23.12.2012 Views

A Shared Path to Success - New York City Department of Education ...

A Shared Path to Success - New York City Department of Education ...

A Shared Path to Success - New York City Department of Education ...

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Espere

siksè

Yon Gid Fanmi pou prepare elèv pou

kolèj ak karyè

High School

Klas 9yèm-12yèm ane

1

2

3

6

7

9

10

11

12

18

19

20

Kontni

Lèt Chanselye Walcott voye

Elve nivo edikasyon

Siksè nan salklas

• Nòm Aprantisaj debaz Inivèsèl Common Core Learning Standards (CCLS)

• Konpòtman akademik ak konpòtman pèsonèl

Yon wout pou siskè ki pataje

Kritè kou yo pou gradyasyon ak preparasyon pou kolèj

Rete enfòme

Zouti w ap bezwen

Planifikasyon pou lavni

Plis atansyon sou aplikasyon nan kolèj

• Lis sa pou konnen nan preparasyon pou kolèj

• Egzamen yo egzije pou kolèj

• Kalkile lajan sa ap koute

Li pa janm twò ta pou gradye

Konnen Dwa ou

Kalandriye

Aplikasyon pou Kat Bibliyotèk

Byenveni

Chè Paran,

Nan non plizyè milye pwofesè ak pwofesyonèl Depatman Edikasyon Department of Education

(DOE) ki devwe pou sèvi timoun lekòl nan Vil Nouyòk, mwen kontan anpil pou ane lekòl 2012-13

la. Prepare pitit ou a pou yon bon lavni se premye priyorite nou epi n ap pwogrese pi vit lè nou

travay ansanm. Gid sa dekri opòtinite pou w patisipe nan edikasyon pitit ou a depi byen bonè jiska

lekòl segondè.

Gwo espwa ak sipò enpòtan anpil pou siskè elèv nou yo. Pou yo ka prepare pou kou solid kolèj

yo ak djòb ki egzijan yo, tout elèv nou yo dwe montre kapasite pou ekri, fè analiz kritik, rezoud

pwoblèm, ak kreye. Travay nou avèk Common Core Learning Standards (CCLS) pral pèmèt elèv nou

yo atenn nivo ki pi elve sa a.

Nou konnen paran ak fanmi ki patisipe fè plis lekòl gen siksè ak meyè rezilta pou elèv. Mwen

ankouraje w itilize gid sa a pou w ka vin pi byen aktif nan edikasyon pitit ou. Gen plizyè fason pou

w patisipe: Ou ka rankontre avèk pwofesè pitit ou a, ou ka fè volontè nan lekòl pitit ou a, ou ka

enskri pou ARIS Parent Link, epi ou ka ale sou entènèt nan schools.nyc.gov.

Ou se pi gwo enfliyans ak pi gwo defansè ki pi pisan pou pitit ou a. Ann travay ansanm pou asire

elèv nou yo gen kapasite ki nesesè pou yo gradye nan lekòl leta Vil Nouyòk ak pou prepare pou

satisfè demann kolèj ak karyè.

Dennis M. Walcott

Chanselye

Elve nivo edikasyon

Pandan 10 ane pase yo, nan travay di elèv, pwofesè, lidè lekòl, estaf k

ap bay sipò, paran ak kominote nou yo, nou fè anpil pwogrè nan yon

sistèm bon lekòl.

Plis Opsyon lekòl

Gen prèske 600 nouvo lekòl ki ouvri depi 2002, k ap ofri

fanmi plis chwa sou kote yo ka voye pitit yo.

Lidè lekòl ak pwofesè ki gen talan

Lidè ak pwofesè ki gen talan nou yo te jwenn plis

opòtinite pou aprann kòman pou yo amelyore pi byen

enstriksyon yo ak sipòte elèv yo nan yon nivo ki pi wo.

2

Lekòl nou yo angaje pou fè

elèv yo fè efò pou yo fè travay ki

pi difisil ak pou sipòte tout elèv

tankou sa yo ki gen andikap ak

elèv k ap aprann lang anglè

English Language Learners(ELL),

pou yo atenn nòm elve.

Lajan yo mete pou salklas

Yo mete plizyè milyon dola nan bidjè lekòl yo. Sa vin bay

moun k ap travay pi pre ak elèv yo plis pouvwa pou pran

desizyon sou depans ki gen yon efè sou rezilta elèv yo.

Kòm rezilta, elèv ak lekòl pi byen prepare pou reyisi.

Se yon bon kòmansman, men nou kapab epi nou pral

reyalize plis. Yo dwe mande elèv nou yo pou yo fè travay

solid yo bezwen pou reyisi nan kolèj, nan karyè ak nan

lavi. Nòm ki pi elve nesesè pou prepare plis elèv ak

kapasite yo bezwen pou reyisi apre lekòl segondè. Lekòl

nou yo angaje pou fè elèv yo fè efò pou yo fè travay

ki pi difisil ak pou sipòte tout elèv tankou sa yo ki gen

andikap ak elèv k ap aprann lang anglè English Language

Learners (ELL), pou yo atenn nòm elve. Epi, pou fè sèten

tout elèv reyisi, nou pran angajman pou bay lekòl yo gwo

kalite sipò. Men nou pa ka fè sa san oumenm—fanmi se

asosye ki enpòtan nan preparasyon tout elèv pou yon pi

bon lavni.

Lè nou travay ansanm, nou

ka atann pi gwo siksè pou

tout 1.1 milyon elèv nou yo.

Siksè nan salklas

Pou diplome lekòl leta Vil Nouyòk yo reyisi apre lekòl segondè, yo dwe fè

yo travay nan nouvo mwayen onivo akademik epi resevwa sipò konsistan

lakay ak nan salklas pou devlope lòt kapasite ak konpòtman ki valab.

Preparasyon sa a kòmanse nan prematènèl epi li kontinye nan lekòl

presegondè ak segondè.

Nòm Aprantisaj debaz Inivèsèl

Pou elèv nou yo reyisi nan mache travay jounen jodi a, yo bezwen

aprann panse yon fason kreyatif, rezoud pwoblèm, prezante bon jan

agiman ak angaje nan deba.

Common Core Standards (CCS) yo dekri sa pitit ou a bezwen aprann ak

konnen nan chak nivo klas—apati prematènèl—pou gradye nan lekòl

segondè tou prepare pou kolèj ak karyè.

Vil Nouyòk se yonn nan lidè nasyonal nan aplikasyon Common Core

Standards (CCS) yo. Pandan ane lekòl 2012-13 la:

• Pwofesè ak lidè lekòl pral ekspoze elèv yo nan plis eksperyans aprantisaj ki gen rapò avèk

Common Core Standards (CCS).

• Elèv yo pral konsantre sou travay solid pou akselere aprantisaj yo, apwofondi konpreyansyon yo nan konsèp epi

ranfòse kapasite yo pou prezante agiman alekri ak aloral.

Konpozisyon anglè

English Language Arts(ELA)

Ansanm avèk travay fiksyon tankou woman ak istwa

kout, elèv yo pral li plis tèks reyèl tankou nouvo atik, rapò

sou rechèch ak dokiman istorik. Y ap gen pou devlope ak

defan agiman yo lè yo analize anpwofondè sa yo li. Tip

travay ekri sa yo pral prepare yo pou eksprime ide yo byen

klè ak konvenkan.

Matematik

Elèv yo pral konsantre sou konpreyansyon konsèp plis

anpwofondè epi fè koneksyon ant sijè olye pou prese bay

yon repons anpatikilye. Y ap gen pou eksplike kòman yo te

rive nan konklizyon yo epi reponn agiman ki kontrè yo. Elèv

yo ap travay tou pou yo kapab rezoud pwoblèm debaz avèk

presizyon ak rapidite yon fason rezonab- ale pi lwen pase

kalkil debaz yo ak konprann ide matematik ki pi gran an.

