13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

RÈGLEMAN 8. MEPRIZE DIREKSYON OUBYEN KÒMAND YO:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Yon etidyan ap koube avèk direksyon oubyen kòmand rezonab tout pèsonèl lekòl la avan, pandan, akaprè lè fonksyonman lekòl yo pandan yo sou pwopriyete lekòl la oubyen pandan yo ap patisipe nanaktivite, fonksyon ak evenman ke lekòl la patwone. Pwofesè yo, ranplasan pwofesè yo, èd pwofesèyo, sekretè yo, pwofesè para-pwofesyonèl yo, gadyen lekòl yo, Direktè yo, pèsonèl administratif la,volontè ki otorize yo ansanm avèk chofè bis yo, yo tout konsidere kòm pèsonèl lekòl la. Gendireksyon ak rekòmandasyon rezonab yo ap bay ki enkli ladan yo, men ki pap sa sèlman, konpòtmanki apwopriye ak fason pou abiye pou vini nan aktivite lekòl yo. (Ale gade tou Règleman 1 an).Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS/OSS, oubyen ekspilsyon.Otorite: F.S. 1006.08, 1003.31, 1006.09, 1003.32, 1006.10RÈGLEMAN 9. ITILIZASYON TABAK:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Nou anpeche pou etidyan yo itilize oubyen posede pwodwi ki gen tabak ladan yo, brikè oubyenalimèt nan lakou lekòl la, andedan batiman lekòl la, osnon nan nenpòt aktivite ke lekòl la patwone(ale gade fouy ak sezi paj 49).Nou pa Pèmèt Moun Fimen sou Pwopriyete Lekòl yo F.S. 386.2121. La lwa pa pèmèt pou nenpòt moun ki poko gen 18 ane fimen tabak nan, sou oubyen a yondistans mil pye yon pwopriyete ki loje yon lekòl elemantè, mwayen, oubyen segondèpiblik ou prive nan espas 6è nan maten pou rive minwi.2. Yon ofisye polis ki plase pou fè respekte la lwa kapab bay yon moun ki vyole lwa sa-akontravansyon jan ke kanton-an ansanm avèk minisipalite-a preskri sa.3. Nenpòt moun ki ta resevwa yon kontravansyon ki an rapò avèk seksyon sa-a pra-lresevwa yon pinisyon kote yo kapab peye yon penalite ki pa dwe depase 25 dola oubyen50èd tan travay fòse oubyen, lè yo gen sa disponib, li kapab ale konplete avèk siksè yonpwogram kont tabak ke lekòl la apwouve.4. Nenpòt moun ki pa ta vle koube a direksyon sa yo ki nan kontravansyon-an kapab itilizedwa li genyen pou li konteste desizyon-an epi tribinal kapab vini avèk yon demand poumontre koz aksyon-an.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS/OSS, mete deyò nètak/oubyen ranvwa bay otorite ki apwopriye yo).Otorite: F.S. 1006.08, 1006.09, 386.212RÈGLEMAN 10. PATI KITE LAKOU LEKÒL LA:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Lekòl Piblik Collier County yo adopte yon filozofi kote yo "fèmen lakou lekòl yo.” konsa, yo papèmèt pou etidyan yo pati kite lekòl la pandan ke lekòl la ap fonksyone pou kèlkeswa rezon-anamwens ke paran yo bay apwobasyon pou yo al siyen nan direksyon-an pou yo sòti. Nan lekòlElemantè yo, paran oubyen responsab yo dwe swiv pwosedi ki etabli pou yo al siyen nan lekòl la pouyo kapab soti avèk elèv la avan lè. Nou pap kite okenn etidyan kite lekòl la san otorizasyongranmoun ki responsab li.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS/OSS oubyen ekspilsyon).Otorite: F.S. 1006.08, 1003.31, 1006.09Kód Kondwit 1717

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!