13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

RÈGLEMAN 17. Kòd sou Vètman ak pou Abiye byen):Tout elèv fèt pou swiv ekzijans abiman nou pral bay la yo. Direktè lekòl la pral konpòte li kòm abit poujije fason elèv yo abiye pou vini nan lekòl yo ap dirije a. Direktè endividyèl an konsiltasyon avèk KonsèyKonsiltatif Lekòl la (SAC) kapab redije lòt ekzijans pi devan pou evite deranjman nan pwosesisedikasyon-an. Nou konsidere ekzijans nou mete la yo kòm ekzijans minimal pou chak lekòl yo.1. Elèv yo dwe mete bon jan chosi nan pye yo tout tan. Yo pa dwe vini lekòl la ak zèl sapatoubyen sandal yo mete nan chanm yo lè yo pral dòmi.2. Yo pa dwe abiye avèk ti bout mayo ki koupe nan mitan, ti bout tib, chòt kout, chemiz kiekspoze pati nan kò yo, chemiz ak kòsaj do kale. Manch ki kouvri zepòl yo sipoze gen yon lajèki plis pase de pous. Chemiz, mayo ak kòsaj sipoze depase tay moun yo a yon distans ki egal atwa pous osnon yo sipoze antre andedan pantalon oubyen jip moun nan pou pati anba mounnan pa ekspoze. Elèv yo pa dwe ekspoze pyès pati nan tay yo oubyen nan vant yo. Yo dwemete rad ki kouvri tout pwatrin yo yon fason pou yo pa ekspoze zòn pwatrin nan. (Swivekzanp ki nan imaj ki pi ba a)3. Cheve yo fèt pou pwòp e byen penyen. Koulè nan cheve avèk kwafi moun pran pa dweentèfere nan pwosesis edikasyon an. Direktè lekòl la oubyen ranplasan li kapab pran desizyonki apwopriye pou sa.4. Yo pa dwe mete chapo ak lòt bagay sou tèt yo lè yo andedan lekòl la eksepte nan lye kotedirektè a apwouve pou sa fèt. Direktè a kapab fè eksepsyon pou moun ki kouvri tèt yo akozrelijyon yo mande sa.5. Nou pa aksepte moun fè espre mete rad ki depafini oubyen ki deboutonnen e ki dechire sou yo.Lè nou di rad ki dechire nou vle pale tou de rad sere ki ap pete sou moun nan oubyen ki sitèlman twò laj li ap plede sot tonbe sou moun nan. Nou pa aksepte elèv yo mete rad transparan,rad bwode ak twou san ke yo pa mete lòt bagay anba li.6. Rad ki sou yo pa dwe gen okenn desen dwòl, ki bay yon sigjesyon, osnon lòt bagay ki paapwopriye, ki ap fè piblisite.7. Drapo moun pote sou yo oubyen ap souke anlè sou lakou lekòl la deja koze anpil disansyon akyon anviwonman danjere ki te ka antrave pwosesis edikatif elèv nou yo. Nan efò nou ap fèpou fè lekòl nou yo rete sen e sof e pou nou prevni derapaj, men ki drapo sèlman nou admètmoun brandi e pote nan lakou Lekòl Piblik Collier County yo ak nan aktivite lekòl yo òganizenan lòt andwa: (1) drapo peyi Etazini an ak drapo POW/MIA; (2) drapo Eta Florid la; ak (3)drapo ofisyèl lekòl la. An plis de sa, yo pa otorize pou moun brandi osnon mete sou yo ankennlòt senbòl sou lakou lekòl la oubyen nan aktivite lekòl la òganize nan lòt andwa. Yo kapab fèeksepsyon a règleman sa a pou sa ki konsène okazyon espesyal kote yo ap selebre jounenasyonal yon drapo oubyen nan yon zòn konsistan yo dezinye pou sa ki antre nan objektifakademik distri a avèk si direktè lekòl la jije ke gen yon nesesite pou afiche yon drapo.8. Nou pa aksepte òneman nan kò moun (ki pèse nan po moun nan) nan nenpòt pati vizib nan kòyon moun apa de zòrèy li, si òneman sa a prezante yon danje pou sante moun nan ak/oubyen sili ap deranje pwogram lekòl la nan yon fason kèlkonk. Direktè lekòl la oubyen ranplasan likapab pran desizyon ki apwopriye pou sa.9. Longè jip/rad ak chòt yo dwe reflete modesti ak bon gou e chak lekòl dwe siveye ke elèv yorespekte règleman sa yo. Si yon elèv mete de men li sou kote li e ke dwèt li touche po janm li,rad li mete a twò kout e li pa dwe vini lekòl ak li.2020 Kód Kondwit

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!