13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

DEFINISYON POU SISPANSYON, RANVWA DIJANS, AK EKSPILSYON, POU ZAKKRIMINÈL, POU ELÈV ANDIKAPE AK ELÈV REGILYE(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, ak Post Segondè A.C.E.)Nan bi pou-n kapab bay yon modèl pwosedi pou twa kalite sanksyon disiplinè serye –Sispansyon Andedan ak Andeyò lekòl la, Mete deyò, ak Ranvwa Dijans – nou mete pwosedi noupra-l bay la yo pou moun swiv:SISPANSYON (Nan lekòl la, deyò lekòl la)Nou defini Sispansyon Andeyò Lekòl la kòm yon ranvwa pou etidyan-an pa patisipe nan enstriksyonak nan aktivite ke lekòl la patwone pou jiska dis (10) jou kòm yon mezi disiplinè (wè Atachman “B-1” ak B-2”). Yo voye etidyan yo retounen al jwenn paran yo e yo kapab mande lekòl la ba yo devwaespesifik yo pou yo konplete. Yo itilize sispansyon Andeyò Lekòl la raman nan nivo lekòl elemantèyo, e sèlman lè tout lòt mezi yo pa bay okenn rezilta oubyen lè etidyan-an komèt yon zak ki tonbeanba sanksyon tolerans zewo-a e ke yo resevwa pèmisyon bò kote Asistan Sipèentandan an pouadopte lòt mezi. Nou defini sispansyon andedan lekòl la kòm yon mezi pou retire etidyan-an nanpwogram regilye lekòl la epi plase li nan yon chanm sispansyon pou yon period ki rive jis nan dis(10) jou kòm yon mezi disiplinè (wè atachman "C"). Se direktè lekòl la ki dwe òdone yon ranvwa lègen yon dezòd serye ki rive, lè gen yon dezobeyisans ki fèt avèk premeditasyon, lè yo soti poukontrekare otorite lekòl la, lè gen pawòl sal ak jouman ki anrejistre, oubyen pou lòt dezòd ke direktèlekòl la ak lòt otorite responsab yo detèmine ki kapab deranje bòn mach lekòl la ak bon anviwonmanelèv yo bezwen pou yo aprann. Kantite jou sanksyon sa-a dwe pran se senk (5) jou pou dezòd ki panan zewo tolerans yo e dis (10) jou pou dezòd zewo tolerans yo. (POU DISKISYON) Sèlman poudezòd ki pa nan tolerans zewo, Elèv la pral kapab gen dwa pou li akimile kredi akademik si li prankou ansèyman lakay li pou devwa li rate yo. Pwofesè yo pa gen otorite pou yo sispann yon etidyankeseswa nan lekòl la oubyen nan yon klas kèlkonk. Pou chak sispansyon andedan ou andeyò lekòlla, direktè-a oubyen lòt otorite responsab la dwe fè efò pou yo enfòme paran elèv la pa telefòn sousispansyon etidyan-an ak rezon ki fè yo pran sanksyon-an kont li eksepte nan ka kote gen yonkondisyon dijans oubyen ki ap twouble lòd e ki ekzije yon sispansyon rapid ou ankò nan ka kote genyon gwo dezòd ki fèt. Yo dwe rapòte sispansyon-an pa ekri bay paran-an ou responsab timoun nanpa lapòs, nan espas 24è. Yo dwe enfòme Sipèentandan tou nan espas 24è.Krim/Zak Delenkans ki Komèt Andeyò Lekòl laF.S. 1006.09(2) bay pwosedi ki pou swiv nan ka yon sispansyon, an akò avèk règleman ke KonsèyAdministrasyon Edikasyon Eta-a pibliye, ki dwe pran kont nenpòt elèv ki enskri kòm yon etidyan keyo akize fòmèlman de yon zak kriminèl, oubyen ki kòz yon zak delenkan ki ta kapab konsidere kòmyon zak kriminèl si se yon granmoun ki te komèt li, yon komisè gouvènman kapab akize li tou pouyon ensidan konsa ki ta rive nan yon kote ki pa yon lekòl piblik, si ensidan sa-a prezante pou yonjijman administratif avèk nòt ke direktè lekòl la bay paran oubyen responsab legal elèv la, an akò akrègleman ke Konsèy Administrasyon Edikasyon Eta-a pibliye ak règleman ki devlope an akò ak F.S.1012.28 oubyen 1001.54, pou genyen yon enpak serye sou pwogram edikasyon-an, disiplin, oubyenbyenèt nan lekòl kote etidyan-an enskri-a. Nenpòt elèv ki resevwa sispansyon akòz yon pwosedikonsa dwe sispann nan tout klas enstriksyon li yo ki nan lekòl piblik yo pandan lè klas regilye yo pouyon peryòd tan, ki kapab depase dis (10) jou, swivan sa ke Konsèy la deside. Yon sanksyon konsa padwe afekte sèvis edikasyonèl ke elèv la dwe resevwa, epi elèv la dwe ale enskri san pèdi tan nan yonpwogram altènatif ki fonksyone lajounen osnon aswè. Si yo pa jwenn prèv ke elèv la te komèt zak laoubyen yo pa jije ke li koupab, sanksyon-an sipoze tèmine imedyatman. Si yo jije ke elèv la koupabde yon zak kriminèl ou de yon zak delenkan ki ta dwe yon zak kriminèl si se yon granmoun ki tekomèt li, Sipèentandan-an dwe gen otorite pou li detèmine si Konsèy Administrasyon lekòl la fèt poufè yon rekòmandasyon pou mete elèv la deyò; sepandan, yon sispansyon osnon yon ekspilsyon konsapa dwe afekte sèvis edikasyonèl elèv la nan nenpòt pwogram rezidansyèl ou non rezidansyèl kiandeyò lekòl piblik yo.6 Kód Kondwit6

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!