13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Avi pou Elèv ki Absan ak Konsekans sa Trennen Dèyè yoChak fwa yon elèv rive akimile dis (10) jou absans, apa de lè yo voye li al chita Lakay li,keseswa absans yo eskize ou pa, yo pral voye dosye absans yo bay paran/responsab elèv la sanpèdi tan. Direktè-a oubyen yon lòt otorite dezinye nan lekòl la pral fè tout kalite efò avèk bònfwa pou kontakte paran oubyen responsab la pa telefòn pou diskite rezon ki motive absans sa yo,epi li pral dokimante kontak li fè yo.Chak fwa yon elèv absan pandan ven (20) jou, keseswa absans yo eskize ou pa, yo pral konvokeparan timoun sa a nan yon reyinyon epi, selon jijman direktè a oubyen yon lòt otorite dezinye, paranan oubyen responsab la kapab verifye epi apiye absans yo avèk dokiman ki apwopriye (ekzanp, vizitdoktè, etc.). Si, pandan konferans la, direktè a oubyen lòt otorite a detèmine ke absans elèv la eksesifakoz absans yo pa eskize, yo pral rekòmande pou li ale nan yon Pwogram Aprè Lekòl (A.S.P.)oubyen yon pwogram pou li vini lekòl samdi, si yo disponib, yon fason pou li kapab ratrape tan lipèdi yo [ekzanp, yon (1) jou an plen li manke egal a yon sesyon kat (4) èdtan nan pwogram samdiyo; yon (1) jou an plen li manke ap egal a kat (4) sesyon ki dire inèdtan (1) nan pwogram aprè lekòlyo. Elèv ki ap patisipe nan sesyon sa yo ap resevwa devwa akademik pou yo konplete.RÈGLEMAN SOU PREZANS NAN LEKÒL ELEMANTÈ YORezon ki fè nou tabli règleman sa a se pou ankouraje prezans regilye timoun yo nan lekòl la pou yoka pote siksè nan aktivite akademik yo. Se responsabilite paran yo, elèv la, ak lekòl la pou fè timounnan vini lekòl regilyèman.Yo ekzije pou Paran/Responsab yo avize lekòl la chak lè timoun nan ap absan epi enfòme lekòl lasou rezon ki fè timoun nan ap absan pandan karant-uit (48) èdtan (apèl telefonik oubyen nòt ekri).Pou chak absans yo anrejistre ki pa eskize oubyen yo pa konnen rezon ki okazyone absans la, direktèlekòl la oubyen yon lòt otorite yo deziye pral kontakte paran / responsab elèv la pou detèmine rezonabsans la.Lekòl la pral avize yon paran, pa ekri, chak lè yon elèv akimile dis (10) ak kenz (15) absans ki eskizeoubyen ki pa eskize, apa de lè yo voye li al chita lakay li pou dezòd. Lekòl la pral planifye yonkonferans paran, lè yo bezwen sa, ak avan yo refere yon elèv bay Depatman Sèvis Elèv yo poutèt yopa prezante lekòl.F.S. 1002.20, 1003.21, 1003.24, 1003.26, 1003.27RÈGLEMAN 26. KÒD SOU KONDWIT POU AKTIVITE/ATLETIK:(Lekòl Segondè sèlman)Konsèy Administrasyon Lekòl Collier County-a envite tout etidyan yo (ki refere kòm patisipan)ki gen abilite, atitid, espri koperatif, ansanm avèk devouman pou yo reprezante byen lekòlsegondè nou yo pou yo vini kandida epi pou yo patisipe nan pwogram aktivite entèskolè nou yoak aktivite ki andyò pwogram eskolè yo. Gras a kòd sa-a, aktivite entèskolè oubyen aktivite ki32 Kód Kondwit32

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!