13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

RÈGLEMAN 2. DOMAJ OUBYEN DESTRIKSYON PWOPRIYETE LEKÒL LA(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Kèlkeswa moun nan ki fè espre koupe, pentire, make oubyen defigire nan ekri oubyen nan fè nenpòtbagay ki sou batiman lekòl yo, founiti yo, aparèy, enstriman, antiray, pye bwa, machin, oubyen lòtpwopriyete lekòl yo avèk mo, imaj, oubyen lòt objè, pral resevwa yon pinisyon sevè nan men otorite lekòlyo. Etidyan ak/oubyen paran yo dwe responsab pou peye pou repare oubyen ranplase objè ki domaje yo.Moun ki kraze pwopriyete lekòl la pou antre al pran bagay oubyen demanbre ou modifye òdinatè yo aklòt ekipman yo ap tonbe anba menm sanksyon disiplinè yo.NÒT: Senyò ki angaje yo nan fè zak vandalis sou kèlkeswa fòm nan oubyen ki tante fè zak vandalis soupwopriyete lekòl la pral kapab sispann nan lekòl la epi refere bay otorite legal yo pou mete li nan prisonak tradwi li devan la jistis. Yo ap avèt senyò yo ke si resevwa yon sispansyon dan dènye jou nan ane lekòlla kapab abouti a yon desizyon pou anpeche yo benefisye tout privilèj senyò yo san bliye patisipasyon yonan ekzèsis pou seremoni gradiyasyon yo.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli men yo pa limite a sa sèlman, ISS/OSS, ekspilsyon, ak/oubyenranvwa bay otorite apwopriye yo.Otorite: F.S. 822.03, 1013.22, 1006.08, 806.13RÈGLEMAN 3. VÒL:(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Vòl oubyen ankò lè yon moun konnen ke li pran yon bagay ki pa pou li se yon zak ki pa siye ak la lwanan sosyete nou-an epi se yon bagay ke yo pran o serye menm lè objè ou vòlè-a pa gen vale ou pa. Yoentèdi tout zak konsa epi yo kapab mennen aksyon legal kont moun ki vòlè-a apa de sanksyon disiplinè keotorite lekòl yo ap pran.Aksyon Disiplinè: Opsyon yo enkli ladan yo men se pa sa sèlman, ISS/OSS, ekspilsyon ak/oubyenranvwa bay otorite ki apwopriye yo.Otorite: F.S. 1006.08, 812.014RÈGLEMAN 4. TRICHE/FÒJE DOKIMAN LEKÒL LA OUBYEN DOKIMAN PARAN YO(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)A. Kalite fason ou kapab triche1. Pandan tès laa. Gade nan fèy yon lòt elèv.b. Kenbe fèy ou yon fason pou yon lòt elèv kapab li ak/oubyen kopye ladan.c. Itilize "ti fèy akòdeyon," oubyen lòt enfòmasyon ki kache.d. Ouvè liv pou chèche repons.e. Bay yon lòt elèv oubyen lòt elèv repons kesyon tès yo.f. Ekri repons sou biwo yo.g. Sikile enfòmasyon a travè aparèy elektwonik.2. Devwa pou fè lakaya. Kopye repons oubyen nan fèy yon lòt elèv.b. Soumèt rapò ekri san ou pa li tout devwa a o konplè, pa ekzanp ou li rezime yon liv epi oupa li tout li v lac. Dekalke oubyen kopye enfòmasyon ki soti nan nenpòt lòt sous, tankou nan entènèt.12 Kód Kondwit12

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!