3

Syans sosyal ak Syans

Nan kou syans sosyal yo, elèv yo pral etidye istwa,

jewografi, ekonomi, gouvènman ak sivik epi aprann

kòman sivilizasyon, moun ak evènman fòme moun lan

onivo endividyèl ak kolektif. Leson sa yo ap ede elèv bay

mond kote y ap viv la sans epi y ap ba yo konesans ak

kapasite yo bezwen pou yo vin aktif ak enfòme onivo

lokal, nasyonal ak modyal.

Nan kou syans sosyal, elèv yo ap entèaji dirèkteman avèk

mond natirèl la epi y ap etidye mond ki antoure yo atravè

metòd aprantisaj ki baze sou pratik ak rechèch. Lekòl

segondè yo ofri kat diferan kou syans Regents: Living

Environment, Earth Science, Chimi ak Fizik. Yo tout gen

travay laboratwa ladan yo.

4

Kolèj yo konsidere mwayèn

jeneral grade point averages

(GPA) elèv, oswa mwayèn nòt

elèv fè nan kou yo, lè y ap

pran desizyon sou admisyon.

Ankouraje pitit ou a kenbe yon

mwayèn ki se omwen 80.

Arts

Elèv yo ka patisipe nan art vizyèl, mizik, dans ak/oswa

teyat. Anplis bati kapasite ak aprantisaj pou eksprime tèt

yo nan kreye ak fè pwòp travay art yo, elèv yo ka:

• enfòme sou materyèl, vokabilè ak konsèp chak fòm

art;

• konekte etid yo ak faktè istorik, kiltirèl, ekonomik ak

llòt faktè ki enfliyanse art;

• vin okouran karyè nan art;

• eksplore divès resous art lè yo patisipe nan

ekspozisyon ak pèfòmans nan mize, nan teyat, ak nan

lòt kote nan kominote a.

Byennèt fizik ak Sante

Nan tout klas, elèv yo ta dwe resevwa kou edikasyon

fizik chak ane epi angaje nan divès opòtinite pou yo vin

aktif onivo fizik, pou aprann fason pou yo pran desizyon

pou sante yo, devlope yon fason pou viv an sante, epi fè

eksperyans divès kalite aktivite fizik. Tout elèv ta dwe

resevwa tou leson sou HIV/AIDS. Klas lekòl presegondè

yo resevwa tou yon semès edikasyon sante chak jou

tankou edikasyon sante seksyèl. Elèv yo enfòme sou sante

pèsonèl yo ak byennèt yo, kòman pou pran bòn abitid

sante ak kòman pou evite konpòtman ki riske ak presyon

kamarad.

Fòmasyon pwofesyonèl ak teknik

Career and Technical Education (CTE)

Lèkòl CTE yo entegre etid akademik solid avèk kapasite

ki gen rapò avèk travay nan karyè byen presi. Elèv k ap

patisipe nan pwogram sa yo resevwa enstriksyon nan

yon domèn ki gen rapò avèk endistri tankou computer

graphics, syans veterinè, jesyon restoran, chapantri oswa

syans enfimyè. Y ap kapab gradye nan lekòl segondè

avèk kapasite byen presi nan endistri epi y ap rantre nan

inivèsite, nan trening endistri avanse ak/oswa rantre nan

mache travay la.

Konpòtman akademik ak

pèsonèl

Prepare elèv pou yo reyisi nan kolèj ak nan karyè ale pi

lwen pase liv yo. Pitit ou a dwe tou metrize lòt teknik

ak konpòtman ki ka fè yo gen siksè nan kolèj ak nan

travay. Yo ka gen konpòtman sa yo lakay ak nan lekòl epi

yo ka pratike yo ak ranfòse yo depi lè yo piti rive nan jèn

adolesans. Men kijan:

Pèsistans

Elèv yo rete konsantre sou fè pwogrè pi devan menm lè yo

rankontre pwoblèm sou wout yo. Ankouraje pitit ou a gen

yon mantalite pozitif ak rete angaje nan objektif alontèm

li menm lè li rankontre difikilte. Ou ka travay sou kapasite

sa a lakay lè w sipòte pitit ou a lè li gen pwoblèm avèk yon

travay difisil; pouse l pou l kontinye eseye ak pou l toujou

bay sa li kapab.

Angajman

Elèv yo santi yon koneksyon avèk lekòl yo, yo patisipe nan

aktivite lekòl la epi yo gen bon relasyon avèk pwofesè yo

ak kamarad yo. Ankouraje pitit ou a pou l patisipe nan

aktivite debaz ki pa nan kourilòm lan epi patisipe nan sa

ka p fèt nan lekòl la.

Abitid travay/Kapasite pou òganize

Elèv yo travay byen poukont yo, yo ka jere tan yo byen

epi yo ka verifye travay yo pou wè si li byen fèt. Ou ka ede

pitit ou a devlope kapsite sa yo lè w ankouraje l kòmanse

devwa yo depi yo fin bay yo ak lè w ede l kenbe agenda

lekòl la pwòp ak byen òganize. Agenda pitit ou a ta dwe

gen seksyon apa pou chak matyè epi byen òganize dapre

dat.

Ladrès kominikasyon/ kolaborasyon

Elèv yo travay byen ansanm, yo eksprime ide yo avèk

efikasite epi yo mande èd lè yo bezwen. Pou ede pitit ou

a ranfòse kapasite sa yo, travay ansanm avèk li pou kreye

yon anyè telefòn kondisip li ka kontakte yo lè li gen yon

kesyon sou yon devwa.

Regleman otomatik

Elèv yo reyaji sou pwoblèm olye pou yo evite yo, yo

konpòte yo byen epi yo ka reflechi sou pwòp konduit

yo. Ou ka montre regleman otomatik pou pitit ou a lè w

montre l ou koute sa moun gen pou di avan yo di sa w vle

yo di epi konsidere tout pati yon pwoblèm lè w ap eseye

jwenn yon solisyon.

Respè pou tout moun

N ap jwe wòl pa nou pou asire tout lekòl nou yo ofri

anviwònman aprantisaj ki sennesof ak favorab pou tout

elèv. Pa gen plas nan lekòl nou yo pou entimidasyon,

arasman vèbal, vyolans fizik, sitou lè se prejije, patipri,

oswa panik poutèt diferans. Règleman sa a anvigè

avan, pandan ak aprelekòl, lè elèv sou pwopriyete lekòl

la, lè yo nan yon machin DOE peye, nan tout pwogram

lekòl patwone, ak andeyò lekòl la lè yo ka pwouve ke

konpòtman sa yo twouble pwosesis edikasyon an lè yo

afekte kominote lekòl la yon fason negatif. Yon elèv ki

kwè li se yon viktim entimidasyon, sipoze rapòte ensidan

an touswit aloral oswa alekri ba nenpòt manm estaf. Y

ap envestige tout rapò konsènan menas, arasman oswa

entimidasyon. Konseye pedagojik lekòl la disponib pou

ofri sèvis konsèy. Pou konnen plis, ale sou,

schools.nyc.gov/RulesPolicies/RespectforAll.

Prezans

Vin lekòl chak jou se premye etap nan siksè. Yon elèv

ki rate de jou lekòl sèlman pa mwa pral rate yon mwa

ansèyman antye nan fen ane a. Prezans nan lekòl se yon

priyorite, depi nan prematènèl rive nan lekòl segondè.

Elèv ki absan lekòl gen tandans fè pi piti nòt epi sa limite

chwa yo nan lekòl presegondè oswa segondè. Si se

obligasyon nan fanmi, pwoblèm maladi tankou azma

oswa lòt pwoblèm ki fè li difisil pou pitit ou a vin lekòl,

pale avèk pwofesè pitit ou a oswa konseye pedagojik la.

Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou

nyc.gov/EveryStudent.

5

6

Yon wout pou siskè ki pataje

A Shared Path to Success

Tout elèv ta dwe gen aksè nan bon kalite edikasyon solid ki pral

prepare yo pou atenn pi gwo kapasite yo, tankou kolèj, karyè ak

vi otonòm.

