13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

OTORITE POU FÈ OBSÈVE DISIPLIN ELÈV YO(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Aprè Segondè A.C.E.)Pwofesè yo, Direktè yo, ak administratè yo gen otorite pou yo pran mezi ki nesesè e ki rezonabpou yo kenbe yon kontwòl ak yon disiplin pwòp nan mitan elèv ki plase anba swen aksipèvizyon yo. Nenpòt sanksyon ki pran kapab modifye swivan desizyon Direktè-a, Direktèadjwen-an, oubyen yon lòt moun yo chwazi.KÒD SOU KONDWIT AK KONPÒTMAN ELÈV YO(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Aprè Segondè A.C.E.)Nou espere ke Elèv yo ap konpòte tèt yo byen tout tan yon fason ki ap pèmèt yo kontribye aenterè bòn mach sistèm lekòl la e yon fason ki pap anpyete sou dwa lòt yo. Nou konsidereaktivite nou pra-l site la yo kòm <strong>kondwit</strong> ki dezòd e lè yon moun komèt jan de aksyon sa yo, genaksyon disiplinè tankou sa ki figire nan kòd la ki pral pran kont yo. Nou konsidere ke yon mounvyole règleman yo keseswa lè aksyon-an rive sou lakou lekòl la a nenpòt ki lè, andeyò lakoulekòl la men nan yon aktivite lekòl la, yon fonksyon, ou yon evenman, oubyen lè yo nan woutpou yo ale ak pou soti nan aktivite ke lekòl la òganize. Gen lè ki ap rive kote sanksyon ki prannan ka sa-a kapab chanje swivan desizyon Direktè-a, Direktè adjwen-an, oubyen yon lòt mounyo chwazi.ELÈV KI SIJÈ POU TONBE ANBA KONTWÒL LEKÒL (F.S. 1003.31)1. An akò avèk lwa ak règleman konsèy administrasyon eta-a ki dirije konsèy administrasyonlekòl la, chak elèv ki enskri nan yon lekòl dwe rete anba kontwòl lekòl sa-a:a. Pandan moman ke yo ap transpòte li ale lekòl osnon soti lekòl avèk lajan piblik la,b. Pandan tout moman li nan lekòl la,c. Pandan moman ke li sou pwopriyete lekòl la pou li patisipe avèk otorizasyon nan yonaktivite ke lekòl la òganize, avèkd. Pandan yon "tan rezonab" avan e aprè yon elèv te sou pwopriyete lekòl la pou vini lekòloubyen pou patisipe nan yon aktivite ke lekòl la otorize pou òganize, epi sèlman lè lekòl laanba sipèvizyon ak kontwòl direktè-a oubyen pwofesè ki an chaj lekòl la, ak anba kontwòlimedyat ak direksyon yon pwofesè ou lòt manb pèsonèl enstriksyon yo oubyen tou chofèbis la ke direktè-a bay yon responsabilite konsa. Chak elèv fèt pou yo anba kontwòl aklòd direktè-a oubyen pwofesè ki an chaj lekòl la pandan moman li nan wout pou li vinioubyen pou li soti lekòl oubyen pandan moman la lwa pèmèt pou li vini lekòl la.2. Tèm "tan rezonab la" vle di 30 minit avan oubyen aprè aktivite ki pwograme-a osnon ki dejakòmanse ou fini, kèlkeswa peryòd ki pi long la. Yon lekòl oubyen yon distri lekòl kapab,swivan règleman ou lòt aksyon fòmèl, asime yon peryòd sipèvizyon ki pi long (wè Kòd souAktivite/Atletik la, paj 33). Kontak pa ensidan ak okazyonèl ki fèt sou lakou lekòl la antpèsonèl distri lekòl la avèk etidyan yo pa dwe konsidere kòm yon devwa legal ki antre nankad sipèvizyon andeyò “tan rezonab” ki pale nan seksyon sa-a, amwens ke paran yo taresevwa yon avètisman de fwa pa ane oubyen avèk ansèy ki afiche responsabilite fòmèlsipèvizè lekòl yo e ki fè konnen ke paran yo pa dwe konte sou lòt sipèvizyon an plis. Devwasipèvizyon-an pa dwe konsène lòt moun ot ke etidyan ki lekòl la ak etidyan ki otorize poupatisipe nan aktivite ke lekòl la patwone yo.4 Kód Kondwit4

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!