou fè nan ka ijans. Si ou deplase,

sonje pou pran medikaman ou ak

tout enfòmasyon ou genyen ekri

yon kote sou sa pou fè pou pran

swen tèt ou. Pou granmoun aje yo

ka p viv nan nòsengwoum, nan

yon kay ki bay granmoun asistans

(ALF) oubyen nan yon pansyon,

yo ta dwe kontakte administratè a

pou mande enfòmasyon sou plan

dezas ak evakasyon yo genyen pou

enstitisyon sa a.

Pou sekirite ou epi pou mete tèt

ou alèz, ou dwe genyen pwovizyon

pou ijans ranje nan yon sèl kote

anvan yon dezas frape. Ou ta dwe

rasanble kont pwovizyon ki ka dire

twa jou pou pi piti. Ou ta dwe mete

pwovizyon yo nan yon bagay ou ka

sèvi epi pote fasil, tankou yon sak

pou do oubyen yon sak militè sèvi

ak yon idantifikasyon kole sou li.

Pwovizyon Ijans Anjeneral

• Pwovizyon dlo – yon galon pa

jou pou chak moun nan yon

bagay ki byen fèmen, ki pa ka

kraze epi ki fasil pou moun sèvi.

• Pwovizyon manje ki pap gade

ladan yo dwe genyen nenpòt

manje espesyal ou ka bezwen.

• Radyo ki mache ak pil epi flach

ak plis pil

• Rad derechanj, ekipman pou

lapli, ak soulye solid

• Dra oubyen sak pou mete atè

pou dòmi

• Yon trouso kle anplis

• Lajan likid, kad kredi, epi lajan

monnen pou sèvi telefòn piblik

• Pwovizyon pou ijèn kò

• Telefòn pou fanmiy ak zanmi kap

viv ni nan zonn nan ni lòt kote

• Non ak nimewo telefòn ajan

asirans

Pwovizyon pou Bezwen

medikal ou

• Valiz materyèl premye swen

• Medikaman yo te preskri ou,

lis medikaman ak ki kantite

pou pran, epi yon lis tout sa ou

alèji ak yo

• Yon linèt an plis

• Plis pil pou aparèy pou tande

• Lis mak ak nimewo fabrik tout

aparèy medikal, pesmekè ladan

l tou

• Kat asisrans ak kat Medikè

• Lis doktè ak fanmiy oubyen

zanmi yo dwe rele si ou blese

Li ka nesesè pou ale nan yon

kote pou pwoteksyon, sitou si

dezas la afekte yon gran kantite

moun epi/oubyen yo espere ijans

la va dire plizyè jou. Granmoun

aje ka debouye yo pi byen ak

kondisyon nan yon chèltè, nap

repete sa ankò, si yo genyen yon

bon jan plan. Si ou gen pou deplase,

pran bwat pwovizyon dezas ou,

epi fèt si ou fèmen pòt ou. Si yo ap

ba ou swen lakay ou, fè aranjman

ak moun kap ba ou swen an pou

sa ou dwe fè nan yon evakasyon.

Pa bliye pou fè otorite yo konnen

nenpòt bezwen ou ka genyen

anvan you dezas frape. Yo va fè

tout sa yo kapab pou ede ou epi

mete ou alèz. Epi si ou sèten ou

gen kont tan (nan plis ka ou ta

dwe gen plis tan, si ou rete

enfòme), fè lòt moun konnen ki

lè ou deplase epi ki kote ou prale.

Fè aranjman pou zannimo – yo pap

resevwa yo nan chèltè piblik yo.

Epi, si ou gen tan, fèmen dlo, gaz

ak elektrisite si yo mande pou fè sa

epi si ou konnen ki jan pou fè l. Se

yon pwofesyonèl ki dwe rekonekte

gaz la.

www.tallytown.com/redcross

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal

Eske Ou Te Konnen?

• Yon kout zeklè ka frape bakay

ki nan yon distans 10 kilomèt

anmwayenn

• Tanperati you kout zeklè ka

rive nan 50.000 degre

Fahrenheit. Menm fasad solèy

la pa cho konsa (apeprè 11.000

degre Farenheit).

• Yon tanpèt anmwayenn ka

kouvwi yon zonn ki gen 10-16

kilomèt nan lajè.

• Yon tanpèt anmwayenn ka

deplase ak yon vitès 40 kilomèt

pa è.