Pwomès egalite nou an vle di asire tout elèv—tankou

sa yo k ap aprann anglè ak sa ki bezwen sèvis

edikasyon espesyal—gen menm opòtinite pou

prepare yo pou yo gen siksè. Pou ane lekòl 2012-13 la,

nou kòmanse yon A Shared Path to Success, yon pwojè

ki gen plizyè faz pou kenbe tout elèv ki gen andikap

nan nivo nòm elve pou yo ka gradye nan lekòl segondè

byen prepare pou kolèj, karyè ak lavi otonòm.

Apati otòn 2012, elèv ki gen andikap k ap rantre

nan matènèl, 6yèm ane oswa 9yèm ane kapab

ale nan menm lekòl yo ta ka ale si yo pa t gen yon

Plan edikasyon endividyèl Individualized Education

Programs (IEPs), kit se yon lekòl ki nan sektè li abite

zoned school kit se yon lekòl espesyalizasyon school of

choice. Nou bay tout elèv ki gen IEP pi gwo aksè posib

nan kourikoulòm edikasyon jeneral la epi nou anseye

yo nan anviwònman ki gen mwens restriksyon posib la.

Sa vle di lè sa apwopriye onivo akademik ak otan posib,

nou anseye elèv ki gen andikap yo nan menm salklas

avèk elèv ki pa gen andikap yo.

Rechèch montre plis yo edike tout timoun yo ansanm

,gen plis chans pou elèv ki gen andikap yo gradye tou

prepare pou kolèj ak karyè. Elèv edikasyon jeneral

yo benefisye tou. Etid onivo nasyonal montre tout

elèv benefisye onivo sosyal ak akademik lè yo aprann

ansanm avèk kamarad yo ki gen divès kapasite.

Pou plis enfòmasyon sou edikasyon espesyal nan

lekòl nou yo, pale avèk direktè lekòl ou a, koòdonatè

paran an oswa ale nan schools.nyc.gov/

Academics/SpecialEducation.

Nou pran angajman pou bay tout elèv, tankou ELL aksè

nan yon edikasyon ekselan. Gen yon kantite lekòl nou

yo ki ofri pwogram bileng ki ankouraje elèv ELL itilize

lang natifnatal yo nan salklas la pandan y ap aprann

anglè. Rechèch montre metòd sa a ka ede elèv aprann

ni kontni akademik ni lang anglè pi vit. Ou ka ede pitit

ou a tou lakay lè w li ak pale avèk li nan lang natif

natal li. Pale avèk lekòl pitit ou a sou chwa pwogram

edikasyon bileng ki disponib yo.

11

Kritè kou yo pou gradyasyon ak

preparasyon pou kolèj

Konprann egzakteman sa sa mande pou pran yon diplòm lekòl

segondè enpòtan anpil pou ede pitit ou a reyalize rèv sa a. Nan Eta

Nouyòk, pran yon diplòm lekòl segondè mande pou pase egzamen

Regents yo anplis akimile 44 kredi pou kou yo. Lè w suiv dosye

akademik pitit ou a, sa pral ede l rete sou wout pou gradyasyon.

Kritè egzamen

Pou gradye avèk yon Diplòm Regents, pitit ou a dwe fè

nòt 65 oswa plis nan senk egzamen Regents sa yo:

1. Egzamen konpozisyon anglè

2. Matematik

(nenpòt egzamen Matematik Regents)

3. Istwa jeneral ak Jewografi

4. Istwa Etazini ak Gouvènman Etazini

5. Syans (nenpòt egzamen Syans Regents)

Pou gradye avèk yon diplòm Regents Avanse Advanced

Regents Diploma, pitit ou a dwe fè nòt 65 pou pi piti nan

egzamen Regents ki site pi wo a, plis nòt 65 pou pi piti nan

egzamen sa yo:

1. Aljèb entegre, Jewometri AK Aljèb 2/Trigonometri

2. Living Environment AK Chimi, Earth Science oswa Fizik

3. Lòt lang ki pa anglè Languages Other Than English

(LOTE)

Si pitit ou a panse ale nan yon Inivèsite Vil

Nouyòk City University of New York (CUNY) apre

gradyasyon, l ap bezwen fè kèk nòt ki montre li pre epi evite pran kou

ratrapaj. Kou ratrapaj yo anseye teknik debaz pou elèv ki pa pre pou fè travay kolèj

epi yo egzije yo pou elèv ki pa fè gwo nòt ase nan egzamen rantre kolèj yo. Elèv k ap

pran kou ratrapaj pa gen kredi pou kou yo. Fè nòt ki plis pase minimòm sa yo mande

pou pase egzamen Regents yo se yon mwayen pou pitit ou a montre li pre pou fè

travay nivo kolèj yo. Elèv k ap rantre nan CUNY pou otòn 2012, dwe fè omwen nòt

75 nan egzamen Comprehensive English Regents lan ak omwen 80 nan yonn nan

egzamen matematik Regents y ap bay yo. Elèv ki

pa fè nòt minimòm yo ka montre tou yo pre pou

CUNY avèk nòt yo fè nan lòt egzamen tankou SAT,

ACT, oswa egzamen konpetans CUNY an. Gade

cuny.edu/academics/ testing/cunyassessment-tests/faqs.html

pou plis enfòmasyon

sou kondisyon CUNY .

7

Kritè pou kredi

Diplòm Regents

Kantite kredi minimòm

Anglè 8

Syans sosyal 8

Istwa Jeneral 4

Istwa Etazini 2

Ekonomi 1

Patisipasyon nan Gouvènman 1

Syans(paegzanp laboratwa) 6

Life Science 2

Syans fizik 2

Life Science oswa syans fizik 2

Matematik 6

Diplòm Regents Avanse

Lòt lang ki pa anglè Languages Other Than English (LOTE) 2 6

Art vizyèl, Mizik, Dans, ak/oswa Teyat 2

Edikasyon fizik ak Edikasyon sante 5

Edikasyon fizik 4

Edikasyon sante 1

Kou ochwa 7 3

Total: 44 44

Chema kou yo

Objektif nou se pou pitit ou a fini lekòl segondè avèk yon

diplòm ak kapasite ak konesans li bezwen pou pran kou solid

nan kolèj ak pou satisfè djòb ki egzijan yo. Ankouraje pitit ou a

pou li ale pi lwen pase kondisyon gradyasyon yo epi pou l pran

yon seri kou ki pi solid. Travay avèk lekòl pitit ou a pou chwazi

kou ki apwopriye pou li.

Kou avanse

• Kou avanse Advanced Placement (AP)

• Kou pou kredi kolèj tankou College Now oswa CUNY Early

College

• Kou Bakaloreya entènasyonal International Baccalaureate (IB)

• Kou pou preparasyon kolèj NYCDOE-apwouve

8

Syans ak Matematik pou tout kat

ane yo

• Syans: Ankouraje pitit ou a pou l akimile 8 kredi, oswa

kat ane syans nivo Regents(yo egzije sèlman 6 kredi pou

gradyasyon), lè w ajoute yon kou anplis nan seri sa a: Living

Environment, Chimi, Fizik Earth Science oswa Syans AP

• Matematik: Ankouraje pitit ou a pou l akimile 8 kredi, oswa

kat ane Matematik nivo Regents(yo egzije sèlman 6 kredi pou

gradyasyon), lè w ajoute yon kou anplis nan seri sa a: Aljèb

entegre, Jewometri ak Aljèb 2/Trigonometri oswa yon nivo ki

pi elve

Pou jwenn yon eksplikasyon konplè sou kondisyon gradyasyon

yo ak andòsman diplòm yo, ale nan schools.nyc.gov/

RulesPolicies/GraduationRequirements.

Rete enfòme

Rete enfòme sou pèfòmans akademik ak konpòtman pitit ou a

nan lekòl ak lakay enpòtan anpil pou asire li devlope kapasite l ap

bezwen pou l gen sikè nan kolèj ak nan karyè.

