13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Si elèv la absan pou plis pase dis pousan (10%) tan lid we pase nan nenpòt kou, epi si li absanpou plis pase dis pousan (10%) nan tan ki rete nan kou a aprè ke li fin enskri oubyen transferenan kou a, yo pral fè li menm oubyen paran li konnen ke li pap jwenn kredi pou kou sa a, pou lòtkou kote limit absans li ekzajere, a mwens ke li metrize pwogram ke eta a ekzije li aprann yo.NÒT: F.S. 1003.26, 1003.27, 39.01(73)(a) 984.03(27) ekzije pou chak direktè lekòl osnon yonlòt resposab rapòte chak elèv yo sispèk ki ap fè woul bay Konsèy Administrasyon Lekòl la. Anplis de sa, yo ekzije pou sipèentandan distri lekòl la oubyen yon reprezantan li rapòte ka a bayDepatman Sikilasyon non elèv sa yo avèk lòt enfòmasyon ki pou pèmèt yo idantifye elèv sa yo kiap rate jou lekòl. Elèv ki tonbe nan kategori moun ki ap fè woul se elèv ki akimile kenz (15)absans ki pa eskize nan yon espas katreven dis (90) jou nan kalandriye lekòl la.RÈGLEMAN SOU PREZANS NAN MIDDLE SCHOOL YO (klas mwayen sèlman)Rezon ki fè nou mete règleman sou prezans sa a se pou nou kapab bay elèv klas mwayen yo yonpati nan responsabilite yo genyen pou yo vini lekòl chak jou. Akoz reglèman sa a, elèv yo sipozefè atansyon pou yo vini lekòl tout tan. Pou yon elèv pase soti nan yon klas pou monte nan yonlòt klas ki pi wo, sa pral depann de dosye prezans li nan lekòl la a travè ane a.Aktivite nan klas yo gen pwòp valè pa yo e yo pa kapab ranplase devwa ke elèv la dwe remètpou li kapab fè nòt pou klas la. Lè yon elèv pa vini lekòl li pèdi entèaksyon ki fèt nan klas laansanm avèk devlopman ide yo a travè diskisyon. Lè yon elèv enskri tèt li nan yon lekòl se yonangajman li pran pou li vini lekòl la chak jou. Konsa, règleman sa yo la pou ankouraje elèv laepi raple li ke li dwe vini lekòl chak jou sof si gen yon sitiyasyon ki ekziste e ki pèmèt yo oblijeabsan nesesèman. An plis toujou, se yon devwa chak lekòl genyen pou yo founi elèv yo bon janpwogram ki fè sans avèk bon jan motif apwopriye pou ankouraje elèv la kenbe angajman li pranpou pouswiv edikasyon li ak pou li onore prezans li.Se responsabilite paran an avèk elèv la pou ke elèv la vini lekòl. Tout elèv middle school yosipoze vini lekòl regilyèman epi yo fèt pou yo rive a lè nan klas yo yon fason pou yo kapabbenefisye pwogram enstriksyonèl yo epi pou yo kapab devlope yon bon abitid pou yo toujou a lè,pou yo disipline tèt yo, ak pou yo asime responsabilite pwòp tèt pa yo.Yon elèv ki absan san apwobasyon direktè lekòl la osnon yon lòt otorite dezinye dwe fè paran lioubyen responsab legal li rele lekòl la pou fè konnen pou kisa li absan swivan jan Kòd KondwitEtidyan Lekòl Piblik Collier County yo ak liv règleman endividyèl elèv middle school yo dekripou sa fèt. Direktè a osnon yon lòt ofisyèl kapab reklame lèt yon doktè avan pou yo ka eskizeabsans yon elèv ki depase twa (3) jou nan nenpòt nan semès yo pandan nenpòt ane lekòl.Nou ap konsidere ke yon elèv ap fè woul lè li pa vini lekòl epi li pa genyen yon pèmisyon paranli osnon responsab legal li oubyen lè paran oubyen responsab legal li konsanti ke timoun nanabsan pou ezon ki pa nesesè (e.g., vakans, etc.) ki pral konsidere kòm absans ki pa eskize.Kód Kondwit 3131

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!