13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

VII. PWOSÈ AK DWA POU ALE AN APÈLA. Pwosè yo1. Aprè rapò inisyal la, patisipan-an, paran li yo, antrenè-a, direktè osnon patwon mizik la,ansanm avèk direktè lekòl la pral resevwa yon notifikasyon sito ke posib nan menkowòdonatè aktivite yo pou fè yo konnen ke gen yon patisipan ki komèt yon vyolasyonkont Kòd Kondwit Aktivite/Atletik la. Kowòdonatè aktivite yo oubyen yon ranplasan lipral òganize yon premye chita tande enfòmèl tou kout, avèk endividi konsène yo, yon fasonpou li kapab ranmase enfòmasyon avan pou li tanmen yon aksyon administratif ofisyèl.Nan chita tande sa-a, patisipan-an pral tande kisa li fè ke yo repwoche li ki pa bon, epi yoap founi li non moun ki te temwen sa ki pase-a epi yo ap ba li yon rezime tou kout sou fè kisipòte zak li komèt la(yo) epi patisipan-an ap genyen opòtinite pou li refize plent la ak pouli defann tèt li epi pou li eksplike kòman istwa-a te pase nan fason pali.Lè yon premye tès dwòg yo fè pou yon elèv revele yon rezilta pozitif paske yo jwenn younoubyen plizyè sibstans sispèk nan san san li, epi MRO konfime rezilta-a, paran/elèv yokapab mande pou yon laboratwa ke yo chwazi analize espesimen “B” tès la e ke pou yovoye espesimen “B” a nan laboratwa ki sètifye yo chwazi pou pèfòme tès dwòg souespesimen nan. Si rezilta tès dwòg laboratwa sa-a revele pozitif, yo pa ka ale an pèl avèkkonklizyon sa-a.2. Si pandan chita tande-a, yo detèmine gen vyolasyon ki te komèt kont Kòd KondwitAktivite/Atletik la, alò yo pral pran sanksyon ki gen rapò ak sa Kòd la di ak selondesizyon ki soti nan Pwosè Administratif yo.3. Paran yo ak patisipan-an pral resevwa yon mesaj pa ekri ki ap anonse yo vyolasyon kikomèt kont Kòd Kondwit Aktivite/Atletik la epi ak desizyon, kondisyon, penalite osnonaksyon ki pral enpoze yo.B. Dwa pou li ale an Apèl1. Paran-an(yo) ak patisipan-an ap gen dwa pou yo ale an apèl si yo pa dakò ak desizyonkowòdonatè oubyen dezinye li oubyen direktè lekòl la pran yo. Demand pou ale an apèlla dwe soumèt pa ekri bay direktè-a nan espas senk (5) jou nan kalandriye lekòl la aprèdesizyon orijinal la. Pandan apèl la ap pwogrese, penalite-a, aksyon-an, osnonkondisyon ke kowòdonatè aktivite yo enpoze sou patisipan-an ap rete an aplikasyonjiskaske direktè-a pran yon desizyon final.2. Si apèl la ap pouswiv pandan yon tan, si li kontinye pou yon espas senk (5) jou aprè yote fin resevwa anons apèl la, direktè-a pral òganize yon reyinyon administratif enfòmèlsou vyolasyon ki te komèt la. Yo ap enfòme patisipan-an sou akizasyon ki ap peze soudo li yo epi yo ap ba li dwa pou li defann tèt li, pou li ekzamine prèv yo, li ap gen dwapou li fè yon konseye legal (avoka) reprezante li, men se li menm ki ap peye pou sa, yoap bali dwa pou li vini konfwonte epi re-ekzamine temwen yo, li ap gen dwa pou likonnen ke desizyon yo baze sou fondman evidans yo epi li ap gen dwa pou li reklameyon kopi dosye pwosè-a san bliye tou ke li ap gen dwa pou li eksplike jan bagay la tepase nan fason pa li.3. Desizyon direktè-a konsènan reyinyon administratif enfòmèl la ap vin tounen yondesizyon final e dosye-a ap fèmen. Sepandan, Asistan Sipèentandan-an kapab chitatande yon apèl sou dènye desizyon direktè-a. Yo pral kominike bay paran-an ansanm akpatisipan-an pa ekri desizyon ki soti sou nenpòt apèl.Kód Kondwit 3939

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!