Pi bon fason pou w toujou rete okouran edikasyon pitit ou se patisipe nan aktivite y ap fè nan lekòl pitit ou ye

a : tcheke regilyèman avèk pwofesè pitit ou a, ale nan reyinyon paran-pwofesè, ofri sèvis ou kòm volontè nan

pwogram y ap fè nan lekòl la oswa antre nan asosyasyon paran parent association (PA) a. Men kèk kesyon ou ka

byen renmen poze pwofesè pitit ou a pandan konferans yo ak pandan ane a.

Mande kisa pitit ou a ap aprann nan lekòl la ak kòman ou ka ede l lakay ou.

1.Kisa yo atann pou pitit mwen an aprann, konnen ak fè nan nivo klas sa a? Kòman y ap evalye l?

2. Kòm yo itilize Common Core Learning Standards(CCLS) yo nan salklas pitit mwen an? Èske w ka eksplike kòman

travay nan klas pitit mwen an prepare l pou l ka gen siksè nan kolèj ak karyè?

3. Ki kalite travay pitit mwen an ta dwe fè lakay pou kore sa k ap fèt nan salklas la?

4. Nan kisa pitit mwen an travay byen? Nan kisa pitit mwen an gen difikilte?

5. Kisa mwen ka fè pou m prepare pitit mwen an pou ane lekòl k ap vini an?

Mande enfòmasyon sou konduit pitit ou. Yon mantalite pozitif ak konfyans

nan tèt li enpòtan tou pou rete sou chemen siksè.

1.Èske pitit mwen an respekte angajman li pran nan lekòl la? Èske li toujou vin lekòl?

2. Èske pitit mwen fikse bon jan objektif epi lite pou reyalize yo?

3. Èske pitit mwen fini travay yo menm lè li rankontre difikilte?

4. Èske pitit mwen konnen pwen fò pèsonèl li?

5. Èske pitit mwen an konnen sipò ki disponib pou li?

6. Èske pitit mwen kapab defann tèt li?

Si w gen yon kesyon sou yon pwoblèm ki pa akademik, ou sipoze rele lekòl pitit ou ye a, epi mande pale avèk

koòdonatè paran an.

Enfòme ak patisipe Paran ak fanmi se patnè esansyèl nan preparasyon

elèv nou yo pou yon pi bon lavni—ou se moun ki enfliyanse pitit ou a plis ak pi

gwo defansè l. Nou atann pou chak elèv gradye nan lekòl nou yo pre pou pran kou

solid kolèj ak pou satisfè djòb ki egzijan yo. Men sa ka rive sèlman lè nou tout travay

ansanm. Patisipasyon fanmi se yon eleman enpòtan pou siksè elèv nan lekòl ak apre

gradyasyon.

Zouti w ap bezwen

Nou kreye plizyè zouti sou entènèt pou ba w kapasite pou suiv pwogrè

akademik pitit ou a ak pou konnen sa k ap pase nan lekòl li a. Ouvri

sesyon an epi dekouvri sa w bezwen pou rete enfòme.

Link ARIS pou Paran Pou enfòmasyon pèsonèl

ki fèk parèt sou pwogrè akademik pitit ou a— tankou

prezans ak nòt egzamen—ouvri sesyon nan ARIS Parent

Link nan ARISParentLink.org. W ap bezwen nimewo

OSIS ID pitit ou a ak yon modpass password. Kontakte

koòdonatè paran lekòl ou a pou jwenn yon password

tanporè avan w ouvri sesyon an pou premye fwa.

Sit wèb DOE Ale sou sit wèb DOE nan schools.

nyc.gov pou enfòmasyon ak anons ki fèk parèt sou

lekòl vil la.

Avètisman pa imèl Ou ka resevwa tou

avètismanregilye pa imèl sou nouvèl, sou pwosesis

enskripsyon, chanjman orè ki gen rapò avèk klima ak lòt

bagay ankò lè w anwole nan schools.nyc.gov/

Subscribe.

Rechèch lekòl School Search Ale sou sit

wèb DOE a nan schools.nyc.gov. Pou enfòmasyon

sou lekòl pitit ou a, tape non lekòl la nan seksyon ki

rele“School Search” la.

311 Si w gen lòt kesyon osijè lekòl, rele 311, kote w ap

jwenn yon operatè ki swiv trening pou sa k ap ede w.

10

Kenbe yon kopi nimewo OSIS ID pitit

ou sou lamen. W ap bezwenl pou

konfime idantite w lè w rele lekòl la

pou jwenn enfòmasyon.

TÈKS Voye yon tèks ak mo “nycschools” nan

877-877 pou w resevwa enfòmasyon ki fèk parèt.

Ale nan schools.nyc.gov/ParentsFamilies.

Nou kreye tou gid konplè pou ede w navige nan opsyon

kolèj ak karyè pou pitit ou a.

Like us sou Facebook nan Facebook.com/

NYCSchools epi suiv nou sou

@NYCSchools.

• Manyèl sou preparasyon kolèj College Planning Handbook

tinyurl.com/9xwukvv

• Yon gid paran pou planifye siksè: Sipò pou tranzisyon

elèv ki sòti lekòl segondè pou ale nan kolèj ak karyè

tinyurl.com/8mte9mh

Aksè nan Entènèt

Gid sa a voye w nan plizyè sit

wèb pou jwenn enfòmasyon sou

edikasyon pitit ou a. Si w pa gen

entènèt lakay ou, ou ka itilize

entènèt gratis nan yon bibliyotèk

piblik. Gen anpil lekòl tou ki

pèmèt paran itilize konpitè yo

pou chèche enfòmasyon sou

lekòl; kontakte koòdonatè paran

lekòl pitit ou a pou jwenn plis

ransèyman. Epi sonje ou ka rele

tou 311 tout tan.

Planifikasyon pou lavni

Anplis fè gwo nòt, preparasyon pou kolèj gen ladan sa ki enterese pitit ou

a ak objektif li, konpreyansyon diferan chemen li ka pran, ak ede l rantre

nan pwogram ak lekòl ki koresponn avèk sa li vle aprann.

Eksplorasyon Kolèj ak karyè

Eksplore yo bonè. Pale avèk pitit ou a sou opsyon apre

gradyasyon epi travay avèk pitit ou a pou fikse objektif ak

travay pou reyalize yo. Vizite kolèj yo. Etap sa yo ap ede

w konnen egzakteman kisa ou bezwen pou w rantre nan

kolèj ak pou jwenn karyè ki bon pou ou a.

Resous sou entènèt:

• New York State Higher Education Services Corporation

hesc.ny.gov/content.nsf/SFC/College_

and_Career_Planning

• Career Zone nycareerzone.org

• Big Future by the College Board bigfuture.

collegeboard.org/college-search

• First in the Family firstinthefamily.org

Bay patisipasyon w

Ede pitit ou a jwenn èd li bezwen pou l ranpli aplikasyon

yo ak lòt sa ki obligatwa pou yo aksepte l nan kolèj ak nan

pwogram pou karyè yo. Travay avèk yon konseye, oswa

yon pwofesè nan lekòl pitit ou a pou fè yon plan pou fè

rechèch, pou prepare ak soumèt aplikasyon alè.

Ou bezwen Lajan

Li pa janm twò ta—ni twò bonè—pou kòmanse sere

lajan pou kolèj ak pou lavi apre lekòl segondè. Pandan

pwoblèm lajan pa ta dwe limite opsyon pou lavni pitit

ou a, li enpòtan pou w konprann konbyen kolèj koute ak

kòman pou w peye l. Eta Nouyòk ofri opsyon epay 529 ke

yo rele Plan dirèk Direct Plan, ki ka ede fanmi sere lajan

pou kolèj. Se yon kont envestisman kote ou mete lajan

akote pou peye depans edikasyon siperyè tankou, kou, kèk

chanm ak pansyon, liv ak frè. Plan 529 Eta a ofri benefis ki

pa genyen nan lòt tip kont epay yo. Pou plis enfòmasyon,

tcheke sit wèb New York State 529 la nan nysaves.

com.

