13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

EKIPMAN SIVEYANS VIDEYO AK ODIO:Gen kèk batiman lekòl/bis ki enstale ekipan siveyans videyo ak odyo pou rezon sekirite.Ekipman sa yo gen dwa sou siveyans tout tan konsa tou gen de lè yo gen dwa pa sou siveyans.Tout videyo sekirite yo se pwopriyete SBCC. Videyo ki enplike nan idantifye elèv ap konsiderekòm dosye konfidansyèl elèv la e yo ap antre anba pwoteksyon règleman ak pwosedi dosye elèvyo.RANVWA PA YON PWOFESÈ (F.S. 1003.32)1. Yon pwofesè kapab voye yon elèv nan direksyon-an oubyen nan biwo yon lòt otoriteresponsab pou li kapab kenbe yon bon disiplin nan klas la. Direktè-a oubyen lòt otoriteresponsab la dwe reponn referans la pandan yo ap anplwaye bon jan teknik ki pou pèmètyo pran sanksyon ki apwopriye ak dezòd elèv la komèt la swivan sa Kòd sou KondwitEtidyan yo di nan atik S. 1006.07.2. Yon pwofesè kapab mete yon elèv deyò nan klas la si li jije ke elèv sa-a adopte yonkonpòtman pou fè dezòd, pou anpeche klas la travay, oubyen yon konpòtman ki abizan eki kapab anpeche pwofesè-a kominike byen avèk rès etidyan yo ki nan klas la oubyen kikapab anpeche kamarad klas li yo aprann.3. Si yon pwofesè mete yon etidyan deyò pou dezòd ki mansyone nan seksyon (2) yo,direktè-a oubyen lòt otorite responsab la dwe plase etidyan-an nan yon lòt klas kòm pouba li yon pinisyon nan lekòl la, oubyen mete li nan yon lòt pwogram edikasyon jan atikS.1003.53 eksplike sa; oubyen direktè-a ou lòt otorite responsab la kapab rekòmandepou voye etidyan-an ale chita lakay li, mete li nan pwogram Enhanced Asist, osnonmete-l deyò lekòl la nèt. Yo kapab anpeche etidyan-an ale oubyen patisipe nan aktivitelekòl la patwone ou òganize. Direktè-a oubyen otorite responsab la gen dwa pa retounenmete elèv sa a nan klas menm pwofesè-a san konsantman pwofesè sa-a amwens kekomite ki tabli anba atik S.1003.32 a detèmine ke se plasman sa-a ki pi bon osnon se sèlsolisyon ki disponib. Pwofesè a ak komite ki pou revize plasman-an dwe rann yondesizyon nan yon espas 5 jou aprè ke yo fin mete elèv la deyò nan klas la.4. Nenpòt pwofesè ki mete 25 pousan elèv ki nan klas li-a deyò, anba Sekson 2(a) ou (b),yo dwe ekzije pou pwofesè sa-a konplete yon plan devlopman pwofesyonèl pouamelyore ladrès li genyen pou li jere yon klas.5. KOMITE KI POU REVIZE PLASMAN YO (F.S. 1003.32) Nan kòmansman chakane akademik chak lekòl dwe mete sou pye yon komite ki pou detèmine plasman etidyanyo lè yon pwofesè pa konsanti pou yo retounen nan klas li. Manb komite sa yo dwe omwen konpoze konsa:a. De pwofesè kò pwofesoral lekòl la chwazi; avèkb. Yon manb ki soti nan kò pwofesoral lekòl la ke direktè a chwazi.c. Pwofesè ki pa vle readmèt elèv la nan klas li a gen dwa pa fè pati komite-a.NÒT: Pou plis definisyon ak fòm ki pale sou kesyon sa a refere ou a Appendix "A”.Kód Kondwit 55

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!