13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

B. Yo eskize absans elèv yo si yo gen ekzijans pou ale nan yon reyinyon, elèvki ap patisipe nan aktivite lekòl yo, elèv ke yo voye nan sispansyon andedanlekòl la, nan Sant Detansyon, ak elèv ki enskri nan pwogram pou pwofesèvin ansenye yo lakay yo, yo pap konsidere pyès nan elèv sa yo kòm elèv kiabsan pandan ke yo ap patisipe, transfere, oubyen anwole nan aktivite silayo. Sepandan, yo ap konsidere lè yo voye yon timoun al chita lakay li poudezòd kòm absans ki pa eskize. Absans yo eskize ki pap afekte kredi elèv lase absans ke yo ranje davans avèk direksyon lekòl la pou rezon enstriksyonoubyen konje relijyon (jan sa defini nan F.S. 1003.21 ak nanF.A.C. 6A-1.09514), absans pou rezon maladi ki jistifye avèk yon nòt ekri kisoti nan men yon doktè lisansye, blesi oubyen lòt kondisyon ensimontab,tankou move tan, epidemi maladi kontajye ki ka okazyone entèvansyonofisye sante eta a oswa direktè sante medikal county a pou endike ke elèv lasipoze rete lakay li, kondisyon lokal ke distri a ap detèmine ki ka rannprezans yon elèv enpratikab nan lekòl la, (jan sa defini nan F.S. 1003.24(4)ak nan F.A.C. 6A-1.09513), absans akoz patisipasyon nan yon klas oubyenpwogram akademik, patisipasyon nan aktivite lekòl yo, ak nan pwogram poupran ansèyman lakay yo. Yo dwe refè tout devwa yo rate yo. Sispansyonandeyò lekòl la, menm lè li se yon absans ki pa eskize, pap afekte kredi elèvla non plis.Paran elèv la oswa responsab legal li pral telephone lekòl la oubyen voyeyon notifikasyon ekri a lavans bay lekòl la pou fè konnen lè yon elèv apabsan pou rezon yo eskize yo.Ekzanp absans yo eskize yo se:1. Si elèv la tonbe malad oubyen si li gen randevou doktè/dantisOfisyèl lekòl yo kapab ekzije pou elèv la pote yon nòt doktè li ekri lè liap absan souvan oubyen li kontinye absan pandan twa (3) jou ou plis.2. Yon aksidan ki lakoz elèv la blese3. Lanmò nan fanmi pre elèv la4. Yon obsèvans jou fèt relijye ke yo etabli (ofisèl lekòl yo kapab ekzijepou elèv la prezante dokimantasyon ki pwouve ke li afilye a relijyonan)5. Yon konvokasyon lajistis, li oblije parèt devan lajistis, oubyen lè yomete yon elèv nan prizon nan sant detansyon jivenil kote li apkontinye edikasyon liKód Kondwit 2727

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!