13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

RÈGLEMAN 11. LANGAJ ABIZAN / KOMINIKASYON VYOLAN:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Yon etidyan pa dwe ap itilize nenpòt metòd kominikasyon, nou enkli tou kominikasyon elektwonik kigen mo sal osnon mo pwofan ladan yo, ki ap koze imilyasyon lakay yon lòt moun osnon ki kapabderanje bòn mach pwosesis edikasyon-an, aktivite lekòl yo oubyen pwosesis administratif lekòl la.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS/OSS, mete deyò nètak/oubyen ranvwa bay otorite ki apwopriye yo).Otorite: F.S. 1006.08RÈGLEMAN 12. SOSYETE SEKRE, GANG, ASANBLE ILEGAL OU LÒT ENSITASYON:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Konsèy Administrasyon Lekòl Collier County-a te inisye yon filozofi zewo tolerans kont sa yo relesosyete sekrè yo, gangs, ak lòt gwoup ki sanble avèk yo. Etidyan ki fè pati sosyete sekrè yo, gangsyo, etc. kapab sispann lekòl/plase nan pwogram Enhanced ASSIST epi yo kapab rekòmande poumete yo deyò lekòl la nèt. Yon etidyan ki konseye yon lòt etidyan pou fè rasanbleman ilegal pou fèsoulèvman, deranje, oubyen pou vyole nenpòt règleman ak fonksyonman lekòl la, oubyen ki apderanje ou entèfere lwa administrasyon oubyen fonksyonman lekòl la pra-l tonbe anba sanksyondisiplinè otorite lekòl la (epi li Règleman 17 la, Abiman).Règleman sa-a ansanm avèk Kòd 877.03,13 Florida-a defini yon “gang” kòm yon òganizasyon,asosyasyon oubyen yon gwoup ki gen twa ou plis moun, keseswa fòmèl ou enfòmèl, ki gen pouaktivite priyoritè fè plizyè zak kriminèl, ki pote non ki fasil pou idantifye oubyen siy ou senbòl kikapab idantifye, epi manb yo angaje yo endividyèlman ou kolektivman nan yon seri aktivite gangkriminèl. “Modèl aktivite gang yo” vle di komèt, fè atanta pou komèt, fè konspirasyon pou komèt,oubyen fè solisitasyon pou de ou plis zak kriminèl, epi zak kriminèl sa yo te komèt nan de dat separeoubyen se de ou plis moun ki fè pati gang kriminèl sa yo ki òganize yo. Pyès etidyan ki soupwopriyete lekòl la oubyen nan aktivite lekòl la –1. Pa dwe pote, posede, itilize, distribye, afiche oubyen vann rad, bijou, anblèm, badj,senbòl, siyn oubyen lòt bagay ki bay evidans li se manb oubyen li gen afilyasyon ak yongang.2. Pa dwe komèt nenpòt zak oubyen itilize vye langaj, keseswa se langaj vèbal ou pa (jès,fòm pou bay la men, etc.) ki demontre ke yo se manb oubyen yo afilye nan yon gang.3. Pa dwe itilize vye diskou oubyen komèt nenpòt vye zak ki an konivans avèk enterènenpòt gang oubyen nenpòt aktivite gang, sa enkli tou, men se pa sa sèlman:a. mande lòt moun pou yo vini fè pati nenpòt nan gang yo;b. ekzije nenpòt moun po yo peye pou “pwoteksyon” sinon ou ap entimide yoepi menase yo;c. komèt nenpòt zak ilegal osnon zak ki vyole politik distri lekòl yo;d. ensite yon moun pou li fè vyoans fizik sou yon lòt moun.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS/OSS, mete deyò nètak/oubyen ranvwa bay otorite ki apwopriye yo.Otorite: F.S. 1006.08, 1006.14, 877.03, 877.1318 Kód Kondwit18

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!