13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

You also want an ePaper? Increase the reach of your titles

YUMPU automatically turns print PDFs into web optimized ePapers that Google loves.

RÈGLEMAN 6. NAKOTIK, BWASON KI GEN ALKÒL LADAN, AK DWÒG(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Yon elèv pa dwe genyen sou li, ni li pa dwe ap vann, delivre, itilize transmèt, distribye, solisite, fèkonspirasyon pou vann oubyen pou achte oubyen tou pou li anba enfliyans yon sibstans kontwole oubyenbwason ki gen alkòl pandan ke li sou pwopriyete lekòl la, oubyen nan yon distans de 1000 pye de lekòl la,oubyen pandan li ap patisipe nan nenpòt fonksyon lekòl la. Nenpòt etidyan ki dakò, planifye, oubyen fèkonspirasyon avèk lòt etidyan oubyen lòt moun pou komèt yon zak ki dekri nan Règleman sa-a, apkoupab de konspirasyon. Nenpòt etidyan ki kòmande, ankouraje, anplwaye oubyen ekzije yon lòt etidyanoubyen yon lòt moun pou angaje li nan <strong>kondwit</strong> ki vyole règleman sa-a koupab kòm moun ki ap pousemoun fè dezòd. Posesyon yon seri ekipman ki nòmalman asosye a itilizasyon sibstans kontwole, fodwòg, "papye ak lakòl,” roulo papye, pip, mamit byè, boutèy byè, likè, bwason ak alkòl (ladan yo noujwenn diven ki san alkòl ak byè tankou O'Dhouls) ak "flasks" tout bagay sa yo entèdi kareman.Fabrikasyon, posesyon, ak/oubyen itilizasyon fo idantifikasyon oubyen lisans pou kondwi ki itilize pouachte sibstans ki ilegal oubyen bwason alkòl reprezante tou yon vyolasyon a règleman sa-a.Yon "Sibstans Kontwole" sinyifi yon dwòg nakotik, dwòg ki fè tèt moun vire, amphetamine, barbiturate,marijuana, fo dwòg, oubyen nenpòt lòt sibstans ki defini kòm sibstans kontwole ilegal ki nan Chapit 893nan Lwa Florid la.Lè nou ap pale de yon "Bwason ki gen Alkòl" nou vle pale de byè, diven, likè, oubyen nenpòt bwason kigen alkòl oubyen ki gen nenpòt kalite entoksikasyon ladan.Règleman sa a aplike tou pou remèd legal ke moun itilize ou distribye mal keseswa se remèd doktèpreskri oubyen remèd yo kapab achte sou kontwa famasi ansanm ak nenpòt lòt atik yo pran pou yo kapabchanje manyè konpòteman yo. Pèsonèl lekòl la gen dwa pou konfiske nenpòt atik ki enkli nan règlemansa a. Pèsonèl lekòl la gen dwa pou yo fouye moun, lockers ak pwopriyete pèsonèl lè ke yo gen rezon pouyo sispèk ke gen endividi ki kapab posede bagay ke règleman sa a kouvri. Yo kapab itilize nan fouy sa-adetektè metal avèk animal ki drese tankou chyen ki pou detekte dwòg.Fouy ak Sezi:Konsèy Administrasyon Lekòl nan Collier County te tanmen yon filozofi zewo tolerans anvè sibstansillegal pou tout lekòl piblik nou yo. Kòm yon mezi pou anpeche sa rive, nou kapab deside fouye lekòlnou yo chak yon peryòd. Nou kapab itilize chyen ki antrene pou detekte dwòg pou localize dwòg kin ankazye (locker) nan batiman lekòl la, nan machin ki pake sou lakou lekòl la ak/oubyen nan nenpòt lòtlokalite ki sou pwopriyete lekòl la. Nou pap sèvi ak chyen pou fouye elèv (ale verifye seksyon fouy aksezi, paj 49).Aksyon Disiplinè:Premye Ofans: Itilizasyon ou Posesyon – Yo ap mete elèv la deyò lekòl la pou dis (10) jou epi yo aprefere li bay otorite polis yo.Dezyèm Ofans: Itilizasyon ou Posesyon – Yo ap mete elèv la deyò lekòl la pou dis (10) jou avèkrekòmandasyon pou mete li deyò lekòl la nèt plis yo ap refere li bay otorite polis yo.Premye Ofans: Vann, Mande achte, oubyen enplike nan yon konplo oubyen entante pou vannoubyen pou delivre sibstans kontwole oubyen fo sibstans - Yo ap mete elèv la deyò lekòl la pou dis(10) jou avèk rekòmandasyon pou mete li deyò lekòl la nèt plis yo ap refere li bay otorite polis yo.Premye Ofans: Posesyon yon seri ekipman ki nòmalman asosye avèk itilizasyon yon sibstanskontwole – Yo ap konfiske ekipman yo epi li posib pou yo sispann elèv la epi yo ap refere li bay otoritepolis apwopriye yo.NOT: Si ekipman yo gen rès kras sibstans ladan yo, yo pral pran menm kalite aksyon disiplinè kont elèvla ke si yo te jwenn li ap itilize oubyen posede sibstans yo.14 Kód Kondwit14

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!