• Depi gen 16 kilomèt ki separe

oumenm ak pwent yon tanpèt,

ou nan danje toutswit akòz

posibilite pou gen kout zeklè

ki sòti nan gwo nwaj ki sou tèt

bò kote tanpèt la ye a. Akòz

sa, anpil moun zeklè touye ak

blese se bò kote syèl la byen

klè sou tèt yo.

• Anmwayenn, moun ka tande

loray yon tanpèt sèlman nan

yon distans 5 - 7 kilomèt, sa

depann sou imidite, zonn nan

ak kèk lòt faktè ankò.

• Apeprè gen 100.000 tanpèt ki

pase Ozetazini chak ane.

• Apeprè 10% nan tanpèt yo

mache ak kont danje ki pote

gwo van, inondasyon, epi

toubiyon.

• Tanpèt lakòz anmwayenn 200

mò ak 700 blese Ozetazini

chak ane.

• Nan tout peyi a gen yon kay

ki pran dife chak 67 segond.

• Te gen apeprè 472.000 dife nan

pwopriyete kote moun rete

nan ane 1992, sa te lakòz 3.750

moun pèdi la.

http://elderaffairs.state.fl.us

Elder Update

Jen 2003 Nimewo Espesyal PREPARASYON POU DEZAS 23

Pwazon nan Pwodwi Chimik

Pwazon nan pwodwi chimik se

yon ijans ki ka lakòz lanmò.

Ou ta dwe konnen sentòm

pwazon pwodwi chimik epi ki sa

pou fè si oumenm oubyen yon

moun ou konnen ta pran nan yon

pwazon konsa. Me sentòm ki

mache ak pwazon pwodwi chimik

kit moun nan bwè pwazon an,

manyen l, oubyen respire l:

• Difikilte pou respire

• Maltèt oubyen li wè pal

• Je, po kò ak gòg grate

• Moun nan pa ka mache dwat

oubyen li pa ka kenbe kò l

• Kranp nan lestomak oubyen dyare

• Chanjman nan koulè po kò moun

nan

• Toudisman

• Moun nan ap aji yon jan dwòl

Si ou panse ou te pran yon

pwazon pwodwi chimik, rele Sant

Kontròl Pwazon nan 911 oubyen

operatè a dapre regleman zonn ou.

Si ou wè oubyen santi yon bagay

ou panse ka gen danje, oubyen si ou

rankontre yon moun vapè ki gen

pwazon anvayi, premye sa pou fè se

pou fè si ou pa viktim oumenm. Si

ou rete nan kote danje a ye epi pran

pwazon an oubyen ou vin pèdi

konesans, ou pa p ka fè anyen pou

tèt ou oubyen pou nenpòt lòt moun.

Lè gen yon ijans pwazon

chimik:

• Voye yon moun rele Sèvis

Medikal Ijans toutwit.

• Di operatè a kote ijans la ye epi

bay nimewo telefòn nan kote ou

ap rele a.

• Esplike sa ki te rive, konbe moun

ki afekte epi ki sa moun ap fè pou

ede yo.

• Rete nan telefòn nan jiskaske

operatè a di ou pou fèmen.

Si ou te pran yon klas premye

swen oubyen CPR, epi ou santi ou

gen konfyans la vi ou pa nan danje,

tcheke moun nan pou wè si l pa

blese pou mouri. Bay swen ki nesesè,

epi ede l ak blesi pwodwi chimik yo.

Pwazon Nan Pwodwi Chimik ak Lè

Pwodwi Chimik Boule Yon Moun

Lè Pwodwi Chimik Boule

Yon moun

Lè pwodwi chimik boule yon

moun sa ka yon ti boule tou piti

oubyen lavi moun nan ka nan danje,

men bonjan trètman ka diminye

chans pou moun nan fè enfeksyon

ak domaj pwodwi chimik la ka

lakòz. Si pwodwi chimik boule yon

moun, me sa pou fè:

• Retire tout rad ak bijou ki

kontamine sou moun ki blese a.

•Vide anpil dlo fre kap koule sou

moun nan pou lave pwodwi chimid

la ki sou po moun nan anatandan

sekou ijans rive. Dlo ka p koule a

va lave pwodwi chimik la vit vit

pou anpeche blesi a vin pi mal.

Sèvi ak menm trètman an pou

moun ki brile nan je yo epi retire

tout linèt kontak nan je moun nan.

