13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

D. Absans yo pa valide, ki ap lakòz elèv la pa fè nòt pou jou a nan chak klas yoe nòt sa yo ap kontribye pou fè li pa resevwa kredi, sa pral enkli ladan yo,men yo pap limite a sa sèlman, lè timoun nan ap fè woul, lè li pa ale nanklas, ak lè li rive vensenk (25) minit ou plis an reta nan yon klas. Pou elèvyo ka kalifye pou yon absans eskize oubyen valide, fòk paran yo avize lekòlla ke timoun nan ap absan nan yon espas venkat (24) èdtan apati dat li absanan. Li preferab pou w bay yon kout telefòn nan dat absans la avan 10è nanmaten. Si li pa posib pou w kontakte lekòl la pa telefòn, donk paran an apbay elèv la pote yon nòt nan direksyon lekòl la lè li ap retounen lekòl la poueksplike rezon absans la. Si ou pa avize lekòl la nan espas venkat (24) èdtanpa telefòn oubyen pou w voye yon nòt lè elèv la ap retounen, sa ap lakoz keyo pa eskize oubyen valide absans la kèlkeswa rezon ki fè timoun nan patvini lekòl. Si yo pa avize lekòl la avan 10:00 a.m. nan jou absans la, lekòl lapral fè tantativ pou kontakte paran an lè sa pratikab ak lè sa posib. Direktè akapab deside pa aplike ekzijans notifikasyon venkat (24) èdtan an lè selonjijman, gen sikonstans tanjib ki ka jistifye pou li fè sa. An plis denotifikasyon paran an, absans yo dwe mache ak verifikasyon ekri pou yokapab jwenn eskiz.E. Travay/devwa ratrapajElèv yo dwe genyen yon (1) jou lekòl pou chak jou lekòl ke yo absan pou yoka refè devwa yo te pèdi yo san okenn penalite akademik. Se elèv la kiresponsab pou aranje li pou refè devwa sa yo. Li ap resevwa yon “F” poudevwa li pa rive refè nan peryòd ki espesifye yo. Direktè a kapab pwolonjekantite tan pou refè devwa yo lè nan jijman pa li gen sikonstans tanjib kijistifye pwolonjman sa a. sepandan, yo ap tann pou elèv yo retounen devwaki ap dire plizyè jou pou konplete ke yo te bay avan li te absan an nan jouelèv la ap retounen lekòl la. Yo pral aplike dispozisyon sa yo nan tout nivoklas yo.RetaYo konsidere ke yon elèv an reta lè li parèt aprè ke jounen lekòl la kòmanse oubyen lè elèv la pachita nan klas kote li sipoze ye lè klòch lekòl la ap sonnen.Yo kapab eskize yon elèv ki vini lekòl an reta sou diskresyon direktè a oubyen yon lòt deziye.Yon elèv ki toujou ap vini lekòl an reta pral tonbe anba sanksyon disiplinè bò koteadministrasyon lekòl la ki enkli ladan men ki pa limite a sa sèlman sispansyon nan lekòl la akyon konferans paran ki ekzijib.Rantre An RetaElèv yo kapab antre lekòl la an reta nenpòt lè nan bi pou yo ka akeri konpetans ak konesans ki apdispanse nan kou yo. Sepandan, menm lè elèv la ka antre lekòl la, se pa yon garanti ke li apresevwa kredi akademik pou sa.Kód Kondwit 2929

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!