Èd federal ak èd eta a pral ede w peye pri kolèj, men anpil

lajan avan w rantre nan kolèj se responsablite fanmi an,

tankou lajan aplikasyon, frè pou egzamen ofisyèl, vizite

kolèj ak kou anplis pou prepare pou egzamen ofisyèl. Pou

plis enfòmasyon sou kalkil lajan ak èd finansye, gade paj

16 gid sa a.

Pwofite vakans ete a

Mwa ete yo se yon okazyon pou chèche opòtinite pou

aprann andeyò lekòl, tankou djòb ak estaj pandan ete.

Vil Nouyòk ofri divès eksperyans ki pral ede pitit ou a

dekouvri nouvo domèn enterè ak karyè. Ale sou

nyc.gov/html/dycd pou konnen kote ki gen kan

konpitè, pwogram syans, pwogram performing arts oswa

lòt opòtinite ki mache avèk enterè pitit ou a. Gen plizyè

pwogram ki gratis ak lòt ki bay bousdetid.

11

Plis atansyon sou aplikasyon nan kolèj

Anplis yon dosye akademik solid ak diplòm lekòl segondè, oumenm ak

pitit ou a ap bezwen fè lòt bagay pou yo aksepte pitit ou a nan kolèj ak

pou l gen siksè.

Delè ki rekòmande

Klas 9yèm ane

Klas 9èm-12yèm ane

Klas 9èm-12yèm ane

Klas 9èm-12yèm ane

Klas 9èm-12yèm ane

12

Lis sa pou konnen nan

preparasyon pou kolèj

Eksplorasyon Kolèj ak karyè

Responsablite

Konprann nòt Regents ak kritè kredi yo pou gradyasyon nan lekòl segondè

ansanm ak kou anplis pitit ou a ka bezwen pran pou l pre pou kolèj.

Travay avèk pitit ou a pou fè yon lis karyè posib. Itilize zouti tankou NYC Career

Zone pou w wè si sa ki enterese pitit ou a mache avèk espesyalizasyon l ak wout

karyè l.

Idantifye twa opsyon karyè epi dekouvri ki edikasyon anplis yo egzije. Mete lis la

ajou pandan enterè ak eksperyans pitit ou a ap chanje.

Kòmanse fè rechèch sou kolèj. Konprann diferan tip kolèj ki genyen(dezan ak

katran)ak kolèj ki bay diplòm. Kreye yon premye lis ki gen twa kolèj pitit ou a

renmen ak kondisyon admisyon yo (paegzanp nòt SAT ak GPA). Chak ane, mete

lis la ajou pandan enterè karyè, eksperyans ak pwogrè pitit ou a chanje.

Fè omwen yon vizit kolèj.

Egzamen yo egzije pou kolèj

Pitit ou a ka byen bezwen pran omwen yon egzamen

admisyon nan kolèj tankou SAT oswa ACT pou l ka rantre

nan kolèj. Kolèj yo itilize souvan nòt pitit ou a fè nan

egzamen ofisyèl, egzamen nasyonal yo pou jije kòman li ka

pèfòme nan kolèj. Sepandan, pitit ou a ka toujou bezwen

pran egzamen plasman apre yo fin aksepte l nan kolèj.

PSAT (Preliminary Scholastic

Assessment Test): Elèv 10yèm ak 11yèm ane

pran egzamen sa a, ki la pou mezire kapasite panse kritik,

kapasite pou rezoud pwoblèm matematik ak kapasite pou

fè disètasyon. Yo ka pran l de fwa, epi li gratis pandan

jounen lekòl la pou tout elèv lekòl leta NYC. Nòt pitit ou

a ka yon faktè nan fason li pral pran egzamen SAT I an

epi li ta ka kalifye l pou l jwenn posiblite bousdetid. Se

College Board ki bay egzamen sa a. Pou plis enfòmasyon

sou egzamen sa a ale nan collegeboard.com/

student/testing/psat/about.

SAT I (Scholastic Assessment Test I

Reasoning Test): Egzamen avèk kesyon chwa

miltip sa ki gen yon redaksyon an fèt sou 2400 pwen

epi li fèt pou mezire kapasite pou li, fè matematik ak

redaksyon. Jeneralman se elèv 11yèm ak/oswa 12yèm ane

ki pran l epi yo ta dwe pran l omwen de fwa. Jeneralman,

kolèj yo ap konsidere pi gwo nòt pitit ou a fè a lè y ap

pran desizyon yo. Gen anilasyon frè ak akomodasyon pou

andikape ki disponib, si w bezwen. Se College Board ki bay

egzamen sa a. Pou plis enfòmasyon osijè egzamen sa a,

ale nan sat.collegeboard.org/home.

SAT II Subject Tests (Scholastic

Assessment Test II Subject Test):

Egzamen sa yo ki fèt pou mezire konesans timoun lan

nan yon matyè byen presi, se kèk gwo kolèj ki egzije yo.

Pitit ou ta sipoze pran egzamen sa yo imedyatman apre

yo fini kou a nan lekòl segondè. Gen eksepsyon pou frè ak

akomodasyon pou andikape ki disponib, si w bezwen. Se

College Board ki bay egzamen sa yo. Pou plis enfòmasyon

osijè egzamen sa yo, ale nan sat.collegeboard.

org/home.

ACT (American College Testing

Assessment): Yo ofri ACT avèk ou san redaksyon

kòm yon lòt opsyon pou SAT I Reasoning Test. Mayè

yo se Anglè, Matematik, Lekti, Syans, ak Redaksyon,

epi nòt maksimòm lan se 36. Gen eksepsyon pou frè ak

akomodasyon pou andikape ki disponib, si w bezwen.

American College Testing ki bay egzamen sa a. Pou plis

enfòmasyon osijè egzamen sa a, ale sou sit web

act.org.

Egzamen pou AP: Elèv yo ka pran egzamen

Advanced Placement (AP) nan fen kou AP yo epi yo ka fè

yon nòt 1 rive 5 nan egzamen sa yo. Souvan, kolèj yo bay

elèv ki fè yon nòt 4 oswa 5 kredi kolèj. Kou AP nan yon

relvenòt lekòl segondè montre ajan admisyon kolèj yo ke

yon elèv te pran yon kourikoulòm ki solid. Se College Board

ki bay egzamen AP yo. Pou plis enfòmasyon osijè egzamen

sa yo, ale nan web apcentral.collegeboard.

com/apc/Controller.jpf.

Pifò kolèj aksepte ni nòt SAT ni

nòt ACT. Pitit ou a ta sipoze eseye

modèl egzamen yo epi pran sa li

santi li pi alèz pou l pran an. Gen

modèl egzamen ki disponib nan

collegeboard.org ak act.org.

13

Delè ki rekòmande Responsablite

Klas 9yèm ane

Klas 9yèm-10yèm ane

Klas 9yèm-10yèm ane

Klas 9yèm-10yèm ane

Klas 10yèm ane

Klas 10yèm ane

Klas 10yèm ane

Klas 10yèm ane

Klas 10yèm-12yèm ane

Klas 11yèm ane

Klas 11yèm ane

14

Bay patisipasyon w

Ede pitit ou a kreye yon imel adrès ki parèt pwofesyonèl (Paegzanp, non pitit

ou a name@gmail.com).

Asire w pwofesè pitit ou a konnen l. Pwofesè sa yo pral ekri rekòmandasyon

pou pitit ou a pou kolèj, pou djòb ak estaj.

Ankouraje pitit ou a rantre nan club ak nan ekip espò epi chèche kote pou l

fè eksperyans kòm volontè. Kolèj yo ap vle wè pitit ou a patisipe nan aktivite

chak ane lekòl segondè l epi aktivite yo ap ede l konnen pwen fò pèsonèl li ak

enterè ki pral gide objektif karyè l.

Fè pitit ou a sonje enpòtans bon nòt. Yon GPA 80% oswa plis ap bay pitit ou a

yon seri opòtinite pou kolèj ak karyè.

Responsablite. Fè pitit ou a anrejistre pou yon kont gratis nan collegeboard.com.

Asire w pitit ou a etidye pou l pran egzamen PSAT.

Revize nòt PSAT pitit ou a ansanm avèk konseye l oswa pwofesè l.

