13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

ENTWODIKSYONAn akò avèk manda ke Lwa Florid la pibliye tout elèv nan Lekòl Piblik Collier County yo pralresevwa yon livrè sou Kòd Kondwit Elèv yo, ke yo rele Kòd. Ti liv sa-a pale sou rekonesansdwa elèv yo, sitou dwa yo genyen pou yo aprann. Li gen rekonesans sou responsabilite elèv yogenyen pou yo respekte dwa lòt yo e pou yo respekte obligasyon tout lekòl yo genyen pou yo fèlòd ak la pè ki nesesè tabli pou yo kapab resevwa yon pen lenstriksyon ki solid e ki efektif.Tout lekòl nan Collier County yo dwe mete kòd sa-a an aplikasyon nan devlopman pwosediendividyèl livrè lekòl pa yo. Liv sou règleman elèv yo dwe al jwenn elèv yo yon fason pou yokapab konnen a plen responsabilite ak dwa yo.Bi edikasyon lekòl yo ap akonpli nan yon klima kote yo ap rekonèt e respekte dwa akresponsabilite chak endividi. E sa ki enplisit nan dwa say o se responsabilite pou respekte dwalòt yo genyen.Premye fonksyon lekòl piblik nou yo se pou bay tout elèv nou yo opòtinite pou yo jwenn yonedikasyon san pati pri. Edikasyon pap posib si pa gen yon atmosfè kote bon lòd ak disiplin kinesesè pou yon enstriksyon efektif tabli. Lòd ak disiplin kapab dekri tankou lè pa gendistraksyon ak anpechman ki fè entèferans nan fonksyonman etidyan yo, klas la avèk lekòl la.Tout tan etidyan yo ap pwogrese nan lekòl la, li rezonab pou yo asime e rekonèt ke laj yo apogmante e ke y-ap gen plis matirite ki vle di tou y-ap gen pi gwo responsabilite pou aksyon yokomèt. Diferans laj ak matirite antre an konsiderasyon lè yo ap detèmine ki kalite sanksyon pouyo pran kont yon elèv. Pwosedi ki nan Kòd sa-a aplike pou tout etidyan ki nan Lekòl PiblikCollier County yo.Kòd la toujou an vigè lè etidyan-an ap vwayaje pou ale lekòl la oubyen soti lekòl la pou ale yonlòt kote, san konte evenman ke lekòl la òganize, joune, aktivite atletik, ak lòt aktivite koteadministratè apwopriye yo gen kontwòl sou etidyan yo. An plis de sa, Direktè lekòl la genotorizasyon pou li pran aksyon administratif lè konpòtman yon elèv an deyò lekòl la lage oubyenkapab lage yon move vèni sou lòt elèv yo oubyen sou lòd ki tabli nan pwosesis edikasyon-an.Etidyan ke yo mete deyò lekòl la pou kèlke jou, oubyen ke yo mete deyò lekòl la nèt oubyen keyo voye nan yon lòt pwogram altènatif pa dwe antre ou prezante a yon distans ki egal a mil pyedevan yon batiman lekòl kèlkeswa lè-a.Bon lòd ak disiplin se panse ki pi bon pou yon moun genyen pou aji yon manyè pozitif, pa yonmanyè negatif; pou ede yon etidyan ajiste li, olye pou pini li; pou chanje yon konpòtmaninakseptab e fè li tounen yon konpòtman akseptab. Li se yon panse tou ki jistifye prezans yonatmosfè amikal olye de yon atmosfè komèsyal kote elèv avèk pèsonèl lekòl yo ap travay men nanmen pou atenn bi ke yo tout ansanm vize e aksepte.RAPÒTE ENKYETID OU GENYEN SOU SEKIRITE LEKÒL LASAN OU PA BAY NON-W E SAN OU PA PEYE1-877-7BE BRAVEKód Kondwit 11

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!