23.12.2012 Views

Mo Maske “Aktivite nan tan Vakans” - Bon Nouvèl 1967

Mo Maske “Aktivite nan tan Vakans” - Bon Nouvèl 1967

Mo Maske “Aktivite nan tan Vakans” - Bon Nouvèl 1967

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Paj pou jèn yo

Depi nan fen mwa avril 2009

la etidyan nan inivèsite leta te

pran lari pou mande refòm

anndan inivèsite a ak

piblikasyon lwa sou salè

minimòm 200 goud la.”

Sewòm mobilizasyon an p ap

janm sispann koule nan venn

nou. Flanbo mobilizasyon an

p ap janm etenn...” se te

pawòl youn nan etidyan yo.

Jou lendi kite 27 avril 2009 la

yon kriz tanmen bouyi nan

inivèsite Leta d Ayiti a. Etidyan

nan fakilte medsin ak famasi

(FMP) nan inivèsite a mete

kanpe yon grèv manch long pou

mande dekana fakilte sila a pou l

bay talon l. Etidyan yo repwoche

dirijan FMP yo ki, daprè yo

menm, ranplase yon seri kou ki

konn fèt pou yon ane pa seminè

ki dire sèlman yon semèn. Anplis

tou, yo te di yo pa dakò ak kèk

kou enpòtan ki elimine nan fakilte

a. Jèn inivèsitè sila yo te leve vwa

yo byen wo pou di non yo pa

vle fòmasyon kolepyese ni

fòmasyon nan bout mamit. Nan

menm moman an tou, yo mande

aplikasyon lwa sou ogmantasyon

salè minimòm nan ki dwe soti

nan 70 goud pou rive 200 goud.

Lwa sou ogmantasyon pi piti kòb

moun k ap travay dwe touche

pa jou a te deja vote nan palman

an. Tout senatè, san wete san

mete, te menm apwouve lwa

sila a san gade dèyè nan dat 5

12 Bon Nouvèl � Jiyè-Out 2009

Manifestasyon Manch Long Etidyan Inivèsite Leta yo

me pase a. Men bal la te rete

nan pye prezidan Rene Preval

pou nouvèl lwa a soti nan monitè;

kidonk pou l vin gen fòs.

Etidyan yo

kanpe sou brenzeng yo

Depi fen mwa avril la pou rive

jouk mwa jen ki sot pase a,

etidyan yo te kanpe sou brenzeng

yo. Etidyan FMP yo, mele ak

lòt etidyan ki soti nan divès

fakilte nan inivèsite leta a tankou

Fakilte Etnologi, lekòl Dwa ak

Syans Ekonomik, lekòl Nòmal

Siperyè, fakilte Syanzimèn ak

Inage ; san n pa bliye tou etidyan

ki soti nan kèk lekòl ak inivèsite

prive, yo te pran lari san rete

pou yo manifeste yon mannyè

pou fè klewonnen, yon bò,

prensipal revandikasyon yo nan

inivèsite a, e yon lòtbò, pozisyon

yo fas ak nouvèl lwa sou salè

minimòm nan.

Pibliye lwa sou salè minimòm

nan; rebay tout kou yo te elimine

nan fakilte medsin nan; mete yon

bon biblyotèk nan FMP a;

ranplase konsèy ki gen mayèt

FMP a pa yon lòt konsèy

enterimè pou fè eleksyon se kèk

nan revandikasyon etidyan yo.

Pou dekana FMP a, kesyon yo

ap pale sou demisyon an, se bri

sapat; pa gen sa pyès. Dekana

FMP a, se yon dekana k ap

travay, ki pa gen anyen pou

yo repwoche l e li te eli

kòrèkteman’’. Daprè sa vis

rektè rechèch inivèsite a Frits

Dezòm (Fritz Deshommes) te fè

konnen nan lokal rektora inivèsite

leta nan fen mwa me a.

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!