Travay avèk pitit ou a pou l enskri pou egzamen SAT II (an jen) pou matyè li te

fè omwen 80%.

Ede pitit ou a ekri yon resume epi fè l pratike kapasite entèvou l pou djòb, ak

pou kolèj.

Lè pitit ou a resevwa nòt SAT l, gade yo ansanm avèk relve nòt li epi kòmanse

chèche kolèj. Si w pa t kòmanse pwosesis sa a deja, fè pitit ou a rankontre avèk

yon konseye kolèj ki ka ede l konnen diferan tip kolèj ki genyen.

Dapre rechèch, fè yon lis kolèj ki gen ladan kèk lekòl pitit ou a gen plis chans

pou l rantre ak sa li gen mwens chans pou rantre. Mande pitit ou a pou l

montre konseye kolèj li a lis la pou l ba li sijesyon. Vizit otan lekòl posib ki sou

lis la.

Klas 11yèm ane

Klas 11yèm ane

Klas 11yèm ane

Klas 11yèm ane

Klas 11yèm ane

Klas 12yèm ane

Klas 12yèm ane

Klas 12yèm ane

Klas 12yèm ane

Klas 12yèm ane

Klas 12yèm ane

Ankouraje pitit ou a kòmanse travay sou disètasyon kolèj la.

Travay avèk pitit ou a pou l enskri pou yon kou pou l prepare SAT(apati janvye).

Pitit ou a ap pran egzamen SAT I an nan prentan.

Ede pitit ou a chwazi pwofesè l ap mande rekòmandasyon yo nan fen ane lekòl la.

Gade nan pwogram opòtinite Eta Nouyòk New York State Opportunity Programs,

ki la pou ede elèv rantre nan kolèj ki gen pwogran dezan ak katran epi ki bay sipò

akademik, èd finansye ak oryantasyon counseling endividyèl. Elijiblite a depann

de kolèj la oswa inivèsite a. Kontakte biwo admisyon lekòl ou konte ale a pou plis

enfòmasyon.

Pitit ou a ap pran egzamen SAT I an yon dezyèm fwa ann otòn.

Fini lis kolèj pitit ou a.

Fè pitit ou a sonje pou l mande rekòmandasyon nan men de pwofesè li chwazi.

Ede pitit ou a òganize dat enpòtan pou tout kolèj ki sou lis li a. Oktòb: Soumèt

aplikasyon CUNY, paegzanp yon demann pou voye nòt SAT yo. Novanm: Soumèt

aplikasyon SUNY yo, paegzanp dokiman siplemantè yo ak nòt SAT. Desanm:

Soumèt aplikasyon lekòl prive yo, paegzanp disètasyon ak nòt yo.

Avril: Gade lèt ki gen desizyon yo ak pake èd finansye yo ansanm avèk pitit ou a

ak konseye kolèj la epi deside kote pou l enskri.

Me: Pitit ou a soumèt fòm enskripsyon li fin ranpli a ba lekòl li chwazi a, li ranpli

tout fòm ki nesesè pou lojman ak fòm medikal, epi soumèt tout avalwa yo egzije

pou kenbe plas li a.

15

Kalkile lajan sa ap koute

Pandan pwoblèm lajan pa ta dwe rete w avèk pitit ou a

pou chèche tout opsyon, ou bezwen konnen konbyen ak ki

tip èd finansye ki disponib pou ede w peye l. Avèk sipò èd

finansye ak bousdetid, pi fò elèv kapab ale nan kolèj..

Èd finansye

Premye etap la se pou pitit ou a aplike pou kolèj. Pwochen

etap la se aplike pou èd finansye. Kantite èd pitit ou a

resevwa depann de revni w, kantite moun ki sou kont

ou ak si gen lòt manm nan fanmi w ki nan kolèj. W ap

bezwen ranpli taks ou chak ane.

Pou aplike pou èd, ou dwe ranpli Aplikasyon gratis pou

èd federal pou elèv Free Application for Federal Student

Aid (FAFSA). FAFSA se sèl aplikasyon ki pi enpòtan pou èd

finansye ki baze sou bezwen. Li konsidere bezwen pitit ou

a epi li detèmine kalifikasyon l pou èd federal, eta a ak èd

kolèj bay, tankou don, prè ak pwogram pou travay pandan

w ap etidye workstudy. Pou w jwenn plis enfòmasyon,

gade fafsa.ed.gov. Ou dwe ranpli yon aplikasyon

FAFSA pou chak ane pitit ou a nan kolèj.

Anplis, plizyè lekòl ap egzije pitit ou a pou l

ranpli CSS/Financial Aid profile. Gade

collegeboard.com/profile pou plis

enfòmasyon.

Loan

Èd finansye sèlman gen dwa pa ase pou kouvri tout pri

kolèj la. Nan ka sa a, pitit ou a ka kalifye pou l prete lajan

sou fòm yon loan ke li dwe peye apre. Kondisyon loan lan

depann de kote k a prete lajan an.

16

Loan gouvènman an bay—eta ak federal— ofri to pou

prè ak plan pou peye ki pi enteresan yo men yo gen dwa

pa ase pou kouvri tout depans yo. Pandan tan sa a, loan

prive ki disponib nan enstitisyon prive tankou bank yo,

se yon lòt mwayen pou jwenn lajan ki manke. Sepandan,

kondisyon ak to yo pa rezonab menm jan avèk loan

gouvènman an.

Don ak Bousdetid

Lajan sou fòm don se sipò finansye ou pa p gen pou peye

epi yo baze swa sou merit swa sou bezwen. Aplikasyon

FAFSA w la pral ede kolèj yo detèmine si kantite lajan ou

touche kalifye pitit ou a pou yon don Pell oswa TAP grant,

ki se de pi gwo sous don ki baze sou revni.

Gen kèk kolèj tou ki bay don pou elèv dapre dosye

akademik yo oswa dapre dosye aktivite anplis ki pa nan

kourikoulòm lan. Pifò lekòl ofri kèk tip èd bousdetid dapre

merit akademik, konsantrasyon akademik, enterè ak lòt

kritè. Kritè yo pral diferan dapre chak lekòl. Kidonk asire w

pale avèk chak kolèj pitit ou a aplike sou opsyon yo genyen

pou èd finansye.

Òganizasyon ak gwoup ki lòt kote yo tankou biznis ak

asosyasyon yo se yon lòt sous pou bousdetid ak don.

Pwogram Work-Study

Elèv ki gen pwoblèm lajan ka kalifye pou djòb atan pasyèl

nan campus oswa pou djòb sèvis kominotè. Pifò elèv

travay atan pasyèl pou yo touche lajan yo ka itilize pou

achte liv ak lòt depans.

Souvan Kolèj ak inivèsite prive

yo konn pi chè pase sa leta yo

men lekòl prive yo kèk fwa gen

kapasite pou yo ofri plis chwa

èd finansye ak bousdetid pou

elèv ki kalifye.

Delè ki rekòmande Responsablite

Klas 9yèm ane

Klas 10yèm ane

Klas 11yèm ane

Klas 11yèm ane

Klas 12yèm ane

Klas 12yèm ane

Delè ki rekòmande Responsablite

KLAS 9yèm-11yèm

ane

Klas 12yèm ane

Apre lekòl segondè

Ou bezwen Lajan

Abitye w avèk diferan tip èd finansye, tankou FAFSA, don, loans ak bousdetid.

Egzamen SAT ak SAT II yo koute lajan pou pran yo. Pale avèk konseye kolèj ou a

sou kalifikasyon pou eksepsyon nan frè yo. Si pitit ou a pa kalifye, kòmanse sere

lajan pou peye pri egzamen yo.

Travay avèk pitit ou a ak konseye kolèj li a pou ranpli FAFSA a nan

fafsa.ed.gov pou jwenn tip èd finansye ki ta ka disponib pou pitit ou a.

