13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

andyò pwogram yo (ki gen ladan yo reyinyon de baz lekòl yo, pratik, pèfòmans, jwèt,konpetisyon, etc.) aplike pou tout Asosyasyon Aktivite Lekòl Segondè Florida yo, lòt aktivite keeta-a patwone ansanm avèk lòt òganizasyon ke Lekòl Piblik Collier County yo patwone nanlekòl segondè yo, ofisye, patisipan ak/oubyen manb ki ranpli kondisyon sila yo.Se yon privilèj nou ba ou pou-w patisipe nan aktivite sila yo men se pa yon dwa ou genyen. Genyon relasyon ki ekziste ant konpòtman yon patisipan andedan ak andeyò pwopriyete lekòl la akekzèsis privilèj patisipan yo jwenn pou yo patisipe nan aktivite yo. Patisipan yo reprezante lekòlyo-a ansanm avèk kamarad etidyan yo. Yo genyen vizibilite ki pi wo-a ak pi gwo rekonesans la,yo asime wòl lidè epi yo trase bon ekzanp pou lòt etidyan parèy yo. Sa vin kreye yon devwa akresponsabilite bò kote patisipan yo pou yo kondwi tèt yo nan la dwati keseswa andedan oubyenandeyò pwopriyete lekòl la. Geyen yon relasyon ki ekziste ant aktivite sa yo avèk santepatisipan yo, abilite fizik ak mantal yo, konpetans ak disiplin sosyal yo. Yon patisipan ki adopteyon konpòtman apwopriye kapab kontribye nan fòme karaktè patisipan yo ak moun ki papatisipan yo.Nan bi pou yo kapab kenbe yon pèfòmans de wo nivo nan aktivite entèskolè yo oubyen aktiviteki andeyò pwogram lekòl yo, yo ekzije pou tout kandida yo obeyi avèk règleman ki an vigè nanKòd Kondwit sou Aktivite/Atletik yo. Sepandan, antrenè yo, direktè mizik yo ansanm ak mounki patwone klèb/klas yo dwe itilize jijman ak otorite yo pou yo devye sou Kòd Kondwit souAktivite/Atletik yo sèlman pou yo kapab tabli kèk pratik an plis ak règleman pou aktivite yo apmennen yo ki mande plis efò e ki gen plis restriksyon pase lòt aktivite ki te deja an pratik yo, siyo konsistan avèk filozofi Kòd sa-a. Kalite pratik ak règleman sa yo dwe revize epi apwouve pakowòdonatè aktivite ki apwopriye yo epi pa direktè lekòl la avan ke yo tanmen aplike yo soupatisipan yo nan yon seri sikonstans espesyal.Li enpòtan pou ke patisipan-an konprann ke yo fèt pou yo adere a règleman sila yo pou tout tan ke yoap patisipe nan aktivite entèskolè yo oubyen aktivite ki an deyò pwogram lekòl yo atravè karyèpatisipan ki nan lekòl segondè yo. Sepandan, sèlman yon dezòd ki anrejistre pandan ane lekòl la,pandan sesyon kou dete yo kote patisipan-an te enskri, oubyen pandan yon entèval ki andyò peryòdsa yo si patisipan-an te ap patisipe nan yon aktivite entèskolè oubyen yon aktivite ki pa nan pwogramlekòl la (i.e., espò pre-sezon pou otòn nan oubyen pratik fanfa), patisipan ki fè dezòd la pral tonbeanba yon sispansyon osnon yon restriksyon oubyen yon penalite (eksepte pou ekzijans adisyonèl yotankou sa mansyone nan Seksyon V (B) ki gen rapò ak deli grav ki komèt yo). li enpòtan pou kepatisipan-an ansanm avèk paran li konprann ke patisipasyon li nan aktivite sa yo se yon privilèj, se payon dwa, epi li pa gen anyen pou-l wè nan sa yo ekzije pou gradiyasyon li. Patisipan ki kwè yo papkapab koube a gid ki genyen nan Kòd yo dwe pran desizyon pou yo pa patisipe nan pwogramentèskolè yo ak aktivite ki andeyò pwogram lekòl yo. Se nan ide sa-a ke nou ekzòte patisipan yo pouyo adopte yon karaktè ekzanplè. Patisipan yo pwomèt pou yo sipòte ak tout fòs yo Kòd KondwitAktivite/Atletik yo epi yo dakò pou yo obeyi lwa ak atik ki nan Kòd sa-a, lè yo ap patisipe nan younoubyen plis nan aktivite entèskolè yo osnon aktivite ki pa nan pwogram lekòl la ke Kòd sa a kouvri.Nan yon sitiyasyon kote yon patisipan refize koube a règleman yo, antrenè-a, direktè mizik la,oubyen lòt moun ki patwone evenman-an pral entèprete konpòtman patisipan sa-a kòm yonendikasyon kòm kwa li pa manifeste enterè pou li patisipe nan pwogram entèskolè ak aktivite kiandeyò pwogram nòmal lekòl la. Si li pa vle koube a Kòd yo, sa kapab lakoz yo sispann li oubyenmete li deyò nèt nan aktivite nou t-ap pale pi wo yo.Yo pra-l distribye epi diskite kopi Kòd Kondwit Aktivite/Atletik Lekòl Piblik Collier County yo aktout patisipan etidyan yo nan lekòl ke yo ye-a ak nan kòmansman chak peryòd aktivite osnon chakane lekòl, oubyen nan moman kote yon etidyan ap transfere nan yon Lekòl Piblik nan CollierCounty-a. Paran yo pral resevwa envitasyon pou yo vini patisipe nan reyinyon aktivite yo pou yokapab jwenn enfòmasyon epi diskite Kòd la.Kód Kondwit 3333

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!