13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

APPENDIX “E”Zewo Tolerans pou Move Kondwit Diskriminatwa e Arasanki anrejistre bò kote Manb Pèsonèl ak Elèv yoPwosedi ak Gid Direktif yoRègleman GABA/BAA Konsèy Ekzekitif Lekòl yo idantifye konpòtman diskriminatwa ak arasan kòmyon bagay ke yo pa pèmèt ditou. Diskriminasyon ak arasman se yon zak ki serye. Nou konsidere sa kòmyon <strong>kondwit</strong> ki pa akseptab nan anvironman kote moun ap travay ak kote moun ap etidye epi nou paptolere sa. Pou pouswiv règleman sa-a, distri-a te drese pwosedi ansanm avèk gid yo pou kapab ede limete règleman yo an aplikasyon. Entansyon pwosedi sa yo se pou rezoud plent ke moun ap pote yo sanyo pa fè pati pri.Pwosedi ansanm ak gid direktif yo pa kapab adrese chak sitiyasyon espesifik ki ap pase yo nan yon sistèmkonplèks ki enplike etidyan ak anplwaye yo. Alòs, pou nou defini "konpòtman diskriminatwa ak arasan"se yon bagay ki ap difisil anpil nan kèk ka. Tout bi pwosedi sa yo se pou founi yon mekanis ki pousolisyone pwoblèm yo avan ke yo vini pi sevè osnon pi grav. Ni etidyan yo ni granmoun yo, nouankouraje yo pou yo rezoud pwoblèm yo genyen yo nan yon nivo òganizasyonèl ki pi ba posib yon fasonki jis e ki san pati pri.Plent Etidyan yo PoteDistri lekòl la gen yon responsabilite pou founi ou yon edikasyon apwopriye ki gratis. Edikasyon ou pakapab e li pap janm diminye avèk aksyon lòt moun ki ap kreye yon move anviwonman pou moun aprann.Ou menm tou, sepandan, ou genyen yon responsabilite pou ou fè administratè lekòl ou yo konnen ki lèyon kanmarad lekòl ou, yon pwofesè osnon yon lòt moun ap komèt zak diskriminasyon kont ou osnon aparase ou. Avèk espwa, sitiyasyon-an kapab rezoud rapid e san pati pri nan fè moun nan konnen ke noupap aksepte jan de konpòtman li ap adopte-a.Etap nou pral bay la yo ap founi ou kèk gid ki ap pèmèt ou rezoud kèk plent kont arasman. Li enpòtanpou ke ou rapòte konpòtman ki pa apwopriye yo san pèdi tan keseswa se ou menm ki viktim nan oubyenou obsève yon lòt etidyan ki viktim.1. San pèdi tan rapòte zak Arasman-an bay yon granmoun responsab ke ou santi ou alèz avèk li(e.g., pwofesè ou la, konseye guidance ou-a, sipleyan lekòl la, assistan direktè-a osnon direktè-a). Siplent la tonbe kont direktè lekòl la, kontakte asistan sipèentandan-an. (enfòmasyon sa-a ap disponibnan tablo afichaj ou-a osnon ou kapab rele Sant Administrasyon Distri-a nan: 239-254-4000.)2. Byenke yo pa ekzije sa, nou ankouraje ou pou-w drese yon rapò ekri ki ap bay detay soukonpòtman arasman-an. (Fòm yo disponib pou ede ou drese rapò pa ekri-a. Ou ap jwenn fòm yo nanbiwo guidance lekòl la, nan biwo direksyon-an oubyen nan Depatman Sèvis Etidyan yo nan distri-a:239-254-4000.)3. Si, nan opinyon pa ou, rapò ou te pote-a pa rive jwenn yon solisyon bò kote granmoun ou te alchita pale avèk li-a, nou ap ankouraje ou depoze yon plent fòmèl devan direktè-a. Nan ka kotedirektè-a osnon yon administratè lekòl la enplike nan plent ou ap pote-a, ou mèt al pote rapò-a bayasistan sipèentandan-an. (Ou kapab kontakte biwo asistan sipèentandan-an nan rele SantAdministrasyon-an: 239-254-4000. Di resepsyonis la nan ki lekòl ou ye epi li ap konekte ou avèkbiwo asistan sipèentandan ki apwopriye-a.)4. Pa pi ta ke senk (5) jou aprè li fin resevwa plent fòmèl ou-a, direktè-a (osnon asistan sipèentandanan)pral kontakte ou pou pran yon randevou avèk ou pou reyini pou kapab diskite sitiyasyon-an. Toudepan de kalite plent la, distri-a kapab apwente yon anketè espesyal pou panche sou kesyon-an.5. Ou menm avèk paran ou/Responsab ou pral resevwa enfòmasyon konsènan desizyon direktè-apran-an nan yon espas senk jou lekòl osnon yon peryòd tan rezonab apre yo fin panche sou ka-a.6. Si, aprè ke ou fin resevwa desizyon direktè-a, ou pa santi ke pwoblèm nan rezoud oubyen li pakapab rezoud, ou kapab ale an apèl bò kote asistan sipèentandan-an (wè etap # 3 ki pi wo-a) paekri nan yon espas senk (5) jou lekòl aprè ou fin resevwa desizyon direktè-a.7. Asistan sipèentandan-an pral revize plent ou-a epi li ap fè ou konnen ki desizyon li konte prannan yon espas dis (10) jou lekòl aprè li fin resevwa demand apèl ou-a.62 Kód Kondwit62

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!