Pran prekosyon pou lave je a

koumanse kote nen an koumanse.

• Si ou pa gen kont dlo pwòp,

bwose po moun nan ak anpil swen

pou retire pwodwi chimik nan,

epi pa kite l retounen tonbe sou

kò moun nan. Si pwodwi chimik

nan se sou figi, kou oubyen zèpòl

moun nan l ye, mande malad la

pou l fèmen je l anvan ou pwose

pwodwi chimik la.

• Kouvri blesi a lejèman ak yon twal

pwòp, sèch epi ou te esterilize pou

twal la pa kole sou blesi a. Pa mete

ankenn medikaman sou blesi a.

• Fè moun nan wè doktè toutswit.

Si ou panse ou te pran bwazon

nan pwodwi chimik, rele Sant

Kontròl Pwazon nan 911 oubyen

operatè a toutswit. Si ou pa jwenn

swen medikal toutswit, retire rad

ou, koumanse anwo pou desanm

rive nan chosèt ou. Pran anpil

prekosyon pou pa touche rad

kontamine yo ak po kò ou. Mete

rad yo nan yon sak plastik konsa

yo pap ka kontamine lòt moun ak

lòt bagay. Pran yon bon beny pou

lave pwodwi chimik yo. Mete rad

pwòp sou ou, epi premye opòtinite

ou genyen, pote rad kontamine yo

ak ou epi ale chache èd medikal.

www.tallytown.com/redcross

is available in braille

and on cassette tape

for persons with print

disabilities from the

Bureau of Braille and

Talking Book Library.

Please call

1-800-226-6075 for

additional information.

YonPiblikasyon Depatman Afè Granmoun Aje

Rekòmandasyon Sistèm Konsèy Sekirite Nasyonal

Dekrè Sekirite Nasyonal No. 3 Mezon Blanch te pibliye nan mwa mas 2002 etabli senk

kondisyon menas ki montre ka gen yon atak teworis. Tou patou nan peyi a, moun ap poze

kesyon tankou “Ki sa kondisyon ‘jòn’ vle di pou fanmiy?” Lakwa Wouj Ameriken te prepare

rekòmandasyon ki nan lis sa a pou domèn sa a yo pou endividi ak fanmiy:

DANJE YON ATAK AK AKSYON YO REKÒMANDE

GWO DANJE (Wouj)

• Pran aksyon yo rekòmande yo nan nivo pi ba yo

• Koute radyo/TV pou enfòmasyon/lòd yo fenk bay

• Se pou toujou ap veye aktivite dwòl epi rapòte l toutswit bay otorite ki apropriye.

• Kontakte biznis pou chache konnen si yo kite moun al travay.

• Respekte tout restriksyon otorite gouvènman lokal yo anonse pou vwayaj.

• Prepare pou chache refij kote ou ye a oubyen pou deplase si otorite gouvènman lokal

mande ou pou fè sa.

• Fè sèvis volontè sèlman jan yo mande ou pou fè sa.

• Pale sou lapèrèz timoun yo genyen konsènan atak teworis ki deja fèt oubyen ki ka rive.

DANJE A WO (Oranj)

• Pran aksyon yo rekòmande yo nan nivo pi ba yo

• Se pou toujou ap veye aktivite dwòl epi rapòte l toutswit bay otorite ki apropriye.

• Fè envantè plan dezas pèsonèl ou ak plan pou fanmiy ou.

• Fèt si tout moun nan fanmiy nan konprann/pratike plan ou genyen pou kominikasyon.

• Pran anpil prekosyon lè ou ap vwayaje.

• Gen yon kote pou refij, materyèl nan kay la epi li yon lòt fwa ankò ti bwochi ki gen tit

“Teworis: Prepare Pou Sa Ou Pa Ta p Atann.”

• Si yo anonse gen bezwen, bay san nan yon sant yo kote yo chwazi pou moun bay san.

• Anvan ou fè sèvis volontè, kontakte ajans la pou chache konnen ki sa yo bezwen.

• Pale sou lapèrèz timoun yo genyen konsènan atak teworis ki deja fèt oubyen ki ka rive.

OGMANTE (Jòn)

• Pran aksyon yo rekòmande yo nan nivo pi ba yo

• Se pou toujou ap veye aktivite dwòl epi rapòte l toutswit bay otorite ki apropriye.

