13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

RÈGLEMAN 18. ENSANDI KRIMINÈL, FO ALAM POU DIFE:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Nenpòt etidyan yo twouve ki koupab ki fè espre pou ensandye lekòl la osnon ki aktive yon fo alamensandi oubyen yon ekipman ponpye, etidyan sa-a Sipèentandan-an kapab rekòmande pou mete lideyò nan Lekòl Piblik Collier County yo. Epi tou, yo kapab menm trennen li devan lajistis an akò akLwa Florid yo.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS, mete deyò nèt ak/oubyenranvwa bay otorite ki apwopriye yo.Otorite: F.S. 1006.08, 1006.13, 1006.09, 790.164, 806.10, 806.101RÈGLEMAN 19. OPERASYON VEYIKIL A MOTÈ AK PAKIN POU ELÈV YO:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Eta Florid la, a travè Depatman Sikilasyon ak Sekirite Wout yo, kontwole dwa yon moun genyen pouli kondi ak opere yon veyikil a motè sou pwopriyete lekòl la. Tout règleman ki aplike pou Eta-a apobsève. Gen plizyè lwa ak regilasyon ki kontwole operasyon yon veyikil a motè pou sekirite toutmoun ki konsène e tout moun sipoze konsidere sa kòm yon privilèj.Lekòl Piblik Collier County yo founi yon plas espesyal pou etidyan high school yo pake machin yo.Tout elèv ki vin lekòl nan machin yo dwe anrejistre machin yo-a epi pran yon pèmi pou pakin.Lapolis an akò avèk ofisyèl lekòl yo kapab vini ak chyen san avèti pou fouye machin ki soupwopriyete lekòl yo.Elèv klas segondè yo pa otorize pou yo al chita nan machin yo a nenpòt ki lè diran fonksyonman lekòl la,eksepte elèv ke administratè lekòl yo lage bonè. Depi elèv yo rive lekòl la, yo fèt pou yo klete pòt machinyo epi ale nan klas yo imedyatman. Espas pakin etidyan yo ap sèvi pou pake machin sèlman, epi etidyanyo pa sipoze gonfle nan espas pakin sa-a avan, pandan, osnon aprè lekòl.Chak lekòl segondè yo kapab tabli pwòp kritè pa yo pou bay pèmi pou pakin yo. Se yon privilèj ougenyen pou w pake machin ou nan lekòl la, se pa yon dwa ou genyen. Yo kapab revoke privilèj sa anenpòt ki moman.Etidyan ki derefize obeyi règleman ak regilasyon sila yo oubyen ki ap kouri machin yon fason ki danjereap pèdi privilèj yo genyen pou yo pake machin yo sou pwopriyete lekòl la epi yo ap pran sanksyon kontyo poutèt yo endisipline.Etidyan Lekòl Elemantè ak Mwayen yo pa dwe pa kondi mobilèt oubyen veyikil a mote oubyen scooterssou lakou lekòl yo.Yon elèv ki kondi machin vin lekòl responsab tout atik yo kapab jwenn nan machin li a. E si yo jwennyon bagay nan machin nan ke Kòd Kondwit Elèv yo entèdi, elèv sa a ap sibi konsekans yo.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS, oubyen mete deyò nèt.Otorite: F.S. 1006.08RÈGLEMAN 20. DISTRIBISYON MATERYÈL:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Youn nan wòl enpòtan lekòl la genyen se pou founi bon jan dispozisyon pou ke etidyan yo kapabeksprime yo sou divès kalite sijè ki vas. Piblikasyon ofisyèl etidyan yo, tankou pa ekzanp jounal, te dwegen ladan yo pwen de vi ki reprezante sa ke kò etidyan yo an antye panse. Etidyan yo pa dwe pibliyeosnon distribye fèy oubyen materyèl ki gen karaktè dezòdone. Règ nòrmal pou jounalis responsab yo apaplike lè ke yo ap ekri ak distribye objè literati sou pwopriyete lekòl la. Piblikasyon etidyan yo dweentèdi si yo gen tandans pou koze deranjman nan anviwonman edikasyonèl lekòl la. Direktè lekòl laosnon pèsonaj ki responsab li-a sipoze revize epi otorize tout materyèl ki ap distribye epi poste soupwopriyete lekòl la.22 Kód Kondwit22

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!