13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

KRITÈ ADMINISTRATIF POU READMISYON ELÈV YO TE METE DEYÒ LEKÒL LA(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)1. Yon etidyan ke yo mete deyò nan Lekòl Piblik Collier County yo oubyen ke yo mete nanyoun nan pwogram altènatif yo akoz yo te mete li deyò, tankou pa ekzanp pwogram Phoenixla, pa gen dwa pou li retounen nan lekòl yo te mete li deyò-a pandan ke li ap sèvi tèm sa-a.Sepandan, etidyan sa-a sipoze ranpli yon aplikasyon pou yon re-admisyon pou kondisyonpwobasyon-an, tèm pwobasyon-an ap tabli a menm longè ke eksklizyon orijinal la ap dire.Aplikasyon pou re-admisyon etidyan-an pral fèt pa ekri e yo dwe soumèt li nan biwo Direkèa.Direktè-a dwe rekòmande oubyen refize aplikasyon pou re-admisyon-an. Direktè-a pralvoye aplikasyon-an avèk rekòmandasyon li-a bay Sipèentandan-an osnon yon lòt reprezantanki pou revize li. Nan ka kote gen yon ekspilsyon, Sipèentandan-an ta dwe selon jijmanpèsonèl li pote aplikasyon-an devan Konsèy Ekzekitif Lekòl la pou yo kapab diskite sou lioubyen li kapab deside pou li pa fè sa. Se Konsèy Ekzekitif la ki ap pran desizyon final lapou konnen si yo ap readmèt etidyan yo te mete deyò-a. Lè ke yo te bay etidyan an yonsolisyon altènatif aprè yo fin mete li deyò-a, se Sipèentandan-an oubyen yon reprezantan li kidwe pran desizyon konsènan readmisyon-an.2. Lè yo ap evalye yon aplikasyon pou readmisyon pou yon etidyan konsa, yo sipoze konsiderekritè nou pral bay la yo: Yo dwe konsidere si etidyan-an -a) te konplete yon pòsyon nan tèm eksklizyon-an san okenn ensidan,b) te aplike pou readmisyon,c) te soumèt ansanm ak aplikasyon li-a fòm rekòmandasyon ki soti bò koteparan/responsab li yo, anplwaye li yo, sosyal li, polis, ajans pwobasyonè ou medikalyo, ki endike ke etidyan-an te jwenn rekonesans satisfezan, yo te adrese li e korijepwoblèm nan osnon kòz ki te kontribye pou fè yo mete li deyò lekòl la,d) poze yon menas, danje osnon yon malè pandye pou tèt li oubyen pou sante,sekirite oubyen byenèt lòt moun ki nan lekòl la,e) kapab repare kredi li yo akademikman, repare ekzijans yo etc. ke li te pèdi pandantout tan li te deyò lekòl la (yo ap konsidere laj kwonolojik) pou tan li rete yo nanbi pou li fè pwogrè ki rezonab pou reponn a ekzijans pou li gradye yo.f) dakò pa ekri pou aksepte kondisyon ki mete devan li pou li readmèt nan klas LekòlPiblik Collier County yo sou yon baz pwobasyon pandan ke li ap kenbe estati ofisyèlli genyen kòm yon etidyan ki “ekskli”. Pral genyen yon konpreyansyon klè pou di kesi gen vyolasyon ki anrejistre kont kondisyon akò yo oubyen disiplin referal "majèyo", sou desizyon Sipeentandan-an oubyen yon lòt reprezantan li, sa pral abouti a yonfen nan estati readmisyon kondisyonèl etidyan-an epi li ap retounen nan estai li tegenyen avan-an ki se mete li deyò nèt nan lekòl la.3. Direktè-a gen dwa pou li ajoute restriksyon anplis sou etidyan ki ap bati yon ka endividyèl.Ekzanp ekzijans sila yo ki san limitasyon, parèt konsa:a) Ekzamen dwòg peryodik, men se elèv la ki ap peye, ke yon doktè lisansye oubyenyon teknisyen laboratwa fè sou preskripsyon ke li resevwa bò kote yon doktè epi yoap voye rezilta-a bay lekòl la si lekòl la mande li (ekzijans sa-a se KonsèyAdministrasyon lekòl la ki pou di pou sa fèt pandan reyinyon yo ap òganize poumete deyò etidyan ki enplike nan pwoblèm dwòg, ki itilize yo oubyen ap vann yo).b) Evaliyasyon sikolojik peryodik, se elèv la ki ap peye pou sa, ke yon sikyat/sikològlisansye fè epi yo ap voye rezilta-a bay lekòl la si li mande li (ekzijans sa-a se4646 Kód Kondwit

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!