13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo, men se pa sa sèlman, ISS/OSS, mete elèv la deyò nètak/oubyen ranvwaye li bay otorite apwopriye yo.Otorite: F.S. 1006.28RÈGLEMAN 21. PRAN SWEN PWOPRIYETE LEKOL LA:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Nou ap atann nou pou etidyan yo pran swen byen lekòl la. Etidyan yo dwe asime tout responsabiliteyo pou yo pran swen pwopriyete lekòl la ki a dispozisyon yo. Sa enkli ladan yo, men yo pa limite asa sèlman, liv lekòl la ba yo, inifòm, ekipman, liv bibliyotèk yo etc. Se manb pèsonèl lekòl yo kidistribye materyèl sa yo e yo dwe retounen vin jwenn menm moun kite ditribye materyèl sa yo nanfinisman ane lekòl la oubyen si elèv la kite lekòl la nan mitan ane-a. Etidyan ki resevwa byen lekòlyo responsab pou pwoteje yo. Sa pa regade lekòl la si materyèl yo pèdi keseswa se vòlè yon lòtmoun vòlè yo osnon yon lòt bagay ki rive. Etidyan-an ap oblije fè sa li konnen pou peye materyèl yo.Si etidyan-an pa peye yon materyèl ki pèdi nan men li, li ap pèdi privilèj li genyen pou li itilize lòtmateryèl lekòl la bay gratis yo pou ale lakay li. Si yon materyèl pèdi, yo ap ekzije etidyan-an pou lipeye li an plen depi materyèl la poko gen yon lane avan pou yo ba li yon lòt. Pou materyèl ki ansyenyo, pri li ap peye-a ap depann de pri materyèl la te koute lè li te nèf ak laj ak kondisyon materyèl la teye lè yo te bay etidyan-an li.Yo ap remèt etidyan-an tout kòb li si li vin jwenn materyèl ki te pèdi a epi li pote li remèt. Simateryèl la dechire ou domaje, yo ap ekzije pou li peye pou domaj la tou depan de ki kalite domaj lisibi ak kondisyon lmateryèl lekòl la te ye lè etidyan-an te resevwa li.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo, men se pa sa sèlman, ISS/OSS, mete elèv la deyò nètak/oubyen ranvwaye li bay otorite apwopriye yo.Otorite: F.S. 1006.28, 1006.28(3)(b), 1006.42RÈGLEMAN 22. VIZITÈ/RANTRE SOU PWOPRIYETE A SAN OTORIZASYON:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Etidyan yo pa otorize pou yo vini sou lakou lekòl la ak/osnon andenan batiman lekòl la avan oubyenaprè lè lekòl yo san yo pa gen otorizasyon oubyen san pa gen yon pwofesè oubyen yon granmoun kila pou sipèvize yo. Otorizasyon nou ap pale-a sipoze espesifik pou elèv la menm jan-an li dwejeneral pou piblik la. La jistis pral pouswiv tout etidyan ki antre sou pwopriyete lekòl la sanotorizasyon, ki fòse antre nan lekòl la, ak/oubyen ki angaje-l nan nenpòt fòm pou devalize oubyenpou tante devalize pwopriyete lekòl la. Yo pral sispann elèv sa yo oubyen plase yo nan pwogramEnhanced ASSIST epi refere yo bay otorite legal yo pou arete yo ak tradwi yo devan la jistis.Etidyan ke yo sispann osnon plase nan pwogram Enhanced ASSIST la akoz vyolasyon sa yo papadmèt pou yo vini sou pwopriyete lekòl la apa de pwopriyete Enhanced ASSIST la, ni yo pa dwe vinipatisipae nan nenpòt bagay lekòl la ap fè padan tout tan sispansyon-an an vigè. Pou elèv segondè kipral diplome yo, yo kapab pèdi privilèj senyò yo san konte patisipasyon yo nan ekzèsis pougradiyasyon yo si yo resevwa yon sispansyon osnon yon plasman nan pwogram Enhanced ASSIST lanan dènye jou ane lekòl la. Lè yon vizitè vini lekòl la, premye bagay li dwe fè se siyen non li nandireksyon-an. Vizitè ki pa otorize nan lekòl la kapab tonbe anba aksyon la jistis poutèt yo antre lekòlla san pèmisyon.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS/OSS oubyen mete deyò nèt.Otorite: F.S. 1006.08, 228.091, 810.08Kód Kondwit 2323

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!