13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

WOL AK RESPONSABILITE(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Aprè Lekòl Segondè)Disiplin anndan lekòl la se responsabilite chak manb pèsonèl lekòl la. Chak manb pèsonèl yo dwekonprann byen estrikti disiplin yo epi yo dwe aksepte responsabilite yo pou yo fè sistèm nanmache. Pwofesè ki panse ke wòl yo se senpman ansenye e ke asire disiplin elèv yo se travay yonlòt moun, yo ap fè menm erè ak administratè ki panse ke yon bon pwofesè kapab responsab toutpwoblèm disiplin etidyan yo san ankenn lòt èd. Kòd la rekonèt ke gen bezwen pou yon relasyonkoperasyon ant etidyan, paran, ak edikatè. Relasyon sa yo jwenn jarèt nan bagay sa yo:PARAN/GADYEN KI:1. Kenbe yon kontak sere avèk lekòl la pou konnen kijan pitit yo-a ap kondwi tèt yo ak poujwenn enfòmasyon sou pwogrè akademik yo.2. Asire yo ke pitit yo vin lekòl chak jou e ke li rapòte tout absans pitit li yo epi li eksplikerezon absans la.3. Bay pitit li yo tout resous yo ap bezwen pou konplete travay nan klas yo.4. Ede pitit li yo pou yo pran swen tèt yo byen, pou yo abiye bèl ak pwòp.5. Fè otorite lekòl yo konnen nenpòt pwoblèm ki ap afekte pitit yo oubyen lòt timoun ki nankominote lekòl la.6. Diskite avèk timoun yo sou kou yo seleksyone, rezilta kanè yo, ak devwa yo genyen pouyo fè.7. Asire ke pitit yo ap viv an bòn sante.8. Toujou montre ke yo favorize yon atitid pozitif anvè lekòl.9. Pratike ak ankouraje timoun yo pou yo pratike trè karakteristik yo ke distri-a adopte.(Sitwayènte, Koperasyon, Onètete, Jantiyès, Patriyotism, Pèseverans, Respè,Responsabilite, Kontwòl Tèt yo,Tolerans)ELÈV KI1. Vini nan tout klas yo e ki vini a lè.2. Prepare pou klas avèk mateyèl travay ki apwopriye.3. Respekte pwopriyete ak dwa lòt moun.4. Kondwi tèt yo yon fason ki an sekirite e ki responsab.5. Byen abiye, pwòp, e byen òdone.6. Responsab pou pwòp aksyon yo.7. Koube yo ak règleman ak regilasyon ke lekòl la ansanm pwofesè sal klas yo tabli yon fasonendividyèl.8. Chèche pou chanje yon sitiyasyon nan lòd ak disiplin.9. Pratike ak ankouraje pou tout moun pratike trè karakteristik yo ke Distri-a adopte.(Sitwayènte, Koperasyon, Onètete, Jantiyès, Patriyotism, Pèseverans, Respè, Responsabilite,Kontwòl Tèt yo,Tolerans)YON PWOFESÈ/YON LEKÒL RESPONSAB KI:1. Ankouraje Itilizasyon bon pwosedi pou gide timoun yo.2. Mentni yon atmosfè ki pou kondwi timoun yo pou adopte bon konpòtman.3. Demontre yon atitid respè pou elèv yo.4. Planifye yon pwogram fleksib epi dispanse enstriksyon ki pou reponn a bezwen elèv yo.5. Devlope yon bon relasyon travay nan mitan kò pèsonèl pwofesyonèl yo, paran, ak elèv yo.6. Ankouraje elèv la vin enplike nan devlopman règleman ak regilasyon pou lekòl la.7. Mete sou pye yon sistèm rekonesans ki pou sipòte ak ankouraje bon konpòtman elèv yo.8. Pratike epi ankouraje tout pratike karakteristik Distri-a adopte yo. (Sitwayènte, Koperasyon,Onètete, Jantiyès, Patriyotism, Pèseverans, Respè, Responsabilite, Kontwòl Tètyo,Tolerans)9. Mentni yon atmosfè ki fasilite konsantrasyon elèv yo akdemikman pou pèmèt yo pote siksè.Kód Kondwit 33

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!