13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

RÈGLEMAN 13. MENAS BONB OUBYEN MOVE MENAS KI AP SIMAYE VYOLANS:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Pyès etidyan pa gen dwa fè fo rapò osnon pote sou transpòtasyon lekòl la, sou lakou lekòl la oubyen nanaktivite lekòl yo yon bonm osnon kopi bonm avèk entansyon pou mete an danje, desevwa, bay movedireksyon, osnon bay move enfòmasyon avèk nenpòt moun oubyen etidyan ki nan lekòl yo nan fè konnenke li palse osnon plante yon bonm oubyen fomante yon istwa konsa sou oubyen alantou pwopriyete lekòlla. Nenpòt “menas bonm” ki fèt konsa konsidere kòm yon krim grav anba Lwa Florid la epi tout etidyanyo sispèk ki ta patisipe nan zak ilegal sa-a, lajistis pral pouswiv yo epi tou administrasyon lekòl la kapabrekòmande pou yo mete etidyan sa yo deyò pou yon peryòd tan ki pa pi piti ke yon lane an plen.Pyès elèv pa gen dwa konplote, planifye, konspire oubyen kominike nenpòt menas osnon simaye vyolansou danje nan lekòl la oubyen sou nenpòt pèsonèl lekòl la ou elèv yo. Sa enkli ladan yo lè yon elèv fèespre pote sibstans, materyèl oubyen ekipman nan lekòl la ki pou koze menas vyolans ak lòt danje ankò.Menas bonm ak lòt menas ki simaye vyolans osnon koze danje se bagay ki kapab deranje operasyon lekòlla ak aktivite yo, keseswa se yon elèv inisye zak sa yo ou pa andedan oubyen andewò teritwa lekòl la.Disciplinary Action: Expulsion and/or referral to appropriate authorities.Authority: F.S. 229.8347, 1006.08, 1006.14, 790.162, 790.163, 877.03, 877.13RÈGLEMAN 14. JWE JWÈT POU LAJAN:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Nou pa pèmèt pou etidyan yo angaje yo nan jwe jwèt pou chans, nenpòt jwèt pou lajan, oubyen nenpòt lòtbagay ki gen rapò ak fè paryaj pandan ke yo anba kontwòl otorite lekòl yo.Aksyon Disiplinè: Mete elèv la deyò osnon Plase li nan Pwogram Phoenix ak/oubyen ranvwayeli bayotorite ki apwopriye yo.Authority: F.S. 1006.08, 849.09RÈGLEMAN 15. EKSTÒSYON:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Keseswa moun ki ap menase lòt fizikman osnon ki ap komèt vyolans fizik sou lòt moun nan bi pou lijwenn kado, sèvis, lajan osnon nenpòt lòt bagay ki gen valè kapab tonbe anba sanksyon disiplin lekòl yoke otorite lekòl yo ap pran epi yo kapab menm refere yo bay otorite polis yo.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS/OSS, mete deyò nèt ak/oubyenranvwa bay otorite ki apwopriye yo.Otorite: F.S. 1006.08, 836.05RÈGLEMAN 16. EKSPOZE AFEKSYON LANMOU AN PIBLIK:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Bo, anbrase, peze oubyen fè lòt kalite lanmou, nou pa konsidere yo kòm yon konpòtman ki apwopriyenan espas lekòl la. Nan travay pou tabli yon bon anviwonman edikasyonèl, fòk nou mete anpil aksan poufè chak etidyan konnen pou yo kenbe respè tèt yo, disiplin tèt yo, asanm avèk yon <strong>kondwit</strong> ki gen wonivo. Gen respè pou tèt ou, pou lekòl la ak pou lòt moun yo reflete anpil nan konpòtman etidyan yo.Afeksyon ou genyen pou yon gason osnon yon fi se yon bagay ki pèsonèl e ki prive, e konsa, se pa yonbagay ou dwe demontre lè ou sou pwopriyete lekòl la. Elèv yo ki anmize yo ap fè lanmou nan lekòl lasitou aprè ke pèsonèl lekòl la avèti yo pou yo pa fè sa, lekòl la pral konsidere yo kòm moun ki koupabdezobeyisans, e gen aksyon disiplinè ki pral aplike kont yo.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS/OSS osnon ekspilsyon.Otorite: F.S. 1006.08Kód Kondwit 1919

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!