13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Vince Smith House 2450 Prince St, Ft. Myers 338-2306Juvenile Assessment Center 3315 Tamiami Trail 774-3927C. TÈS DWÒG SOU ELÈV YO O-AZA1. Seksyon sa-a aplike sèlman pou etidyan ki ap patisipe nan yon aktivite espòtif ki patwone paFHSAA ak/oubyen nan pwogram majorèt ki ap ankouraje piblik espòtif yo. Patisipan ki angajenan aktivite sa yo dwe dagò pou soumèt a yon tès dwòg o-aza, san okenn avètisman avan sa,kèlkeswa lè administratè lekòl la konvoke yo pou sa. Patisipan-an ansanm avèk paran li oubyenmoun ki responsab li dwe siyen yon fòm pou bay konsantman yo pou tès la fèt avan pou elèv lajwenn pèmisyon pou patisipe nan pwogram yo. Pwogram tès dwòg o-aza a pral fèt sou kontwòlrègleman konsèy administrasyon lekòl la tabli, e yo pral fè tout efò posib pou pwoteje vi priveak aktivite konfidansyèl elèv yo. Yo pral konsidere rezilta o-aza yon tès dwòg ki pozitif kòmevidans ki ase pou vyole seksyon IV. B nan kòd sou <strong>kondwit</strong> pou Aktivite / Atletik yo, e yopral aflije konsekans an akò ak seksyon IV. B nan kòd sou <strong>kondwit</strong> pou Aktivite / Atletik yo.2. Si yo detèmine (nan moman yon elèv prezante nan laboratwa pou ekzamen an) ke elèv la fèespre pou li kontamine espesimen li ap bay la yon fason kèlkonk, oubyen li ap tante pou itilizeyon lòt bagay pou gate tès la, yo pral fè elèv sa a konnen ke yo sispann li nan tout aktiviteentèskolè yo oubyen aktivite ekstra nan lekòl yo ki anba règleman sa-a pandan yon (1) laneapati dat notifikasyon-an. Pou elèv la ka retounen jwenn kalifikasyon li ankò, fò li satisfè toutekzijans ki tabli nan seksyon IV. B.4 règleman sa a.3. Si yon elèv refize soumèt a yon tès dwòg lè yo mande li sa, aprè li te fin soumèt yon fòmkonsantman pou ekzekite tès la, yo pral enfòme elèv sa-a ke yo pral sispann li nan tout aktiviteentèskolè yo oubyen aktivite ekstra nan lekòl yo ki anba règleman sa-a pandan yon (1) laneapati dat notifikasyon-an. Yo pral mande pou elèv la siyen yon fòm ki endike ke li refize sibiyon tès epi li konnen ki konsekans sa ap trennen dèyè li. Pou elèv la ka retounen jwennkalifikasyon li ankò, fò li satisfè tout ekzijans ki tabli nan seksyon IV. B.4 règleman sa a tou.4. Yon fwa ke yon elèv kli vyole règleman sa-a, jan sa dekri nan seksyon IV. C.1, C.2, oubyenC.3, retounen jwenn kalifikasyon li ankò, elèv atlèt la pral sibi lòt tès dwòg, nan lè ke yo pap alanonse elèv atlèt sa-a avan. Elèv atlèt la pral sibi lòt tès dwòg yo pandan yon peryòd ki ap direjiska yon (1) lane apati premye rezilta tès ki pozitif la.V. MOVE KONDWIT JENERALLè yo ap pran desizyon konsènan move <strong>kondwit</strong> ki jeneral, li enpòtan pou pwofesyonèl nou yomete aksan sou patisipan yo ki kenbe yon nivo konpòtman ki wo anpil pandan tout tan pou fèkonnen ke se yon bagay ki gen yon enpòtans kapital e ke bi ki apwopriye pou nou yo "se pa pouekip yo ranpòte la viktwa a nenpòt pri". Sa ki enpòtan se kenbe e demontre yon bon jankonpòtman fizik, moral ak yon konpòtman etik osi byen ke yon angajman pou valè konpetisyonespòtif yo ak sitwayènte ki se mesaj ki pi fò nou kapab transmèt bay patisipan yo pandan ke yoap patisipe nan pwogram entèskolè yo ak aktivite ki pa nan pwogram nòmal lekòl la.A. Direktè lekòl la oubyen kowòdinatè aktivite tankou antrenman/klèb patwonaj/mizikdirectè/aktivite yo dwe sispann yon patisipan pou vyolasyon ki konsidere kòm aktivite kiap tèni imaj wo nivo ki ap pwone pou pwogram entèskolè yo ak aktivite ki andeyòpwogram nòmal lekòl la. Vyolasyon sa yo kapab enkli ladan yon move aksyon kianrejistre andedan osnon andyò pwopriyete lekòl la, men yo pa limite a sa sèlman, yon zakki kapab konsidere kòm yon deli (apa de yon kontravansyon trafik ki minè) oubyen yonkrim ki grav anba la lwa Eta Florid la, vyolasyon Kòd Kondwit Etidyan CCPS la,konpòtman dezagreman, vyolasyon règleman patikilye manb eta-a osnon manb lokal laKód Kondwit 3737

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!