Ede pitit ou a fè yon plan pou l peye pou aplikasyon kolèj yo. Pitit ou a ap bezwen

lajan la nan mwa septanm pou pi ta lè li nan 12yèm ane. An 2012, CUNY koute 65

dola pou chak aplikasyon epi SUNY koute 50 dola pou chak aplikasyon. Chèche

konnen pri lekòl prive yo pou w konnen si w kalifye pou pa peye frè yo.

Kòmanse chèche bousdetid avèk pitit ou a.

Ranpli FAFSA 1ye fevriye pou pi ta. Si w pa gen taks ane ki pi resan an, ranpli

FAFSA avèk taks ane avan an epi mete aplikasyon an ajou lè w pre. Fanmi yo ta

dwe ranpli taks yo chak ane pou asire y ap kalifye pou èd finansye.

Pwofite vakans ete a

Travay avèk pitit ou a pou planifye yon aktivite ete k ap ede l devlope kapasite

pou l prepare pou kolèj ak karyè, tankou yon aktivite djòb, estaj, kou, sèvis

volontè oswa enrichment.

Fè pitit ou a sonje tcheke kourye pou l konnen enfòmasyon ki fèk parèt sou

enskripsyon nan kou, oryantasyon ak nenpòt egzamen yo egzije. Gade tout lèt yo

avèk konseye kolèj pitit ou a.

Ankouraje pitit ou a rete an kontak avèk lekòl segondè l la apre gradyasyon. Pitit

ou a ka byen ede ankadre elèv ki pi jèn yo nan pwosesis aplikasyon pou kolèj la.

17

Li pa janm twò ta pou gradye

Si pitit ou a gen ant 15 ak 21 lane epi li an reta nan kredi, li pa twò

ta pou l gradye. Vil Nouyòk gen anpil lekòl ak pwogram pou ede

pitit ou a repran chemen pou gradyasyon ak prepare l pou lavi apre

lekòl segondè, kit li ale nan kolèj, kit li ale travay, oswa kit li ale nan

pwogram fòmasyon.

Learning to Work (LTW)

Anpil nan lekòl ak pwogram nou

mete adwat la jwenn sipò inisyativ

Learning to Work (LTW). LTW ede

elèv yo rezoud kèk pwoblèm yo

rankontre pandan y ap chèche

pran yon diplòm segondè. LTW

ofri preparasyon pou djòb ak

aktivite pou dekouvri karyè ki la

pou amelyore kontni akademik

kèk Lekòl Transfè ak Young Adult

Borough Centers (YABCs). Lekòl ak

pwogram ki gen LTW yo genyen

estaj peye tou.

18

Lekòl Transfè

Elèv ki gen ant 15 ak 21 lane ki pase omwen yon lane

nan lekòl segondè yo kalifye pou ale nan yon lekòl

transfè. Kantite kredi yo mande pou admisyon varye

dapre lekòl la. Elèv yo ale lekòl atan plen lajounen pou

yo pran yon diplòm lekòl segondè

Sant Borough pou Jèn Adilt Young

Adult Borough Centers (YABCs)

Elè ki gen ant 17.5 ak 21 lane, ki pase kat ane nan lekòl

segondè epi ki gen 17 kredi kalifye pou ale nan yon

YABC. Elèv yo ale lekòl atan pasyèl aswè pou yo pran

yon diplòm lekòl segondè.

Pwogram GED

Pwogram GED atan plen ak atan pasyèl yo prepare

elèv yo pou yo pase egzamen GED a. Elèv yo dwe gen

omwen 18 lane pou yo ka enskri nan yon pwogram

GED.

Pou w ka jwenn yon lis konplè opsyon pou elèv ki gen

reta yo, ale nan goingforme.org.

Konnen Dwa ou

Dapre lwa Eta a ak lwa federal, ou gen kèk dwa kòm paran

oswa gadyen. Sa gen ladan dwa pou gen aksè nan lekòl pitit

ou a, nan salklas la, nan dosye akademik ak dosye presans

li ak nan materyèl edikasyon depi sa pa entèwomp jounen

lekòl la. Ou gen dwa tou pou gen aksè nan enfòmasyon

sou reyinyon piblik, ale ladan yo ansanm avèk nan deba

Chanselye a, Konsèy Vil la, Sipèentandan kominote yo,

Konsèy Edikasyon kominote yo ak lekòl yo.

Ou gen dwa pou:

1. Mande, enspekte ak evalye dosye edikasyon pitit ou nan

espas 45 jou apre yo resevwa demand ou a. Ou sipoze

soumèt yon demand alekri ki idantifye dosye ou ta

renmen enspekte a (yo). Lekòl pitit ou a ap fè w konnen

lè ak lokal kote ou kapab enspekte dosye.

2. Mande pou yo fè chanjman nan dosye edikasyon pitit

ou lè ou kwè yo pa egzat, yo pote konfizyon oswa yo

vyole dwa FERPA sou respè entimite. Ou sipoze mande

alekri pou yo fè chanjman nan dosye yo, epi idantifye sa

ou vle chanje a ak rezon ou vle fè chanjman yo. Si NYC

DOE deside pou l pa fè chanjman ou mande yo, y ap fè

w konnen dwa w pou mande yon deba ak kèk pwosedi

pou suiv pou deba.

3. Bay konsantman alekri avan yo bay enfòmasyon nan

dosye edikasyon pitit ou a ki ka idantifye l pèsonèlman,

eksepte nan kèk ka FERPA pèmèt yo mete yo deyò san

konsantmna w. Youn nan eksepsyon ki pèmèt yo mete

enfòmasyon deyò san konsantman se si y ap bay ofisyèl

lekòl ki bezwen evalye dosye edikasyon enfòmasyon

pou yo kapab ranpli responsablite pwofesyonèl

Si w pa dakò avèk desizyon yon lekòl, ou kapab fè aksyon

legal pou ale ann apèl kont desizyon an oswa ou kapab

pote plent devan Depatman Edikasyon osijè pwoblèm

ki afekte edikasyon pitit ou. Finalman, ou kapab jwenn

enfòmasyon sou pwogram ki pèmèt pitit ou a aplike pou

admisyon nan lekòl ki pa nan zòn sektè lekòl pitit ou a, lè

sa apwopriye. Pou w ka li Parents’ Bill of Rights la okonplè

oswa pou w konnen kòman pou pote yon plent, ale sou

schools.nyc.gov/Offices/FACE oswa rele 311.

Avi sou Dwa prive federal Federal Privacy Rights

Lwa nan Edikasyon sou Dwa ak Respè Entimite Fanmi The Family

Educational Rights and Privacy Act (“FERPA”) bay paran ak elèv ki gen 18

ane oswa plis, kèk dwa ki gen rapò avèk dosye edikasyon elèv. Deklarasyon

Dwa Paran ak Règleman A-820 Chanselye a bay lòt enfòmasyon ou ka

gade nan schools.nyc.gov/RulesPolicies.

yo. Egzanp responsab lekòl yo se moun NYCDOE

anplwaye(tankou administratè, sipèvizè, pwofesè

oswa lòt edikatè oswa manm estaf pou sipò) ansanm

ak moun DOE angaje pou bay sèvis si li ta itilize pwòp

anplwaye l( tankou ajan, kontraktè ak konsiltan), epi

ki sou kontwòl dirèk NYCDOE ki gen rapò ak itilizasyon

ak jesyon enfòmasyon ki ka pèmèt yo idantifye elèv la

apati dosye edikasyon l.

Yon lòt eksepsyon ki pèmèt yo bay enfòmasyon san

konsantman, se lè yo mete enfòmasyon an disponib

pou ofisyèl yon lòt distri lekòl, lè yo mande sa, kote pitit

ou a planifye pou ale, oswa kote li ye deja, si objektif

demand lan se pou pitit ou a ka nan lekòl la oswa pou

yo ka transfere l.

4. Pote plent devan US DOE si w kwè NYC DOE pa respekte

règleman FERPA. Ou ka depoze plent yo nan biwo k ap

administre FERPA a:

Family Policy Compliance Office

U.S. Department of Education

400 Maryland Avenue, SW

Washington, DC 20202-8520

19

Kalandriye lekòl segondè 2012 - 2013

6 Septanm

Lekòl kòmanse pou tout elèv

• Ranvwa bonè pou elèv ki pa nan distri 75

• Demi jounen lekòl pou elèv prematènèl lekòl leta.