• Fèt si valiz pwovizyon pou dezas yo ranpli epi pare.

• Tcheke nimewo telefòn ak adrès imel yo ki nan plan kominikasyon pèsonèl ou epi fè

koreksyon si se nesesè.

• Si ou pa konnen l, kontakte lekòl pou chache konnen plan pou ijans yo genyen pou

bay timoun yo enfòmasyon epi ki plan yo genyen pou deplase ak yo.

• Fè plan ki lòt wout pou pran pou ale/sòti nan travay/lekòl epi eseye yo.

• Kontinye fè sèvis volontè

VEYE (Ble)

• Pran aksyon yo rekòmande yo nan nivo pi ba yo.

• Se pou toujou ap veye aktivite dwòl epi rapòte l toutswit bay otorite ki apropriye.

• Fè envantè pwovizyon ou genyen nan depo pou dezas epi ranplase tout sa dat yo

depase.

• Prepare yon plan kominikasyon pou dezas ansanm ak fanmiy/vwazen/zanmi.

• Tabli yon lòt kote pou rankontre lwen kay ou ak fanmiy/zanmi.

• Fè sèvis volontè epi pran avantaj opòtinite pou pran plis edikasyon sou travay volontè.

BA (Vèt)

• Fè biwo Lakwa Wouj nan zonn ou ba ou yon kopi bwochi “Teworis: Prepare Pou Sa

Ou Pa Ta p Atann”.

• Prepare yon plan dezas pèsonèl epi yon valiz pwovizyon pou dezas. Sèvi ak bwochi

Lakwa Wouj “Plan Dezas Pou Fanmiy Ou” ak “Valiz Pwovizyon Dezas Pou Fanmiy

Ou” pou fè sa.

• Fè yon envantè opòtinite pou fè sèvis volontè nan kominote ou; chwazi yon ajans kote

ou ka fè sèvis volontè epi pran premye entrènman.

• Pran yon klas CPR/AED ak premye swen Lakwa Wouj ap bay.

Biwo Lakwa Wouj Ameriken nan zonn ou an gen materyèl disponib pou ede ou

Devlope kapasite ou pou fè preparasyon pou ijans.

ARC 1462 (Rev. 8-2002) © Lakwa Wouj Nasyonal Ameriken. All Rights Reserved

NON SIKLÒN TROPIKAL

LANMÈ ATLANTIK

Adrès Entènèt: www.nhc.noaa.gov

2003

ANA

BILL

CLAUDETTE

DANNY

ERIKA

FABIAN

GRACE

HENRI

ISABEL

JUAN

KATE

LARRY

MINDY

NICHOLAS

ODETTE

PETER

ROSE

SAM

TERESA

VICTOR

WANDA

2004

ALEX

BONNIE

CHARLEY

DANIELLE

EARL

FRANCES

GASTON

HERMINE

IVAN

JEANNE

KARL

LISA

MATTHEW

NICOLE

OTTO

PAULA

RICHARD

SHARY

TOMAS

VIRGINIE

WALTER

DISASTER PREPAREDNESS 2003

Moving? Address Change? Receiving Multiple

Copies? Please let us know! We want to cut

unnecessary postage costs. Allow 8 to 10

weeks for your address to be changed.

Send this label with your corrections

in a stamped envelope to:

Bonni Etherton, Database Manager

The Florida Department of Elder Affairs

P. O. Box 6750

Tallahassee, FL 32314-6750

Corrections: _____________________________________________________________________

Elder Update is a bimonthly publication

mailed in-state to Florida residents at

no cost to recipients. Out of state,

Elder Update can be accessed at

http://elderaffairs.state.fl.us.

Terry F. White, Sekretè

Jen 2003 Nimewo Espesyal

Volim 12, Nimewo 7

2005

ARLENE

BRET

CINDY

DENNIS

EMILY

FRANKLIN

GERT

HARVEY

IRENE

JOSE

KATRINA

LEE

MARIA

NATE

OPHELIA

PHILIPPE

RITA

STAN

TAMMY

VINCE

WILMA

2006

ALBERTO

BERYL

CHRIS

DEBBY

ERNESTO

FLORENCE

GORDON

HELENE

ISAAC

JOYCE

KIRK

LESLIE

MICHAEL

NADINE

OSCAR

PATTY

RAFAEL

SANDY

TONY

VALERIE

WILLIAM

DISASTER PREPAREDNESS 2003

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!