13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

DISIPLIN/PWOSESIS/KRITÈ ADMINISTRATIF POUREPRANN ETIDYAN YO TE METE DEYÒ YO(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Aprè Segondè A.C.E.)FONDMAN FILOZOFIK:Opòtinite pou resevwa edikasyon piblik se pa yon privilèj men se yon dwa enpòtan. Etidyan kitwouve yo an danje pou yo sispann yo lekòl oubyen pou yo mete yo deyò lekòl la sipozebenifisye yon pwosè ak pwosedi.DWA:Etidyan yo gen dwa pou yo gen yon pwosè si yo tarive yon moman kote yo ap pran yon sanksyondisiplinè ki serye kont yo. avan sispansyon-anaplike, yo sipoze bay etidyan yo nòt oral ak ekri kifèt atan e ki eksplike akizasyon ki ap peze sou doyo-a epi ak evidans ki sipòte jan de aksyon sa yo.Etidyan yo gen dwa pou yo resevwa kèk osnon toutnan eleman sila yo ki fè pati pwosè yo, tou depannde eta devlopman sitiyasyon-an avèk aksyon kipwopoze pou aplike kont yo: Dwa pou yo eksplike, idantifye nenpòt faktè kimodere epi eksplike istwa-a nan fason pa yo. Dwa pou yo kesyone chak manb pèsonèl lekòlla ki prezante kòm temwen ensidan ki pase-a. Dwa pou yo prezante evidans ak/oubyentemwen ki pou defann yo. Dwa pou gen yon jijman san pati pri. Dwa pou prezante devan, konfwonte akkesyone temwen advèsè yo. Dwa pou gen yon paran/responsab yo oubyenavoka (se etidyan-an k’ap peye avoka-a) kiprezan nan jijman-an, epi, si yo reklame sa,pou yo akonpanye avèk yon lòt granmoun kipou ede yo kominike avèk pèsonèl lekòl la nannenpòt reyinyon. Dwa pou yo genyen yon kopi dosye pwosè-a.Etidyan yo gen dwa, selon sikonstans kiapwopriye yo pou patisipe nan yon sispansyonaltènatif entèn.Etidyan yo gen dwa pou yo resevwa sèvisedikasyonèl diran lajounen oubyen nan yonpwogram edikasyon altènatif ki fèt nan aprèmidi si yo sispann yo akoz pwosè ki appouswiv pou dezòd yo te fè.Etidyan ki pran desizyon pou yo kite lekòl poukont yo gen dwa pou yo re-antre nan yonpwogram. Si yon administratè refize yonetidyan re-antre nan yon pwogram, sa kapabtrennen dèyè li yon pwosè ki apwopriye.RESPONSABILITE:Etidyan yo gen responsabilite pou eksèsedisiplin pou tèt yo nan sal klas yo ak nanlakou lekòl la yon fason pou dwa tout mounkapab respekte epi pou efò tout moun ap fèkapab ale nan direksyon atmosfè ki pou tablipou timoun yo aprann.Etidyan yo gen responsabilite pou evitenesesite pou ekzèse dwa sa-a, nan sa kikonsène seryezite pwoblèm yo, pou obeyiRègleman Konsèy la ansanm avèk regilasyonyo ak nan kondwi tèt yo yon fason ki akseptab.Etidyan yo gen responsabilite, pou yon fwa yoaksepte yon sispansyon altènatif entèn, pou yopatisipe yon fason konstriktif nan pwogramedikasyonèl ke yo ap ofri yo.Etidyan ki re-antre nan lekòl yo genresponsabilite pou yo mennen paran yo pouvin diskite pwogram edikasyonèl apwopriyeyo epi pou debouye yo pou yo prezan touttan epi pou bay yon patisipasyon pwodiktifnan lavi lekòl la.Kód Kondwit 4545

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!