7 Septanm

Premye jounen konplè lekòl pou elèv Matènèl nan lekòl ki pa nan

Distri 75.

Demi jounen lekòl pou elèv prematènèl lekòl leta.

10 Septanm

Premye jounen lekòl konplè pou elèv prematènèl lekòl leta.

17 -18 Septanm

Rosh Hashanah (lekòl fèmen)

26 Septanm

Yom Kippur ( lekòl fèmen)

8 Oktòb

Vakans pou Columbus Day (lekòl fèmen)

17 Oktòb

Pa gen lekòl pou elèv prematènèl

25- 26 Oktòb

Konferans paran pwofesè lekòl segondè

6 Novanm

Jounen eleksyon(lekòl fèmen)

7 -8 Novanm

Konferans pwofesè-paran nan pwogram lekòl distri 75

12 Novanm

Konje Veterans Day(lekòl fèmen)

13 -14 Novanm

Konferans paran pwofesè lekòl primè

19 - 20 Novanm

Konferans pwofesè-paran elèv lekòl presegondè ak segondè

22 - 23 Desanm

Vakans Thanksgiving (lekòl fèmen)

5 Desanm

Pa gen lekòl pou elèv prematènèl

24 Desanm-1ye Janvye

Vakans ivè(tankou Nwèl ak nouvèl An) (lekòl fèmen). Elèv yo ap tounen lekòl

mèkredi 2 janvye 2013.

21 Janvye

Fèt Dr. Martin Luther King, Jr. (lekòl fèmen)

6 Fevriye

Pa gen lekòl pou elèv prematènèl

18 -22 Fevriye

Vakans mwatye Ivè (Anivèsè Washington ak Anivèsè Lincoln (Lekòl Fèmen)

27 -28 Fevriye

Konferans pwofesè-paran elèv lekòl presegondè ak segondè

12-13 Mas

Konferans paran pwofesè lekòl primè

14-15 Mas

Konferans paran pwofesè lekòl segondè

18-19 Mas

Konferans pwofesè-paran nan pwogram lekòl distri 75

25 Mas-2 Avril

Vakans prentan(Vandredi Sen, Pak, ak Passover) (lekòl fèmen). Elèv yo ap

tounen lekòl mèkredi 3 avril.

10 Avril

Pa gen lekòl pou elèv prematènèl

27 me

Konje Memorial Day (lekòl fèmen)

4 Jen

Premye demi jounen lekòl pou mwa jen(ranvwa bonè pou elèv presegondè/

segondè)

6 Jen

Jounen Konferans Chanselye a pou fòmasyon anplwaye(Lekòl fèmen)

13 Jen

Dezyèm demi jounen lekòl pou mwa jen(ranvwa bonè pou elèv presegondè/

segondè)

26 Jen

Dènye jou lekòl pou tout elèv( ranvwa bonè)

Se règleman Depatman Edikasyon Vil Nouy òk New York City Department of Education

(NYCDOE) pou l pa fè diskriminasyon ki baze sou ras, koulè po, rejlijyon, peyi orijin yon

moun, sitiyasyon sitwayènte/imigrasyon yon moun, laj, andikap, sitiyasyon de moun k ap

viv nan kay kòm yon koup, sèks, oryantasyon seksyèl oubyen fason moun idantifye oswa

eksprime sèks yo, nan pwogram edikasyon li yo ak nan aktivite l yo, epi pou l tabli yon

anviwònman kote pa gen arasman seksyèl, jan lalwa mande l.

APLIKASYON POU KAT BIBLIYOTÈK

Gen plis pase 200 bibliyotèk piblik nan Vil Nouyòk. Yon kat biblyotèk gratis pèmèt ou prete liv, DVD, CD ak lòt materyèl. Branch lokal

yo òganize pwogram kòmanse depi sou lekti liv avèk desen pou timoun rive sou seri film, lekti pwezi ak kou konpitè pou adilt.

Eksplikasyon

Pou jwenn yon kat bibliyotèk, tanpri ranpli aplikasyon sa a epi soumèt li ansanm avèk yon foto ID bay bibliyotèk piblik ki nan lokalite

w la. Adilt kapab montre yon lisans Eta Nouyòk ki valid, yon pèmi, oswa lòt pyès idantifikasyon ki gen foto. Jèn adilt(laj 13–17 lane)

ka montre dokiman travay aktyèl oswa ID lekòl yo. Timoun(ki gen laj 12 lane pou pi plis) dwe fè yon paran oswa yon responsab legal

siyen aplikasyon sa a; se paran yo ki pral responsab pou materyèl ki gen mak akote yo nan kat pitit yo. Ale sou sit wèb bibliyotèk ki

nan borough bò lakay ou a pou jwenn yon lis konplè fòm pyès idantifikasyon ki akseptab yo ak kote ki gen yon sikisal bò lakay ou.

Pou Bronx, Manhattan, ak Staten Island, ale nan nypl.org; pou Brooklyn, ale nan brooklynpubliclibrary.org; pou Queens, ale nan

queenslibrary.org. Adilt ak jèn adilt kapab aplike pou yon kat bibliyotèk sou entènèt.

1. Tcheke yonn:

❏ Timoun laj(Laj 12 lane pou pi plis) ❏ Jèn adilt(Laj 13–17 lane) ❏ Adilt laj 18 pou pi piti)

2. Enfòmasyon sou moun/elèv ki gen kat bibliyotèk la:

Siyati Non inisyal

Dat nesans(Mwa/Jou/Ane) Sèks ❏ Gason ❏ Fi

Adrès # Apatman:

Borough oswa Vil Eta Kòd postal

Telefòn kay Adrès imèl

Se regleman prive tout twa bibliyotèk yo ki kontwole itilizasyon modèl enfòmasyon(disponib nan nypl.org, queenslibrary.org ak nan

brooklynpubliclibrary.org).

3. Paran/ gadyen (yo dwe ranpli pati sa a pou elèv 12 lane pou pi plis):

Siyati Non inisyal

Adrès imèl Telefòn PIN

Tcheke A oswa B:

❏ A. Pitit mwen an ka prete materyèl pou adilt ak materyèl pou timoun tou. ❏ B. Pitit mwen an ka prete materyèl pou timoun sèlman.

Paran/responsab yo responsab pou materyèl pitit yo prete avèk kat la.

Siyati Paran/Gadyen Dat

Seksyon sa a rezève pou estaf sèlman

Photo ID # Address Verification Proof Log

NEW LOST/REPL. TRANSFER PTYPE

EXP.DATE COMPLETE: (Staff Initials)

Plis enfòmasyon

Ou ka wè ak download kopi gid sa yo pou klas prematènèl rive 8yèm ane sou sit wèb nou an nan

schools.nyc.gov/ParentsFamilies.

DOE bay plis enfòmasyon sou edikasyon pitit ou a ak lide sou fason ou ka kore l, lakay ou ak nan lekòl pitit ou ye a. Pou w jwenn plis enfòmasyon,

ale sou schools.nyc.gov. Ou ka kontakte tou koòdonatè paran lekòl pitit ou ye a oswa telefone 311.

T&I-18440 (Haitian Creole)

Se règleman Depatman Edikasyon Vil Nouy òk New York City Department

of Education (NYCDOE) pou l pa fè diskriminasyon ki baze sou ras, koulè

po, rejlijyon, peyi orijin yon moun, sitiyasyon sitwayènte/imigrasyon yon

moun, laj, andikap, sitiyasyon de moun k ap viv nan kay kòm yon koup,

sèks, oryantasyon seksyèl oubyen fason moun idantifye oswa eksprime

sèks yo, nan pwogram edikasyon li yo ak nan aktivite l yo, epi pou l tabli yon

anviwònman kote pa gen arasman seksyèl, jan lalwa mande l.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!